Sovereign Haiti Initiative
SOVEREIGN HAITI INITIATIVE NATION - (S.H.I NATION).
S.H.I: It is pronounced (shy) and it stands for "Sovereign Haiti Initiative" - an active militant youth-oriented initiative formed by conscious individuals. We are not limited to age, gender or national creed - although, we are devout Pan-Africanist loyalists aiming to bring "true" sovereignty back to Haiti.
11/06/2024
VERTIÈRES: Our Harmonious Feast-HD. The "VERTIÈRES" pre-commemorative dinner event by S.H.I in Atlanta, GA at R'Mony Lounge.
10/21/2024
FYÈTE KATYE'W: Jere'l Se Jere Ayiti! Video from S.H.I NATION
10/19/2024
S.H.I ANONS: Aprè'midi-an a 4:44 m'ap an'dirèk sou https://www.facebook.com/AmiliePierre pou yon ti bat bouch.
Vin branche!
*S.H.I REFLEKSYON:* M'ap gade lis zanmi fesbouk mwen-an li chaje ak fanm ladan'l pou n'ap pale de netwaye/pwòpte ki pa janm angaje nan dyalòg-l'an konsènan fleo fatra sa-a an'Ayiti pandan yo pi vilnerab ladan'l kòm fanm.
* _Sa met an'kesyon entegrasyon 30% fanm nan wi la-a!_
*____* Donk, ki sa sa vle di de fanm Ayisyèn sèjou'si nan revandikasyon chanjman Ayiti-an?
Pale avè'm medam yo!
*S.H.I NATION*
Jal. Rosenberg, Wilgëens
+(509) 3.687-4058
+1(617) 279-5842
*N.B:* Pou ki l'oblije 30% sèlman, e pou ki sa menm gen yon limit, e pou ki plis fanm pa entegre yo nan politik espesyalman si sosyete-an konpoze de plis fanm ke'l konpoze de nonm?
10/19/2024
Bonjou/swa³ e biyenvini sou *FK* konpatriyòt!
Men kèk kondisyon ou sipoze konnen de *FK* pou evite vye ak move derapaj sou gwoup-l'an:
Depi moun nan lage yon bagay ki pa gen pyès/okenn rapò pou ni fè ak ni wè ak *FK* li deja sou move pant...
_...(espesyalman si li gen rapò ak pòno, moun sa-a tou met tèt li deyò)..._
Si yon moun ap pede lage enfòmasyon pwomosyonèl pwöp pa'l ki pa nan liy dyalòg, deba, ak diskisyon *FK* ak sijè li yo - pa gen avètisman, w'ap deja deyò sou gwoup-l'an....epi moun pa lage lenk/lyen ki pa byen defini - fò'k li konekte ak kozri *FK* yo, ki se:
* Resansman
* Asenisman
* Ibanizasyon katye
* Reyabilizasyon iben/èn
* Manajman teritwa
* Resiklaj/Upsiklaj/Resikl'Art
Nou swete depi w'sou *FK* tout moun dwe angaje sou gwoup-l'an.
L'entèdi pou w'la san w'pa janm patisipe - se "sakalakawèl" li ye tonton/tantín.
_(Respekte tèt-ou - Si w'la kont volonte'w, jis an'nik sòti - san bri, san kont)!_
Tanpri gwoup-l'an pa yon *ONG* e ni li pa *Ministè Afè Sosyal*... Kidonk, okenn moun pa dwe vin ap "MANDE" sou li souple.
* Si gen pwopozisyon pwojè, fò'k se sou gwoup-l'an pou nou etale ak etabli de li...
Se sa ki fè li enpòtan anpil pou nou mete komite gwoup-l'an sou pye prese-prese!
Aprè 2 plent ak avètisman kont moun k'ap prive moun pou fè mandyansite, koupab zak/enfraksyon sila sa-a ap tou met tèt li deyò sou gwoup-l'an, pwen bá._
Senpman koze *FK* sèlman... Moun pa vin fè piblisite pou kozman pwòp pa yo sou gwoup-l'an!!!
Gwoup-l'an fonde pou moun pale kont fatra ki se yon fleo k'ap wonje sosyete-an....nou tout konn sa k'ap pase nan peyi d'Ayiti; kidonk li pa vo la'pèn pou n'ap vin pale politik tipik, konvansyonèl, ak abityèl de sa k'ap fè aktyalite yo deja - fokis nou se yon lit kont fatra nan milye dirèk kote n'ap viv-l'an ki se katye nou yo!
Konnen byen *FK* pa gen pou li pote responsabilite pou anyen de okenn moun ki deside ak chwazi fonksyone ansanm antre yo deyò gwoup-l'an ak yonn ak lòt/ouswa lòt moun.
M'felisie-n pou konpreansyon'n, bat bwavo pou nou...
Deja anpil mèsi anpil d'avans!
*FYÈTE KATYE'W - FK.*
_"Jere'l Se Jere Ayiti!"_
*Resp:*. Jal. Rosenberg, Wilgëens.
+(509) 3.687-4058
+1(617) 279-5842
*Administrasyon Gwoup-l'an.*
!
FYÈTE KATYE'W WhatsApp Group Invite
Click here to claim your Sponsored Listing.
Contact the establishment
Telephone
Website
Address
Hyde Park
Atlanta, GA
02136
Alerts
Be the first to know and let us send you an email when Sovereign Haiti Initiative posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.