Adam le trader
Vivre l’opportunité du trading
27/07/2023
Désolé
Mwen vle di tout Moun ki toujou sipòtem yo Mèsi bokou 🙏🏿e Mwen bezwen pale avek nou de yon sijè paske mwen toujou wè nou itilize mwen kòm egzanp e nou tag mwen tout kote depi Gen yon sijè de kolaborasyon avek atis etranje. 🌍 Lem te poste yon foto avek Davido m te wè vye komantè tout kote Ayisyen Moun ap di sa se just Davido avek yon Fanatik , 🤔Lèm anonse mizik avek Li yo dim pap janm ka fè mizik avèl , 🤔Lèm soti Cover poum anonse mizik la yo di Davido pa okouran de featuring sa, 🤔Lèm soti Mizik la yo di m Davido pap fè vidéo a avèm se kk kap fèt, 🤔🤔Lè yo wè video soti vre yo di sa se gaspiyay Kob kounyea yo di Davido pap postel, 🤔yo just fè blag ak sa Fawouch sou fawouch, 🤔Yo di Davido pa menm follow Mwen Pou tan li follow Mwen lontan 🤔Lè Davido postel finalman yo pa di anyen 🤔. se tankou Wap travay pou kilti w epi yo kont ou 🤔 chak fwa yon atis Ayisyen fè yon FT entènasyonal nou fe yo wont… nou tag atis entènasyonal la ap pale kk epi fè nou kòm yon nasyon parèt sòt ak inyoran. 🤔yo ka tradui tout kòmantè nou yo 🤔 Pep pam nan nap mal pase nan tout Bagay.. poze Svp kite Atis yo chèche lavi 🙏🏿 yo se reprezantan kilti nou🇭🇹
Nou pap janm konprann ki kantite pòt mizik sa ouvè pou mwen ,Nou chache tout ti detay negatif net pou nou bay yon Ayisyen parèy nou kap travay poul entènasyonal , kap voye peyil, kiltil monte, Malgré m plis pale anglè m fèl an kreyol jis poum ka voye Lang pa nou monte. Tout enèji negatif sa nou degaje nan fawouche, kritike, blaze travay lot Moun nou pa konnen Kijan sa te ka telman ede nou menm atis si nou te fèl nan sans pozitif. Nou fè tankou nou menm Ayisyen pa gen valè, nou pa nan nivo pou n kolabore ak lot nasyon, Nou telman pa kwè nan tet nou sa koz nou pa kwè nan anyen Moun fè. Nou gade tet Nou ba trop. 🧘🏾♀️ respè ak tout atis kap soti tet yo ⭐️🎶👉🏿👉🏿👉🏿👉🏿👉🏿👉🏿👉🏿 Sa fem mal poum we nap fe yon lot Atis Sa anko semèn sa 🥹
10/07/2023
Important
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Contacter la personnalité publique
Téléphone
Site Web
Adresse
Rue Lumière
Delmas
HT6120