gotha705
Kont sa esklizif a sa ki gen rapò :
Vant
Biznis
envansyon
pwogrè ekonomik...
14/06/2026
14/06/2026
13/06/2026
Leve li jou !!! Leve leve, menm si depi 18 novanm 2025 lan lespri nou pat janm dòmi nan tann jou sa a !
Leve leve, al devan pòt kay vwazen w, di lònè, l ap reponn respè ! Wete chapo w, wete sapat nan pye w, rantre bal akolad ! Di l men jou a rive ! Di l NOU NAN BATAY !
La p sèvi w kafe nan yon gode emaye, pran kasav oswa kabich ou, pen rale oubyen biskwit, si se tranpe w renmen, tranpe ! Apre bwè ti dlo epi leve je w gade mòn nan, di lanati bonjou ! Di zansèt yo men jou a rive !
Manche koulin ou si w pral nan jaden, pase djakout ou sou do w si w pral nan mache, sere ne kravat ou si w se kesyè labank, pran baton krè w si w se pwofesè. Machann, sonje pran t**e w met sou tèt ou ! Jodia nou tout se yon sèl !!! Nou tout dwe fè yon sèl ! NOU TOUT SE GRENADYE !
Nou pral fè linyon fè lafòs la tounen refren im nasyonal la jodia !
Nan komès, pran risk pa vle di mache je fèmen. Li vle di wè opòtinite kote lòt moun pè, epi aji ak preparasyon. An 2026, mache a chanje rapid. Moun ki reyisi se moun ki oze, men ki kalkile chak pa.
E ou menm, ki dènye risk ou te pran ki te pote bon rezilta? 💭📈
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Contacter l'entreprise
Téléphone
Site Web
Adresse
Lascirie Rue Bonnet
Saint-Marc