Peadph.org
PEADPH est une organisation sociale a but non luctatif créée en 2008 à Tabarre (Maïs-Gaté),dans le but d'aider les gens les plus vulnérables du pays.
Ansyen kowòdonatè ap chèche konvenk pèp la, pandan li bliye lè l te kowòdonatè menm Yon konsèy minis li pat ka fè.
Bonswa ak tout moun !
sa fè kèk tan n ap swiv Yon senorye nan pi wo nivo LETA a:
KPT ki vle revoke premye minis.
Ann fè Yon ti pale : nou gen Yon akò k ap ekspire nan 2 mwa, eske moman pwopis pou nou chanje gouvènman?
Pito nèg yo di nou sa yo pa di a paske li pi enpòtan pou n konnen.
Yon Di lòt . Pase pran m ,m ap pase chèchè w ,fòk AYITI chanje.
Pòtoprens,01 Fevriye 2024
Lèt pou premye Minis Henry
Onorab premye Minis,
Nou pa gen mo ankò pou nou ta itilize pou nou adrese n ak ou.
Nou constate ke w se yon pèsonaj, e nou renmen tout granmoun. Si nou ekriw se paske nou renmen w. Men nou Santi le w ta sanble tèti. Nou pa konnen siw sou,nou pa konnen siw soud sèlman nou konstate ke w pa tande '. Nou pa konnen siw fou e nou pa konnen siw anraje men nou konstate Kew aji tankou moun fou. Nous pa konnen siw wè nou pa konnen si wap dòmi men nou konstate w pa fè anyen pou ta konbat ensekirite sa k ap vale teren. Banm poze w yon to kesyon. Ou pa janm poze tèt ou kesyon pou ta dil: " ki sa m ap dirije la? Moun ou bèt? Yon peyi ou yon mezon? "Menm si se mezon Lakay ou ou t ap dirije fòk ou ta jwenn konsansis rès manm fanmi an. Tanpri onorab , mèt kabrit mande kabrit plein pa plenn se remèt kabrit. Ti bout tè sa pa pou ou menm sèl , e nou pa menm kwè w eritye paske nou pa kwèw gen San Ayisyen k ap koule nan venn ou. Silvouplè onorab pakite 7 Fevriye rive pou w pa rèmèt Kle a. Nous bouke soufrans lan twò Di pou nou . Tèritwa à fin pèdi nou pa gen lajan poun achte viza ak tikè pou n ale nan Nò,nan Sid ak nan sant . Grangou fin afèk nou , pitit nou pa ka ale lekol,nou pa ta vle pita pitris fè yon ti jès ewoyik rèmèt nou kabrit nou poun ka pran swenl pou l pa fin peri sou pye.
Onorab ,nou ekriw nan lang greyòl pou évite tulututu. Siw pa ta wè kiyès pou remèt kle a ou mèt depozel anba pòt primati a nou pral pranl. Siw pa gentan vwayajetpou loryan etènèl ou mèt tounen aprè 2 zan w a wè ki valè mizè te fè ti bout tè sa a pase nan 3 zan w te pase nan tèt li a .
Nou espere ke w wap li lèt la ekselans e fè swit favorab la.
Resevwa salitasyon espesyal nou e nou Di w mèsi savans
Se tout ayisyen konsekan yo.
14/05/2022
Fondation vle fè kado $100 US ak moun ki rive konvenk nou plus de sa li pral fè ak kob la. Ann Pale et pa bliye like e pataje paj sa. Lage kòmantè yo anba pòs sa. Bòn chans!
Ki kote AYITI prale menm?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Contacter l’organisation
Téléphone
Site Web
Adresse
Croix Des Bouquets