Jergus
Enspirasyon m tèlman rapid…ata menm vitès limyè pa ka konpare l✍️dixit Jergus
« J’ai abandonné l’idée de l’abandonner. »
27/06/2026
☆☆☆
L’EMPRISE DU CHAOS #6
☆☆☆
▄ ▄ ▄
La série à suspense écrite par : Jerry GUSTANAR aka Jergus
▄ ▄ ▄
page: Jergus
https://www.facebook.com/jergus42/
▄ ▄ ▄ ▄ ▄▄
Wattpad : Jergus42
https://www.wattpad.com/user/jergus42?utm_source=android&utm_medium=link&utm_campaign=invitefriends
▄ ▄ ▄ ▄ ▄▄
Toujou pataje, like ak kòmante chak grenn épisode. Se seul fason w kapab ede série a rive pi lwen.
█████████████████████████
NB : Gen yon gwoup WhatsApp VIP. Pou w kapab ladan l, gen kritè ou dwe ranpli.
████████
☆☆☆
Épisode #6
☆☆☆
👉 Yon Hôtel abandone nan mòn Kenscoff – 02:00 AM.
👉 Moman an te frèt, li te gen yon sant pen ki t ap boule byen lwen. Ritchy te kanpe bò fenèt la, li pa t mete chemiz, bandaj ki nan bra l la te tache ak san ki sèch sou li. Li t ap gade limyè Pòtoprens yo k ap briye anba a. Daphnée pwoche dèyè l dousman. Li mete men l sou do Ritchy. Li santi chak mak, chak sikatris ki ekri istwa nèg sa a sou po l. Ritchy vire tèt li, zyeu l rankontre zyeu Daphnée. Pa t gen pawòl. Nan silans sa a, te gen tout moun yo te pèdi, tout bal yo te evite, ak tout dife yo te travèse.
Ritchy rale l vlope nan bra l. Bouch yo rankontre. Se pa t yon bo dous, se te yon bo assoiffé, yon bo 2 moun ki pa konnen si y ap wè demen. Ritchy leve l, li depoze l sou gwo yon kabann ki te kouvri ak yon bèl dra swa blan an. Anndan chanm nan, sèl sa n tande se souf yo, ak rad k ap chire. Pou yon fwa, se pa t bruit zam, men se te bruit de moun k ap goumen pou yo santi yo vivan. Daphnée te santi fòs Ritchy sou li, yon pwoteksyon ki te melanje ak yon pasyon sovaj. Lè kò yo fè yon sèl, tout "Chaos" ki deyò a te parèt disparèt.
👉 Se te sèl moman la paix yo te genyen depi lè yo te rantre nan guerre sa a.
👉 Nan yon bèl kay nan Petyonvil, 11:30 AM. T-Lova te chita nan yon salon ki chaje ak luxe, li t ap konte gwo rès kòb li te sove ak li a. Li te peur, paske san èd Clara ak Sonel, li pa t gen pwoteksyon anlè a ankò.
Pòt la louvri. Yon fanm antre. Li pa t gen zam, li pa t gen nèg dèyè l. Li te jis gen yon kaye nwa nan men l. Li rele Sonia.
T-Lova, rale zam li vit : Kiyès ou ye, bèl fanm? Ou pèdi wout ou?
Sonia, chita san l pa mande pèmisyon : M se moun ki pral sove lavi w, T-Lova. Oubyen moun k ap antere w bò kote soeur m nan. Clara se te ti soeur m. M konnen tout kote Sonel te kache kòb li yo nan peyi etranje. Kòb ou gen nan men w la, se ti yon monnen epis.
T-Lova, bese zam li, li kirye : Kisa w vle?
Sonia : M vle tèt Daphnée Mérisier sou yon plato. M vle l soufri jan l te fè sè m nan soufri a. Ou konn béton an, mwen m konn sistèm nan. Si n mete tèt nou ansanm, n ap tounen nouvo "Emprise" la.
👉 Yon lieu secret, pandan l te fè 03:00 nan apremidi.
👉 Daphnée te chita bò kote manman l, Vivianne. Yo te nan yon ti jaden, lwen bruit ville la. Vivianne t ap koupe kèk fleur, li te parèt pi byen, men je l te toujou gen yon tristès ki pa t ap janm fini.
Vivianne : Daphnée, ou menm ak Ritchy... m wè jan n ap gade youn lòt. Men fè atansyon. Lanmou nan mitan lagè se yon faiblesse lènmi an ka itilize kont nou.
Daphnée : Se pa yon faiblesse, manman. Se sèl sa k fè n pa tounen bèt nèt.
👉 Ritchy te vin parèt ak yon move nouvèl.
Ritchy : Daph, gen yon fanm ki t ap pale nan radyo nan kapital la. Li rele Sonia, ki t ap pale nan non fanmi Jean-Jacques. Li mande padon nan non sè l Clara, li di li vin pou l rebati vil la. Li bay tout moun ki grangou manje. Li fè pèp la kòmanse renmen l.
Daphnée, rale soupi : Yon mechan ki fè tèt li pase pou sen... sa pi danjere pase yon nèg ki gen yon zam nan men l. Li vle pran pèp la nan men nou.
👉 YON SEMÈN APRE.
👉 Nan yon katye popilè nan zòn Cité Soleil – 10:00 AM
👉 Solèy la t ap krake sou tòl yo, men nan lari a te gen yon lòt anbyans. Yon gwo kamyon ki chaje ak sak diri, lwil, ak bwat lèt te kanpe nan mitan plas la. Sou kote kamyon an, te gen yon gwo foto Sonia Jean-Jacques ak yon mesaj: "Mwen tounen pou m repare sa k te kase."
👉 Sonia te kanpe sou yon ti tribune, li te mete yon rad blan ki te fè l parèt tankou yon zanj nan mitan fatra ak pousyè a. Li t ap bay timoun yo bonbon, li t ap anbrase granmoun fanm yo.
Sonia, nan yon mikwo : Mwen konnen doulè nou. Mwen konnen ti sè m Clara te fè erè. Men mwen pa menm jan avè l. Mwen pote lavi, mwen pa pote lanmò. Moun k ap tire yo, moun k ap kache nan mòn yo... se yo k lènmi nou tout bon vre.
👉 Nan mitan foul la, te gen nèg T-Lova yo ki te kache an sivil, y ap tcheke si gen moun k ap di move pawòl sou Sonia pou yo ka regle ak yo apre.
👉 Toujou nan lieu secret a, Ritchy ak Daphnée ye a. Pandan l te fè 01:45 PM.
👉 Ritchy te chita sou yon vye chèz an bwa, l ap netwaye zam li ak yon kòlè ki t ap bouyi anndan l. Jergus antre ak yon videyo sou telefòn li k ap montre jan moun yo ap rele "Viv Sonia".
Jergus : Frérot, nèg yo kòmanse ap pale mal de nou nan baz la. Yo di Sonia ap bay kòb, li louvri klinik, epi nou menm... nou sèlman pote lagè ak lapolis dèyè nou.
Ritchy, voye zam nan sou tab la : Se sa k rive lè w batay pou yon moun ki grangou. Depi yon lòt ba l manje, li bliye kiyès ki te mouri pou li.
Daphnée, soti nan douch la, li te gen yon sèvyèt ki vlope nan kò l : Sonia entelijan. Li konnen pèp la fatige ak san. Li vle izole nou, pou lè l tire sou nou, pèsonn pa kriye pou nou.
👉 Daphnée mache vin jwenn Ritchy. Li chita sou jenou l, li poze men l sou figi l ki te gen mak kòlè a.
Daphnée : Nou pa ka goumen ak Sonia nan bay manje tou. Nou pa gen kòb sa a. Fòk nou montre pèp la kote kòb manje sa a soti.
👉 Ritchy gade l, li rale l pi pre l. Tansyon an chanje nèt.
Ritchy : Ou toujou konn sa pou w di... men pafwa m ta renmen n bliye guerre sa a pou yon segonn.
👉 Li desann sèvyèt la dousman. Nan mitan dezòd sa a, nan mitan kòlè a, yo te jwenn yon lòt fason pou yo di "mwen la toujou". Yo fè lanmou ak yon raj, tankou se te dènye fwa tè a t ap vire. Chak fason men yo t ap pase peau yo te gen yon gou viktwa ak dezespwa an menm tan.
👉 Yon bèl kay nan zòn Marlique – 08:00 PM. Sonia t ap bwè yon diven blan nan yon verre cristal. T-Lova te chita devan l, li t ap gade yon kat jeyografik.
T-Lova : M jwenn kote yo kache a. Se yon vye depo dlo nan Bèlè. Si n voye nèg yo aswè a, n ap fini ak yo.
Sonia, souri dousman : Non, T-Lova. Ou twò prese. Si n touye yo kounye a, y ap tounen yon héros. M vle pèp la dechire yo ak pwòp men yo. M vle yo parèt tankou se yo k vòlò kòb Sonel ak Clara te genyen yo.
T-Lova : Kijan n pral fè sa?
Sonia : Nou pral fè yon faux vol nan kamyon manje demen an. N ap peye de jèn nan zòn nan pou yo di se Ritchy ki voye yo vòlè diri moun yo. Lè pèp la an kolè, n ap sèlman gen pou n gade.
👉 Nan mitan lannuit la, pandan l te fè 11:30 PM. Daphnée te chita devan laptop li ankò. Li t ap fouye nan sistèm bankè Sonia te itilize nan Canada a. Bridsoukou, li jwenn yon bagay ki fè l sispann respire.
Daphnée : Ritchy! Gade sa!
👉 Ritchy pwoche, li te gen yon ti bout pantalon sou li.
Daphnée : Sonia pa t ap viv Canada sèlman. Li te gen yon konpayi ki rele Pure Gold. Yo te konn pran tifi isit la, yo voye yo kòm travayè domestik, men an reyalite, se trafik fanm li t ap fè pou kliyan rich.
Ritchy : Se sak fè l te bezwen ONG a! Se te yon faktori pou l chwazi bèl tifi.
👉 Daphnée gade yon lis non ki te nan fichier a... li wè non yon tifi li te konnen byen.
Daphnée : Li gen non ti sè Jergus ladan l tou. Jergus pa konnen ti sè l la mouri, li panse li Canada ap travay.
👉 Ritchy sere pwen l.
Ritchy : Si Jergus wè sa... Sonia p ap bezwen pèp la pou l mouri. Jergus ki ap mete yon grenn bal nan tèt li.
👉 Pandan li te vin fè 01:00 AM. Pòt depo a louvri dousman. Se pa t yon lènmi. Se te Mélissa. Nou sonje Mélissa, zanmi ki te trayi Daphnée a. Li te parèt peur, li te gen yon anvlòp nan men l. Yo pa menm konnen kijan l fè vini la.
Mélissa : Daph... m konnen ou rayi m. Men fòk mwen te di w sa. Sonia ap prepare yon kou pou demen maten. Li vle fè pèp la rache nou. Men sa m jwenn nan biwo l la... se plan wout kamyon k ap pote pwazon an.
Ritchy, vize Mélissa : Poukisa w vin isit la, Mélissa? Ki pyèj sa a?
Mélissa, kriye : Paske Sonia touye manman m kanmenm! Malgre m te fè sa l te di m fè a! Li se yon san kè menm jan ak Clara. M pa gen anyen pou m pèdi ankò!
👉 Daphnée pran anvlòp la. Li gade Ritchy.
Daphnée : Demen, nou pral montre pèp la kisa ki dèyè diri sa yo Sonia ba yo a.
👉 Suite bientôt 🔜
Jergus (@jergus42) Chaque histoire que je partage est un morceau de moi que je vous offre. Je suis Jerry Gustanar alias Jergus, auteur et...
25/06/2026
☆☆☆
L’EMPRISE DU CHAOS #5
☆☆☆
▄ ▄ ▄
La série à suspense écrite par : Jerry GUSTANAR aka Jergus
▄ ▄ ▄
page: Jergus
https://www.facebook.com/jergus42/
▄ ▄ ▄ ▄ ▄▄
Wattpad : Jergus42
https://www.wattpad.com/user/jergus42?utm_source=android&utm_medium=link&utm_campaign=invitefriends
▄ ▄ ▄ ▄ ▄▄
Toujou pataje, like ak kòmante chak grenn épisode. Se seul fason w kapab ede série a rive pi lwen.
█████████████████████████
NB : Gen yon gwoup WhatsApp VIP. Pou w kapab ladan l, gen kritè ou dwe ranpli.
████████
☆☆☆
Épisode #5
☆☆☆
👉 Daphnée ak Ritchy kite morne Fond-des-Nègres ak yon seule idée: fini sa ki te kòmanse nan san an. Men Pòtoprens yo pral jwenn nan, se pa menm vil la ankò. Se yon vil ki an guerre pour de bon, kote lènmi yo chanje vizaj. Yo vin pi vyolan.
👉 Nan yon kamyonèt "Pap-Padap" – 05:45 nan maten.
👉 Kamyonèt la t ap souke sou wout Matisan an, li t ap evite gwo twou ak vye kawotchou k ap boule. Daphnée te mare tèt li ak yon gwo mouchwa tèt, li te mete yon vye rad "pèpè" pou l te ka pase pou yon machann k ap desann lavil. Ritchy te chita bò kote l, li te rale yon chapo pay byen ba sou zyeu l. Li te tankou yon peyizan ki vin vann bannann. Pye Ritchy te toujou ap ba l pwoblèm, men li te sere dan l. Li t ap gade lari a kote mi yo te chaje ak grafiti: "Sonel mouri, Viv Libète!"
Ritchy, di tou ba : Gade figi moun yo, Daphnée. Yo konnen gen yon bagay chanje. Lè yon chèf tonbe san l pa ranplase, se lè sa a lari a pi danjere.
Daphnée : Mwen menm m pa peur lari a ankò, Ritchy. Mwen peur sa k ap pase nan biwo yo, nan kès leta. Clara p ap kite Sonel mouri konsa san l pa pran rès gato a, si l toujou vivan.
👉 Li te vin fè 10:00 AM.
👉 Nan Biwo ONG Jèn Ayiti. Clara te chita sou gwo chèz Sonel la. Li pa t nan kriye. Li pa t gen tan pou sa. Li te gen yon gwo dokiman devan l, epi li t ap pale ak yon avoka ki te parèt peur anpil.
Clara : M pa bezwen konnen si Sonel pa t siyen papye sa yo. Depi jodi a, se mwen ki kòmande tout tranzaksyon yo. Si yon 'centimes' soti san pèmisyon m, se tèt ou k ap tonbe an premye.
Avoka a : Men... Madame Clara... gen yon pwoblèm. Tout compte yo sezi pa leta. Yon moun voye yon preuve bay Bank Santral ki montre lajan sa yo soti nan trafik zam.
👉 Clara frape tab la ak tout fòs li. Blow!!!
Clara : Daphnée! Ti bouzen sa a p ap janm sispann. Rele T-Lova! Di l m pa vle l nan reflechi kijan pou l rive sou yo ankò. Mete pri sou tèt yo nan tout radyo, fè mesaj la pase sou entènèt la, nan tout geto yo. Di se yo ki touye Sonel pou yo vòlè kòb pèp la. E tout kòb yo nan men yo.
👉 02:30 PM.
👉 Yon ti kote sekrè nan mitan Bèlè.
👉 Jergus te resevwa yo nan yon ti kay ki fèt ak blòk ki pa menm pentire, men ki te gen yon pozisyon estratejik sou yon mòn ki bay sou tout lavil la. Ritchy tèlman fèb, li tonbe sou yon kabann, souf li te ba anpil.
Jergus : Nou tounen nan moman ki pi cho a, Chef. Clara mete 2 milyon goud sou tèt nou de a. Tout ti nèg nan lari a ap chèche nou tankou chen fou kounye a.
Daphnée : Se sa m te vle. M vle yo chèche nou, paske pandan y ap gade anba, n ap tire anlè.
👉 Daphnée rale yon ti aparèy li te bati ak rès pati laptop li a.
Daphnée : M pral pirate sistèm kominikasyon Clara a. M vle tout vil la tande sa m jwenn sou CD Fond-des-Nègres yo. Pèp la bezwen konnen kote kòb lekòl yo ak lopital yo pase.
Jergus : Byen. Annatandan kite m pran relè a. Ritchy bezwen repoze.
👉 Lè a t ap kouri san rete. Li te vin fè 07:00 nan aswè.
👉 Kote Mélissa te kache a.
👉 Mélissa te fèmen tout pòt li. Li t ap tranble tankou yon moun k ap fè kriz frison. Li te konnen depi Ritchy ak Daphnée tounen vivan nan Fond-des-Nègres, se li k ap premye moun y ap chèche.
👉 Yon moun frape nan pòt la dousman. Tok... tok... tok.
Mélissa : Kiyès sa? M gen zam wi!
👉 Wouyy😄 Mélissa gen zam. M pa ka ri non 😄
Vwa Daphnée, frèt kou razwa : Ouvri pòt la, Mel. Nou gen yon dèt pou n regle depi nan klas segondè.
👉 Mélissa rale yon ti kouto, men li te konnen sa pa t ap sèvi l anyen. Li ouvri pòt la, li wè Daphnée ak yon zam nan men l, epi Jergus ki kanpe dèyè l.
Mélissa, tonbe ajenou : Daph... m te oblije! Clara te di l ap touye manman m si m pa t fè sa! Mwen pa t vle trayi w tout bon!
👉 Daphnée mache sou li, li ba l yon kalòt pachhhh!!!
Daphnée : Trayizon pa gen eskiz, Mélissa. Men m p ap touye w. M bezwen w pou w fè yon sèl bagay pou mwen. Ou pral rele Clara. Ou pral di l kote n kache... men se pa bò isit la w ap di l.
👉 Toujou nan menm lannwit lan, bò 11:45 PM.
👉 Clara ak T-Lova debake ak de machin chaje ak nèg ame devan yon vye depo bò lanmè a, selon sa Mélissa te di yo. Yo antre ak brutalité, y ap tire nan tout direksyon.
T-Lova : Soti deyò! Pou n fini ak nou! Kote chen ki rele Ritchy a ?
👉 Men depo a te vid. Sèl sa k te gen ladan l se te yon gwo radyo k ap jwe nan mitan an. Bridsoukou, mizik la sispann. Yon vwa kòmanse pale nan tout lari Pòtoprens, sou tout frekans radyo yo: se te vwa Sonel k t ap esplike kòman l peye politisyen ak kijan Clara ap jere trafik fanm nan ONG a. Sa vle di Clara t ap mache fè yo kouche jèn fi ak timoun.
👉 Nan depo a, yon ti limyè wouj kòmanse bip.
Clara, konprann : Retire kò nou! Se yon pyèj!
👉 BOUM!!! 💥 Depo a vole nan syèl la. Men Clara ak T-Lova rive sote deyò jis anvan eksplozyon an. Yo te sal, yo te gen san sou yo, epi yo te wè yon foul moun ki kòmanse rasanble nan lari a ak manchèt ak kòlè nan zyeu yo, apre yo fin tande verite a nan radyo. Yo gentan monte machin, yo retire kò yo. Men lòt nèg ame yo te mouri nan eksplozyon an.
👉 Sepandan Ritchy ki te fè mieux, li menm ak Daphnée t ap gade flanm dife yo byen lwen. Foul la t ap rele, lari a te kòmanse ap manifeste gwo lannwit lan.
Ritchy : Ou fè l, Daphnée. Ou bay pèp la zam ki pi fò a: laverite.
Daphnée, sere men Ritchy : Sa se sèlman dezyèm etap la. Kounye a, rès la se pou mwen. M gen yon randevou ak manman m... nan prizon an.
👉 Daphnée tcheke yon dènye fichier nan valiz li. Li te make: "Vivianne M. – Prizon Sivil Cabaret". Manman l pa t mouri jan l te panse a. Yo te kache l epi ap maltrete l.
👉 Lè pou l te fè 02:30 nan maten. Mesyedam yo te twouve yo nan yon kote sekrè nan zòn bò Kwadèboukè.
Lalin nan te gen yon koulè san, li t ap klere yon vye machin Jergus te jwenn. Daphnée t ap netwaye yon 9 milimèt ak yon moso twal nwa. Zyeu l pa t gen dlo ankò, Okontrè rega l fè peur. Ritchy te chita bò kote l, li t ap vlope yon bandaj sou bra l. Blesi nan pye l la t ap fè ti manje l tou piti.
Ritchy : Prizon sivil Cabaret a pa fasil pou antre, Daphnée. Se pa sèlman lapolis ki la, gen guard sekrè Sonel te peye ki la depi dizan pou veye manman w.
Daphnée, chaje zam nan klak : M pa bezwen l fasil. M bezwen l fèt. Manman m pase dizan dèyè 4 bout mi fènwa pou yon manti. Jodi a, fènwa sa a ap chanje bò.
Jergus, parèt ak yon kat jeyografik : M jwenn yon kontak anndan an. Yon guard ki te konn sèvi papa w. Li di yo deplase Vivianne nan yon sèlil anba tè depi lè yo te tande Sonel mouri a. Clara bay lòd pou yo disparèt manman w anvan solèy leve.
👉 Wout Nasyonal Nimewo 1, pandan l te fè 03:45 nan maten. De gwo moto t ap vole sou wout la ak yon vitès fou. Ritchy ak Jergus sou youn, Daphnée ak yon lòt nèg nan baz la sou lòt la. Yo te mete kagoul nwa.
👉 Toupre prizon an, yo wè yon ti machin nwa ki gen vitre parfumé k ap soti.
Ritchy, nan radyo kominikasyon an : Daphnée! Sa se machin Clara! Yo gentan la!
👉 Anndan Prizon Cabaret – Sèlil 09 – 04:10 maten.
👉 Yon fanm ki gen yon rad blan chire te chita atè a, cheve l te gri nèt, figi l te fin kase ak tristès ak la peine. Se te Vivianne Mérisier. Pòt an fer a louvri ak yon bruit ki te bay kè sote. Clara antre, li te gen yon zam ak yon silansye nan men l.
Clara, souri : Vivianne... dizan sa yo pase vit, pa vre? Men jodi a, kontra a fini. Pitit fi w la twò frekan. Li kwè l ka kraze sa nou bati a. Se pi gwo erè li fè nan lavi l. Jodi a se pwòp pitit ou ki pral pran souf ou.
Vivianne, vwa l te fèb men li te klè : Si l ap goumen... sa vle di san Jean-Baptiste ap pale toujou. Ou mèt touye m, Clara. Men w ap mouri anba men l.
👉 Clara leve zam li, li vize fwon Vivianne.
👉 Anndan lakou prizon an.
👉 BOUM!!! 💥 Yon eksplozyon fèt nan pòs prensipal la. Ritchy te voye yon chaj dinamit sou baryè a. Lapolis ak sekirite yo kòmanse tire nan tout direksyon. Daphnée sote sou yon miray, li glise desann nan koridò anba tè a. Li tande bri bal k ap pete anlè a, men li pa t kanpe. Li te gen yon sèl objektif.
👉 Li rive devan sèlil 09 la. Li wè Clara ki prè pou l peze gachèt la.
Daphnée, rele ak tout fòs li : CLARA!!!
👉 Clara vire tèt li vit, li tire de bal nan direksyon Daphnée. Daphnée plonje dèyè yon poto siman.
Clara: Ou rive anreta, manman bouzen!
👉 Menm moman an, Ritchy debake nan lòt pwent koridò a. Li tire sou Clara, li touche l nan épaule. Clara lage zam li, li rale yon grenad nan pòch li.
Ritchy, kouri di : Daphnée! Retire manman w! Tout anndan an pral eskploze.
👉 Daphnée kouri antre nan selil la. Li wè Vivianne k ap gade l ak de zyeu l gran ouvè.
Vivianne, chuchoter : Daphnée?... Pitit mwen?
Daphnée, rale l monte : Se mwen, Manman. Nou dwe ale kounye a!
👉 Ritchy t ap goumen ak Clara ak kout pwen ak kout pye t ap voye nan mitan lafimen an. Clara te gen yon fòs dezespere. Li al eseye blese Ritchy nan figi, li eseye rale kouto l. Men Ritchy te pi fò, li tòde ponyèt li epi ba l yon kout tèt ki voye l atè.
Ritchy : Sa se pou tout san ou fè koule nan vil sa a! Manman chen.
👉 Lè a te sanse fini. Grenad la Clara te deklanche a t ap fè yon ti bri tit-tit-tit.
👉 Ritchy kouri vit, li ede Daphnée ak Vivianne soti deyò koridò a epi li sote dèyè yo nan yon dènye segonn.
👉 BOOOUUUM!!! 💥 Grenad la sote.
👉 Tout andann an te kraze fè pousyè.
👉 Mesyedam yo te monte moto epi yo ale nan yon zòn bò lanmè, toujou nan vil Cabaret. Li te apèn fin jou nèt.
👉 Solèy la te kòmanse leve. Vivianne te chita sou sab la, l ap gade syèl la pou premye fwa depi dizan. Li te kenbe men Daphnée, li pa t vle lage l. Ritchy te kanpe pi lwen, l ap gade lanmè a. Jergus parèt ak radyo kominikasyon l nan men l.
Jergus : Pòtoprens an dife nèt. Yo gentan di yo Clara mouri nan yon eksplozyon. T-Lova li menm sove ak rès kòb la.
👉 Vivianne gade Daphnée, li rale yon ti chenn ki te nan kou l. Te gen yon ti clé USB ki pi piti toujou ladan l.
Vivianne : Daphnée... sa se vrè eritaj la. Se pa t sèlman prèv sou Sonel. Se kòd aksè pou tout lajan yo te vòlè nan Leta a. Se kòb sa a ki ka rebati zòn nou yo.
👉 Daphnée gade clé a, epi li gade Ritchy.
Daphnée : Nou gen kòb la. Nou gen verite a. Men èske nou pare pou n vin pwochen mèt yo?
Ritchy, vin jwenn yo : Isit la, pa gen mèt ankò. Gen sèlman moun k ap goumen pou yo pa tounen bèt.
👉 Daphnée te vle di eske Ritchy prè pou l vin oswa kontinye dirije zòn kote l abite a. Men Ritchy vle di l montre yo chemen an. Yo rive louvri zyeu tout moun. Se tout moun kounnya ki pou mete grif yo deyò, mete vwa yo deyò pou denonse enjistis. Se menm bagay sa n bezwen nan menm pèp la nan moman an Ayiti. Yon revolisyon pou n soti nan sa n twouve n nan. E se nèg ki gen zam nan men yo nan geto yo, nan katye popilè yo ki pou kòmanse travay la. Pou yo sispann goumen antre yo, pou yo sispann tire sou pèp. Men Okontrè pou yo vire bouch zam sa yo sou nèg ki mete l nan men yo, ki ap vòlè ak dechèpiye lajan pèp.
👉 Yon machin nwa t ap parèt byen lwen sou wout la tou dousman. Se pa t yon machin lènmi. Se te yon foul moun ki t ap vini ak drapo ble ak wouj, y ap rele non Jean-Baptiste Mérisier. Yo te tande sa k te pase nan prizon an.
👉 Daphnée leve kanpe. Li pa t yon viktim ankò. Li te vin yon senbòl.
👉 Li t ap gade vil la ki t ap bay lafimen byen lwen, epi li di:
"Guerre a poko fini. Men fwa sa a, se nou k pral dirije van an. Nou pran desten nou an men."
👉 Suite bientôt 🔜
Jergus (@jergus42) Chaque histoire que je partage est un morceau de moi que je vous offre. Je suis Jerry Gustanar alias Jergus, auteur et...
25/06/2026
☆☆☆
L’EMPRISE DU CHAOS #4
☆☆☆
▄ ▄ ▄
La série à suspense écrite par : Jerry GUSTANAR aka Jergus
▄ ▄ ▄
page: Jergus
https://www.facebook.com/jergus42/
▄ ▄ ▄ ▄ ▄▄
Wattpad : Jergus42
https://www.wattpad.com/user/jergus42?utm_source=android&utm_medium=link&utm_campaign=invitefriends
▄ ▄ ▄ ▄ ▄▄
Toujou pataje, like ak kòmante chak grenn épisode. Se seul fason w kapab ede série a rive pi lwen.
█████████████████████████
NB : Gen yon gwoup WhatsApp VIP. Pou w kapab ladan l, gen kritè ou dwe ranpli.
████████
☆☆☆
Épisode #4
☆☆☆
👉 Sou Wout Sid la – 04:30 AM.
👉 Yon vye kamyon machandiz k ap degaje yon lafimen nwa t ap grenpe "Morne Preval" la. Nan do kamyon an, nan mitan sak chabon ak bwat vye rad, Daphnée ak Ritchy te kache. Ritchy te gen yon gwo dra vlope sou li pou l kache blesi l yo, epi Daphnée te sere laptop la nan lestomak li tankou se te sèl pitit li. Van frèt maten an t ap kase figi yo, men silans mòn lan te parèt pi an sekirite pase bri bal Delmas yo.
Daphnée, ak vwa l tou ba : Ou kwè n ap rive Fond-des-Nègres san lapolis pa kanpe nou sou wout la?
Ritchy, tcheke chajè zam li anba dra a : Tout nèg Leta ak nèg gang yo okipe nan guerre ant Sonel ak Big Goto a. Pòtoprens ap boule, pèsonn pa gen tan pou tcheke vye kamyon chabon jodi a. Men... n ap bezwen yon moun nou ka fè konfyans lè n rive anba a.
Daphnée: M gen non yon moun papa m te ekri nan kaye l la: 'Bernard'. Li di se li k te konstwi lieu secret a.
👉 Kay Sonel – 09:00 AM.
👉 Lokal "Statut d’Eau" a te sanble ak yon simityè. Vitre kraze, twou bal nan tout miray, ak mak san ki sèch sou siman an. Sonel te chita atè a, nan mitan biwo l ki sakaje. Li te pèdi nèg, li te pèdi kòb, epi l te pèdi otorite l. Clara antre, li te gen yon bandaj nan bra l, men zyeu l te pi mechan pase anvan.
Clara : Big Goto fè bak pou maten an, men l pwomèt l ap tounen aswè a si l pa jwenn kòb li. T-Lova jwenn yon tras.
Sonel, leve tèt li vit : Ki tras?
Clara : Yon chofè kamyon chabon di li te wè yon nèg blese ak yon fanm ki gen yon valiz nwa k ap monte nan direksyon Sid. Gen yon sèl kote Jean-Baptiste Mérisier te gen tè... Fond-des-Nègres.
Sonel, leve kanpe, yon sourire démon parèt nan figi l : Yo kwè yo ka ap kache la? Nan bitasyon paran yo. Rele T-Lova. Di l rasanble rès nèg ki bon yo. Nou pral fini sa kote sa te kòmanse a.
👉 Fond-des-Nègres – 02:15 nan apremidi.
👉 Kamyon an depoze yo nan yon ti kalfou ki gen anpil pousyè. Ritchy t ap trennen pye l, men lè l wè mòn yo, li santi yon fòs tounen nan li. Apre yo fin mache pandan yon bon bout tan nan yon ti chantye, yo rive devan yon vye fòjwon k ap bat fè anba yon pye bwa kachiman. Se te yon granmoun gason ki gen muscle li di tankou wòch, po l nwa kou chabon. Se te Bòs Lothan. Yon ansyen enfòmatisyen.
Bòs Lothan, sispann bat fè a, li gade yo : M t ap tann nou depi dizan. M te konnen yon jou, san Mérisier ak san Lafleur t ap gen pou yo jwenn wout lakay.
Daphnée : Bòs Lothan... ki sa k antere isit la ki tèlman gen valè?
Bòs Lothan, gade mòn nan : Se pa lò, se pa lajan sèlman, pitit fi m. Se laverite sou fason yo te vòlè tè pèp la pou yo fè trafik dwòg ak zam. Papa nou yo te gen preuve sou papier ak sou firme. Yo te kache yo nan yon kavèn anba mòn nan, kote sèlman moun ki gen "clé" a ka antre.
👉 Bòs Lothan te fè Daphnée ak Ritchy chita pou yo repoze, li ba yo dlo pou yo bwè, manje pou yo manje. Li te fè ti tan pale ak yo, rankonte yo anpil bagay.
👉 Lè l te fè 5:00 nan apremidi, li t ale ak yo nan mitan mòn nan. Li mennen yo devan yon gwo miray an wòch ki vlope ak lyann ak fèy bwa. Li pouse yon gwo wòch ki parèt nòmal, epi yon ti pòt an fer parèt.
Bòs Lothan : Daphnée, se ou k gen clé a. Ti USB nwa sa a... se pa sèlman fichier ki ladan l. Se yon kòd dijital ki pou debloke pòt sa a.
👉 Daphnée rale laptop la, li konekte l nan yon ti bwat ki te kache nan miray la. Ekran an mande yon kòd. Li tape dat papa l ak manman l te marye... Bip! Pòt la louvri ak yon gwo bri.
👉 Anndan an te chaje ak bwat ki gen achiv, men nan mitan chanm nan, te gen yon gwo coffre an fer.
👉 Li te vin fè 05:45 PM.
👉 Nan moman yo t ap prepare pou yo louvri coffre la, yon bri elikoptè kòmanse parèt nan syèl la. Sa pa t nòmal pou Fond-des-Nègres.
Ritchy, rale zam li vit : Yo jwenn nou! Daphnée, Bos Lothan, pran pozisyon!
👉 T-Lova ak 5 nèg debake nan elikoptè a nan yon ti plenn ki toupre a. Yo kòmanse desann ak gwo zam nan men yo. Sonel ak Clara te dèyè yo.
T-Lova, nan yon megafòn : Ritchy! Soti deyò! Si w panse w imòtèl ebyen w chire. Fwa sa w p ap soti vivan nan sa ki pral rive w la! Se mòn nan k pral tounen simityè nou!
👉 Anndan kachèt la.
👉 Daphnée louvri coffre la. Li pa jwenn lajan ni lò, jan Bòs Lothan te deja di yo. Li jwenn yon sèl vye kamera ak yon pil CD... epi yon lèt ki make: "Pou pitit nou yo".
Menm moman an, yon bal pase nan ti ti twou, li frape laptop la kote l te konekte a. Sistèm nan kòmanse fè bip-bip-bip ak yon limyè wouj.
Bòs Lothan : Anndan an gen yon sistèm sekirite... si sistèm nan domaje, mòn nan ap kòmanse kraze pou l antere tout sa k ladan l! Nou gen 10 minit pou n soti!
👉 Ritchy gade Daphnée, li gade lènmi yo k ap pwoche deyò a, epi li gade anndan an k ap tranble.
Ritchy : Nou p ap soti san preuve yo. Daphnée, pran CD yo! Mwen pral anpeche yo rive sou nou rapid. Yon fason pou ou menm ak Bòs Lothan gentan chape.
👉 Daphnée sere CD yo, men li kenbe men Ritchy.
Daphnée : Nou te di n ap fini sa ansanm. Si miray la ap tonbe, se pou l tonbe sou yo tou!
👉 Daphnée pa vle deplase kite Ritchy.
👉 Anpil bal te kòmanse ap tire deyò a. Anndan an menm, lè a te vin chaje ak pousyè blan, sa te rann li difisil pou moun respire. Daphnée t ap fouye CD yo ak vye dokiman yo nan valiz li ak yon vitès dezespere. Bòs Lothan t ap pouse yon gwo kofre an fer pou l te ka bloke antre a yon ti moman ankò.
Bòs Lothan, ap touse : Sistèm nan dekonekte nèt! Si wòch sa yo kòmanse desann, pèsonn p ap soti! Gen yon lòt wout... yon ti twou ki ouvri ki bay bò rivyè a, men fòk nou pase anba mòn nan!
Ritchy, tcheke de dènye chajè l yo : Daphnée, pran Bòs Lothan, pase nan twou a! M ap rete la pou m kenbe yo. Si yo antre kounye a, y ap tire nou nan do nan ti kofre a. E mwen pa vle sa rive.
Daphnée, kenbe rad Ritchy, zyeu l rete fiks sou li : Non! Nou pa t rive isit la pou m pèdi w ankò. Si w rete, m ap rete!
Ritchy, gade l, ak yon souri frèt sou figi l : Se pa moman pou santiman, Daphnée. Se moman pou misyon. Si m mouri, m ap mouri ak honneur. Men si w mouri, verite a ap antere nèt. Ale!
👉 Deyò a. T-Lova te kanpe dèyè yon gwo wòch, l ap bay nèg li yo lòd pou yo avanse ak grenad. Sonel te kanpe pi lwen, yon zam nan men l, figi l te wouj nèt ak kòlè.
Sonel : T-Lova! Sispann jwe! Voye grenad yo! Kraze antre a! M pa bezwen yo vivan, m jis bezwen valiz la!
Clara, vwa l te sere : Sonel, mòn nan ap krake. Si n fè twòp bri, ak grenad yo, nou tout ap mouri anba wòch sa yo.
Sonel, enève : M pa fout pè mòn! M pè pèdi sa m bati pandan dizan! Tire!
👉 Bap! Bap! De grenad eksploze nan papòt kachèt la. Pòt an fer a vole an mil moso.
👉 Daphnée ak Bòs Lothan t ap rale kò yo nan yon ti koulwa ki tèlman piti, épaule yo t ap frotte sou miray frèt yo. Ritchy te rete dèyè, li te kache dèyè yon gwo poto bien ferme. Lè nèg T-Lova yo antre, Ritchy lage yon rafale bal... Rat-tat-tat! De premye nèg yo tonbe.
T-Lova, rele nan nwa a : Ritchy! Ou se yon nèg vanyan, men w ap goumen pou yon cause ki deja mouri! Bay valiz la, epi m ap kite ni ou ni fanm ou an vi!
Ritchy : Vini chèche l, T-Lova! Si w gen grenn nan bouda w!
👉 Ritchy tire yon lòt rafal kout bal ankò, men pye l ki blese a manke lache l. Li santi yon bal pase bò zòrèy li. Li rale yon ti grenad li te gen nan senti l, li gade plafon an ki te kòmanse fann... Li te konnen sa l pral fè a se te yon misyon swisid.
👉 Daphnée ak Bòs Lothan soti nan yon ti twou ki te kache anba yon pil lyan, bò dlo a. Dlo rivyè a t ap koule ak fòs. Daphnée vire tèt li, li tande yon gwo eksplozyon ki souke tout mòn nan. BOUM! 💥 Yon gwo nyaj pousyè soti nan bouch twou a. Mòn nan kòmanse desann tout bon vre. Gwo wòch ap woule, pyebwa ap rache.
Daphnée, tonbe ajenou bò rivyè a : Ritchy!!! Non!!!
👉 Li t ap gade mòn nan k ap kraze tout sa k devan l. Li te kwè tout moun fini. Men, nan mitan pousyè a, li wè yon moun k ap trennen kò l. Li rale zam li, li vize... Men se pa t Ritchy. Se te Sonel, ki te sal ak san, rad li chire, l ap trennen a yon janm ki kase. Sonel wè Daphnée. Li sourire ak yon sèl dan ki rete nan bouch li. 😄
Sonel, pa menm ka pale byen : Ou kwè w genyen?... San kòb sa yo, san prèv sa yo... ou p ap anyen nan Pòtoprens. Ban m valiz la!
👉 Daphnée kanpe dousman. Li pa t gen okenn peur ankò. Li te gen yon seul vizyon nan tèt li: figi papa l ak Ritchy nan mitan tout sa. Li rale yon grenn CD nan valiz la, li lonje l devan vizaj Sonel.
Daphnée : Ou vle sa a, Sonel? Sa a se konfesyon manman m anvan l te mouri. Li di ki jan w te fòse l trayi papa m.
Sonel, pwoche, men l ap tranble : Ban m li!
👉 Daphnée lage CD a nan dlo rivyè a k t ap koule ak vitès.
Daphnée : Al chèche l nan lanfè.
👉 Sonel rale zam li pou l tire, men menm moman an, yon katouch soti nan mitan rakbwa a. Pan! Sonel pran yon bal nan tèt. Li tonbe nan dlo a, rivyè a pote l ale. Daphnée vire tèt li. Se te Ritchy. Li te kouvri ak pousyè, yon bra l t ap senyen, li te parèt tankou yon fantom ki soti anba tè. Li t ap respire fò, li tonbe nan bra Daphnée.
Ritchy, vwa l tou ba : M... m te di w m se miray la. Miray ka fann, men yo pa tonbe.
👉 Lè a te pase si vit. Li te vin fè 08:30 nan aswè. Yo te chita bò yon ti dife bwa Bòs Lothan te limen nan yon lòt kachèt pi fon nan mòn nan. Daphnée t ap gade rès CD yo ak dokiman yo. Pòtoprens te lwen yo pou moman sa a, men lagè a te deja kòmanse. Yo konnen yo foure tèt yo nan yon bagay ki pa piti.
Daphnée : Nou gen preuve yo, Ritchy. Men Sonel mouri... kiyès ki rete kounnya?
Ritchy : Clara. T-Lova. M pa kwè yo mouri. Yo menm ak tout sistèm ki dèyè yo a. Sonel te sèlman yon pyon. Men kounye a, nou gen "L'Héritage" la nan men nou. Nou p ap kache ankò.
Daphnée rale yon papye nan valiz la. Se te yon kat jeyografik Pòtoprens, ak plizyè point rouge sou li.
Daphnée : Sa se kote yo sere zam yo anba lavil. Demen n ap tounen Pòtoprens. Men fwa sa a, se pa kache n ap al kache... se nou k pral mèt idée yo. Se nou ki manœuvrer volan an.
👉 Sou ekran laptop la ki te mwatye kraze a, yon dènye videyo kòmanse jwe. Se te Jean-Baptiste Mérisier.
Vwa Jean-Baptiste: "Si w ap gade videyo sa a, sa vle di mouri m mouri a pa t anven. Men veye... lènmi ki pi gwo a, se pa moun ki gen zam nan. Se moun k ap souri ba ou a."
👉 Daphnée sonje Mélissa. Li sere pwen l. Li santi se Mélissa te devan l lan, se tout figi l li t ap kraze ak kout pwen.
👉 Eske demen maten Daphnée ak Ritchy ak gen chans rive pòtoprens pou yo fin dechèpiye rès òganizasyon an kriminèl la? Ki kote Mélissa kache? Eske l retire kò l nèt nan pòtoprens? Eske Clara ak T-Lova vivan vre?
👉 Istwa a fè peur 😰. M peur pou Ritchy oswa Daphnée pa mouri.
👉 Suite bientôt 🔜 …
Jergus (@jergus42) Chaque histoire que je partage est un morceau de moi que je vous offre. Je suis Jerry Gustanar alias Jergus, auteur et...
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Contacter la personnalité publique
Site Web
Adresse
Cap-Haïtien