Taskafe

Taskafe

Partager

taskafe se yon paj k ap fome epi konstwi lespri pèp la tapè

24/09/2026

Men sa nou tap tann nan

22/09/2026

Eske nou konpran

22/09/2026

Peyi a pa dwe gen tranzisyon an
Swa eleksyon fèt swa yon revolisyon radikal pou mete yon revolisyonè Sou pouvwa a

Photos from Taskafe's post 22/09/2026

Mwen jis bezwen yon vodouvi ki gen yon teren ke li pap regle anyen souli li mete osèvis nou di nou men teren an reyalize rèv sa
Aprè tout ougan ak manbo ak sèvitè kotribiye épi boum yon rèv vin yon reyalite
Tap pwal gen plenyen tout kote elèv sa tap ye je tap fikse

Photos from Taskafe's post 21/09/2026

Vodouvi yo dekolonizasyon la pa dwe fèt nan pawòl selman li dwe fèt nan aksyon nou tou

18/09/2026

Nou di akoz ensekirite pa dwe gen eleksyon men kijan fè nou kite lekòl ouvè ak ensekirite sa, Sa vle di lavi politisyen pi enpòtan ke pa ti moun yo
Sasa gade nou politisyen al mennen kapay anba bal lè sa ya konpran tout bon vre men peyi yo vle dirije a .

Photos from Taskafe's post 18/09/2026

Travay ap kontinye pou remete lakou a kanpe
Nou mèt fèm konfyans n ap bati yon lakou pi bèl toujou
Sise pa mank mwayen m tap lwen men map rive kanmenm

16/09/2026

Vi mwen

14/09/2026

Tout mete men pou travay la
Pye nan labou tèt nan lekòl

Photos from Taskafe's post 14/09/2026

Yon temwayaj sou yon batay mwen te mennen an silans

Amwalaye, tout konpatriyòt mwen yo!

Mwen oblije pataje dokiman sa yo avèk nou jodi a, nan lide pou nou ka konprann pi byen sa mwen te travèse. Dokiman sa yo ap pèmèt nou wè kote yo te mande m pou m degèpi, ansanm ak kèk manda ak lèt envitasyon mwen te resevwa nan kad batay pou m te remèt teren kote mwen t ap viv la.
Jodi a, mwen santi mwen kapab pale sou sa, paske mwen rive jere tout difikilte sa yo. Batay la gentan fini, e mwen vle pataje temwayaj sa a pou pèsonn pa jije m sou sa yo ta ka konsidere kòm yon mank konpetans oswa yon mank volonte.
Lè mwen te al rete nan zòn sa a, mwen pa t janm konnen mwen t ap gen pou m mennen yon batay konsa. Pou m di nou laverite, batay la pa t fasil ditou. Yo te menm rive genyen yon premye jijman deja, kote yo te ban m yon delè pou m retire tout afè mwen nan lakou a, pou m te ka remèt li.
Se yon rekou mwen te fè, paske premye jijman an te fèt nan yon sitiyasyon kote mwen menm ak madanm mwen te santi nou pa t jwenn jistis. Mwen pa t moun zòn nan, e se poutèt sa mwen te deside mennen batay la an silans.
Mwen pa t janm chèche senpati, ni mwen pa t janm vin plenyen sou rezo sosyal yo. Mwen te konnen anpil moun te ka panse se te yon fason pou m t ap chèche fè bri oswa jwenn vizibilite. Pandan tan sa a, non mwen te deja ap site nan brigad kòm yon malfektè, e kazèk zòn nan te deja pran pozisyon anfas mwen.
Se te yon moman ki te vrèman difisil. Mwen te rive nan yon pwen kote mwen pa t konnen si m t ap kapab rete san m pa tonbe nan yon konplo. Mwen pa t menm konnen ki kote mwen t ap prale ak tout sa mwen te genyen.
Men, nan mitan tout difikilte sa yo, lavi te vin pote yon solisyon pou mwen. Mwen konsidere sa kòm yon mirak lwa te mete sou wout mwen. Nou te jwenn yon tè nan yon pri nou pa t janm panse nou t ap kapab achte. Sa te ban m yon okazyon pou m rekòmanse lavi m, pou m rebati sa mwen te pèdi yo epi pou m kontinye travay mwen.

Apre sa, nou te genyen dezyèm jijman an. Anplis de sa, moun ki te konsène yo te dakò pou yo ranbouse kòb nou te envesti nan lakou a.
Mwen fè tout rapèl sa yo pou nou ka konprann se pa mank volonte ki fè mwen oblije al refè jaden bannann nan yon lòt kote. Se pito paske sikonstans yo pa t favorab pou mwen ankò. Mwen te oblije pran yon lòt direksyon pou m te ka kontinye viv, travay epi avanse.

Se kounye a mwen chwazi pale sou tout bagay sa yo, paske mwen rive rezoud yo san m pa plenyen. Mwen te fè fas ak sitiyasyon an avèk kouraj, diyite ak responsabilite. Mwen te chwazi pote chay mwen kòm yon gason ki konnen sa li vle, san m pa lage responsabilite mwen sou do lòt moun.
Men, mwen pa ka bliye tout konpatriyòt ki te pran tan pou yo mande m kijan bagay yo te ye. Mwen pa ka bliye moun ki te pote kèk ti èd ban mwen an prive, menm lè yo pa t oblije fè sa. Mwen pa t toujou poste tout sa m t ap travèse sou rezo sosyal yo, men sa pa vle di mwen pa t ap goumen.
Mwen remèsye tout moun ki te montre m solidarite, respè ak konpasyon pandan moman sa yo.
Pou m fini, men leson mwen tire nan tout eksperyans sa a:
Tout sa ki pa fèt pou byen nou, ka louvri pòt pou yon pi byen. Pafwa, sa nou konsidere kòm yon pèt se jis yon etap lavi ap itilize pou mennen nou nan yon pi bon destinasyon.
Mwen pa pèdi batay la. Mwen aprann, mwen grandi, mwen rekòmanse, e mwen kontinye mache ak tèt mwen byen wo.

Pye nan labou, tèt nan lekòl.
— Charmant Fanel Taskafe

Téléphone

Adresse

Cavaillon
Cavaillon