Mike509

Mike509

Share

Promouvoir le développement humain , éduquer , instruire former , informer et distraire. Paj sa kreye nan sousi pou li pote bon nouvel bay chak grenn moun.

06/06/2026

Ann nou reviv Bel grenn Goall Isidor a

06/05/2026

Unité Hydrométéorologique d'Haïti avèti popilasyon an sou yon sezon siklònik 2026 ki ka patikilyèman aktif. Selon previzyon yo, yo ka gen ant 8 ak 14 tanpèt twopikal, ansanm ak jiska 6 ouragan nan zòn Atlantik la. Otorite meteyowolojik yo mande tout popilasyon an pou rete vijilan, prepare plan ijans, epi swiv enstriksyon otorite lokal yo pandan tout sezon an. Yo souliye enpòtans prevansyon pou limite risk inondasyon, glisma n tè ak lòt dega natirèl.

06/05/2026

Waf Jeremi: PNH ak Task Force frape fò nan mitan gang yo...

Nan maten vandredi 5 jen 2026, Polis Nasyonal Ayiti (PNH), ansanm ak Task Force la, te mennen yon gwo operasyon nan zòn Waf Jeremi pou reprann kontwòl espas estratejik gang yo t ap itilize.

Pandan entèvansyon an, lapolis te entèsepte yon machin ki t ap transpòte plizyè moun sispèk. Lè ajan yo te eseye kanpe machin nan, yon gwo echanj kout zam te pete ant fòs lòd yo ak malfra yo.

Daprè bilan pwovizwa a, 3 bandi te blese grav, pami yo yon chèf gang ki opere nan Delma 4 ak Delma 6, ki ta enplike nan kidnapin, atak ame ak lòt aktivite kriminèl. Lapolis la tou sezi 5 zam, 1 machin, 2 telefòn ansanm ak lòt materyèl ki kapab ede ankèt yo.

PNH la fè konnen operasyon yo ap kontinye san rete pou kraze rezo gang yo epi retabli sekirite sou tout teritwa nasyonal la.

🇭🇹🚔

06/05/2026

Men sa Bovann ekri pou Ayiti, lanmou pou ou Bovann ke Bondye toujou pwotejew

06/05/2026

Apre yon post C-Jay Roo US News te fè sou yon nèg kite mete yon tòj sou li nan tribinal okap la... Kite debwaye menm bagay li te mete nan tet li a pat byen ranje.

Yon post ki te montre nan ki nivo jistis nan peyi d'haiti ya ye parapò ak imaj yap prezante bay pèp la bay mond lan,
Post la te prezise ke C jay pat konn si son jij ou byen se yon avoka paske C Jay pa konn moun nan ni an pent ni an penti, men kel te yon jij ou byen yon avoka gen yon sèten etik ou dwe respekte lew se nan espas sa, paske ou se imaj jistis peyi a, jan'w prezante tet ou se konsa le mond ap pran'w, sitou avek tan modèn sa ak rezo sosyo yo...

Yon neg Ekri C Jay pou fe menas, fe konnen jij la ap voye mare C jay 🤣🤣🤣, yap fe li pedi kont an, on paket istwa 🤣🤣

06/05/2026

Yon fanm 39 an ki rele Crystal Evergreen ap fè anpil pale sou rezo sosyal yo apre li te deklare piblikman li fyè dèske li vyèj e li gen entansyon rete konsa pandan tout lavi li.

Li eksplike ke li te pran desizyon sa a depi plizyè ane e li pa janm santi presyon pou chanje lide li. Dapre li, li vle bay pitit li yo yon bon egzanp epi montre yo yo pa oblije suiv sa majorite moun ap fè.

Deklarasyon li a pwovoke anpil deba sou entènèt. Gen moun ki felisite l paske li rete fidèl ak prensip li yo, pandan lòt moun estime ke valè yon moun kòm modèl depase kestyon lavi seksyèl li e yo mande poukisa li te santi nesesite pou anonse sa piblikman.

06/04/2026

Ariana pran menas Masisi Gwo Boyo sa Oserye!

06/04/2026

Otorite Ameriken yo ak Turk and Caicos entèsepte yon ti bato ak 240 Ayisyen ki te nan wout pou antre Etazini.

06/04/2026

Yon enfliyansè Dominiken konstate nivo Ayisyen yo AP pase mizè nan kamyon an, cho e kanpe yon Kote plis ke 6h tan nan solèy la

Pase achte kèk bidon dlo pote pou yo

Yon aksyon ki touche kè nou menmke gran majorite a se rasis yo ye.

Genyen ki gen kè toujou !

06/04/2026

Gwo akizasyon kont yon polisye nan Jeremi nan yon dosye abi seksyèl yon jèn tifi 14 lane"

Want your business to be the top-listed Media Company in Indianapolis?
Click here to claim your Sponsored Listing.

Website

Address


42nd Avenue
Indianapolis, IN
46226