OUCA
OUCA la pou devlopman espò nan Ti Goâve. Nou kwè nan pouvwa espò pou transfòme lavi jèn yo, ankouraje solidarite, ak bati yon kominote ki pi solid.
Misyon nou se kreye opòtinite pou jèn atlèt yo devlope potansyèl yo.
#OUCA #PetitGoâve #EspòPouLavi OUCA angaje l pou devlopman espò nan kominote Petit-Goâve lan. Nou kwè ke nou ka itilize espò a pou chanje lavi jèn yo, ankouraje solidarite, epi bati yon kominote ki pi soude ak pi solid. Misyon nou:
Kreye opòtinite pou jèn atlèt yo devlope tout potansyèl yo nan yon anviwònman ki favorize ekselan
22/10/2024
Anvi konnen plis sou OUCA? Voye yon mesaj sou WhatsApp! Ekip la ap tann ou.
Volonte se yon fòs enbatab.
Volonte pemèt moun jwenn kouraj an kantite pou kontre kare ak ranvèse kelkeswa obstak peu enpòt anplè li.
Reyalite sa, mwen aprann li de yon group jènòm, san mwayen, san eksperyans, ki nan yon sinèji ekstraòdinè gras ak volonte yo, yo te prodwi yon fòs ki te fè pale anpil de li, depi se kote volley ball jwe sou tout teritwa haiti.
Mwn vle lonje dwèt sou Volley ball ti gwav, ki nan yon epòk te atenn dimansyon sila. Se te grandioz. Mwen espere yon lhr ap gen mwayen dokimante istwa sa. E itilize l pou remobilize fòs sa ki dormante!
Tigwav
Volleyball World
Banzai Volley-ball
Petit-goave Original Dous Makos
Petit-Goave Chérie
15/06/2022
An pale volley ball kreye pou rezon sa yo: Ti gwav se vil ki ekri pi bèl paj listwa nan zafè volley ball an Haïti. Nou se vil ki bay anpil potorik gason pami yo regrete memwa ke n'ap ekri nom l ak lettre en or JEAN RAYMOND FLEURIVAL, de gro bout jwè ki reprezante n valableman kit nan nivo nasyonal ak nan pi wo nivo nan entenasyonal. lejand sa yo, Talan sa yo ki chaje ak eksperyans, se yon min l'or ki pa eksplwate, yo pa sipoze pase san ke yo pa pataje veku yo, eksperyans yo ak sa yo ki gen pou vini. Istwa yo dwe ret vivan pou galvanize oubyen kenbe moral ak logey generasyon fiti yo. Memwa yo la, enèji yo toujou la, yo ka ede nan prosesis chanjman ak devlopman espo poukwapa devlopman vil ti gwav.
Tout pays serye, toujou kwè ke baz devlopman yo ap pi solid si e selman si yo depoze pilye devlopman yo sou resous lokal yo. Resous lokal bay plizye avantaj. li pemet ou gen garanti sou disponibilite, kalite e sekirite a lon tem.
se pa yon mistè pou peson! vil ti gwav chaje ak resous eksplwatab ki soti nan matris vil la nan domèn volley ball. Men malerezman manke konsantrasyon ak desizyon stratejik pou kanalize resous sa yo e ran itil pou 1 vann imaj vil la e 2 pemet ak jeune nan populasyon an jwen mwayen pou rann yo prodiktif. kidonk, Se possibilite pou non selman benefis koletif, men endividyelman tou se ap gro debouche ki ap pemet ke jèn gason ak jèn fanm jwen debouche e oryante la vi yo yon fason ki pemet yo wè denmen ak plis pwen pozitif.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Contacter l'entreprise
Téléphone
Site Web
Adresse
Rue Bijoux
Petit Goâve