Camedyc

Camedyc

Partager

CONSULTATION
ACCOUCHEMENT
HOSPITALISATION
PHARMACIE💊💉
LABORATOIRE 🔬🧪
SONOGRAPHIE🤰🏽
ECG🖤🧬
PAP TEST🧫
RADIOGRAPHIE

Photos from Camedyc's post 26/09/2026

Yon ijans ka rive nenpòt ki lè .Se pou sa Camedyc genyen espesyalis sou plas pou nenpot ijans ou ta va genyen 😊

Jwenn nou nan adrès nou

Delmas 60 #8

Oswa rele nou nan
47090097 oswa 31225288

22/09/2026

Yon pasyan ki fè yon foto pou nou
Pasyan nou yo pa ret atè ditou 💯😁

#8 musseau Delmas 60

22/09/2026

🎓 KIJAN NOU VLE FÒME ETIDYAN NOU YO ?

Pou Nou : Aprann vle di konprann, analize, devlope jijman pa nou epi kapab aji.

Se poutèt sa, apwòch nou an chita sou yon ekilib ant :

Konesans
Akeri bon baz epi devlope rigè akademik ki nesesè pou avanse.

Lespri kritik
Aprann analize, poze kesyon, reflechi epi chèche solisyon pou pwoblèm yo.

Konpetans pwofesyonèl
Transfòme konesans yo an kapasite pratik ki ka sèvi dirèkteman nan mond pwofesyonèl la.

Rechèch ak inovasyon
Ankouraje refleksyon, pwodiksyon entelektyèl ak kapasite pou adapte nou ak evolisyon sosyete a.

Etik ak responsablite
Fòme pwofesyonèl ki entegr, ki konsyan de enpak desizyon yo pran sou lòt moun ak sou sosyete a.

Ouvèti
Konprann reyalite nasyonal, rejyonal ak entènasyonal yo.

Nan Inivèsite Lopital CAMEDYC, etidyan an ap yon moun k ap resevwa konesans.
Men li ap yon aktè nan pwòp fòmasyon pa li, pou l kapab vin yon pwofesyonèl ki mete konesans li ak konpetans li nan sèvis sosyete a.

Paske nou vle kontribye nan fòmasyon pwofesyonèl ki konpetan, ki gen bon jijman epi ki responsab nan aksyon yo.

Scientia ad Meliorem Societatem.
Savoir • Santé • Impact

https://docs.google.com/forms/d/e/1FAIpQLSflJ48Oku9TSqK8L0tSe3srZpKcFeeBKBCqbo4PveTu1bJPyA/viewform?usp=dialog

22/09/2026

🎓 POUKISA YON INIVÈSITE LOPITAL CAMEDYC?

Yon sosyete pa ka prepare avni li san li pa envesti nan moun k ap konstwi avni sa a.

An Ayiti, defi yo anpil. Yo touche enstitisyon yo, ekonomi an, sante, lavi sosyal ak anpil lòt domèn… E dèyè chak defi sa yo, gen yon menm nesesite : devlope yon kapital imen ki konpetan, ki konsyan epi ki kapab aji.

Se sou konviksyon sa a Inivèsite Lopital CAMEDYC pran nesans.

Nou kwè inivèsite pa dwe sèlman yon espas kote yo transmèt konesans oswa bay diplòm.

Li dwe tou fòme pwofesyonèl ki kapab konprann anviwònman yo, pratike metye yo avèk rigè, reflechi avèk bon jijman epi kontribye nan kominote yo.

Paske fòme yon pwofesyonèl, se tou patisipe nan fason sosyete kote pwofesyonèl sa a pral egzèse metye li ap konstwi.

Anbis­yon nou se kontribye, nan mezi pa nou, nan yon Ayiti kote konesans tounen yon vrè kapasite pou aji.

Scientia ad Meliorem Societatem.
Konesans pou yon sosyete ki pi bon.

Ranpli fom nan Pou kapab Pre enskri
https://docs.google.com/forms/d/e/1FAIpQLSflJ48Oku9TSqK8L0tSe3srZpKcFeeBKBCqbo4PveTu1bJPyA/viewform?usp=dialog

22/09/2026

LES INSCRIPTIONS SONT OUVERTES.

Vous souhaitez construire votre avenir professionnel dans un environnement qui place le savoir, la compétence, l’éthique et l’impact au cœur de sa démarche ?

Votre parcours commence ici.

📩 Pour obtenir les informations sur les conditions d’admission, les programmes, les modalités d’inscription
Remplissez le formulaire https://docs.google.com/forms/d/e/1FAIpQLSflJ48Oku9TSqK8L0tSe3srZpKcFeeBKBCqbo4PveTu1bJPyA/viewform?usp=dialog

22/09/2026

Di nou kisa ou panse ?

21/09/2026

CAMEDYC ap prepare yon bèl sipriz pou nou 🥳🥳🥳🥳🥳🥳

Men… 🤫 nou poko ka di nou tout bagay!

Dapre nou, ki sa nou panse li ye fwa sa 🥳?

Rete konekte avèk nou paske sipriz la ap vini jodia ! 💯

Sommet des Millionaires du Royaume, 2è Edition - Jour 1 —Sept 19 21/09/2026

Sommet des millionaires du Royaume 💯
Mèsi Kominote Milyonè Yo Koze Kretyen

Photos from Camedyc's post 20/09/2026

Camedyc la anko pou final la nan Pak Sent terèz

Catégorie

Téléphone

Adresse

#8 Musseau, Delmas 60
Delmas

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Camedyc publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

S’abonner

Nous vous informerons de toute nouveauté à Delmas.