Terrier Rouge en action

Terrier Rouge en action

Partager

Terrier-Rouge en Action
Platfòm enfòmasyon lokal ki pote nouvèl, aktivite ak reyalite komin Terye Wouj devan piblik la. g

Nou bay vizibilite ak aksyon, inisyativ ak evènman ki make kominote a.

03/08/2026

🎙️ Duquins Désir nan mikwo laprès la.

Nan kad konferans pou laprès la, ansyen majistra enterimè Terrier Rouge la te pran lapawòl pou pote klarifikasyon sou yon sijè ki te gen pale anpil, epi reponn kesyon medya yo.

31/07/2026

Talan ki soti Terrier Rouge !

Valery Felix ap fè wout li piti piti kòm youn nan jèn animatè ki pi pwomèt nan jenerasyon pa li. Gras ak talan li, karism li ak angajman li, li kontinye fè pale de li sou plizyè sèn kote li prezante.

Pwofesyonalis li, enèji li ak pasyon li genyen pou animasyon pèmèt li touche kè piblik la chak fwa li pran mikwo a. Avèk yon stil ki pwòp, yon bon kapasite kominikasyon ak yon gwo devouman pou metye li, li kontinye konstwi yon bèl repitasyon nan domèn nan.

Fyè pou reprezante kominote natif natal li a, Terye wouj, Valery Félix ap kontinye mete talan li an valè epi trase chemen li nan mond animasyon an. Yon jèn talan pou suiv de prè, paske potansyèl li bay anpil espwa pou yon avni ki pwomèt.

31/07/2026

Talan Terrier Rouge

Atis Cono se youn nan vwa k ap fè wout li nan mond mizik la gras ak talan li, kreyativite li ak pasyon li pou atizay. Avèk yon idantite ki pwòp ak yon gwo detèminasyon pou avanse, li kontinye mete travay li an valè epi touche piblik la.

Yon atis ki merite sipò ak ankourajman, paske potansyèl li pwomèt anpil bèl bagay pou lavni.

30/07/2026

Duquins Désir pran pozisyon epi envite medya yo pou yon konferans pou laprès.

Apre plizyè akizasyon ki sikile nan opinyon piblik la, ansyen Maire intérimaire Terrier-Rouge la, Duquins Désir, pran lapawòl pou li bay klarifikasyon sou sitiyasyon an.

Nan yon deklarasyon li pibliye, li rejte akizasyon ki ta vle asosye non li ak yon swadizan konplo kriminèl ak vòl ame, li deklare akizasyon sa yo pa gen okenn fondman epi yo pa baze sou okenn prèv verifyab.

Li anonse li envite medya ekri ak medya sou entènèt yo, ansanm ak tout moun ki enterese, pou patisipe nan yon konferans pou laprès k ap fèt dimanch 2 out 2026 a 3:30 PM nan La Perfection Hotel. Objektif rankont sa a se bay posibilite pou poze kesyon, chèche verite epi pote plis limyè sou dosye a.

Ansyen majistra a fè konnen li rete disponib pou kolabore ak otorite ki konsène yo epi li mande tout moun pou yo aji avèk responsabilite nan fason y ap trete dosye sa a.

Photos from Terrier Rouge en action's post 16/07/2026

😱Majistra St-Croix fè m sonje jan yo te konn kritike Majistra Duquins Desir (Ti Yayouy) lè li t ap konstwi wout nan komin nan.

💯Nan epòk la, anpil moun pa t dakò ak fason travay yo t ap fèt. Kraze kèk miray ak pran espas pou elaji wout yo te lakòz anpil kontestasyon. Gen moun ki te kritike l sevè, joure l, e menm fè menas kont li.

Men, ak tan, anpil nan envestisman sa yo vin tounen benefis pou tout komin nan. Jodi a, se tout moun ki pwofite pi bon wout ak pi bon sikilasyon.

✍Sa fè m reflechi sou sa k ap pase Okap jounen jodi a. Mezi ki pran pou amelyore pwòpte ak òganizasyon yon vil souvan deranje abitid oswa enterè kèk moun, sa ki ka lakoz anpil kritik. Men istwa montre nou pafwa se sèlman apre rezilta yo parèt moun rive apresye vrè valè desizyon ki te pran yo.

Dirije pa vle di fè tout moun plezi. Li mande vizyon, kouraj, ak kapasite pou pran desizyon ki ka pa popilè jodi a, men ki kapab sèvi enterè kolektif la demen.

16/07/2026

💯

07/07/2026

Jwè yo ap pran ti plezi yo.

04/07/2026

Mélodie Évangélique se yon gwoup mizik kretyen ki fonde ak misyon pou bay Bondye glwa atravè mizik. Yo disponib pou maryaj, anivèsè, fèt prive ak lòt aktivite espesyal.

📞 Pou rezèvasyon oswa enfòmasyon, kontakte yo nan : 32 13 72 96.

30/06/2026

Me sipèsta nou an ak Mass Compas🤌

Mete non l nan kòmantè an...

25/06/2026

Map tann tout moun vye mache.
Ange Clara Felix Claw Felix

Vous voulez que votre entreprise soit Entreprise De Médias la plus cotée à Terrier Rouge ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Adresse


Terrier Rouge