JBC enfo
ACTUALITÉS POLITIQUES, ÉDUCATIVES, SOCIALES, ÉCONOMIQUES, SPORTIVES ET CULTURELLES.
Au journal JBC enfo, c'est de la vérification, confirmation et le traitement avant de la publication.
03/05/2026
3 me se Jounen Mondyal Libète Laprès, yon okazyon espesyal ki mete aksan sou enpòtans libète enfòmasyon atravè lemond. Ane sa a selebrasyon an fèt sou tèm : “ Façonner un avenir de paix"
Jounen sa a sèvi tou pou raple otorite Leta yo obligasyon yo genyen pou pwoteje libète laprès, pandan li bay pwofesyonèl medya yo chans pou evalye fason yap pratike metye a sitou sou kesyon etik, verite ak endepandans nan pwodiksyon enfòmasyon.
Nap salye kouraj jounalis ak travayè laprès yo, sitou sila yo k ap travay an Ayiti, ki pa janm sispann fè efò pou enfòme, edike epi amize popilasyon an malgre anpil difikilte yo ap rankontre chak jou.
29/04/2026
Majistra Milot a Wesner Joseph jwenn liberasyon li jounen madi 28 avril 2026 la aprè li fin pase anviwon 15 jou an detansyon. N ap raple li te arete nan kad dosye ki gen rapò ak dram Sitadèl Laferyè a yon sit istorik enpòtan nan depatman Nò.
21/04/2026
Uder Antoine estale kòm nouvo Direktè Egzekitif Konsèy Elektoral Provizwa (KEP) lendi 20 avril 2026 la, Li ranplase Jean Roger Philippe Augustin nan pòs sila. yon seremoni ki te dewoule an prezans manm Konsèy la ak kad enstitisyon an. Prezidan KEP a, Jacques Desrosiers, salye travay ansyen direktè a epi mete aksan sou eksperyans nouvo responsab la ki te deja okipe pòs sa a. Uder Antoine nan diskou li pran angajman pou dirije ak entegrite ak transparans, malgre defi sekirite yo, pou mennen pwosesis elektoral la rive nan òganizasyon eleksyon lib, kredib.
10/04/2026
Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) anonse li deside ranvwaye operasyon enskripsyon elektè yo ansanm ak anrejistreman kandida yo, ki te pwograme pou fèt 1e ak 13 avril 2026, Desizyon sa a pran pa rapò ak aplikasyon arete ki soti 24 mas 2026 la.
KEP a fè konnen li pral kominike nouvo dat yo nan yon tan ki pa twò long pou pèmèt pwosesis sa yo rekòmanse. Enstitisyon elektoral la mande tout aktè ki konsène yo pou rete vijilan pandan y ap tann plis detay sou kalandriye elektoral la.
27/03/2026
Minis Defans lan, Mario Andrésol, fè yon vizit jedi 26 mas 2026 la nan baz Vètyè Fòs Ame d Ayiti (FAD’H) ki lokalize nan komin Taba, kote li te fè yon evalyasyon sou nivo preparasyon sòlda yo anvan deplwaman total yo sou teren an. Nan okazyon sa a, li anonse lansman yon nouvo doktrin militè ki vize amelyore estrikti ak rann aksyon lame a pi efikas. Selon li, nouvo apwòch sa a ap ede FAD’H pi byen kowòdone entèvansyon yo nan yon kontèks sekirite ki rete trè frajil nan peyi a.
Anplis de sa, pwomosyon “François Makandal”, ki prè pou sòti, pral fòme premye inite atak la, ak responsablite pou mennen operasyon dirèk kont gwoup ame yo. Minis Mario Andrésol fè konnen li gen entansyon elaji wòl FAD’H yo nan operasyon konba yo. Li anonse tou plan pou fòme anviwon 1 200 nouvo sòlda nan twa mwa k ap vini yo, nan baz Vètyè ansanm ak baz Anakaona ki nan Leyogàn, nan objektif pou ranfòse kapasite entèvansyon lame a epi ogmante prezans li sou teren an, nan kad efò pou konbat kriz sekirite a k ap vin pi grav chak jou.
Clara Jean-Baptiste
14/03/2026
Daprè Atik 63 nan Dekrè Lwa Elektoral la, montan frè enskripsyon pou kandida yo fikse selon pòs yo vle okipe a. Tout sitwayen ki vle enskri kòm kandida pou pòs Prezidan dwe peye 1 milyon goud, pou pòs Senatè yo dwe peye 500 mil goud, pou Depite 250 mil goud, pou Majistra 100 mil goud, pou manm CASEC 25 mil goud; tandiske pou ASEC ak Delege vil yo dwe peye 5 mil goud chak. Frè sa yo ap peye pandan pwosesis enskripsyon kandida yo devan Konsèy Elektoral Pwovizwa ki responsab pou òganize eleksyon nan peyi a.
12/03/2026
Martine Moïse akize ansyen prezidan Michel Joseph Martelly ak ansyen premye minis Ariel Henry kòm moun kita enplike nan lanmò mari li Jovenel Moïse nan temwanaj li bay jodi jedi 12 Mas 2026 la nan tribinal Miami CBS.
07/03/2026
Committee to Protect Journalists (CPJ), yon òganizasyon entènasyonal ki angaje nan defann libète laprès, mande otorite ayisyen yo pou modifye dekrè sou difamasyon ak deli laprès Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) te pibliye 18 desanm 2025. Nan yon lèt ki gen dat 2 mas 2026 yo voye bay Premye minis la, Alix Didier Fils-Aimé, òganizasyon an fè konnen dispozisyon ki nan tèks sa a kapab poze yon menas pou libète laprès, sitou paske li elaji sanksyon penal ki gen rapò ak difamasyon epi li prevwa prizon ak gwo amann.
CPJ fè konnen tou desizyon pou adopte dekrè sa a san yon deba piblik laj soulve kesyon sou respè prensip demokratik yo. Òganizasyon an raple jounalis yo deja ap travay nan yon kontèks ensekirite grav an Ayiti, kote plizyè zak vyolans kont pwofesyonèl medya yo pa janm jwenn jistis. Genyen tou lòt òganizasyon dwa moun ki kritike mezi sa yo ansanm ak kèk dispozisyon ki ta ka febli enstitisyon kontwòl tankou Unité de Lutte Contre la Corruption (ULCC). CPJ di li rete disponib pou rankontre ak otorite yo pou diskite sou mezi ki ka pi byen pwoteje libète laprès an Ayiti.
24/02/2026
Lapolis nan vil Okap nan tèt kole ak divès inite pami yo Brigade de Recherche et d’Intervention (BRI), Bureau de Lutte contre les Véhicules Volés (BLVV) ak Bureau de Lutte contre le Trafic de Stupéfiants (BLTS) nan yon operasyon prosede ak arestasyon antreprenè Ti Yves le Roi kise youn nan propriyetè yon stasyon gaz nan ri 9A lendi 23 fevriye 2026 la. Yon arestasyon ki provoke anpil reyaksyon akoz otorite konsène yo poko soti okenn nòt ofisyèl pou di kòz operasyon sila.
18/02/2026
Andre et sa bande de criminels prennent des rançons; des familles souffrent. Arrêtons ces crimes. Vous avez des informations sur Andre et ses associés? Envoyez vos informations confidentiellement. Celles-ci vous permettraient d’obtenir une relocalisation et une récompense.
15/02/2026
CIMO: *30 Lane nan Sèvis Sekirite ak Lòd Piblik nan Polis Nasyonal dayiti*
Selebrasyon 30 lane egzistans CIMO, youn nan inite espesyalize yo nan Polis Nasyonal dayiti a se yon moman enpòtan pou salye travay, sakrifis ak angajman tout ajan ki pase ladan li pandan twa (3) deseni.
Depi kreyasyon li, CIMO (Corps d’Intervention et de Maintien de l’Ordre) toujou jwe yon wòl estratejik nan entèvansyon rapid ak mentni lòd piblik. Antanke yon fòs espesyalize nan jesyon foul, operasyon sekirite ak repons ijans, li kontinye rete youn nan poto mitan estrikti operasyonèl PNH la.
Baz istorik li ki chita nan Delma 2, nan depatman Lwès, temwaye prezans li kòm yon fòs pwoksimite k ap sèvi popilasyon an chak jou. Pandan 30 lane sa yo, CIMO demontre disiplin, pwofesyonalis ak detèminasyon nan pwoteje lavi ak byen sitwayen yo.
Anivèsè sa a pa sèlman make pasaj tan; li reprezante tou rekonesans pou tout polisye ki, ak kouraj ak devouman, mete lavi yo an danje pou garanti sekirite kolektif la. Se yon okazyon pou renouvle angajman pou kontinye sèvi ak entegrite, respè dwa moun ak sans devwa anvè nasyon an.
Clara Jean- Baptiste
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Téléphone
Site Web
Adresse
Bon Repos
Delmas