EDUC ATION PRO HT
FÒME TÈT OU SE PLIS KE YON NESESITE. Aprann, Grandi, Reyisi.
28/03/2026
La pyramide de Maslow : konprann bezwen ki kondwi lavi ou.
Ou janm mande tèt ou:
Poukisa pafwa ou pa gen motivasyon… menm lè ou gen objektif?
Repons lan souvan pa nan mank volonte.
Li chita nan sa sikoloji rele yerachi bezwen imen, devlope pa Abraham Maslow nan domèn psychologie.
Kisa pyramide de Maslow la ye?
Se yon modèl ki klase bezwen imen yo an 5 nivo:
1. Bezwen fizik (debaz)
Manje, dlo, dòmi
2. Sekirite
Pwoteksyon, estabilite finansye, sante
3. Lanmou ak apatenans
Fanmi, zanmi, relasyon
4. Estim (valè tèt ou)
Respè, konfyans, rekonesans
5. Akompli tèt ou (self-actualization)
Reyalize potansyèl ou, viv rèv ou
Yon verite anpil moun inyore
Ou pa ka vrèman konsantre sou rèv ou…
si bezwen debaz ou yo pa satisfè.
Se tankou bati yon kay san fondasyon.
Poukisa sa enpòtan pou ou?
1. Li ede w konprann tèt ou pi byen
Ou wè poukisa ou bloke nan kèk etap.
2. Li amelyore desizyon ou pran
Ou aprann mete priyorite nan bon lòd.
3. Li ede w grandi ak estrikti
Ou pa kouri dèyè siksè san baz solid.
Yon refleksyon ki frape fò
Pa konpare tèt ou ak moun ki nan tèt piramid lan…
si ou menm ou poko fin bati baz ou.
Chak moun gen ritm pa li.
Men san fondasyon solid… pa gen siksè ki dire.
Kesyon pou ou:
Nan ki nivo ou panse ou ye jodi a nan piramid la?
Pataje li nan kòmantè.
Paske konnen kote ou ye se premye etap pou monte pi wo.
Hashtags
Christ-Tell -tellmoment
13/01/2026
Avec Christ-Tell – Je fais désormais partie de ses super fans ! 🎉
Aprann,grandi,reyisi
Kwè nan tèt ou.
27/12/2025
FÒME TÈT OU SE PLIS KE YON NESESITE.
Aprann, Grandi, Reyisi.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Site Web
Adresse
4310