Axe Plus Haïti
Promouvoir:
La culture haïtienne
Les artistes haitiens
La musique haïtienne
Le compas direct
.. https://youtube.com/channel/UCH4RLp0owfYxCRE_5IKBqBA
23/08/2026
CHÈ JÈN ENTÈLEKTYÈL NWA AYISYEN:
AYITI PA GEN TAN POU L DEVLOPE ETAP PA ETAP ENKÒ
M pase anpil tan ap pale de pwoblèm Ayiti ak responsabilite klas entèlektyèl nwa nou an.
Jodi a, mwen vle pale de yon SOLISYON.
Apre plis pase 34 ane map viv deyò Ayiti, apre m fin vwayaje nan plis pase 112 peyi, epi mwen patisipe nan sistèm edikasyon ak mond biznis ameriken an, mwen vin kwè yon bagay:
Ayiti pa ka devlope pandan lap suiv menm chemen tradisyonèl, etap pa etap lot peyi te swiv yo.
Nou twò anreta.
Nou bezwen SOTE KÈK ETAP.
Telekominikasyon deja ban nou yon bon egzanp.
Pandan plizyè ane, Ayiti te gen TELECO ak yon sistèm telefòn fiks ki te limite anpil.
Imajine si solisyon nou te chwazi a se te:
“Ann repare TELECO anvan. Apre sa, ann mete yon telefòn fiks nan chak kay.”
Lè nou ta fini ak rev sa a, lemonn tap deja pase nan yon lòt teknoloji.
Olye de sa, pa yon aksidan de listwa, Ayiti sote zafè telefòn fiks la epi li antre dirèkteman nan TELEFÒN SELILÈ, jodia preske chak ayisyen gen yon telephone.
Òf kòs, te gen kestyon tankou
Kote nap jwenn kouran pou antèn yo ak telefòn yo?
Yon jan kanmenm, nou jwenn solisyon.
Lè bezwen an ase fò, nou adapte nou.
Nouvo business pou chaje telephone pouse tankou djondjon. Kompany telephone yo mete milet, moto etc pou gas rive Nan tout ra kwen pou antè yo gen kouran 24/24
Kidonk, poukisa nou pa aplike menm lojik sa a nan EDIKASYON?
Imajine Ayiti pran yon gwo desizyon:
AVNI EDIKASYON AYITI AP DIGITAL AN PREMYE.
Chak timoun Ayisyen gen yon tablèt.
Li pa oblije yon iPad ki chè. Li kapab yon pad Ayisyen, Taywannè, Chinwa, Ameriken oswa nenpòt lòt pad ki satisfè bezwen sistèm nan.
Liv nou yo vin dijital.
Kou yo vin dijital.
Devwa yo vin dijital.
Bibliyotèk yo vin dijital.
E pwofesè Ayisyen yo pa limite ankò nan kanpe devan yon sèl sal klas.
Koulye a
Yon profesè matematik wanament te ka fè kou pou yon etidyan tibiron, maniche ak anse a vo
Yon pwofesè Ayisyen ki Monreyal ka anseye timoun Jeremi.
Enjenyè ki Miami ka anseye matematik oswa teknoloji bay elèv Jakmèl.
Syantifik Ayisyen ki Pari ka bay elèv Okap kou.
Pwogramè ki New York ka entwodui timoun Ench nan coding.
Nou gen plis pase 4 milyon Ayisyen aletranje, ladan yo gen yon gwo kantite pwofesyonèl ki byen fòme.
POUKISA NOU PA KONEKTE KAPITAL IMEN SA A AK SAL KLAS NOU YO?
E se la devlopman an vin enteresan.
Bay chak timoun yon aparèy dijital, epi tousuit ou kreye yon lòt bezwen:
KOURAN.
Paran yo bezwen chaje aparèy yo.
Lekòl yo bezwen elektrisite.
Kay yo bezwen elektrisite.
Kominote yo bezwen entènèt.
Lè m te timoun lekol Plaisance du Sud, Pat gen kouran, paran m te jwenn kòb pou achte kewozèn pou mete nan lanp tèt gridam pou mwen ak ti sè m yo te ka etidye lannuit.
Si edikasyon pitit yon fanmi depann de kapasite pou chaje yon tablèt, m garanti w fanmi yo, antreprenè yo, Leta ak kominote yo ap jwenn fason pou mete ti sistèm solè, batri ak lòt solisyon enèji nan kay yo pou rezoud problem sa. Epi sel chanjman sa a tap fè haiti vini yon green country.
Koulye a, yon sèl politik edikasyon kòmanse pouse plizyè lòt sektè devlope:
EDIKASYON → ENTÈNÈT → ENÈJI SOLÈ → PEMAN DIJITAL → TEKNOLOJI → DJÒB
Se sa mwen rele SOTE KÈK ETAP POU N AVANSE PI VIT.
Jèn entelektyel ayisyen nwa nou yo pa ta dwe ap advoke pou rebati Ayiti yè a.
Yo ta dwe vle bati enfrastrikti pou Ayiti demen an.
E se la mwen vle lanse yon defi bay jèn entèlektyèl, enjenyè, ekonomis, edikatè, antreprenè ak konsiltan Ayisyen yo.
Pa ban pep pa yon lòt rapò 200 paj pou esplike poukisa Ayiti pa ka fè sa.
Di Nou pito:
Konbyen yon milyon tablèt ap koute?
Kijan nou ka finanse yo?
Kijan nou konekte lekòl yo ak entènèt?
Kijan nou ba yo kouran?
Kijan nou kreye yon kourikoulòm dijital Ayisyen en kreyol?
Kijan nou sètifye pwofesè nan dyaspora a pou yo ka patisipe?
Kijan nou pwoteje timoun yo sou entènèt?
Kijan nou mezire si timoun yo ap aprann vre?
Kijan nou kòmanse ak yon pwojè pilòt pou 10,000 elèv, aprann nan erè nou yo, epi apre sa elaji l?
SE KALITE KONVÈSASYON SA YO MWEN TA VLE PWOCHEN JENERASYON LIDÈ AYITI NWA YO AP FÈ.
Wi, Ayiti gen gwo dezavantaj.
Men pafwa, lè w anreta anpil, sa ba w yon avantaj:
Nou pa oblije rebati sistèm rès mond lan deja kòmanse abandone.
Nou ka ale dirèkteman nan sa kap vini an.
Nou te fè sa ak telekominikasyon/TELECO
Poukisa nou pa ka fè l ak system edikasyon nou an?
Petèt Ayiti pa bezwen sèlman ratrape lòt peyi yo.
Petèt Ayiti bezwen SOTE KEK ETAP, VOLE epi rive kote gwo peyi yo ye jodi a. 🇭🇹
Sa w pense?
👏
Manje sa li pèdi l klè 🤣🤣🤣🤣
I got over 1,000 reactions on my posts last week! Thanks everyone for your support! 🎉
15/08/2026
🧏🧾
KITE M FINALMAN reponn yonn nan jèn ENTÈLEKTYÈL AYISYEN NWA m yo
Dr Wendy Phele résistance
Mwen vle kontinye konvèsasyon sa a paske nou pa ka pale de echèk ekonomik Ayiti san nou pa pale tou de echèk entèlektyèl nou.
Pandan plizyè dizèn ane, anpil nan jèn Ayisyen NWA ki pi briyan yo jwenn bous nan men Leta Ayisyen, gouvènman etranje ak inivèsite entènasyonal pou yo al etidye an Frans, Kanada, Ewòp ak lòt kote.
Yo retounen ak gro diplòm se vre,
Men se ki kalite konesans nou te bay priyorite?
Syans politik. Diplomasi. Dwa. Literati. Syans sosyal. Devlopman entènasyonal. Konsiltasyon.
Tout se domèn ki enpòtan 🤷🏾♂️, men se pou peyi ki konn gou devlopman deja.
Na ka pa ayiti, eske nou janm gen yon obsesyon nasyonal pou jèn nou yo etidye jeni, manufacturing, enfòmatik, telekominikasyon, enèji, agronomi, finans haut nivo, lojistik, rechèch aplike e teknoloji?
Gade anpil nan inivèsite nou yo jodi a.
Pwogram ki gen rapò ak politik, Diplomasi, administrasyon ak syans sosyal fè kenken. Men laboratwa jeni serye, gwo pwogram teknoloji, sant rechèch syantifik, rechèch endistriyèl ak patenarya ant inivèsite ak biznis toujou trè trè limite.
Se pa yon bagay ki rive konsa pa aza, se yon chwa ENTÈLEKTYÈL AYISYEN NWA yo fè.
Sistèm inivèsite nan yon peyi reflete kalite peyi klas entèlektyèl li a imajine.
E sa konekte dirèkteman ak sa map di nan pòs m fè anvan yo.
Nou kreye yon peyi kote li vin pi fasil pou yon moun tounen konsiltan politik pase pase nou jwen moun ki ka rantre traktè pou fè route nan peyi a.
Li pi fasil pou Jèn Entèletyel nwa ayisyen kreye yon ONG pou al tann kwi yo devan BID ak patnè intènasyonal yo, pase yon konpayi platform teknoloji kap itil peyi a.
Li pi fasil pou Jèn Entèletyel nwa ayisyen etidye kijan povrete afekte Ayiti pase pou konstwi endistri ki kapab ede diminye povrete sa a.
Li pi fasil pou Jèn Entèletyel nwa ayisyen ekri rapò sou chomaj pase pou yo devlope faktori ak endistri ki kapab bay plizyè milye moun travay.
Yon lòt kontradiksyon ankò.
Gen entèlektyèl Ayisyen ki al etidye nan gwo ekonomi kapitalis tankou Lafrans ak Kanada. Yo benefisye de inivèsite, enfrastrikti, teknoloji ak kapasite pwodiksyon peyi sa yo.
Apre sa, yo retounen Ayiti ak anpil teyori sou kijan pou redistribye richès (bagay sosyalis net) san yo pa bay kestyon sa a ase enpòtans:
FÒK NOU PWODUI YON BAGAY ANVAN NOU KA DISTRIBYE YON BAGAY.
Mwen pa kont pwogram sosyal.
Mwen pa kont syans sosyal.
Sa map kritike a se DEZEKILIB LA.
Yon peyi pa ka devlope:
ak ekonomis pandan li pa gen ase endistri pou ekonomis sa yo analize.
Ak diplomat pandan peyi pa ekspòte anyen nan pwodwi yo.
Ak avoka pandan pa gen ase antreprenè kap konstwi gwo konpayi.
Ak konsiltan kap ekri rapò sou devlopman pandan pa gen ase enjenyè kap konstwi enfrastrikti.
Problem mwen ak ENTÈLEKTYÈL AYISYEN NWA yo se:
KI SA NOU TE CHWAZI KÒM PRIYORITE?
Inivèsite nou yo ap peye pri a.
Jèn nou yo ap peye pri a.
E peyi a ap peye pri a.
Chè entèlektyèl, konsiltan ak konseye Ayisyen nwa:
Petèt li lè pou nou sispann pwodui yon lòt jenerasyon moun ki prepare sitou pou DISKITE PWOBLÈM AYITI.
Ann prepare yon jenerasyon ki kapab BATI SOLISYON POU AYITI.
Enjenyè. Syantifik. Agwonòm. Pwogramè. Endistriyèl. Inovatè finansye. Chèchè. Antreprenè.
Nou bezwen filozofi ak literati.
Nou bezwen syans politik ak diplomasi.
Men nou bezwen tou laboratwa, faktori, teknoloji, kapital, rechèch ak pwodiksyon.
We can’t consult our way out of this mess.
Yon lè kanmenm, fòk gen moun ki BATI yon bagay.
I never lose
Because every loss is a lesson
Either i win or i grow stronger ( )
I got over 300 reactions on one of my posts last week! Thanks everyone for your support! 🎉
🤙
Vin di kisaw panse de kòman sa ki anba pòs la ?
Haïti chérie, un jour tu renaîtras de tes cendres 😢
🧏👍🧏♀️
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Contacter l'entreprise
Téléphone
Adresse
Aquin
33916