Frère Rama
Mon Dieu est le vrai Dieu!
Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo gode diven an. Li di yo: Gode sa a, se nouvo kontra Bondye pase ak moun. Se avèk san m' ki koule pou nou an li siyen.
Lik 22:20
Kote moun Bondye fè gras yoooooooooooo?
Siw leve vivan maten an se yon gras pa pase san di Bondye mèsi pou gras li
27/10/2025
Nou lageeeeeeeeee
Frère Rama x Maestro Alou/ Bondye merite glwa (live) video Enjoy the videos and music you love, upload original content, and share it all with friends, family, and the world on YouTube.
Lè se men ou te kwè ki t ap siyen lapè avè w la, ki vin tounen kouto k ap blese w la. Di Bondye mèsi, paske li fè w wè ki moun ki t ap kache dèyè souri yo. Pafwa se pa move zanj ki blese w, se Bondye k ap rache w nan men moun ki t ap detwi kè w dousman.
Kenbe fòs ou, se doulè a menm ki ap prepare ou pou benediksyon ki pwòch la.
21/10/2025
Ville de Fort liberté
Pa janm kouri dèyè yon moun ki pa vle rete.
Yon moun ki vle ale, se pa ou ki pou fèmen pòt la. Fòk ou gen diyite w. Lanmou pa fòse, li fèt ak libète. Si yon moun renmen w vre, li pap fè w tounen opsyon. Pa gaspiye enèji w sou moun ki pa wè valè w. Lè w aprann kite sa ki pa bon pou kè w, Bondye voye sa ki fèt pou ou.
Lanmou san lapriyè, san respè, san verite
se lanmou ki gen dat ekspirasyon.
Se pa chak "m renmen w" ki soti nan kè.
Gen moun ki renmen w paske yo bezwen w,
pa paske yo respekte w .Men lanmou ki sòti nan Bondye, se li menm sèlman ki dire, paske li bati sou verite, tolerans, ak lafwa. Chèche relasyon ki fè w grandi, pa relasyon ki detwi lapè w.
Je gade, men kè a wè. Yon kè ki gen konpasyon pa limite ak aparans deyò. Je yo ka wè yon moun abiye byen, ap souri, men kè konpasyon santi doulè ki kache dèyè souri a. Se sa menm Jezi te fè: Li pa t sèlman gade foul moun yo, men Li te wè bezwen yo, fatig yo, vid yo.
Yon kè ki gen konpasyon pa pase vit devan moun. Li pran tan pou l wè yo. Li pa sèlman wè blesi sou po a, men li wè blesi nanm nan. Konpasyon se je espirityèl Bondye mete nan kè nou pou n kapab wè moun menm jan Li wè yo.
Konbyen fwa ou te jis “gade” yon moun, men ou pa t “wè” li? Pafwa se yon kolèg travay, yon fanmi, oswa yon moun nan lari. Nou gade figi yo, men nou pa tande istwa yo. Yon kè ki gen konpasyon pouse w mande: “Kijan ou ye reyèlman?” Li pouse w fè yon ti jès, yon ti pawòl dous, yon ti lapriyè pou yon moun ou remake ki bezwen.
Haga clic aquí para reclamar su Entrada Patrocinada.
Categoría
Contacto la figura publica
Teléfono
Página web
Dirección
Santiago