Kayak Post

Kayak Post

Share

Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from Kayak Post, News Personality, york, York, PA.

10/02/2026

Enfo Kayak Post: Sitiasyon difisil Jodi an nan Hotel Karibe, kote yon gwoup dirijan pati politik tap rankontre ak manm KEP yo epi Gouvènman sou chanjman kèk atik nan dekrè Elektoral la. Pati sa yo move kont responsab KEP yo kap pare pou fè yon eleksyon ak fòs kote.

09/26/2026

Enfo Kayak Post: “Bye Bye EDE J’ai tourné la page” se ak pawòl sa yo pwofesè Joseph Harold Pierre anonse li kite pati EDE, aprè Claude Joseph fin pasel nan betiz nan eleksyon primè pati sa. Nan yon kominike, li denonse Sak pase e raple onèl pa merite li viv ak desepsyon sa yo. Deriv ki rive nan pati sa, montre a ki pwen, lidè politik yo mètdam, men sa montre tou foli anpil nèg ak fanm genyen pou vin prezidan Ayti. Seri demisyon an kaskad Kayak Post te anonse yo fèk kòmanse nan pati EDE.

09/24/2026

Enfo Kayak Post: Alòske Claude Joseph deja envesti kòm kandida prezidansyèl pati EDE, e deja menm enskri kòm kandida sou lis KEP an, Joseph Harold Pierre mande pou eleksyon yo refèt paske yo pa respekte sa ki di nan chat pati an. Denonsyasyon sa yo vini nan yon moman Kote Claude Joseph tounen TIKOMIK sou rezo sosyo yo akoz li deklare sil prezidan chak 4 semèn lap mete nan lari an 1000 sòlda FADH.

Photos from Kayak Post's post 09/22/2026

Kandida Pouvwa gen sèlman 262 moun kap swiv li sou X. Ansyen kandida depite, ki Jodi an se kandida pou vin prezidan Ayti, gen yon Gwoupman 52 Pati Politik, ki deja enskri 30.000 manm sou platfòm KEP an, poutan sèlman 262 moun kap swiv mesaj li yo sou X. Nap eseye eksplike!!!

09/22/2026

Enfo Kayak Post: 628.755 Elektè deja enskri sou rejis Elektoral la. 18 Pati Politik epi 12 Gwoupman deja anrejistre 30.000 manm yo. Gen 7 kandida pou Prezidan, 162 Pou Sena ak 419 Pou Depite ki deja anrejistre sou systèm KEP an, 1285 Sant enskripsyon ak Vòt CIV deja disponib nan tout peyi an.

09/18/2026

Enfo Kayak Post: Vas kidnapin maten Vandredi an nan Pòtoprens. Bandi kidnape anviwon 5 timoun, pami yo 3 tifi nan yon sèl fanmi daprè medya an Liy LeFacteur. Sak sa yo fèt nan zòn Bwa Vèna, kote youn nan machin sispèk yo te twouvel devan Legliz Tabènakl ki nan zòn nan.

09/17/2026

Enfo Kayak Post: Pati Politik EDE kapab konnen nan jou kap vini la, yon seri demisyon an kaskad. Potansyèl kandida prezidan yo pa dijere, Claude Joseph ki woule yo nan farin pandan eleksyon primè an. Gwoup sa, konte demisyone an blòk pou fason Claude Joseph monte fim Bouki e Timalis ak yo.

09/17/2026

Enfo Kayak Post: Alòske non li pat janm parèt pami moun ki kandida nan eleksyon primè pati EDE, Claude Joseph woule tout moun nan farin, lè aprèmidi Jedi an, se li menm ki parèt kòm kandida Alaprezidans EDE. Plizyè potansyèl kandida te fè maraton, fè foto, fè afich pibliye sou rezo sosyo pou te prezante tèt yo. Ak gran sipriz kandida sa yo, yo wè se Claude Joseph ki Eli prezidan e ki pral reprezante EDE nan pwochèn Prezidansyèl yo.
Nap raple, se pa premye fwa kandida pou prezidan pati EDE an gen konpòtman sa, Pòt pawòl VIV ansanm lan te kritike Claude Joseph, alepòk premye minis ki te pwomèt li CAS e ki te konn voye zam ak minisyon ba li, lèl te minis afè etranjè. .

09/17/2026

Enfo Kayak Post: Sante Magalie Habitant ap agrave chak jou pi plis nan Prizon. Ansyèn DG CNE an, anpil moun rele manman Gang soufri yon “ÈNI”. Si pou anpil moun se yon estrateji poul libere, men pou fanmi kondane an, maladi a serye e lap soufri anpil. Magalie Habitant ki nan prizon akoz konivans li ak gang yo Ayti, ta enplike nan plizyè zak kriminèl. Kayak Post ap souliye Rosemila Petit Frère ki te nan prizon tou, benefisye yon men leve kote lajistis akoz kesyon maladi, ta twouvel nan peyi etranje nan moman.

09/17/2026

Enfo Kayak Post: Anbasad Etazini 🇺🇸 nan Pòtoprens dispoze 3 milyon us epi yon rezidans ak tout moun ki bay bon enfòmasyon sou gang yo ak finansè yo. Nenpot moun ki kapab bay enfòmasyon pou idantifye ak lokalize yo kapab kontakte jistis amerkèn nan 202-702-7843 a travè WhatsApp ak Telegram daprè Anbasad la.

Want your public figure to be the top-listed Public Figure in York?
Click here to claim your Sponsored Listing.

Website

Address

York
York, PA

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Kayak Post posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Subscribe

We will notify you when anything happens in York.