Fondation ASDEM

Fondation ASDEM

Partager

Action Sociale pour la Défense des Enfants Marginalisés

Photos from Fondation ASDEM's post 09/07/2026

Aktivite 07 Juillet.

Aktivite rekreyativ ak timoun ki nan sit deplase yo.

Jou ki te mardi 07 Juillet 2026 la, ekip ASDEM nan te prezan nan lycée Sténio Vincent (Saint-Marc) ki se yonn nan sit moun deplase fòse yo (PDI) pou'n te kontinye seyans aktivite rekreyativ avèk timoun yo ki nan sit la.

Men kòman dewoulman aktivite a te ye:
• Accueil
• Connaissance
• Répartition
• Étrillement/ réchauffement
• Activité thérapeutique
• Jeux libres
• Lavage des mains
• Évaluation

Pandan seyans aktivite a nou te jwenn vizit yon delegasyon ki te chaje avèk anpil lòt patnè lokal, nasyonal epi entènasyonal.

Pami yo te gen prezans: CAPAC, AVSI, ACTED, NRC, Croix-Rouge, DGPC, MSF, Vice délégué, PAM, UNICEF/OCHA, (et d'autres représentants communautaires).

ASDEM ap kontinye travay nan kad proteksyon timoun yo.

TOUT TIMOUN KONTE

Mondel Charles, Norisner Joseph, Richenayder Racine, Emilcar Prisca, Belo Belo Thomas ,
📷 Robens Louis

28/06/2026

Pandan 9 mois ap pote yon bebe nan tèt, se a felisite, BRAVO 👏

Photos from Fondation ASDEM's post 13/06/2026

La fondation ASDEM tient à féliciter et à remercier toute l’équipe CAPAC (Centre d’Animation Paysanne et d’Action Comunautaire), pour cette journée de formation speciale ce vendredi 12 juin 2026, en prélude de la journée nationale de l'enfant.

Cette formation a été réalisée avec succès sur le thème:
“Renforcement des capacités des professionnels de santé sur la prévention, l'identification, le référencement et la prise en charge des cas de Violence Basées sur le Genre.”
Organisée dans le cadre du projet soutenu par le fonds humanitaire régional pour l'Amérique latine et les Caraïbes (RHPF LAC)- Haïti.

Cette participation vient suite à notre partenariat entre CAPAC et ASDEM sur le terrain.

TOUT TIMOUN KONTE

Norisner Joseph, Emilcar Prisca, Mondel Charles
, Richenayder Racine
Robens Louis 📷

04/06/2026

Une de mes publications a obtenu plus de 20 réactions la semaine dernière. Merci à tout le monde pour votre soutien ! 🎉

31/05/2026

Bonne fête maman chérie

Photos from Fondation ASDEM's post 30/05/2026

30 Mai 2026

Aprè nou te fini pou aktivite nan lekòl yo, ebyen kounyea se pou timoun ki deplase fòse ki nan sit deplase yo.

Byen bonè samedi 30 Mai 2026 la nan okazyon fèt manman yo, ASDEM akonpaye avèk òganizasyon FANM KONSA te rann yo nan sit Tisitwon ( nan Senmak) ki ta pral distribye kit pou manman yo.

ASDEM nan bò pal te panse avèk timoun yo pou te pèmèt timoun yo tou menmsi yo deplase, men sa pa dwe retire respè, lanmou ak afeksyon yo genyen pou manman yo.

Nan sans saa, nou te travay avèk yo epi pataje moman yo, souvni yo ansanm pandan ke nou tap ankouraje yo moralman pou simonte estrès yo, pou rann yo alèz nan lespri yo.

Nap kontinye panse epi akonpaye timoun yo paske yo dwe jwenn akonpayman ak proteksyon nan nenpòt sikonstans ke yo ta ka twouve yo.

TOUT TIMOUN KONTE

Photos from Fondation ASDEM's post 30/05/2026

Se jodia menm vendredi 29 Mai 2026 la, ASDEM te fini avèk 3 jou aktivite rekreyativ kel tap fè nan lekòl yo.

Nan jounen 29 Mai a, ekip ASDEM nan te reyalize dènye aktivite l yo nan École communautaire de derrière moulin (ECDM).

Se te toujou avèk menm enèji a, menm lanmou an e menm santiman pou'n te rive fè seyans travay yo avèk timoun yo.
Nap kontinye fèl, se devwa nou pou'n kontinye bay timoun yo timoso lanmou.
Paske👇

TOUT TIMOUN KONTE

Robens Louis 📷

Photos from Fondation ASDEM's post 29/05/2026

28 Mai 2026

Nan kad program ASDEM genyen pou semèn nan, li te rive reyalize 2èm jounen aktivite rekreyativ lekòl yo nan lekòl Sanon Derac.

Jodia ki se 28 ME 2026 la, ekip ASDEM nan te rann li nan lekòl Sanon Derac pou te rive pale avèk timoun yo, remonte moral yo, mete konfyans nan yo, ba yo Soutyen sikolojik ke yo merite, jwe plizyè jwèt avèk yo, detann yo pi plis pou byen prepare dènye peryòd egzamen pou gran vakans lan.

Nou te kontinye seri jwèt yo ansanm avèk yo, se te yon jounen entièresan pou ni timoun yo, ni ASDEM.

Nap kontinye ba yo asistans pou yo konnen ke se yo ki avni an.

TOUT TIMOUN KONTE

Norisner Joseph, Mondel Charles, Richenayder Racine, Belo Belo Thomas
Robens Louis 📷

Photos from Fondation ASDEM's post 28/05/2026

Nan sousi pou nou kontinye mete souri sou vizaj ti lèzanj yo,
Madi ki te 26 ME 2026 la, ASDEM te rive reyalize yon seyans aktivite rekreyativ nan lekòl nasyonal Antoinette Dessalines. Se te yon moman kontantman, kote Timoun yo te byen profite e mande pou'n toujou avèk yo pi souvan.

Se te yon ansanm aktivite ki te fèt, tankou :
• Football
• Volley-ball
• Sote kòd
• Animasyon (danse, chante)
• Soutyen sikolojik

Nap kontinye sou menm lanse a nan lòt lekòl yo pou epanwisman Timoun yo.

Tout timoun konte

Mondel Charles Belo Belo Thomas Norisner Richenayder Racine Rubendy Desir John Caleb Exantus
Robens Louis 📷

Photos from Fondation ASDEM's post 14/05/2026

Nan dat 08 Mai 2026 la, fondasyon ASDEM te òganize yon lòt seyans fòmasyon (briefing) pou 2èm gwoup manm li yo.

Nou te wè ansanm pwen sa yo:
• Wòl yon animatè
• Kalite yon bon animatè
• Atitit yon bon animatè
• Kondisyon pou fasilite deba
• Faktè pou fasilite patisipasyon nan gwoup yo
• Prensip animasyon gwoup
• Enpak sitiyasyon ijans sou timoun
• Reyaksyon timoun yo nan sitiyasyon ijans yo
• Objektif espas zanmi timoun yo
• Prensip de baz espas zanmi timoun yo.

Menmsi gen sitiyasyon kriz, timoun yo dwe jwenn asistans, paske yo se viktim tou. Nou se zanmi timoun yo.

Tout timoun kont

Fondation ASDEM
Belo Belo Thomas , Norisner Joseph , Mondel Charles

Vous voulez que votre pratique soit Clinique la plus cotée à Saint-Marc ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Site Web

Adresse

Morne Calvaire
Saint-Marc
HT4310