SynsynStore
synsynstore
26/10/2024
Pèmanant se yon sibstans ke anpil moun itilize pou fè cheve yo swa. Nan jenerasyon pam nan avan nou te rive nan filo, twa ka medam yo te gentan o mwen sèvi avèl yon fwa. San nou pa konnen sèvi ak pèmanant konn gen gwo konsekans sou sante nou akoz de kèk sibstans chimik kel gen ladan. Sa ki pi danje an rele fòmòl.
Vin aprann ansanm 5 pwoblèm ke pèmanant ka bay si nou itilize souvan (Pou pi piti 4 fwa nan yon lane)
Pataje, pataje tèks la ak pwòch nou pou plis moun rive jwenn konesans.
an pasan depi kilew al kay Dr? ou fe check up deja? pou konn siw gen kek maladi kap devlope, eben pran randevou a Dr Gedner lap pran swenw , siw vle antre an kontak avel, siw gen whatsapp klike sou lien : https://wa.me/+50942338125
oubyen rele direk nan +509 42 33 8125
1) Gen yon lyen ant pèmanant ak kansè. Gen 3 kansè kay fanm yo ke etid yo pwouve ke risk yo ogmante lè medam yo itilizel twò souvan:
● Kansè nan tete
● Kanse nan ovè
● Kansè nan matris
2) Fanm ki ap bay tete pa dwe met pèmanant paske li ogmante risk pou timoun nan fè kansè nan san (lesemi) pandanl ap grandi;
3) Menm si li ra, pèmanant ka pwovoke ensifizans renal egi akoz yon sibstans ladanl ki rele Okzalat ki toksik pou ren yo oubyen fòmòl la ka konvèti an metilèn glikòl ki son danje pou ren yo;
4) Moun ki fè opresyon pa sipoze sèvi avèl paske li ka deklanche yon kriz lakay yo
5) Lèw boule oubyen alèji ak pèmanant, po tèt la vin anfle e ou devlope yon ekzema ki ka fèw pèdi chevew. Si boule an oubyen alèji an grav, li ka menm rive atake zyew.
***Anpil moun ka ap mande ki rapò pèmanant gen ak kansè? Kijan fè met pèmanant ka bay kansè nan tete, nan matris elatriye?***
Ebyen sak pase, pèmanant la gen pwodwi ke nou rele pètibatè andokrinyen ki pral aji sou estrojèn (yon òmòn an majorite kay fanm) nan pou devlope kansè yo. Lòt eksplikasyon lèw alèji ak pèmanant oubyen lèw boule ladan, po tèt la pral blese epi fòmól la ki son pwodwi klase kansewojèn (ki ka bay kansè) ap tou rantre nan san epi al fè dega.
A note ke sa nou di pou kansè yo valab tou pou koulè nap met nan cheve nou yo.
Mèsi
Doc_Megg
depi kilew al kay Dr? ou fe check up deja? pou konn siw gen kek maladi kap devlope, eben pran randevou a Dr Gedner lap pran swenw , siw vle antre an kontak avel, siw gen whatsapp klike sou lien : https://wa.me/+50942338125
oubyen rele direk nan +509 42 33 8125
01/04/2024
Pou'w an bon sante ou sipoze manje 3 kalite manje.
Kòm nou konnen an Ayiti nou plis priyorize yon sèl manje ki se diri, e gen moun ki menm di si yo pa manje diri yo poko manje osinon lòt manje yo se pou moun mòn, pou pòv.
Ebyen jodia nou pral diw nan kisa wap jwenn 3 kalite manje sa yo. Siw bezwen fòs nan ki manje wap jwenn li elatriye...
1. MANJE KI BAY FÒS
2. MANJE KI KONSTWI KÒ
3. MANJE KI PWOTEJE KÒ
1. POU MANJE KI BAY FÒS YO NAP JWENN YO NAN:
- Lam veritab
- Yanm
- Patat
- Pòm de tè
- Mazonbèl
- Bannann
- Manyòk
- Pen
- Diri
- Mayi moulen
- Pitimi
- kokoye
- Bè magarin
- Lwil
- Siwo kann, myèl
- S*k
- Rapadou
2. POU MANJE KI KONSTWI KÒ NAP JWENN YO NAN:
- Vyann kabrit
- Vyann poul
- Vyann bèf
- Vyann kochon
- Kribich
- Pwason
- Krab
- Oma
- Pistach
- Nwa
- Lèt
- Ze
- Fwomaj
- AK-100
- Farin labouyi
3. POU MANJE KI PWOTEJE KÒ YO NAP jwenn YO NAN:
- Joumou
- Kawòt
- Bwokoli
- Pwawo
- Zaboka
- Zepina
- Piman dous
- Berejèn
- Pwa frans
- Leti
- Kreson
- Tomat
- Tayo
- Kowosòl
- Anana
- Grenadya
- Melon
- Zoranj
- Sitwon
- Mango
- Papay
- Fig
- Abriko
- Chadèk
- Kantaloup
Gen anpil lot fri, legim, ak viv ki pa nan lis la men nou dwe fè efò o mwen pou nou manje ekilibre paske sa ap bon pou sante nou. Pandan viris la ap fè ravaj la nou ka plis priyorize manje ki pwoteje kò yo epi pa bliye bwè anpil anpil dlo.
👇👇👇
https://www.facebook.com/pediactu00
Https://www.instagram.com/pedi.actu/
13/02/2023
02/02/2023
KRIZ 2 ZAN
Kriz 2 zan yo fè pati devlopman nòmal yon timoun, espesyalman nan laj yo kòmanse devlope otonomi yo, apati 18 mwa (alantou 2 zan). Kèk kriz dire sèlman kèk minit, men lòt ka dire plis pase inèdtan.
Kèk timoun gen plis tandans fè kriz pase lòt. Se ka akòz lefèt ke yo gen yon tanperaman pi aktif oswa yo pa gen tolerans pou fristrasyon. Li obsève tou ke move tanperaman yo rive pi souvan nan timoun ki mwens konfòtab pou eksprime mekontantman yo vèbalman. Lè sa a, kòlè yo pral manifeste nan fè gwo rèl ak jès.
Pandan kriz la, timoun nan ka:
- Fè bri;
- Kriye;
- Bay kout pye, kout pwen, oswa kout tèt;
- Mòde;
- Woule atè oswa fè jès san kontwòl;
- Voye bagay jete;
- Refize pou kenbe li;
- Refize pran souf (pa enkyete'w, okenn entèvansyon pa nesesè: l'ap rekòmanse respire nòmalman ankò pou kont li).
🔹️POUKISA LI FÈ KRIZ?
Pou yon timoun piti, kolè se souvan yon fason pou reyaji lè li santi li akable pa entansite santiman li oswa bezwen li, epi li pa ka eksprime yo. Menm pou yon timoun ki pale byen, mete mo sou sansasyon ak emosyon yo difisil epi li mande pratik ak ankourajman.
Kriz yo souvan rive lè yon timoun piti:
- Paka fè sa li vle (fè fas ak yon kontrent);
- Oblije fè yon bagay li pa vle;
- Li akable pa santiman enpuisans, fristrasyon, kòlè, enkyetid, oswa menm laperèz;
- Li fatige, grangou, eksite, oswa li pa santi'l byen;
- Li pa kapab fè yon bagay li vle fè poukont li;
- Li manke mo pou li eksprime li;
-Li dekouvri pa eksperyans ke yon kriz pèmèt li jwenn sa li vle;
- Vle jwenn atansyon, petèt paske li santi li aleka, inyore oswa poukont li, oswa, okontrè, paske li gen abitid pou monopolize atansyon.
🔹️KIJAN POU FÈ FAS AK KRIZ KÒLÈ ?
Kèlkeswa rezon ki fè pitit ou a ankòlè, men kèk direktiv ki ka ede'w fè fas ak yo:
✅Kòmanse eseye kalme pitit ou a lè'w bay non emosyon yo: “Mwen wè ou fache anpil! », men pa ensiste. Si'w eseye rezone li, kriz la gen plis chans pou'l dire pi lontan. Petèt li pa nan kondisyon poul koute'w.
✅Si timoun ou an pa koute'w, obsèvel de lwen epi kite kriz la pase san'w pa entèvni sof pou'w pwoteje'l. Kidonk, ou dwe fèl sispann si li frape ou oswa yon lòt moun, si l'ap frape tèt li oswa si l'ap jete bagay. Ou ka elwanye lòt moun ak objè lwen pitit ou a pandan kriz li a. Tann kriz la pase pou pale ak li.
✅Rete kalm pandan kriz la, paske fache ak pitit ou a ap fè sa pi mal. Kidonk, si'w leve vwa'w, l'ap rele pi fò, san konte ou ka fèl pèw tou. Si'w fache epi yon lòt granmoun la pouw asire sekirite timoun nan, deplase pou kèk minit pouw reprann kalm ou. Si ou poukont ou ak pitit ou a, respire pwofon pou reprann kontwòl emosyon ou.
✅Sonje ke li enpòtan pou pa sede lè li fè yon kolè, menm si li trè tante'w pou'w ba li sa li vle lè li frapew oswa rele an piblik. Menm si ou sèlman sede youn oswa 2 fwa, w'ap anseyel ke kolè se yon fason efikas pou'l jwenn sa li vle.
✅Si'w nan yon espas piblik, pa enkyete'w de sa moun ki bò kotew panse : pou chak moun ki kritike ou, gen yon lòt ki konprann ak sensèman senpatik. Konsantrew sou pi bon fason pou fè fas ak sitiyasyon an epi sonje ke paran pafè pa egziste.
✅Lè kolè a fini, pran pitit ou a sou ou pou kalmel epi rasirel. Eksplozyon kòlè sa yo, ke li gen difikilte pou kontwole a, afekte li tou. Edel pale sou sa ki te pase a, kijan li te santil, ak poukisa li te fache. Sil poko pale, fèl pou li. Pa egzanp, dil: “Ou te vle tache sandal ou poukòw men ou paka tachel. Sa fèw fache epi ou te kòmanse kriye. »
✅Pwopoze pitit ou a youn oubyen 2 bagay li kapab fè nan plas kolè. L'ap konnen ke gen lòt fason pase rele byen fò ak frape li ka eksprime mekontantman li. Pa egzanp, li ka respire kèk fwa tankou yon papiyon lè li santi kòlè monte nan li, sa vle di, pran yon gwo souf, louvri bral tankou zèl yon papiyon epi prann souf, fèmen "zèl li yo" sou kè li. Timoun ou an ka di tou li fache ak mo oswa fè yon desen.
✅Pa mete li nan kwen lè li gen yon move tanperaman, paske sa ka angwase li. Rete nan chan vizyon li, paske li pwobableman boulvèse menm jan ak ou sou pwòp reyaksyon li.
🔹️KIJAN OU KA EVITE KRIZ SA YO?
Malgre kriz sa yo fè pati devlopman nòmal timoun nan, ou ka ede timoun piti ou a diminye frekans yo. Sonje, sepandan, ke okenn paran pa ka anpeche tout move tanperaman pitit yo. Men kèk konsèy pou diminye kolè pitit ou a.
1. SATISFÈ BEZWEN DEBAZ LI YO
- Kenbe yon woutin ki estab pou manje, ti goute ak dòmi.
- Pa kite pitit ou a twò fatige oswa grangou. Lè wap soti, sonje pote yon ti goute.
- Si pitit ou a kòmanse ajite, eseye wè si li fatige, si li grangou, si li manke espas pou jwe, elatriye...
- Si'w konnen ou prale yon kote ke li pral santi li raz, sonje pote bagay ki ka okipel.
2. AJI ANVAN PREMYE SIY KÒLÈ YO
- Asirew ke timoun piti a pran plezi ak jwèt ki apwopriye pou laj li. Sa diminye risk fristrasyon yo.
- Mete objè li pa ta dwe manyen yo kote li paka rive e kote li pap wè pou evite tantasyon ak, answit, kriz.
- Detounen atansyonl lèw santi kòlèl ap monte oswa mennenl nan yon lòt chanm.
- Chèche estrateji pou anpeche fristrasyon abityèl li yo. Pa egzanp, si pitit ou a souvan fache lè ti sè li defèt kastèt li ap fè a, sijere poul chita sou tab kwizin nan olye poul chita atè a.
- Lè n'ap soti ansanm, fèl konnen sa kap tann li. Si, pa egzanp, ou ale nan makèt la, di li davans ke ou pa pral achte jwèt, men ke w'ap kitel chwazi sereyal la. Ou kapab ba li tou yon ti travay pou konplete. Pa egzanp, mandel poul mete zoranj nan yon sak oswa montrew objè wouj, jòn, elatriye... Lè sèvo li konsantre sou yon travay, timoun piti ou a gen mwens chans pou fè yon kriz kòlè.
3. ANKOURAJE LÒT FASON POU EKSPRIME FRISTRASYON LI YO
- Ede pitit ou a eksprime santiman li ak mo epi di kijan li santi l. Lèw ankourajel poul pale sou sal santi, ou ka edel pi byen kontwole emosyonl epi pa kite yo depase.
- Pran pasyans epi eseye bay bon egzanp. Si w'ap travay pou kontwole kòlèw ak fristrasyonw, timoun piti ou a ap gen tandans fè menm bagay la. Anrevanj, li difisil pou mande pou li sispann fache si ou menm ou fache pou nenpòt ti bagay. Lè sa apwopriye, di byen fò saw fè pouw santiw pi byen lè yon bagay deranjew.
- Felisite pitit ou a lè li eksprime emosyon negatif li yo ak bezwen li yo atravè mo olye ke li fè kriz.
🔹️KILÈ POU'W KONSILTE YON DOKTÈ ?
Anjeneral, kriz kòlè gen tandans diminye entansite ak frekans alantou laj 3 oswa 4 an. Lè sa a, pitit ou a devlope pi bon kontwòl tèt li sou enpilsyon li yo epi li ka eksprime tèt li pi byen ak mo. Sepandan, si li kontinye fè plizyè kriz kòlè pa semèn epi entansite yo pa diminye (pitit ou a gen pwoblèm pou li kalme, li fè tèt li mal oswa lòt moun), yon konsiltasyon ak doktè li oblije fèt. Eksè kòlè li yo ka kache yon lòt pwoblèm ke espesyalis ap ede ou detekte. Konsa, ansanm nou ka jwenn fason pou edel.
Pédiactu
01/02/2023
🩺 Ribrik : ti Konsèy
- Pa janm Fè twalèt debaw a dlo trete
- Dlo trete a genyon prodwi ladan l ki tiye bon bakteri ki nan bouboune nan ( flore vaginal ) ki la pou proteje bouboune ou kont tout lot vye bakteri mikrob..
- Lèw finn p**i toujou genyon ti sevyèt spesyall pou siye bouboune ou ( atansyon se sèl ou ki pou sèvi a sevyèt sa e pa siye kow avè l ,kitel la selman pou bouboune ou)
- Fè twalèt ou ak dlo bouyi dlo sa dwe dire 72 h tan otomatikman li depase tan sa jete l
- Pa antre dwèt ou anndan bouboune ou lè w ap lavel..
- Évite benyen a kilòt.
_ pa domi a kilòt
- Toujou tann kilòt ou yo nan bon solèy.
- lè wap fe bagay pa dako nèg la pase krache kom librifyan
- veye zong nèg kap ba w dwèt la
- Lè w pral fè bagay lave bouboune ou avan.
- depi w finn fè bagay al fè twalèt debaw ( pa kite spèm nan devan w ).
- toujou al we medsen w jenekològ ou.
- mete kapot lè wap fè bagay.
Siw poko abonè a paj la antre sou link sa
👇👇👇👇👇👇
https://www.facebook.com/Dr-Lebrun-Reginald-104383767995671/
Dr Lebrun Reginald
Like & patajel
[email protected]
Mesi pou sipow..
07/01/2022
Men yon piyay laptop samsumg pou vann .li an bon eta,batri ka bay 3h a 4h tan chaj.li gen 6,00 GB memwa Ram. Proc:intel 64 bits,cpu1,10GHz.windows 8. Disco 250 GB.
Pri a se:$120 us.
Pye kout pran devan.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Contacter l'entreprise
Téléphone
Site Web
Adresse
Delmas