Donson14

Donson14

Partager

Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Donson14, Entrepreneur, US-Atlanta, Limonade.

📚 Mwen pataje refleksyon ki fè w panse.
💰 Finans pèsonèl • Envestisman • Devlopman pèsonèl
🇭🇹 Kwè nan kapasite Ayisyen pou kreye pwòp opòtinite yo.
🎯 Objektif mwen: enspire, edike, epi ede moun grandi chak jou.

12/08/2026

💊 Se lafwa k ap gide m ✅

Anpil moun pa kwè nan tèt yo. Yo pa kwè nan reyisit yo. Mwen wè sa nan atitid yo. Gen bagay ou aksepte se paske w pa kwè nan tèt ou. Gen moun ki abandone rèv yo paske, depi nan kòmansman, yo te gen dout.

Ou pa oblije wè tout wout la davans. Se sa ki rann kèt la memorab. Ou bezwen konnen ki kote ou vle ale, pran premye etap la, epi ajiste chemen an pandan w ap avanse.

Lafwa se pa chita ap tann. Se pa mache nan jèn, pase tout tan legliz. Lafwa san aksyon se mastibasyon mantal. Lafwa se travay sou sa ou kwè a, menm lè rezilta a poko parèt.

Kwè nan Bondye san w pa kwè nan tèt ou se pwouve w idyo. Kijan w fè kwè nan Bondye epi w pa kwè nan tèt ou li kreye nan imaj li? Ou dwe kwè w ap atenn objektif ou fikse yo.

Mwen kwè nan ou. Pa paske m konnen w, men paske m konnen m. Paske, nan rasin , nou se yon sèl nanm k ap eksperimante lavi nan plizyè kò. Men, sa p ap sèvi anyen si w pa kwè nan ou.

Mwen se Donson💊

12/08/2026

🚨 Gen objektif ou genyen, ou dwe vin egoyis 🚨

Mwen pase depoze kòb sou kanè m nan yon kès popilè. Yon moun mande m pou l pase devan paske li prese. Mwen di l: « Mwen plis prese pase w. »

Lontan, mwen t ap kite l pase. Jodi a, mwen konnen chak moun gen pwòp ijans pa yo. Mwen pa egoyis. Mwen jis sispann mete lavi lòt moun anvan pa m.

Lè m wè yon fanm ansent ap tann, mwen konn kite l pase. Paske egoyis pa vle di ou pa gen kè. Sa vle di ou konnen kiyès pou w ede, kilè pou w ede, ak ki sa ou kapab bay.

Gen moun ou ede, ou pa ede yo. Ou jis aprann yo viv sou do w.

Si w Ozetazini epi w ap voye lajan bay yon moun chak semèn pandan li pa vle travay, pa vle aprann yon metye, pa vle chanje lavi l, mande tèt ou: « Èske m ap ede l, oswa m ap peye l pou l rete menm jan an? »

Ou gen yon rèv?
Lajan ou pa dwe ale kote objektif ou pa prale. Tan ou pa dwe ale kote rèv ou pa prale. Atansyon ou menm pi chè.

Gen moun ou bezwen renmen lwen. Gen konvèsasyon ou bezwen kite. Gen moun ou bezwen di NON. Paske chak fwa ou di WI ak yon bagay ki pa enpòtan pou ou, ou ka ap di NON ak pwòp objektif ou.

Rezo sosyal yo ap chèche atansyon ou. Zanmi ap chèche tan ou. Fanmi ka bezwen lajan ou. Men lavi ou ap mande w yon sèl bagay: « Kilè w ap kòmanse chwazi tèt ou? »

Lè objektif ou serye, ou pa ka disponib pou tout moun. Pafwa, pi bon fason pou w pwoteje avni w se fè moun fache jodi a.

Mwen se Donson💊

11/08/2026
11/08/2026

🚨Si w pè rete poukont ou, pa prese antre nan yon relasyon🚨

Gen moun ki pa antre nan relasyon paske yo renmen. Yo antre ladan l paske yo pè rete poukont yo. Lè se sa ki pouse w, ou bay relasyon an yon travay li pa ka fè. Yon lòt moun pa ka geri yon vid ou pa janm aprann konble poukont ou. E se enjis pou bay yon moun pote yon chay li p ap ka pote nan plas ou.

Kilè yon moun pè rete poukont li?

Pè rete poukont ou pa vle di ou renmen moun. Li vle di ou santi w pa alèz lè w rete ak pwòp tèt ou. Lè telefòn ou pa sonnen, lè pa gen moun k ap ba w atansyon, ou santi lavi w pa gen sans. Gen plizyè rezon ki ka lakòz sa. Yon timoun ki te grandi san ase afeksyon, yon moun yo te abandone, yon moun ki gen yon fèb estim pou pwòp tèt li, oswa yon moun ki kwè valè li depann de fason lòt moun wè l, ka devlope pè sa. Si w panse w pa konsa…

Kèk siy ki montre w pè rete poukont ou

• Ou antre nan yon lòt relasyon tousuit apre yon separasyon.
• Ou aksepte move tretman paske ou pa vle rete sèl.
• Ou toujou bezwen yon moun pou fè w santi w enpòtan.
• Ou santi gwo enkyetid lè patnè w pa reponn mesaj ou.
• Ou pè mete limit paske ou pè yo kite w.
• Ou santi w vid lè w pa nan yon relasyon.

Ki pwoblèm sa ka koze lè w antre nan yon relasyon?

Lè w antre nan relasyon pou chape anba solitid, ou ka vin depann twòp de patnè w. Ou ka aksepte manti, mank respè oswa abi paske w panse nenpòt relasyon pi bon pase rete sèl. Ou ka vin jalou, kontwole lòt moun oswa toujou bezwen yo rasire w. Sa mete gwo presyon sou relasyon an. Ou pra l bezwen moun nan ba w plis. Nan anpil ka, sa ogmante risk pou konfli ak separasyon.

💊Kijan w ka venk pè sa etap pa etap?

Premye etap la se rekonèt pè a. Pa fè kòmsi li pa egziste.

Dezyèm etap la se aprann pase tan poukont ou. Fè yon ti mache, li yon liv, aprann yon nouvo konpetans oswa travay sou objektif ou san w pa bezwen prezans yon lòt moun.

Twazyèm etap la se devlope estim pwòp tèt ou. Valè w pa depann de si yon moun renmen w oswa non.

Katriyèm etap la se kenbe bon relasyon ak fanmi ak zanmi. Yon sèl moun pa dwe vin tout lavi w.

Senkyèm etap la se chèche èd yon pwofesyonèl si pè a twò fò oswa li soti nan blesi ki pa janm geri.

Kilè w ap konnen ou venk pè sa?

Ou ka pase tan poukont ou san w pa santi panik.

Ou pa prese antre nan nenpòt relasyon.

Ou ka di non san w pa pè yo abandone w.

Ou chwazi yon patnè paske nou pataje menm valè, pa paske ou bezwen yon moun pou ranpli yon vid.

Si yon relasyon fini, sa fè w mal, men ou pa santi lavi w fini.

Èske yon relasyon ka ede w geri?

Wi. Yon relasyon ki an sante ka ede w grandi. Yon patnè ki gen pasyans, respè ak bon kominikasyon ka fè w santi w an sekirite. Men relasyon an pa ranplase travay ou dwe fè sou tèt ou. Li ka sipòte gerizon an, men li pa garanti li.

Poukisa li pi bon pou w pa kache nan yon relasyon?

Paske pwoblèm ou pa disparèt lè w antre nan relasyon. Souvan li vin pi vizib. Si w pa aprann viv byen ak tèt ou, ou ka mande patnè w fè yon travay ki pa pou li. Sa kreye fristrasyon pou nou toude.

Lè w aprann renmen tèt ou, respekte limit ou ak viv byen menm lè w poukont ou, ou antre nan yon relasyon pou pataje lavi w, pa pou sove lavi w. Se la ou gen plis chans bati yon relasyon ki solid, ki estab ak ki dire.

Mwen se Donson💊

10/08/2026

🚨Lè w sispann pè pèdi moun, vi w ap chanje🚨

Pi gwo prizon an pa toujou fèt ak miray. Gen moun ki nan prizon paske yo pè pèdi yon moun.

Poukisa ou pè pèdi moun? Souvan se paske ou panse moun sa a se sèl sous lanmou, sipò oswa kè kontan ou. Ou bay prezans li plis valè pase pwòp lapè ou. Ou kòmanse kwè si li ale, lavi w ap kraze.

Se la pwoblèm nan kòmanse.

Lè yon moun remake ou pè pèdi l, li ka sèvi ak sa kont ou. Li konn fè w santi ou koupab pou tout bagay. Li fè w aksepte mank respè. Li fè w tolere manti. Li fè w padone menm erè ki repete san chanjman. Li konnen ou pa pral kite l, paske ou pè rete poukont ou.

Piti piti, ou sispann di sa w panse. Ou sispann mete limit. Ou bliye valè pa w. W ap viv pou fè yon lòt moun rete, pandan ou menm w ap disparèt.

Pou venk pè sa, ou dwe konprann yon verite. Pa gen moun ki garanti pou rete nan lavi w pou tout tan. Gen moun ki vini. Gen moun ki ale. Sa pa retire valè ou.

Aprann bati lavi w sou sa ou ye, pa sou kiyès ki rete bò kote w.

💊Kisa ou ka fè depi jodi a?

Premye bagay, aprann di “non” san w pa santi w koupab.

Dezyèmman, sispann kouri dèyè moun ki pa fè efò pou kenbe relasyon an.

Twazyèmman, pase tan pou kont ou. Li, aprann yon nouvo konpetans, fè espò, travay sou objektif ou. Lè ou vin renmen pwòp konpayi pa w, ou sispann mande nenpòt moun ranpli vid ou.

Katriyèmman, chwazi relasyon kote respè ak efò fèt nan toude direksyon. Si se ou menm sèlman k ap goumen pou relasyon an viv, se pa yon relasyon. Se yon chay.

Lè ou sispann pè pèdi moun, ou jwenn yon libète anpil moun pa janm konnen. Ou pran desizyon san presyon. Ou mete limit san pè. Ou atire moun ki respekte w. Ou gen plis konfyans nan tèt ou. Ou sispann mande lanmou. Ou chwazi lanmou ki chwazi ou tou.

💊Sonje sa.

Moun ki vle rete ap fè efò pou rete. Moun ki vle ale ap jwenn yon rezon pou ale.

Pa pè pèdi moun. Pè pito pèdi tèt ou pandan w ap eseye kenbe yon moun ki deja lage men w.

Mwen se Donson💊

10/08/2026

🚨Pa gen moun ki renmen echwe🚨

Lè w echwe, èske w di sa ak fyète? Oswa ou prefere kache l? Lè echèk rive devan tout moun, li fè mal. Pa gen moun ki reve echwe. Nou tout ta renmen reyisi.

Men gen yon verite anpil moun bliye. Echèk se yon etap nan chemen an. Pifò moun ki pale de echèk yo jodi a se moun ki deja rive kote yo te vle rive.

Tande m byen, sòlda. Pèsonn p ap bay echèk ou yo enpòtans si ou pa rive nan objektif ou. W ap konn tonbe. Gen jou w ap dekouraje. Gen batay ki pap fasil. Men jou ou fin bati sa w t ap goumen pou kreye a, se menm echèk sa yo k ap tounen prèv detèminasyon w.

Pa kite echèk defini w. Kache yo si sa nesesè. Aprann nan yo. Kontinye avanse. Kontinye travay.

Lè ou fin reyisi, se lè sa ou ka rakonte istwa echèk ou yo. Lè sa a, yo p ap sanble ak defèt. Yo ap tounen leson ki te fòme w.

Si ou pa kwè nan siksè ou, chak echèk ap sanble ak yon prèv pou fè w abandone. Men si ou kwè nan objektif ou, chak echèk ap vin yon etap ki mennen w pi pre viktwa.

Mwen se Donson💊

10/08/2026

🚨 OU DWE PRAN ABITID EPANYE 🚨

Lajan pa sèlman sèvi pou achte bagay. Li ka ba w plis sekirite, plis chwa ak plis kapasite pou fè fas ak lavi.

Gade diferans lan.

Yon fanm ki gwo ka monte nan yon kamyonèt epi yo mande l peye pou 2 plas. Gen moun ki ka menm moke l poutèt gwosè li.

Pandan yon fanm yo konsidere kòm bèl ak atiran ka jwenn moun ki peye pou li, felisite l pou bote li, mande nimewo li oswa ofri l kèk avantaj.

💸Menm bagay la rive ak lajan.

Yon moun ki pa gen kòb ka jwenn anpil difikilte lè li bezwen èd. Li ka mande prete, men moun ka refize l.

Yon moun ki gen lajan, li menm, ka jwenn plis fasilite. Moun ka prete l, mande l sere lajan pou yo, ba l rabè, fè l kèk kado oswa ba l kèk favè.

Lè ou pa gen okenn lajan mete sou kote, yon enprevi ka mete w nan gwo estrès.

Si yo revoke w nan travay, ou ka panike paske ou pa gen ase lajan pou peye depans ou pandan w ap chèche yon lòt travay.

Se poutèt sa ou dwe pran abitid epanye.
Chak fwa lajan antre, mete yon ti kantite sou kote. Li pa bezwen anpil.

Ou pa bezwen tann ou vin rich pou kòmanse. Menm si se 100 goud, 500 goud oswa 1,000 goud, kòmanse ak sa ou kapab.

Objektif la se kreye abitid la.
Ti ekonomi ki fèt regilyèman ka vin yon gwo pwoteksyon lè pwoblèm rive. Pa depanse tout sa ou touche.

Peye tèt ou an premye. Mete yon pati sou kote.

Mwen se Donson💊

10/08/2026
09/08/2026
08/08/2026

🚨 Anpil moun pral kontan lè w mouri 🚨

Mèt mòg la gen jou li pa touche kòb paske pa gen moun ki mouri. Men jou pa w la rive, se yon kliyan li jwenn. Lanmò w ap fè l touche lajan.

Fabrikan sèkèy la ap vann yon sèkèy. Moun k ap fouye tonm nan ap touche travay li. Koutiryè a ap koud rad pou fineray la. Chofè k ap transpòte kò a ap touche tou.

Pandan ou kouche nan mòg la, lavi pa kanpe. Moun ap kontinye travay. Yo ap kontinye manje. Yo ap kontinye ri.

Menm moun ki pi pre w yo ap kontinye viv. Konjwen w ka jwenn yon lòt moun pou konsole l. Apre kèk tan, lavi l ap kontinye. Se pa paske li pa t renmen w. Se paske lavi pa rete tann pèsonn.

Pa gen moun k ap mouri nan plas ou. Pa gen moun k ap prete w yon sèl souf pou w kontinye viv. Lanmò w ka sèvi anpil moun ekonomikman, men li pap sèvi ou.

E poutan, ou pase lavi w ap pè viv. Ou pè kritik. Ou pè opinyon moun. Ou pè sa fanmi w ap di. Ou limite tèt ou pou fè lòt moun plezi.

Ou gen yon sèl lavi ou sèten ou genyen. Lè li fini, ou pa gen garanti w ap jwenn yon lòt. Gen moun ki kwè nan reyenkanasyon, gen lòt ki pa kwè. Men kèlkeswa sa w kwè, lavi ou genyen jodi a se sèl lavi ou ka aji ladan l.

Sispann viv pou satisfè tout moun. Pouse limit ou yon ti kras chak jou. Pran desizyon ki mache ak valè pa w. Paske se ou menm ki pral viv lavi sa a, epi se ou menm sèlman ki pral pèdi l.

Mwen se Donson💊

Vous voulez que votre personnage public soit Personnage Public la plus cotée à Limonade ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Adresse

US-Atlanta
Limonade