Original Resto Mobil
ORIGINAL RESTO MOBIL est un restaurant qui se spécialise dans la préparation de la soupe de pain ?
Nan jesyon biznis, tout obstak ou pa ka elimine, se swa w kontoune l oubyen w konpoze ak li. Tan se faktè ki mezire jan w dwe aji
08/07/2023
Pa neglije rele n nan 4808 8452 / 3249 6411 pou plase kòmand soup pa w la pou semèn kap vini an.
Si w pa bwè soup maten an nou pa responsab! Nap kòmanse fè livrezon de 7h: 30 pou rive 10h maten an. Rele n nan 4808 8452 / 3249 6411 pou plase kòmand ou. Ak 150 gdes sèlman tout feblès kraze rak!
Siyen: Job BERÇON, machann soup
21/02/2023
Mèsi ak tout kliyan ki te kontan wè m maten an.
Pa neglije plase kòmand soup pa w la nan 4808 8452 ak 3249 6411. Original Resto Mobil se gou bouch ou !
Mèsi ak Mesye Kiscenscky Jr Jr ki se PDG Djedje Hotel ki rele nou maten an epi ki achte soup nan men nou pou tout anplwaye l yo.
27/01/2023
𝐏𝐚 𝐠𝐞𝐧 𝐤𝐨𝐭𝐞 𝐦 𝐩𝐢 𝐚𝐥è𝐳 𝐤𝐞 𝐟è 𝐥𝐚𝐣𝐚𝐧 𝐚𝐤 𝐨𝐧è𝐭𝐞𝐭𝐞 . 𝐁𝐢𝐳𝐧𝐢𝐬 𝐬𝐞 𝐩𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐦! 𝐘𝐨 𝐝𝐢 𝐦 𝐬𝐨𝐮𝐩 𝐩𝐞𝐧 𝐚𝐧 𝐛𝐚𝐲 𝐠𝐚𝐬𝐨𝐧 𝐬𝐚 𝐦𝐞𝐝𝐚𝐦 𝐲𝐨 𝐫𝐞𝐧𝐦𝐞𝐧 𝐚𝐧 𝐝𝐚𝐩𝐫è 𝐭𝐞𝐦𝐰𝐚𝐣 𝐤𝐥𝐢𝐲𝐚𝐧 𝐲𝐨!
03/01/2023
Original Resto Mobil kontan pou l prezante w youn nan pi bon anplwaye ke l te genyen pou ane 2022 a. Misye se yon jèn inivèsitè ki deside fè lajan ak onètete epi san konplèks. Li etidye syans administrativ, li se anplwaye nou depi 2020. Li se youn nan vandè ke nou genyen ki plis aktif sou mache a. Pou rezon sa, nou deside prolonje kontra jèn gason sa ki se Job Berçon kòm vandè pandan ane 2023 sa ankò. Nap tou pwofite di w ke apati de demen soup la ap vann 125 gdes olye de 100 gdes. Nou pwan desizyon sa nan sousi pou n kontinye bay ou plis sèvis etanke kliyan.
28/12/2022
Mwen vle garanti tout fanmi m, zanmi m, pwòch mwen yo ak tout kliyan ORIGINAL RESTO MOBIL yo ke m anfòm. Kontrèman ak rimè kap kouri yo! Mèsi anpil pou lanmou ak apresiyasyon nou manifeste pou mwen. M renmen nou menm jan an tou. Mèsi anpil!
25/12/2022
Au nom du PDG Job Berçon
05/11/2022
Aswè a mwen vle atire atansyon anpil jèn nan nou ki nan vil la sou sa m pwal pale la. Nou ka konstate jounen jodi a gen anpil machann ze bouyi, fig mi, ak pistach griye nan vil Ench. Mwen pwan anpil tan pou m analize sa avan m pale de li. Mwen poze yo anpil kesyon chak fwa m kwaze ak yo pandan map vann soup pen an nan lari a epi m achte nan men yo anpil tou. Anpil nan yo toujou di m yo pa moun vil la. Pifò jèn fi ou wè kap fè komès sa se moun ki kouri kite pòtoprens pou ensekirite. Genyen nan yo tou ki soti nan andeyò menm jan ak mwen. Kisa m vle fè pase nan tèks sa?
Avanyè mwen kwaze youn kap vann bwason gazez nan yon depo, epi m kanpe pou m salye l epi m mande l kote l lage komès la? Li di m Bondye kòmanse chanje lavi l. Mwen di l kòman sa? Li di m depo sa wap gade la se pou mwen menm ak mennaj mwen. Epi m di l felisitasyon ! Mwen raple m de yon jèn fi ki te etidyan CJEC ki rele Woodline AUGUSTE, li se te yon jèn etidyant nan UPC ki tap etidye agronomi nan ane 2020 yo. Jenn demwazèl sa chak jou ap mache ak yon ti bokit nan men l san konplèks lap vann KARAPINA pou 25 gdes nan tout vil la. Li tèlman fyè de sa lap fè a anpil kliyan l yo tou rele l Karapina jiskounya. Eske w konnen jèn fi sa, jodi a li gen yon gwo boutik nan vil la ki espesyalize nan vann souvètman pou fanm ak gason.
Ebyen kite m di n mesye dam jenn parèy mwen yo. Lavi pa janm fè kado! Se pito ki objektif ak vizyon ke w genyen pou soti kote w ye a. Sispann fè wè nan abiye chè ak pote gwo telefòn pandan ke w depan de yon pwòch ou byen yon mennaj. Sispann konplekse vi nou, apwann kòmanse fè komès pou n pwan responsabilite n ak diyite n san repwòch. Paske m garanti nou, si n rete nan nivo fè wè sa mwen wè anpil jenn fanm ak gason ap fè nan vil sa , lòt semèn nan nou pwal rayi machann ze bouyi ak fig mi yo paske nan 2 ou 3 zan ankò anpil bèl biznis ki pwal nan vil la se pwal pou yo. E lè nap vin ba yo move pri epi yo kouri dèyè nou piga nou di se enteresant yap fè sou nou pandan n tap pale yo mal lè yo te gen kivèt ze ak fig sou tèt yo a !
Sonje m di n sa, konplèks se pi gwo andikap kap fè n di peyi a pa ofri anyen alòske nou menm nou pa janm ofri peyi a anyen!!!! Konsa tou mwen pa voye pyès jèn al fè komès ke w jije ki pa nan nivo w. Men kite m di w mwen etidye syans administrativ nan youn nan pi gwo inivèsite nan kapital peyi a. Ebyen jodi a mwen konvèti konesans administrativ yo pou m vann soup pen nan vil la ak fyète. Antouka...
05/10/2022
Jacky DUVIL, finaliste Ma thèse en 180 secondes à Montréal au Canada vote Jacky Duvil se vote la jenès Dayiti ak tout Karayib la.
Demen mwen envite tout jèn kap swiv paj mwen an pou n kite fokis nou yon sèl kote pandan m pwal pataje lyen ki pwal pèmèt nou vote Jacky DUVIL, finaliste Ma thèse en 180 secondes à Montréal au Canada à 7h PM.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Contacter l'entreprise
Téléphone
Site Web
Adresse
TOUSSAINT LOUVERTURE
Hinche
5110
Heures d'ouverture
| Lundi | 06:00 - 22:00 |
| Mardi | 06:00 - 22:00 |
| Mercredi | 06:00 - 22:00 |
| Jeudi | 06:00 - 22:00 |
| Vendredi | 06:00 - 22:00 |
| Samedi | 06:00 - 22:00 |