Po Pouri

Po Pouri

Partager

Po Pouri se yon paj kote nou pataje tout bagay
Mizik
Avanti
Blog pèsonèl
Edikasyon
Blag
elatriye...

Photos from Po Pouri 's post 11/08/2026

Ayiti 🇭🇹 bat Argentina 🇦🇷 nan match boxing 🥊 nan Santiago de Chile 🇨🇱 Samdi 8 Dawout 2026 e rive Chanpyon 🥇 nan konpetisyon kickboxing entènasyonal pou Amerik di Sid la anfas Ajantin🇦🇷.

Ayiti 🇭🇹 te Reprezante nan konpetisyon sa pa boxer Wisniel OSIRUS 🇭🇹 e Ajantin 🇦🇷 pa boxer HERNAN FARÍAS 🇦🇷.

Konpetisyon sa te fèt nan “GIMNASIO LA BANDERA SAN RAMÓN” Chile 🇨🇱.

Pèsonalite tankou Erick Toledo ki se pwofesè kickboxing Wisniel OSIRUS nan club Quilicura Chile 🇨🇱 te prezan.

Nou di felisitasyon a Wisniel OSIRUS 🇭🇹 pou efò, disiplin ak devouman li, jodya li fè drapo Ayiti a flote sou sèn entènasyonal la.

📷: Gesny Pierre-Louis

10/08/2026

Ayiti devlopman, nouvèl la tombe!!
Daprè jounalis Valéry Numa, yon gwoup envestisè chinwa pwopoze pou yo konstwi yon gwo pakin modèn Peyan nan vil Kap Ayisyen pou ede diminye anbouteyaj ak dezòd machin ki estasyone nan lari ak sou twotwa yo.

Daprè eksplikasyon Valéry Numa bay, Envestisè Chinwa yo vle reyalize pwoje a san Meri Okap pap bezwen depanse yon goud nan fon pa li pou konstriksyon pakin modèn nan ki estime a anviwon 10 milyon dola ameriken. Sèl sa chinwa yo ta mande meri a, se mete yon teren minisipal disponib pou konstwiksyon an. Teren sa ap toujou rete pwopriyete komin Okap.

Anplis pakin nan, envestisè yo ta vle konstwi yon lòt enfrastrikti nan menm espas la pou yo kapab devlope ak jere lòt aktivite komèsyal. Sepandan, se sèlman revni ki soti nan operasyon pakin nan yap pataje ak Meri Okap la. Revni lòt aktivite komèsyal yo ap rete pou envestisè yo. Gen anpil lòt detay nan kontra sa Chinwa yo pwopoze a.

Valéry Numa fè konnen yo deja egzamine plizyè espas ki kapab resevwa enfrastrikti a. Li prevwa tou rankontre ak majistra Michel Saint-Croix pou diskite sou pwojè a paske katèl Majistra ki te la avan te bezwen lajan sou kote pou pwojè a kapab reyalize.

09/08/2026

Yon nonm te antre nan yon mize epi li te kòmanse bay vizitè yo eksplikasyon sou kèk gwo zèv atizay. Li te pale avèk anpil konfyans, tankou yon gid pwofesyonèl.

Men gen yon bagay moun yo pa t konnen: li pa t travay nan mize a ditou! 😳

Li te jis ap envante anpil nan istwa yo sou plas, epi moun yo te kwè tout bagay li t ap di yo. Se pita yo dekouvri verite a, e istwa a te vin viral sou entènèt.

09/08/2026

Yon Tikè Avyon Okay Okap 291dola nan SunRise. Rout Nasyonal yo pap janm debloke!

09/08/2026

Men kanal kolèj rejina te sou li a wi | Aprè nou fin wè imaj sa Eske daprè nou otorite yo gen rezon kraze pati kite sou kanal la ?

09/08/2026

Kominote Labadi, sou kòt nò 🇭🇹Ayiti, selebre inogirasyon yon nouvo teren ⚽️foutbòl Royal Caribbean Group ak Fondasyon Panameriken pou Devlopman mete sou pye nan kad yon pwojè pou ankouraje espò, inite ak devlopman jèn yo.

Espas la, ki te yon teren vid anvan, pral sèvi pou match, aktivite kominotè ak rankont ant rezidan yo; li te deja akeyi ekip Labadi, ekip Fondasyon an ak elèv Lekòl Nouvèl 🛥️ Royal Caribbean pandan seremoni ouvèti a. Pwochen etap la se fòme moun nan lokalite a pou jere, pwoteje ak antreteni teren an yon fason dirab.

Sous : Ici Haïti 🗞️

08/08/2026

Men yon maryaj!
Si nap gade nap wè Tidam nan gen yon Timoun devan se pitit tidam nan ki pa pou ti patnè kap marye a , paske tidam nan vin ansent pou misye kounya paran tifi an fòse misye marye pousa🤔 noté wi lite gen youn deja ki pa pou misye , yo pat fe pap premier an marye se misye yo fe marye

08/08/2026

Depite Ayanna Pressley fè konnen benefisyè TPS ayisyen yo se pwopriyetè antrepriz, moun k ap bay swen, lidè relijye ak travayè ki jwe yon wòl enpòtan nan kominote ak ekonomi Etazini. Li remèsye Majistra Boston Michelle Wu, Ruthzee Louijeune ak lòt lidè lokal k ap mande Kongrè a pwolonje pwoteksyon an pou Ayiti. Dapre Pressley, Chanm Depite a deja fè pati pa li; kounye a, se Sena ameriken an ki dwe aji.

Sous: Ayanna Pressley / X 🗞️

08/08/2026

Bon mezanmi 🤣🤣🤣

Photos from Po Pouri 's post 07/08/2026

Haiti 🇭🇹

Vous voulez que votre entreprise soit Arts & Divertissement la plus cotée à Saint-Marc ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Type

Art

Site Web

Adresse

Saint-Marc
HT4310