Lanati

Lanati

Partager

si lanati mete fèy yo osèvis nou se pou n ka fè mèvèy avèk yo

04/04/2026

si w nan depatman sa yo ou kapab ht pwodwi Baka a angwo pou revann, w ap jwenn yon mwa pwomosyon gratis...
-latibonit
-grandans
-gran sid
-nòdès ak nòdwès

kontakte nou pou antre nan gran fanmi Baka a ansanm
47 50 8436

04/04/2026

MESAJ ENVITASYON OFISYÈL
KAYBAKA gen lonè ak plezi pou envite tout manm kominote a, zanmi, frè ak sè, ansanm ak tout moun ki gen lanmou pou kilti nou, pou vini patisipe nan yon gran rasanbleman solidarite ak pataj:
KONBIT MANJE RARA
Yon moman sakre kote manje pa sèlman nouri kò, men li mare lespri, li rasanble fanmi, li fè kè bat nan menm ritm tanbou rara.
📅 Dat: 11 Avril 2026
📍 Adrès: Maren 10, nan lokal Metis la
Nou envite nou vin pote prezans nou, bon vib nou, ak lespri konbit la pou n ka ansanm: manje, chante, danse, epi selebre lavi nan tout koulè li.
Se pa yon senp envitasyon…
Se yon apèl kominotè.
Se yon randevou ak rasin nou.
“Ann manje ansanm, ann fè yon sèl.”
Nou konte sou prezans ou.
KAYBAKA
Pou Kominote a, ak Kominote a.

20/03/2026

🌹

Bòn fèt pou yon fanm ekstraòdinè 🌿☕

Yon medsen tradisyonèl ki pa sèlman geri kò, men ki pote limyè ak espwa nan lavi anpil moun. Ou se yon vrè fòs, yon rasin solid nan kominote a.

Mwen swete ou yon bèl rekòt kafe, anpil benediksyon, fòs, ak lonjevite.

Kontinye briye, Rèn mwen ❤️
Lanati

19/02/2026

eske w t ap renmen pran masaj sa?

Lanati

12/10/2025
12/10/2025
07/10/2025

li se yon Tradisyon pou KOMINOTE BAKA DREAD chak Novanm pou n fè gwo rasanbleman nou rele KONBIT MANJE KAYBAKA fwa sa se la sou delmas n ap fè Gwo konbit MANJE GEDE SE MANJE NANM nan

mwen envite w vin manje avèk nou
se toujou menm metòd la CHAK MOUN POTE KICHÒY
jou sa n ap fè TCHAKA avèk manje BOUKANNEN AK ARANSÈL PIMAN

nou pa p bliye eslogan nou MANJE AK MOUN SE LIZAY

07/10/2025

Anfen lapè lollll

m ta renmen Lekòl la relache byen ta pou m ka dòmi le maten kounya mèsiii!!!

04/09/2025

eske w wè Yon sèl Branch BAKA DREAD deja?

28/08/2025

se yon tradisyon sa ye nan kèk pwovens
lè timoun yo sot nan vakans nan peyi yo, avan yo antre granmoun yo toujou manyen yo, ba yo lòk(lavman) benyen yo pou yo ka rantre nan ane eskolè a tou djougan, Lanati klinik tradisyonèl se garan eritay sa li chwazi kenbe menm chimen grandèt yo
ou kapab voye pitit ou vin konsilte e pran bon di te

Vous voulez que votre personnage public soit Personnage Public la plus cotée à Delmas ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse

Delmas 19 #3
Delmas
1114