Ado perrier

Ado perrier

Partager

chrétien

16/08/2026

Quand l’Évangile devient plus spectacle que spirituel
Nou ap viv nan yon epòk kote li fasil pou nou konfonn prezans moun ak prezans Bondye, emosyon ak onksyon, epi spektak ak vrè adorasyon.
Legliz la ka plen moun, mizik ka fò, limyè ka bèl, moun ka kriye, danse, rele « Alléluia », men kesyon an se: Èske Kris la toujou nan sant lan?
Jezi di nan Jean 4:24 : « Dieu est Esprit, et il faut que ceux qui l’adorent l’adorent en esprit et en vérité. »
Vrè adorasyon an pa mezire sèlman ak bri ki fèt nan legliz la, men ak chanjman ki fèt nan lavi moun apre yo fin soti nan legliz la.
Paske nou ka fè moun emosyonèl san nou pa fè yo espirityèl. Nou ka fè moun kriye san nou pa mennen yo nan repantans. Nou ka fè moun danse san nou pa ede yo mache nan sentete. Nou ka ranpli yon sal san nou pa ranpli kè moun ak Pawòl Bondye.
Evanjil la pa bezwen vin yon spektak pou l gen pouvwa. Pouvwa li soti nan Kris la, nan kwa a, nan Pawòl la ak nan Sentespri a.
Se poutèt sa, ann fè atansyon pou nou pa chèche plis aplodisman moun pase apwobasyon Bondye. Paske yon ministè ka popilè devan moun epi li ka toujou vid devan Bondye.
Kesyon pou nou poze tèt nou jodi a:
Si tout mizik, tout limyè, tout aplodisman ak tout emosyon ta disparèt, èske Kris la t ap toujou rete nan sant adorasyon nou an?

Seyè Jezi, retire nan nou tout sa ki ka fè nou chèche glwa moun olye glwa Ou. Ban nou yon adorasyon ki soti nan yon kè sensè, yon ministè ki chèche sèvi olye li chèche parèt, epi yon legliz kote Kris la pa sèlman sou bouch nou, men kote Li vrèman nan sant tout bagay.

04/06/2026

Je fête mes 5 ans chez Facebook. Merci pour votre soutien, cela ne ce serait jamais fait sans vous.🙏🤗🎉

10/05/2026

Depiw égoïste, ou konn sezi wè moun wap meprize yo rive depasew nan chemen an.
Sa ou te devanl lan, lavi ka fè l pran devanw paske benediksyon pa mache ak jalouzi ni move kè.
Lè ou pa vle wè moun avanse, ou konn bloke pwòp avansman pa w sanw pa rann ou kont.
Se pa fot moun nan si lavi ouvri pòt pou li, paske lavi toujou bay aksè ak moun ki gen bon kè, imilite ak lanmou pou lòt.
Yon moun égoïste ka gen vitès, men li pap janm gen vrè grandè.

03/05/2026

Matye 5:13: “Nou se sèl tè a; men si sèl la pèdi gou li, ak kisa yo va ba li gou ankò?”
Sa vle di legliz la te fèt pou bay gou, pou bay limyè, pou transfòme lavi… men gen moman li pèdi direksyon li.

Lè legliz bliye misyon li, li vin tankou yon fòm san fòs.
Lè gen plis divizyon pase lanmou, savè a disparèt.
Lè moun ap chèche glwa pa yo olye glwa Bondye, limyè a vin fèb.
Lè verite a pa preche ankò, men emosyon pran plas li, legliz la pèdi fondasyon li.
Men pa bliye: Bondye pa janm pèdi legliz li. Se moun ki ka pèdi sans li.
Jan li di nan Apokalips 2:4-5, li rele legliz la pou retounen nan premye lanmou li.
Se pa yon kestyon relijyon, men yon kestyon relasyon ak Bondye. Se pa kantite moun, men kalite lavi espirityèl.
“Legliz pa pèdi paske Bondye feb, men paske moun bliye kiyès yo ye. Retounen nan sous la, retounen nan verite a, paske sèl ki pèdi gou li pa itil ankò.”

02/05/2026

Sujet : L’Église a-t-elle perdu son essence ?
Legliz la pa yon batiman… li se yon kò, yon lavi, yon prezans.
Men jodi a, anpil moun ap mande: èske legliz la pèdi esans li?
Nou pa ka bay tèt nou manti… gen kote dife a vin fèb.
Relijyon pran plas relasyon, bri pran plas prezans Bondye.
Gen plis divizyon pase inite, plis aparans pase verite.
📖 “Retounen nan premye lanmou ou…” (Apokalips 2:4)
Bondye pa janm chanje, men nou menm nou ka pèdi direksyon.
Legliz la pa bezwen plis aktivite… li bezwen plis prezans Bondye.
Li pa bezwen plis foul… li bezwen lavi ki transfòme.
Li pa bezwen plis pale… li bezwen verite ak pouvwa Sentespri.
Pa bliye:
📖 “Nou se limyè mond lan…” (Matye 5:14)
Si limyè a fèb, mond lan ap rete nan fènwa.
Men gen espwa…
📖 “M ap bati legliz mwen, pòt lanfè pap ka kraze li.” (Matye 16:18)
Sa vle di legliz la pap janm fini,
men li bezwen moun ki deside retounen nan esans lan.
👉 Retounen nan lapriyè
👉 Retounen nan lanmou
👉 Retounen nan verite
👉 Retounen nan prezans Bondye
Se pa kestyon relijyon…
Se kestyon lavi.
Ann leve, ann mete tèt ansanm,
pou nou sove legliz Jezi Kris la nan divizyon,
epi preche yon sèl levanjil: verite ki bay lavi.
🔥 Paske legliz pa sipoze adapte ak mond lan…
Se li menm ki dwe chanje mond lan.

02/05/2026

Se pa yon kesyon de relijyon… se yon kesyon de lavi, yon kesyon de verite.
Ann mete tèt nou ansanm pou nou sove legliz Jezi Kris la.
Paske twòp divizyon ap febli kò a, e sa pa nan volonte Bondye.
Nan Évangile selon Jean 17:21, Jezi te priye : « Afin que tous soient un »
Sa vle di inite pa yon opsyon, se yon manda.
Jodi a, anpil moun ap defann relijyon, men yo bliye misyon an.
Paske nan Éphésiens 4:5 li di : « Un seul Seigneur, une seule foi, un seul baptême »
Sa montre klèman, pa gen plizyè levanjil, gen yon sèl verite.
Divizyon pa janm soti nan Bondye.
Paske nan 1 Corinthiens 1:10 li ekri : « Qu’il n’y ait point de divisions parmi vous »
Men se sa n ap wè jodi a… chak moun ap mache ak pwòp enterè pa yo.
Legliz la dwe sonje li se yon sèl kò.
Jan 1 Corinthiens 12:12 di : « Le corps est un, et il a plusieurs membres »
Nou diferan, men nou pa separe.
Se pa tan pou nou ap fè konpetisyon…
Se tan pou nou ini, pou nou leve non Jezi ansanm.
Paske nan Évangile selon Matthieu 12:25 li di : « Tout royaume divisé contre lui-même est dévasté »
Sa vle di si nou kontinye divize, nou menm n ap detwi tèt pa nou.
Levanjil la pa pou enterè pèsonèl, li pou glwa Kris la.
Nan Galates 1:8 li avèti : « Si quelqu’un vous annonce un autre évangile… qu’il soit anathème »
Sa montre gen yon sèl levanjil ki vrè.
Frè m ak sè m yo, li lè pou nou pran konsyans.
Ann kite ògèy, ann kite jalouzi, ann kite separasyon.
Ann retounen nan esans la : Jezi Kris.
Se pa kestyon ki legliz ou ye…
Se kestyon èske ou nan Kris.
Paske objektif la se pa bati non pa nou, men bati wayòm Bondye.
Ann mete tèt nou ansanm…
Ann preche yon sèl levanjil…
Nan enterè Jezi Kris sèlman.

02/05/2026

Se yon sezon kote Legliz la pa gen dwa rete menm kote ankò… li lè pou nou pase a l’autre bord.
Paske lè Bondye pale, se pa pou nou reflechi sèlman, men pou nou avanse avèk lafwa.
Nan Évangile selon Marc 4:35 li di : « Passons à l’autre bord », sa vle di gen yon lòt dimansyon k ap tann nou.
Men chak fwa ou deside avanse, gen tanpèt k ap leve.
Bib la montre sa nan Évangile selon Marc 4:37 : « Il s’éleva un grand tourbillon », men sa pa t yon siy pou yo retounen, se te yon tès lafwa.
Paske Bondye pa janm rele w pou w ret kote w te ye a.
Gen anpil moun ki prefere sekirite rivaj la olye yo pran risk avèk Bondye.
Men nan Évangile selon Matthieu 14:29, Pyè te mache sou dlo paske li te obeyi : « Viens ! »
Sa vle di, mirak yo pa fèt kote ou konfòtab, yo fèt kote ou obeyi.
Legliz la pa ka kontinye fonksyone nan limit li mete pou tèt li.
Paske nan Ésaïe 54:2 li di : « Élargis l’espace de ta tente »
Sa vle di, ou dwe prepare tèt ou pou plis, pou pi gran.
Pafwa Bondye ap mennen ou nan yon kote ou pa konprann.
Men jan li di nan Proverbes 3:5 : « Confie-toi en l’Éternel de tout ton cœur »
Sa vle di, ou pa bezwen konprann tout bagay pou obeyi.
Passer à l’autre bord, se kite ansyen mantalite, kite limit, kite dout.
Se antre nan sa Bondye te deja prepare pou ou.
Paske jan li ekri nan Jérémie 29:11 : « Car je connais les projets que j’ai formés sur vous »
Jodi a, Legliz la dwe leve, pran otorite li, epi avanse san pè.
Paske menm si gen tanpèt, Jezi nan bato a.
E kote Jezi ye, pa gen okenn tanpèt ki ka detwi destinasyon an.
Se pa yon opsyon… se yon apèl.
Se pa pou demen… se pou kounye a.
Se sezon pou nou pase a l’autre bord.adoperrier

27/04/2026

Se pa paske yon moun rele tèt li kretyen pou ou gentan mete tout mistè lavi w nan men li.
Gen moun ki gen lafwa, men yo poko gen matirite pou pote sekrè. Gen moun ki konn priye, men yo pa konn pwoteje konfidans. Tout moun ki nan legliz pa gen menm dimansyon espirityèl, paske fidelite nan pawòl se yon karaktè, se pa yon tit.
Proverbs 11:13 di: “Moun k ap mache ak tripotay devwale sekrè, men moun ki fidèl nan lespri konn kenbe yon bagay kache.”
Sa vle di se pa tout zòrèy ki fèt pou tande sa Bondye ap fè nan lavi w.
Gen benediksyon Bondye ba ou ki dwe rete anba silans jiskaske lè yo rive akonpli. Paske tout reve pa fèt pou rakonte tout moun, menm jan Genesis montre ak istwa Jozèf la; reve li te vrè, men lè li te pale twò bonè, sa te louvri pòt jalouzi ak trayizon.
Menm Luke 2:19 di Mari “te kenbe tout bagay sa yo nan kè li.”
Gen bagay ou pa bezwen eksplike, ou bezwen konsève yo devan Bondye.
Moun legliz pafwa frajil, pa paske yo pa sove, men paske yo toujou ap grandi. E yon moun ki pa geri nan nanm li ka blese sa li pa konprann. Se pou sa disènman obligatwa menm anndan pèp Bondye.
Ecclesiastes 3:7 di: “Gen yon tan pou rete an silans, gen yon tan pou pale.”
Si Bondye mete silans sou yon dosye, pa prese ouvri bouch ou.
Pa tout batay ou dwe rakonte.
Pa tout pwojè ou dwe anonse.
Pa tout doulè ou dwe ekspoze.
Gen viktwa ki grandi pi byen nan sekrè.
Paske gen bagay lè yo rete ant ou menm ak Bondye, yo konsève onksyon yo.
Gen pawòl lè yo soti twò bonè, yo ekspoze w a jalouzi, kritik, ak atak.
Sekrè pa toujou mank konfyans, pafwa se sajès espirityèl.
Pwoteje sa Bondye ap bati nan lavi w.
Paske tout moun ki di “Amen” pou ou pa nesesèman ka pote revelasyon ou.
Pafwa pi gwo disiplin espirityèl la se pa pale… se konnen sa pou w pa di.
Tout moun nan legliz se frè ak sè, men se pa tout ki konfidans ou.
Paske sa Bondye revele w nan lapriyè, pafwa li fèt pou lotèl la, pa pou foul la.

25/04/2026

Yo ka jije w selon zòn ou soti, yo ka mezire w selon kondisyon ou grandi ladan l, men Bondye pa konsilte orijin pou l akonpli desten. Avni w pa depann de katye w, ni de limit sosyete mete sou ou, li depann de Bondye ki rele sa ki pa egziste yo tankou si yo te deja egziste.
David te soti dèyè mouton, Bondye fè l wa. Joseph soti nan twou ak prizon, Bondye mennen l nan palè. Sa vle di kote w kòmanse pa deside kote w ap fini lè men Bondye sou lavi w.
Pa janm meprize tèt ou akoz kote ou soti, paske lè Bondye deside louvri yon chemen pou ou, pèsonn pa ka fèmen l. Avni w pa nan men zòn ou, li nan men Bondye.

25/04/2026

Bénédiction se favè, gras ak byennèt Bondye mete sou lavi yon moun. Nan sans biblik, se pa sèlman resevwa bagay materyèl (lajan, kay, travay), men se tou lapè, pwoteksyon, favè, direksyon, ak prezans Bondye.
Kilè yon moun beni?
Yon moun beni lè:
Bondye mete favè li sou lavi li, menm nan mitan eprèv.
Li mache nan obeyisans ak volonte Bondye.
Lavi li pote fwi pou lòt moun, paske benediksyon pa sèlman pou tèt pa w.
Li gen lapè andedan li, menm lè deyò gen tanpèt.
Bondye separe l pou yon objektif akonpli.
Bible montre sa nan plizyè kote:
Psaum 1: moun ki mache dwat tankou pyebwa ki plante bò dlo — sa se benediksyon.
Deut28: obeyisans pote benediksyon.
Mat5: Jesus rele moun ki gen kè pwòp, ki fè lapè, “beni”.
Yon moun beni se pa yon moun ki pa gen batay, se yon moun Bondye akonpaye nan batay yo.
Ou beni pa sèlman lè ou resevwa sa ou te mande, men lè Bondye kenbe ou menm nan sa ou pa t vle pase a.

Vous voulez que votre personnage public soit Personnage Public la plus cotée à Jeremie ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Type

Site Web

Adresse


Jeremie