Plaisance devant net

Plaisance devant net

Partager

Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Plaisance devant net, Organisation pour la préservation de l’environnement, Plaisance.

Photos from Plaisance devant net's post 21/11/2024

Lapolis nan Plezans/Nò mete anba kòd Lucson Brevet, Wislet Pierre, Baussejour Miralsaint nan lannwit mèkredi 20 pou leve jedi 21 novanm 2024 la.

Lapolis, CASEC Gobè a ( Valcin ....) nan tèt kole ak popilasyon an, arete nan lannwit mèkredi 20 novanm 2024 la, Brevet Lucson, Baussejour Miralsaint, Pierre Wislet. 3 mesye sa yo gen pou chèf akizasyon : vòl ak asosiyasyon Malfetè.

Brevet Lucson 28 lane, Baussejour Miralsaint 29 lane, Pierre Wislet 25 lane, se non 3 jèn gason sa yo lapolis nan komin Plezans/ Nò, popilasyon an, ansanm ak otorite nan seksyon Gobè, arete lannwit mèkredi 20 Novanm 2024 la pou enplikasyon yo nan vòl ak asosiyasyon malfetè. 3 mesye sa yo se nèg Gobè, premyè seksyon kominal Plezans. Jounalis Jèn Modèl yo te pale ak yo separeman, daprè deklaradyon yo fè : Brevet Lucson se chèf de fil nan mitan 3 mesye yo, se li menm ki bay non ni Wislet ni Baussejour kòm moun ki konn patisipe nan zak li konn komèt nan blòk Gobè a.

N ap soulinye, pandan jounalis JM ak Radyo Zèb Ginen yo te nan komisarya Plezans lan jodi a, yo pale ak yon prezime kidnapè ki rele Exilus Deciasse, lapolis arete l nan Komin Pilat madi 19 novanm 2024 la. Li genyen pou chèf akizasyon : vòl a men ame, asosiyasyon malfetè ak kidnapin. Kidonk, popilasyon plasantin nan bezwen pi vijilan toujou, paske pwoblèm nan sanse rive nan komin nan.

Konsa, n ap pwofite salye travay lapolis ap fè nan komin Plezans pou devye tout plan makab pou monte gang nan komin nan. Li enpòtan pou n ankouraje popilasyon plasantin nan kontinye kolabore ak lapolis pou fè travay la. Menm jan tou, nou salye kolaborasyon CASEC la ki ede lapolis fè kout filè sa. Ann rete soude pou sove Plezans. Paske Plezans p ap sitire gang vin taye banda ladan l.

Plaisance devant net ap toujou kenbe nou enfòme sou tout sa k ap pase anndan komin Plezans ak zòn ki anviwonnen l yo.

Abòne ak , renmen epi pataje !!

16/11/2024

Plaisance du Nord

Vous voulez que votre organisation soit Organisation à But Non Lucratif la plus cotée à Plaisance ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Site Web

Adresse


Plaisance