Jeune Aquinois

Jeune Aquinois

Partager

Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Jeune Aquinois, Société industrielle, Aquin.

Photos from Jeune Aquinois's post 15/01/2026

AKEN PEDALE kontinye pousib chemen li nan trankilite pou makonnen fòs tout kalite jenerasyon ansanm pou kapab PEDALE Aken pou yon demen miyò.
Ane sa ankò, nou gen chans pousib wout nou avèk sipò tout kalite kouch nan sosyete nou an ki anbrase mouvman sila yon lòt fwa nan lanmou ak lapè. Aken Pedale se fòs, se lanmou, se nanm tout yon jenerasyon ki anvi avanse pou pi douvan.
N ap ba w randevou pou yon pi bèl edisyon nan plis serenite, lapè ak lanmou pou yon pi bèl 10èm Edisyon.

📸: Noël Peterson-Luster

Photos from Jeune Aquinois's post 30/12/2025

Eske 'n pare ankò pou ane a ?

16/12/2025

Aken Pedale se yon aktivite kominotè ki mete lavi an mouvman.
Li rasanble moun tout laj nan yon anbyans pozitif, dinamik ak fratènèl, kote nou pataje enèji, kilti ak bon jan moman.

Atravè mouvman pedale a, nou ankouraje byennèt, solidarite ak enèji pou n avanse ansanm. Se yon okazyon pou bouje, pou respire, pou rankontre, epi pou raple tèt nou ke lavi se aksyon, e avanse ansanm toujou pi fò. Se sa k fè tèm nou ane sa se:
LAVI PA KANPE, SOSYETE A DWE AVANSE, ANN PEDALE POU N FÒSE CHANJMAN.

Aken Pedale se plis pase yon evènman :
se yon randevou, se yon moman pataj, se yon mouvman lavi.

Tout moun envite.
Vin patisipe.
Vin bouje.
Vin viv mouvman an. 🚴🏽‍♂️🌿

AP2k25
AkenPedale2k25

11/01/2025

STAFF AKEN PEDALE a koubel byen ba poul di MÈSI a tout moun kite SIPÒTE mouvman sa nan yon fason ou yon lòt san nou inisyativ sa patap rive POSIB🙏🏽

RANDEVOU ANE PWOCHÈN MÉSI ✊

04/11/2024

AKEN PEDALE 8.0 ESKEN PARE ❓

Photos from Jeune Aquinois's post 08/01/2024

AKEN PEDALE kontinye pousib chemen li nan trankilite pou makonnen fòs tout kalite jenerasyon ansanm pou kapab PEDALE Aken pou yon demen miyò.
Ane sa ankò, nou gen chans pousib wout nou avèk sipò tout kalite kouch nan sosyete nou an ki anbrase mouvman sila yon lòt fwa nan lanmou ak lapè. Aken Pedale se fòs, se lanmou, se nanm tout yon jenerasyon ki anvi avanse pou pi douvan.
N ap ba w randevou pou yon pi bèl edisyon nan plis serenite, lapè ak lanmou pou yon pi bèl 8èm Edisyon.

📸: Noël Peterson-Luster

20/11/2023

Menm jan ak dlo k ap koule nan yon kanal ki pa anvi kanpe,
Menm jan ak san n ki cho k ap koule nan kò nou,
Menm jan ak kanal la k fè n ini fòs nou,
Menm jan ak dènye edisyon avan yo ke n pap janm bliye,
Se konsa menm jan avè w nou eksite pou n ofri w 7ièm edisyon AKEN PEDALE 2023, eksite pou n pataje meyè moman nou yo ansanm pou dènye jou nan ane a nan yon pleyad aktivite kiltirèl ak sosyal.
Prepare bekàn ou, envite yon zanmi, nou pral selebre lavi ansanm.

31 desanm 2023, AKEN PEDALE, tou pandan n gen fòs ak lavi, PEDAL YO PAP KANPE.

Photos from Jeune Aquinois's post 04/01/2023

AKEN PEDALE kontinye pousib chemen li nan trankilite pou makonnen fòs tout kalite jenerasyon ansanm pou kapab PEDALE Aken pou yon demen miyò.
Ane sa ankò, nou gen chans pousib wout nou avèk sipò tout kalite kouch nan sosyete nou an ki anbrase mouvman sila yon lòt fwa nan lanmou ak lapè. Aken Pedale se fòs, se lanmou, se nanm tout yon jenerasyon ki anvi avanse pou pi douvan.
N ap ba w randevou pou yon pi bèl edisyon nan plis serenite, lapè ak lanmou pou yon pi bèl 7èm Edisyon.

📸: Noël Peterson-Luster

30/12/2022

Viv dwe eksitan !
Viv dwe gen plis sans !
Viv mande plis ezans !
Viv dwe enpòtan !
Kòman n vle ap viv si n pap vanse ?
Donk li enpòtan pou n kontinye makonnen fòs nou ansanm pou n kwape vye vag ki pa an favè byennèt sosyete nou an.
Li enpòtan pou youn pase men nan kou lòt,
Li enpòtan pou n gen yon chèn lanmou,
Li enpòtan pou ni mwen ni ou, nou tout ansanm di fòk sa chanje.
Men pou sa chanje, nou dwe asksepte pou n vanse (PEDALE) ansanm, sou menm direksyon ak menm objektif pou yon lòt Ayiti.
Ane sa ankò, AKEN PEDALE ap kontinye preche lanmou, linyon, lapè pou n PEDALE k ap ede n KONBAT MOVE LAVI, PEDALE POU N BAY AYITI YON CHANS.
Se mwen 🗣️
Se ou 🫵🏾
Se nou tout 🫂, ki pou solidite ansanm nan lespri, manm ak nanm pou n chanje sa.

ANN PEDALE !

Vous voulez que votre entreprise soit Société D'ingénierie la plus cotée à Aquin ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Adresse


Aquin