Labtech
Laboratoire d'Analyses Médicales. Propriétaire : COLETTE P-L. GEORGES, Technicienne de laboratoi
⚠️ KI SENTÒM KI KA MENNEN W NAN FÈ TÈS P**I (URINE TEST).
- Doulè oswa boule lè w ap p**i
- P**i ki gen move sant, ki twoub, oswa gen koulè wouj
- Anvi p**i souvan
- Doulè nan vant oswa nan do
Doktè w ka mande w fè tès p**i pou verifye si w gen kèk enfeksyon. Si rezilta yo pozitif, l ap preski w pou trete enfeksyon an.
KISA KI "SPERMOGRAMME"?
Yo mande gason fè analiz espèm (sperme) lè madanm yo pa ka fè pitit apre plizyè ane (pou gade si se semans gason an ki gen pwoblèm), oswa lè doktè a vle tcheke pou wè si gason an pa gen kèk enfeksyon. Nan tès sa a, yo pral analize yon echantiyon espèm gason an pou konte kantite espèmatozoid ki genyen, obsève fòm yo ak kijan yo bouje.
24/01/2025
KOULÈ P**I W.
Koulè optimal p**i ou se yon jòn pal. Si li jòn fonse oswa koulè oranj, sa ka vle di ou kòmanse dezidrate. Yon p**i jòn abriko ka endike fwa w pa anfòm. P**i ki pi fonse oswa mawon ka koze pa manje oswa lakòz kèk medikaman w ap pran nan moman a.
KISA KI "H. PYLORI"?
H. PYLORI se yon kalite bakteri ki enfekte lestomak ou. Li atake lestomak ou ak premye pati nan ti trip ou (dyoden). Sa ka koze woujè ak anfleman (enflamasyon). Anpil moun ki gen bakteri sa a pap gen okenn sentòm.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Contacter la pratique
Téléphone
Site Web
Adresse
73 Avenue Lamartinière (Bois Verna)
Port-au-Prince
Heures d'ouverture
| Lundi | 07:30 - 14:30 |
| Mardi | 07:30 - 14:30 |
| Mercredi | 07:30 - 14:30 |
| Jeudi | 07:30 - 14:30 |
| Vendredi | 07:30 - 14:30 |
| Samedi | 07:30 - 14:30 |