Comparet

Comparet

Partager

COMPARET a pour objectif d'éduquer le présent pour améliorer le futur

11/08/2026

Dèyè chak pwojè ki grandi, gen moun k ap travay.
Dèyè chak opòtinite ki kreye, gen disiplin, kolaborasyon ak yon ekip ki kwè nan vizyon an.

Nan COMPARET , nou kreye yon anviwònman kote jèn yo ka travay, aprann, kreye, konekte, devlope kapasite yo epi prepare tèt yo pou opòtinite demen yo.

Nou kwè talan egziste toupatou. Sa ki souvan manke, se espas, zouti, koneksyon ak opòtinite pou talan sa a devlope tout kapasite li.

Se poutèt sa COMPARET kontinye bati.

Pou jèn ki vle aprann.
Pou antreprenè ki vle grandi.
Pou pwofesyonèl ki bezwen yon espas pou kreye.
Pou òganizasyon ki vle kolabore.
Pou lide ki bezwen yon kote pou yo pran fòm.

Paske isit la, nou pa sèlman travay ansanm.
Nou grandi ansanm. Nou kreye ansanm. Nou bati ansanm.

OZE KOMANSE NAN COMPARET
Kote rèv ou pran zèl.

10/08/2026

COMPARET n’est pas défini par ses murs, mais par ce qui devient possible à l’intérieur et autour de ses espaces.

Un jeune peut y découvrir une opportunité.
Un entrepreneur peut y structurer son entreprise.
Une organisation peut y rencontrer sa communauté.
Une femme entrepreneure peut y accéder à un réseau.
Un partenaire peut y déployer une initiative.
Un chercheur peut y produire des données.
Un artiste peut y transformer sa créativité en projet.
Une idée peut y devenir une entreprise, un programme ou une solution communautaire.

Voilà pourquoi COMPARET est plus qu’un coworking space. Plus qu’un incubateur. Plus qu’un centre de formation.

COMPARET est un point de rencontre entre potentiel, ressources et opportunités.

COMPARET Kote rèv ou pran zèl.

Photos from Comparet's post 10/08/2026

COMPARET se plis pase yon coworking space. Se plis pase yon incubateur.

Se yon espas ki louvri pòt li pou lide, pou jèn, pou pwofesyonèl, pou òganizasyon ak pou inisyativ ki vle kreye enpak nan kominote yo.

Se nan vizyon sa a nou te kontan akeyi nan espas COMPARET yon aktivite ONOVA-HAITI, an kolaborasyon avèk VINEWORKS FOUNDATION, ki te reyini manman ak fanmi nan kad yon inisyativ sipò ak sansibilizasyon sou nitrisyon timoun.

Pou COMPARET, mete yon espas disponib se pa sèlman bay yon lokal. Se kreye kondisyon pou yon lide rive jwenn moun li dwe sèvi yo. Se fasilite koneksyon. Se ankouraje kolaborasyon. Se pèmèt yon aksyon pran lavi.

Depi 2017, COMPARET ap bati yon ekosistèm kote antreprenarya, teknoloji, leadership ak devlopman kominotè kapab rankontre pou kreye nouvo opòtinite.

Nou vle espas nou yo kontinye sèvi kòm pwen rankont ant rèv ak opòtinite, ant lide ak resous, ant moun ki vle aji ak kominote ki bezwen aksyon.
Paske isit la, nou pa sèlman lwe espas.
Nou ouvri pòt pou posiblite.
Nou konekte moun.
Nou akonpaye lide.
Nou bay rèv espas pou yo pran zèl.

COMPARET Kote rèv ou pran zèl.

13/07/2026

Bonjou , Jodia se yon lot jou pou kontinye travay pou pi bon jou a… espas travay ansanm COMPARET a se kote rèv ou ka pran zèl.

17/04/2026

N ap prezante w Doktè Lucna Henrismé
Doktè Henrismé se yon doktè, yon lidè imanitè, epi yon ansyen patisipan Pwogram Lidèchip pou Vizitè Entènasyonal/Visitor Leadership Program (IVLP) ki travay ansanm ak lòt konpatriyòt Ayisyen li yo pou konstwi yon lavni ki pi estab epi ki pi rezistan.
Antanke ko-fondatè SÈVI—yon mouvman sitwayen k ap fè pwomosyon pou sitwayènte responsab— li se otè liv « La vie ici commence après 25 ans » (Lavi isit la kòmanse apre 25 lane), li ankouraje jèn Ayisyen yo pou yo jwe yon wòl aktif nan bati lavni peyi yo.
Gras a eksperyans li ak pwogram IVLP Depatman Deta Ameriken an, Doktè Henrisme te ranfòse kapasite lidèchip li—konesans li ap itilize jodi a pou sipòte solisyon ki baze sou kominote ak inisyativ jèn yo ap mennen atravè peyi a.
Lavni peyi d Ayiti nan men Ayisyen tankou Doktè Henrisme, ki pran angajman pou transparans, patisipasyon sitwayen, ak chanjman dirab.
___

Nous vous présentons le Dr Lucna Henrismé
Médecin, leader humanitaire et ancienne participante au Programme international de leadership pour visiteurs/ International Visitor Leadership Program (IVLP), le Dr Henrisme œuvre aux côtés de ses compatriotes haïtiens pour bâtir un avenir plus stable et résilient.
En tant que cofondatrice de SÈVI, un mouvement civique qui fait la promotion de la citoyenneté responsable, et auteure de « La vie ici commence après 25 ans », elle encourage les jeunes Haïtiens à jouer un rôle actif dans la construction de l’avenir de leur nation.
Grâce à son expérience au programme IVLP du Département d'État américain, le Dr Henrisme a pu renforcer ses compétences en matière de leadership, des connaissances qu’elle met aujourd’hui à profit pour soutenir des solutions communautaires et des initiatives menées par les jeunes à travers Haïti.
L’avenir d’Haïti est entre les mains de citoyens engagés comme le Dr Henrisme, déterminés à promouvoir la responsabilité, l’engagement civique et un changement durable.
___

Meet Dr. Lucna Henrismé
Medical doctor, humanitarian leader, and International Visitor Leadership Program (IVLP) alumna, Dr. Henrismé is working alongside fellow Haitians to build a more stable and resilient future.
As co-founder of SÈVI, a civic movement promoting responsible citizenship, and author of "La vie ici commence après 25 ans", she encourages young Haitians to take active roles in shaping their nation's future.
Through her IVLP experience with the U.S. Department of State, Dr. Henrisme strengthened her leadership skills—knowledge she now applies to support community-driven solutions and youth-led initiatives across Haiti.
Haiti's future is in the hands of Haitians like Dr. Henrisme, who are committed to accountability, civic engagement, and lasting change.

Vous voulez que votre organisation soit Organisation à But Non Lucratif la plus cotée à Jeremie ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Adresse


Caracolie, Impasse Duverger/Bayard Banlieue
Jeremie
HT7110