Wandar Club

Wandar Club

Partager

Là où le style rencontre l’ambiance.

Photos from Wandar Club's post 03/04/2026

🔥 WEEK-END PÂQUES - PLEN GRENNEN NAN WANDAR CLUB 🔥
Prepare w pou yon long week-end san parèy kote chak jou gen vibe, sans li 😌🎶

🥁 VANDREDI 3 AVRIL – SPECIAL TROUBADOU NIGHT
N ap retounen nan rasin nou 🇭🇹, ak mizik dantan, mizik tradisyonèl ayisyen an live nan yon anbyans cho, yon vibe natirèl pou vibre tout souvni w !

🎤 SAMDI 4 AVRIL – SAMDI DLO BENI (KARAOKE NIGHT)
Pran mic la, montre talan w, san timidite pou w ofri tèt ou yon bèl sware ki diferan ak tout lòt yo.
Chante • Slam • Pwezi • Dans • Komedi
Dress code: Chic & Glamour ✨

🎉 DIMANCH 5 AVRIL – KIDS ROYAL
Yes timoun yo ladan l tou, soti 2è nan aprè midi rive 6è nan aswè, anbyans lan se pou yo.👶🏽👑
Jwèt • Danse • Animasyon
• Pop corn & Fresko inclus 🍿🥤

🔥 DIMANCH – BANBÒCH
Touswit aprè moman timoun yo, nou antre dwat nan yon banbòch a lenfini pour les banbochè ! 😤💃🏽🕺🏽
Animation DJ’s • Ambiance chaude • Vibe à l’extrême • Free Entry

📍 Wandar Club – Aquin (Rue François Vavale)
📞 Info: (+509) 3830-8540 / 3660-4413

💥 Pa gen eskiz !
Kit ou ap vini pou chill, danse, chante oswa mennen timoun yo pran plezi, Wandar Club se sèl kote pou w ye pandan week-end Pâques la! 🔥🔥

31/03/2026

🎶 Lè tan te dous…
Lè mizik te gen sans…

Anvan DJ, avan bri, se te tan twoubadou, tanbou, dans, makonnen ak lanmou nan mizik ❤️

WANDAR CLUB ap fè w retounen nan bon vye epòk la, nan yon sware espesyal kote n ap chante, danse, viv kilti nou jan l te konn ye nan tan lontan.

🌿 SPECIAL TROUBADOU NIGHT 🌿🪇
Mizik tradisyonèl ayisyen live,
Anbyans cho, natirèl, san fòse… jis bon vibe 😌

📅 Vandredi 3 Avril 2026
📍 Wandar Club, Aquin
⏰ A pati de 8:00 PM
🎟️ 500 GDES

Vin pran plezi w nan rasin ou…
Paske kilti pa janm demode 🇭🇹🔥

05/03/2026

Ap chèche kote pou fè evènman ou? Nou la pou anivèsè, gradyasyon, fèt prive ak plis ankò. Rezève avèk nou!

08/02/2026

14 fevriye se fèt lanmou,
Fè chokola,
Fèt flè,
Fèt kado,
Men se pa tou…
Resevwa kado se youn, pataje jou sa nan lanmou se 2.
Se pou sa WANDAR CLUB chwazi okazyon sa pou l fè de espas li a yon TANP LANMOU kote n ka vin konfese, pataje, viv lanmou ak moun nou renmen nan yon anbyans majik.
Dine entim 🍽️ •
Cocktails 🍸 •
Mizik 🎶 •
Dedikas lanmou 🍯 •
Sou ansanm yon sware batize KONFESYON LANMOU "Love Love Edition".

Kontakte nou depi kounya pou rezève plas ou pou rann moman sa inoubliyab pou moun pa w la selon jan w dezire viv jou sa.

📞 Rezèvasyon: (+509) 3830 8540 / 3660 4413
📍 Aquin Poste Gaille

Antre a gratis, men lanmou pa gen pri ! ❤️

30/01/2026

Dèyè MASK 🎭 la se kè k ap danse,
Nan MOUCHWA◻️ a se kè kontan k ap vole,
TCHATCHA a se ritm lavi a,
Nan DRAPO 🇭🇹yo, se la fyète yo chita.

Dimanch sa ankò, TÈT CHA 🚍.
Full anbyans, n ap tann ou !

Vous voulez que votre entreprise soit Bar la plus cotée à Aquin ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Site Web

Adresse

Poste Des Gailles
Aquin
HT8110