IBC Express HT
Pou tout sèvis « Shipping », achte sou entènèt sou kelkeswa sitweb la nou se solisyon an. Kontakte n!
Achte direkteman nan adrès nou, siw deja gen koli ya potel ba nou oubyen « ship li » nan adrès nou epi resevwa li Ayiti nan 3-6 jou sèlman.
18/04/2026
Lè w ap aplike, li enpotan pou w voye yon dosye ki konplè ak yon imèl ki respekte nòm yo.
Mete sijè tou piti ki di men pou ki pòs w ap aplike
Mete yon ti teks tou piti akonpanye dokiman w ap voye yo ki fini ak non ou
16/04/2026
Nou kontan ka sipòte Banj ane sa a.
Depi se sa k ap bon pou Ayiti, n ap toujou di wi.
Nou fyè anonse ke IBC Express HT rejwenn DevExpo 2026 kòm Esponsò.
Gras ak patnè tankou IBC Shipping ki enterese konekte plis ak devlopè yo epi inove nan fason yo opere, DevExpo vin tounen yon espas kote teknoloji ak PME rankontre pou kreye nouvo opòtinite.
Ansanm, n ap pouse inovasyon pi lwen.
30/03/2026
Espesyal rabè ki dire 2 mwa a ap fini 1ye avril sou tout koli. Prese vin pran koli w avan 1ye avril.
25/03/2026
KONDISYON JENERAL
1. Fòmasyon ak konpetans teknik
Diplòm oswa fòmasyon nan domèn pòs w ap aplike a.
2. Eksperyans pwofesyonèl
Eksperyans ak yon bon pase nan domèn w ap aplike a.
3. Kominikasyon ak sèvis kliyan
Bon kapasite pou kominike an kreyòl ak anglè (fransè se yon avantaj), ansanm ak yon bon sans sèvis.
4. Òganizasyon ak jesyon travay
Kapasite pou planifye, òganize, suiv operasyon yo, travay an ekip, respekte delè, epi aji ak bon jijman/sans.
5. Pwofesyonalis ak konpòtman
Sans responsablite, entegrite, disiplin, bon prezantasyon, ak kapasite pou travay anba presyon.
SALÈ KONPETITIF
02/03/2026
Sa ki fèt deja pa ka twò repare, men nou ka pran desizyon ki soulaje.
Nou desann pri nou yo nan mezi nou kapab pou ede w respire pi byen apre reta ki te lakoz dezagreman.
Atik ki gen pri fiks yo pa konsène.
Mèsi paske w kontinye kwè nan nou.
05/02/2026
Livrezon yo rekòmanse.
Mèsi anpil pou pasyans ak konfyans ou.
Pou remèsye w, nou desann pri bato a $2.50, Avyon a 3.85$ pandan tout mwa fevriye a.
28/01/2026
Vòl yo reprann, n ap prepare zèl nou poun retounen anlè ankò.
12/01/2026
Bonjou, n ap kenbe.
E ou koman w ye?
12/01/2026
12 Janvye 2010 — Kè nou sonje.
Fòs nou te jwenn pou n kanpe, se li menm k ap ban nou espwa pou n kontinye. 🇭🇹
Ayiti pap lage.
Mèsi paske w te rete la
Mèsi pou pasyans ou,
mèsi pou konfyans ou,
mèsi paske ou chwazi vanse avèk nou.
Bon lane 2026
nan lapè, lajwa ak pwoteksyon BonDye bay.
IBC EXPRESS SHIPPING — ansanm, nou pi fò.
01/01/2026
Ayiti se rasin nou.
Se lafwa, se fòs, se rezistans.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Contacter l'entreprise
Téléphone
Site Web
Adresse
Delmas
Heures d'ouverture
| Lundi | 08:30 - 16:00 |
| Mardi | 08:30 - 16:00 |
| Mercredi | 08:30 - 16:00 |
| Jeudi | 08:30 - 16:00 |
| Vendredi | 08:30 - 16:00 |
| Samedi | 08:30 - 14:00 |