Podium Magazine

Podium Magazine

Partager

Podium Magazine se Yon MEDYA endepandan ki la pou prezante sa ki gen rapò ak sosyo-kiltirèl, edikadiv elatriye .

20/05/2026

PlekTarryNews Enfòmasyon san limit
Podium Magazine Media ✍️

Wilguens, chèf kowalisyon Kapenyen an, voye yon mesaj klè bay popilasyon k ap viv nan Mapou, Lakwa Péris, Gran Kay, Machan Desalin ak espesyalman moun Lestè yo.

Nan yon odyo li fè sikile, Wilguens mande tout moun inosan ki nan zòn sa yo pou yo kòmanse evakye ti kras pa ti kras, afin pou bay fòs lòd yo posibilite mennen gwo operasyon kont gang ame k ap simen laterè nan depatman an ak nan peyi a.

Li fè konnen:
Sa nou wè maten an poko anyen. Se te sèlman yon ti gout nan sa k pral vini.

Wilguens eksplike li pa gen okenn pwoblèm ak popilasyon sivil la, men se ak bandi ak vagabon ame yo li an konfli. Li di anpil sitwayen, pwofesè, ansyen kondisip klas li ak fanmi yo ap pase lakay li san pwoblèm, paske objektif li se pa fè agresyon sou inosan.

Nan mesaj la, li denonse fason gang yo ap itilize timoun 12, 13 ak 14 lane kòm sòlda, pandan y ap vyole jèn fi epi kraze avni anpil fanmi. Li di sa fè l mal lè li wè anpil jèn li te konn etidye ak yo tonbe nan gang.

Li mande tout moun ki andedan gang yo pou yo kòmanse leve kont chèf gang yo, sove ak materyèl yo genyen epi remèt tèt yo bay lapolis oswa otorite yo, pandan li pwomèt moun ki rann tèt yo ap jwenn chans pou lavi yo sove.

Wilguens voye yon mesaj espesyal tou bay popilasyon Mapou, Gran Kay, Lakwa Péris ak Machan Desalin pou yo reflechi sou sitiyasyon an, paske selon li:
Anvan, zòn sa yo te konn viv nan lapè ak liks. Jodi a, gang fè tout aktivite disparèt, menm fèt drapo 18 me a pa t ka fèt.

Li ajoute ke nenpòt sipò otorite oswa pèsonalite politik ta bay fòs lòd yo pou ede reprann kontwòl depatman an, li dakò avè l, paske objektif prensipal li se liberasyon zòn yo anba men gang ame yo.

PlekTarryNews Enfòmasyon san limit
Podium Magazine Media ✍️

16/05/2026

PlekTarryNews | Enfòmasyon san limit
Podium Magazine Media

Daprè deklarasyon Komisè Gouvènman Sen Mak la, ki te entèvni sou Radio Kiskeya yè jedi 14 me 2026 la nan jounal 4trè, nouvo detay parèt sou trajedi ki te koute lavi Emmanuel Thelusmé ak Molitha Estimable.

Selon deklarasyon CG a, premye enfòmasyon yo montre Emmanuel Thelusmé ta tire Molitha Estimable avan li ta mete fen nan lavi pa li. Komisè a esplike li pa t sou plas lè ensidan an te rive, paske li te nan Komisarya Patchwal ansanm ak kèk ajan pou t ap regle kestyon materyèl. Se nan moman sa a li rapwoche yon polisye ki tache avè l li enfòme l gen yon gwo dega ki fèt Sen Mak.

Daprè sa CG Venson rakonte, youn nan frè Emmanuel Thelusmé te deja resevwa yon apèl kote defen an te fè konprann li t ap pran yon desizyon ekstrèm. Nan mesaj sa a, li te di frè li li renmen l anpil, li mande pou yo toujou sonje li, pandan li fè konnen yo pap wè ankò. Apre sa, li ta anonse li pral mete fen ak lavi li.

Komisè Gouvènman an fè konnen ensidan an te kreye anpil emosyon ak chòk nan fanmi yo ansanm ak kominote a. Li presize jij de pè a deja kòmanse travay ankèt la, pandan otorite yo te deplase nan mog la pou konsta legal yo te fèt avan yo leve kadav yo.

Selon enfòmasyon fanmi yo bay, koup la te gen kèk konfli nan relasyon yo. Yo fè konnen dam nan te deside kite kay la pou al rete yon lòt kote, epi li te deja kòmanse ranmase kèk afè pèsonèl li. Se pandan li t ap prepare pou al vann manje nan restoran li ke trajedi a ta rive.

CG Venson ajoute genyen temwen nan vwazinaj la ki rapòte yo te tande diskisyon ant de moun yo avan kout zam yo te pete. Viktim yo kite dèyè yon timoun ki gen anviwon 6 lane.

Otorite jidisyè yo ap pousuiv ankèt la pou detèmine tout sikonstans ki te mennen nan dram sa a. Daprè Komisè a, plizyè eleman montre zak la te ka premedite, sitou akoz mesaj Emmanuel Thelusmé te voye bay kèk pwòch li avan trajedi a.

Li fè konnen jij de pè mete sele sou kay kote ensidan an te pase a, pandan ankètè yo gen pou analize telefòn defen yo pou konprann dènye echanj ki te fèt avan dram nan. Yo rapòte tou yo jwenn yon nòt ekri bò kote Emmanuel Thelusmé, ki ta ka ede ankèt la avanse.

Sou kestyon ki gen rapò ak rimè ki t ap sikile sou yon kestyon VIH ki ta ka lakòz konfli nan relasyon an, CG François Venson fè konnen li pa kapab konfime enfòmasyon sa yo pou kounye a, men li rekonèt se youn nan eleman ankèt la ap verifye daprè kèk deklarasyon fanmi ak pwòch yo.

Deklarasyon sa yo te fèt sou Radio Kiskeya jedi 14 me 2026 la.

PlekTarryNews ✍️
Podium Magazine Media 🏅📸

08/05/2026

🇭🇹 SENMAK SE LAKAY NOU 🇭🇹

Nan yon pòs Peterson SAINT FLEUR fè sou paj Whatsapp li, jiris, anseyan, aktè kiltirèl ak jounalis la lanse yon gwo apèl pou inite ak angajman. Li mande popilasyon an pou sispann rete espektatè devan sitiyasyon peyi a ak vil la ap travèse, pandan li ankouraje tout moun soude fòs yo pou prezève tout sa nou genyen nan Senmak.

Lè yon pèp rete ini, okenn difikilte pa ka kraze espwa li. Jodi a plis pase tout tan, Senmak bezwen pitit li yo mete tèt ansanm pou pwoteje vil la, valorize jenès la, ankouraje edikasyon, epi prepare yon pi bon avni pou jenerasyon kap vini yo.

Nou pa dwe kite divizyon febli fòs nou. Se ansanm nou kapab leve Senmak pi wo, retabli fyète nou, epi fè kominote nou an rete soude nan respè, solidarite ak devlopman.

🤝 Ansanm, ansanm pou Senmak toujou rete soude.

✍️ PlekTarryNews | Podium Magazine Media 🇭🇹
-Marc

07/05/2026

La Ville des Dessalines sous l’emprise des gangs : chronique d’une absence d’État

Un article journalistique écrit par Albert Markenley

Depuis plusieurs décennies la commune de Dessalines, haut lieu de mémoire nationale, est devenue le théâtre d’une insécurité chronique. Les gangs armés, notamment le groupe Kokorat San Ras basé à Lakwa Péris dans la commune de L’Estère, et le gang Savien installé dans la première section communale de petite rivière de l’Artibonite, défient ouvertement l’autorité de l’État. Les événements des 4 et 5 mai 2026 marquent une nouvelle étape dans cette spirale de violence : blocage des routes stratégiques, destruction des infrastructures policières, et mise sous tutelle totale de la population locale.

Le verrouillage de la Ville des Dessalines

Le lundi 4 mai 2026, les gangs ont renforcé leur contrôle territorial en coupant les principales voies d’accès à la Ville des Dessalines.

• Au sud, la route du pont Masson a été détruite afin d’empêcher toute intervention militaire ou policière.
• Au nord, dans la zone de La Sous, les assaillants ont de nouveau sectionné la route, isolant davantage la commune.
• Seule demeure praticable la voie reliant L’Estère, là où se situe le quartier général du gang Kokorat San Ras. Cette stratégie vise à contrôler tous les flux d’entrée et de sortie, transformant la ville en une enclave sous domination criminelle.

Cette manœuvre tactique illustre une volonté claire : priver l’État de toute capacité de projection et maintenir la population dans une dépendance totale vis-à-vis des groupes armés.

L’attaque contre le commissariat et la terreur quotidienne

Le mardi 5 mai 2026, un nouvel acte de défiance a été posé : le commissariat de la Ville des Dessalines a été littéralement rasé.
• Les murs réduits en poussière symbolisent l’effacement de l’autorité publique.
• Les habitants, privés de toute protection, vivent désormais dans la peur permanente.
• Les familles n’ont plus de refuge, les jeunes sont exposés aux recrutements forcés, et les commerçants subissent des extorsions quotidiennes.

La population se retrouve piégée dans une ville sans maire, sans police, sans commissariat. L’absence d’institutions locales crée un vide que les gangs remplissent par la violence et l’intimidation. La Ville des Dessalines, jadis symbole de résistance historique, est aujourd’hui réduite au silence par la terreur.

L’État absent et la société en péril

Malgré la gravité des événements, le gouvernement central reste indifférent. Aucun blindé n’a été envoyé, aucune opération de sécurisation n’a été menée. Les habitants dénoncent une politique d’abandon qui les condamne à vivre dans la misère et l’insécurité.

Cette absence d’État soulève des questions fondamentales :

• Quelle est la valeur de la citoyenneté lorsque l’État ne protège plus ses citoyens ?
• Comment une société peut-elle se reconstruire dans un contexte où les institutions locales sont inexistantes ?
• Que signifie la mémoire historique de Dessalines, père fondateur de la nation, lorsque sa ville est livrée aux gangs ?

La crise de la Ville des Dessalines illustre la faillite de l’État haïtien face aux défis sécuritaires. L’emprise des gangs Kokorat San Ras et Savien ne se limite pas à une occupation territoriale : elle traduit une désintégration du contrat social. La population, abandonnée, vit dans la peur et l’incertitude, tandis que les institutions publiques disparaissent les unes après les autres.

Le droit, censé garantir l’ordre et la justice, est absent. La société, privée de repères, se fragilise. La Ville des Dessalines devient ainsi le symbole d’une nation en péril, où l’histoire héroïque se heurte à une réalité tragique.

Photos from Podium Magazine's post 06/05/2026

Plateforme des Associations des Jeunes du Bas-Artibonite (PAJBA) te òganize yon seremoni espesyal pou onore majorite jounalis nan vil Senmak, kòm rekonesans pou travay enpòtan yo ap fè nan domèn enfòmasyon.

Pami jounalis ki te resevwa sètifika rekonesans sa a, te genyen ekip PodiumMagazineMedia, ki te prezan nan aktivite a. Seremoni an te dewoule nan dat 3 Me 2026, kote PAJBA te remèt sètifika yo bay plizyè pwofesyonèl laprès nan vil la.

Podium Magazine Media salye inisyativ sa a ki vize ankouraje ak valorize travay jounalis yo nan kominote a.

01/05/2026

Clairemane Deshommes demanti akizasyon sou trafik zam
Clairemane Deshommes, jèn fanm ki videyo li ap sikile anpil sou rezo sosyal yo kote yo montre li mare pandan chèf kowalisyon an, T-Mepri, ap poze li kestyon, soti pou mete limyè sou sitiyasyon an.
Daprè videyo ki te pataje a, yo te prezante Clairemane kòm yon moun ki ta gen konivans ak gwoup gang nan trafik zam ak minisyon. Sepandan, jedi 30 avril 2026 la, li pran lapawòl pou li demanti akizasyon sa yo piblikman.
Nan yon entèvansyon li bay devan mikwo Podium Magazine Media ansanm ak PlekTarryNews, Clairemane Deshommes deklare li pa gen okenn lyen ak aktivite ilegal sa yo, e li rejte tout sa k ap di sou non li.
👉 Ann swiv entèvansyon Clairemane Deshommes devan kamera Podium Magazine Media ak PlekTarryNews pou plis detay sou deklarasyon li yo.
📸 PlekTarryNews
Podium Magazine Media
🇭🇹

01/05/2026

✍️ Premye Me anba pwoteksyon Kouzen Zaka
Jodia Premye Me, se pa sèlman yon jou pou selebre travayè, men se yon moman pou nou sonje rasin nou, tè nou, ak fòs men nou. Nan kilti ayisyen, pa gen pi gwo senbòl travay pase Kouzen Zaka, lwa agrikilti a, gadò peyizan yo, ak pwoteksyon tout moun k ap viv ak swe yo sou tè a.
Kouzen Zaka se imaj moun ki senp, ki onèt, ki leve bonè pou al travay latè. Li montre nou diyite nan travay, menm lè lavi a di. Li toujou pote sak li sou do, chapo pay sou tèt li, ak lafwa nan rekòt k ap vini. Sa vle di, menm nan difikilte, nou dwe kenbe espwa.

Men jodia, anpil men ki konn travay tè ap tranble, pa sèlman ak fatig, men ak ensekirite, grangou, ak dezespwa. Gen peyizan ki pa ka rive nan jaden yo ankò, gen travayè ki pa jwenn opòtinite, gen fanmi ki pè demen. Sa fè kè nou lou… men li pa dwe kraze lespwa nou.

Paske verite a se: se sou do travayè yo peyi a chita. Se nan tè a lavi ap boujonnen. Chak gout swe se yon grenn espwa kap plante pou demen.
Leson Kouzen Zaka bay la klè:
travay se lavi, tè se richès, kouraj se fòs pèp la.
Jodia, ann pran angajman pa sèlman ak bouch, men ak kè nou:

– pou nou respekte chak moun k ap travay, kit se nan jaden, nan lari, oswa nenpòt kote

– pou nou bay agrikilti plas li merite, paske se li ki nouri nasyon an

– pou nou kanpe ansanm pou leve diyite travayè yo, menm nan moman ki pi difisil yo
Pa bliye:
Lè yon pèp sispann travay, li pèdi tèt li.
Lè yon pèp bliye tè li, li pèdi rasin li.

Se poutèt sa, jodia plis pase tout lòt jou, nou dwe retounen nan valè ki kenbe nou vivan yo: travay, solidarite, ak respè youn pou lòt.

🙏🏾 Kouzen Zaka, tande kri travayè yo. Mete men w sou zepòl yo. Bay yo fòs pou yo pa lage, limyè pou yo pa pèdi wout, ak benediksyon pou rekòt lavi a pa janm sispann.
Bòn fèt travay – 1er Me 2026 🇭🇹
Podium Magazine Media 📸
PlekTarryNews ✍️

01/05/2026

✍️ ÉDITORYAL – Travay ak Agrikilti anba bal nan Latibonit
1er Me 2026
Jounen premye me, ki te toujou senbòl diyite travayè ak fòs agrikilti nan peyi a, ap pase jodi a nan yon reyalite ki fè mal anpil. Olye peyizan ap prepare tè, plante semans ak bay lavi, se bal kap chante depi nan lannwit 30 avril pou rive 1er me 2026 nan premye seksyon kominal Petit Rivière de l’Artibonite.
Latibonit, ki te konn rele “grenye Ayiti”, ap soufri anba menas, vyolans ak laperèz. Tè ki te konn bay diri pou nouri tout peyi a, jodi a vin tounen chan batay kote peyizan pa ka antre san yo pa riske lavi yo. Zouti travay yo vin ranplase pa zam; jaden yo abandone, rekòt yo gaspiye, e espwa ap mouri tou dousman.
Kijan yon peyi ka pale de devlopman lè moun ki bay manje a ap kouri pou lavi yo? Kijan nou ka selebre travay lè travayè yo pa menm gen sekirite pou yo leve chak maten? Sa k ap pase nan Latibonit la se pa sèlman yon kriz sekirite, se yon menas dirèk sou avni alimantè peyi a.
Jounen travay la pa dwe sèlman yon dat sou kalandriye. Li dwe yon rapèl ke san sekirite, pa gen pwodiksyon; san pwodiksyon, pa gen nasyon. Lè bal pran plas chalè solèy sou tè a, se pa sèlman agrikilti ki mouri, se lespwa yon pèp antye.
Lè nap gade sitiyasyon sa a, li klè: si pa gen mezi serye pou retabli sekirite nan zòn agrikòl yo, Latibonit pap janm reprann plas li kòm grenye peyi a. E si Latibonit tonbe, se tout Ayiti k ap soufri.
Premye me sa a pa pote fyète, li pote kestyon. Li mande aksyon. Li mande responsablite. Paske yon nasyon ki pa ka pwoteje moun k ap travay tè li, se yon nasyon k ap kondane tèt li nan grangou ak dezespwa.
Podium Magazine Media 📸
PlekTarryNews ✍️

30/04/2026

🚨 PlekTarryNews | MIZAJOU DOSYE

“Se manti, mwen pa gen anyen pou wè ak sa”

Deshommes Clairemane kase silans li .
Apre plizyè akizasyon grav ki t ap sikile sou non li nan yon swadizan dosye trafik zam, Deshommes Clairemane deside soti nan silans pou mete pwen sou “i”.
Nan yon entèvyou li bay nan mikwo Podium Magazine Media ansanm ak PlekTarryNews, jèn fi a rejte ak tout fòs tout sa yo t ap di sou li. Daprè li, akizasyon yo pa sèlman san prèv, men yo fèt pou sal imaj li nan opinyon piblik la.
“Mwen pa enplike nan okenn trafik zam. Sa yo ap di sou mwen an pa laverite,” se sa Clairemane deklare, ak yon ton fèm.
Li eksplike tou ke tout kontak li te genyen sou rezo sosyal yo, espesyalman ak kèk jèn gason, te gen rapò sèlman ak aktivite pwomosyon sou entènèt, e pa gen okenn lyen ak okenn zak ilegal.
Pandan li t ap pale, Clairemane mande piblik la pou yo fè pridan ak enfòmasyon k ap sikile yo, sitou lè yo pa verifye. Li ensiste sou enpòtans respè dwa moun ak prezonpsyon inosans.

👉🏾 Malgre bri dosye a ap fè, Clairemane di li deja bay tout eksplikasyon li sou kestyon yo, e li rete disponib pou nenpòt verifikasyon ki ka fèt. Li mande pou verite a pran plas li, san prejije ni presyon.

N ap swiv pou nou.
Podium Magazine Media✍️ PlekTarryNews📸

Vous voulez que votre entreprise soit Entreprise De Médias la plus cotée à Saint-Marc ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse

#23 Frecynau Ruelle Thomas
Saint-Marc