DC_Image

DC_Image

Partager

DC Podcasting: Production Audio Visuel

Photos from DC_Image's post 02/03/2026

Joyeux Anniversaire Chère Cliente🥰😍

Photos from DC_Image's post 25/02/2026

Joyeux Anniversaire à Notre chère cliente! 🎉✨

Retour en images sur une séance pleine d'énergie et d'élégance. Chez DC IMAGE, nous mettons la technique au service de vos émotions pour un rendu exceptionnel.

📸 Prêt pour votre propre shooting ? Faites passer votre image au niveau supérieur.
🗓️ Réservations ouvertes en message privé.

03/11/2025

Nou kontan anonse ke Dr. Lamarre Phélisné, yon medsen pasyone ak angaje pou byennèt kominote a, rejwenn ekip DC Podcasting! 🩺

03/11/2025

Kisa Libète ekspresyon an ye? eski si m pale m merite prizon pou sa? eske yo ka jije m sou sa m di?
Byen vini nan DC Podcasting (ribrik sou Dwa ak Me Evens Florestily).
Lè nou pale, nou egziste. Lè nou silans, nou pèdi pouvwa nou.
DC Podcasting pote vwa sa yo ki chwazi pa rete an silans!

24/10/2025

🌍 24 Oktòb — Jounen Nasyonzini 🌍🇭🇹
Jodi a, pandan lemonn antye ap selebre Jounen Nasyonzini, se yon bon moman pou n reflechi sou wòl Ayiti nan ONU ak kijan nou kapab pi byen reprezante vwa nou nan òganizasyon sa ki chèche lapè, jistis, ak devlopman pou tout pèp.
Ayiti se premye repiblik nwa endepandan, yon nasyon ki te leve kont enjistis pou pwoklame libète ak diyite. Se rezon sa ki fè prezans nou nan Nasyonzini gen yon sans pwofon — paske istwa nou se menm batay ONU ap mennen chak jou: libète, dwa moun, ak solidarite.
Men, pou Ayiti kapab pi byen reprezante nan òganizasyon sa a, nou bezwen:
✅ Diplomasi aktif ak vwa ki pale fò pou pèp la.
✅ Plis jèn ak ekspè ayisyen ki enplike nan misyon ak pwogram ONU yo.
✅ Yon vizyon klè sou enterè nasyonal nou nan kad relasyon entènasyonal yo.
ONU pa jis yon enstitisyon, se yon espas pou Ayiti fè tande mesaj li, montre kapasite li, epi defann valè li.
Ayiti gen plas li sou tab mond lan — fòk nou fè vwa nou sonnen ak diyite. 💙❤️

17/10/2025

17 Oktòb – Lanmò Desalin : Yon Rapèl Libète 🇭🇹
Jodi a, nou pa sèlman sonje lanmò yon gason, men nou sonje lanmò yon vizyon, yon rèv pou yon pèp ki t ap chèche respire nan pwòp tè pa li.
Jean-Jacques Desalin, se pa t yon non sèlman. Se te fòs, kouraj ak fyète yon pèp ki t ap leve kont chenn esklavaj ak enjistis.
Men 17 Oktòb 1806, chenn lan kraze yon lòt fwa ankò… pa lènmi blan, men pa men pwòp pitit peyi a.
Chak 17 Oktòb, se pa sèlman pou n kriye. Se pou n reflechi:
Èske nou toujou merite sakrifis sa?
Èske nou toujou chèche libète vre?
Oswa èske nou tounen prizonye nan pwòp tèt nou, nan move konpòtman, nan jalouzi, nan divizyon?
Desalin te mouri, men ideyal li dwe viv nan jan nou renmen peyi nou, nan jan nou respekte youn lòt, nan jan nou kwè nan tèt nou.
🕊️ 17 Oktòb se pa yon dat sèlman. Se yon rapèl.
Yon rapèl ke libète mande kouraj, e kouraj mande inifikasyon.
Kontni: Jean Marcel Zephirin
Montaj: DC
kamera: Sky
DC PODCASTING

FrançoisRénaldo CharlesNèg Andeyò JmzAlaguy CyriusDany Croimet

16/10/2025

Kisa w panse de yon entèlijans Atifisyèl?
Ki entèlijans atifisyèl ou itilize plis?
Desmarets IngNèg Andeyò JmzRénaldo CharlesAndy FrançoisLenscky Belfort

11/10/2025

🎙️✨ Nouvo Vwa nan DC Podcasting! ✨🎙️
Nou gen yon gwo nouvèl pou kominote DC Podcasting la!
Nou gen plezi anonse ke Jean Marcel Zephirin (JMZ), yon ekriven ak jenn kreyatè kontni pasyone, fenk rejwenn ekip DC Podcasting nan! 🙌
JMZ pral pote yon nouvo souf nan emisyon nou yo avèk kontni ki pral pale de lakilti nou 🇭🇹, listwa peyi Dayiti, ak tout sa ki fè eritaj nou rich ak enspire. 📚🎧
Nou kwè pawòl li pral pote limyè, refleksyon ak pasyon nan chak epizòd! 🔥
👉 Rete konekte, paske premye epizòd li ap soti trè byento!
📲 Swiv DC Podcasting sou tout platfòm yo pou pa rate okenn nouvèl!
CharlesAndy FrançoisNèg Andeyò Jmz

18/05/2024

Avec Sportography – Je viens d’être reconnu(e) comme l’un(e) de ses meilleurs fans ! 🎉

Photos from Sportography's post 19/04/2024
Vous voulez que votre entreprise soit Service Photographique la plus cotée à Port-au-Prince ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Site Web

Adresse


Port-au-Prince