IssaFro Haïti
ISSAFRO se yon mak ki ap valorize bote fanm nwa, pandan l ap fòme yo epi ofri bon jan pwodui natirèl. Ou bezwen konn koman pou w pran swen kò w?
Pou w prevni maladi? Pou w fè tèt ou plis konfyans? Pou w Met Fanm nan Fanm ou? ou vle jwenn bon jan pwodui bote ki pou ede w pran swe n kò w nègès. ISSAFRO, Fyète nègès!!!
10/06/2026
SITOU SI OU METE PÈMANANT. 🙂
4️⃣ BAGAY YO PAP JANM DI W SOU ZAFÈ PRAN SWEN CHEVE
08/06/2026
KISA YON WOUTIN KAPILÈ YE?🤔
An jeneral, yon woutin se yon abitid nan fason ou aji, oubyen nan fason ou panse ki vin mekanik, sa vle di, ou vin tèlman abitye repete menm aksyon an, oubyen menm panse a, ou vin fè l san w pa rann ou kont. Se poutèt sa, yon moun ou dwe veye pou w adopte yon bon abitid k ap pèmèt ou atenn objektif ou, epi chanje, modifye tout vye abitid ou konnen k ap lakoz ou regrese.
Se menm jan pou cheve nou tou🥰. Nou dwe adopte yon bon abitid si nou vle cheve nou ansante epi ret long. Kidonk, Yon woutin kapilè, se ansanm abitid ou devlope lakay ou pou w pran swen cheve w. Li ka yon bon woutin, li ka yon move woutin.
Yo bon woutin kapilè pa dwe yon kòve pou ou. Ou dwe fè l senp pou sèvo w ka adapte avè l pi fasilman, pou w ka rive nan yon pwen pou w fè l mekanikman. Men, yon bon woutin kapiyè dwe efikas tou. Li dwe pèmèt ou atenn objektif ou.
Se poutèt sa, M ap konseye w adopte gam Issafro a😍 pou w ka gen yon bon woutin kapilè efikas, san fè twòp efò. Nou Delmas, Gonaïves, OKAP ak Okay.
Kontakte m nan 47386541 pou w pran pa w la.
08/06/2026
ENPÒTAN ‼️
Si ou oblije penyen chak jou akoz lekòl oubyen travay ou, videyo sa se pou ou.
07/06/2026
ENPÒTAN ‼️
05/06/2026
VAKANS LAN RIVE‼️
KOT MOUN KI RENMEN DLO MENM JAN AK MWEN YO, KI PRAL MOUYE YO CHAK JOU NAN RIVYÈ? 🥰
NOU P AP RET YON PLAN CHEVE NAN TÈT NOU🤪
Devine kibò mwen ye?😍
Moun ki gen pi gwo rezilta nan challenge lan, ap genyen yon gam Issafro ak yon jèl.🥰
Challenge lan komanse. Jodi a se dènye jou pou w rezève plas ou. Sinon, ou pral oblije tann LÒT ANE.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Contacter l'entreprise
Site Web
Adresse
Cayes, Rue General Marion
Les Cayes
Heures d'ouverture
| Lundi | 09:00 - 16:00 |
| Mardi | 09:00 - 16:00 |
| Mercredi | 09:00 - 16:00 |
| Jeudi | 09:00 - 16:00 |
| Vendredi | 09:00 - 16:00 |
| Samedi | 09:00 - 16:00 |