FAST INFO

FAST INFO

Partager

First promo music est la pour vous aider à débloquer

23/08/2026
27/02/2026

Aken – Deklarasyon cho apre yon operasyon jidisyè

Apre operasyon ki te fèt madi 24 fevriye 2026 pa Komisè Gouvènman Aken an, Mèt Guy Mondelus, Michel Victor alyas “Yoyo”, yo akize pou vòl motosiklèt, pran lapawòl pou reyaji.
Li deklare ke ansyen Vis-Delegye Aken an pa gen okenn leson pou ba li. Li mande l pou l okipe zafè pa li pito. Li fè konnen tou gen plizyè ka disparisyon bèt nan zòn nan, epi li lage dout sou posib enplikasyon Vis-Delegye a nan sitiyasyon sa yo.
Dosye a kontinye ap fè anpil pale nan komin nan.

27/02/2026

Ansyen vice délégué Aken an kotew?

Photos from FAST INFO's post 25/02/2026
Photos from FAST INFO's post 25/02/2026

Vilmond Rosilis pran laprès jounen mèkredi 25 fevrier a pou denonse sa li rele yon enjistis li sibi anba men lapolis. Yo te arete li jou kite 9 janvier a sou akizasyon li ta yon evade prizon Kwadèboukè, yon enfòmasyon li demanti kategorikman. Li fè konnen li se natif natal Fond des Blancs e li pa janm pase yon jou nan prizon Kwadèboukè.
Selon deklarasyon li, arestasyon an ta soti nan yon konfli ak yon sitwayen nan zòn nan ki rele Harry, ki li pretann ta peye polisye yo pou fè arete l san manda. Li di li pase 20 jou nan prizon, malgre li pa t opoze rezistans pandan arestasyon an.
Jodi a, li mande jistis ak reparasyon, pandan li ensiste pou fè piblik la konnen li pa yon evade prizon.

25/02/2026

operasyon sekirite nan aken

Nan kad ranfòsman sekirite piblik, yon operasyon te fèt madi 24 fevriye a nan komin Aken, anba direksyon Komisè Gouvènman an, Mèt Guy Mondelus, avèk kolaborasyon Lapolis ak lòt otorite konsène yo. Entèvansyon an te kouvri zòn Mòn Oko ak Senntra (2èm seksyon kominal Aken) pou rive nan vil Okay.
Operasyon sa a mennen nan arestasyon Michel Victor, alyas “Yoyo”, ansanm ak yon lòt endividi yo konnen sou non “Bòs Genè”, pou prezime enplikasyon yo nan dosye vòl motosiklèt nan komin Aken.
Dapre enfòmasyon ofisyèl yo, yon lòt moun ki site nan ankèt la, Frantzy Simon, te blese pa bal pandan entèvansyon fòs lòd yo e li mouri sou kabann lopital.
Otorite jidisyè yo fè konnen ankèt la ap kontinye pou idantifye tout lòt moun ki ta enplike nan rezo vòl motosiklèt sa a, ki ta ap opere depi plizyè ane nan plizyè komin.

Otorite yo envite popilasyon an pou kontinye kolabore ak fòs lòd yo, bay enfòmasyon ki kapab ede nan konbat ensekirite, pandan y ap respekte prensip lalwa ak dwa chak sitwayen.

Vous voulez que votre entreprise soit en tête de la catégorie Entreprise De Médias à Sarcelles ?
Cliquez ici pour obtenir votre annonce sponsorisée.

Catégorie

Site Web

Adresse


11 Rue Estienne D’Orves
Sarcelles
95200

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque FAST INFO publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

S’abonner

Nous vous informerons de toute nouveauté à Sarcelles.