Ralph Papouche Desmard
Je suis Ralph-P. DESMARD, médecin passionné par la santé et le bien-être.
Via cette page, je partage des informations médicales et des conseils pour vous aider à prendre soin de votre santé. -Infòmew epi fòmew sou anpil maladi ki la men nou inyore.
- Enpòtans Prevansyon kont gerizon
06/30/2025
06/25/2025
06/17/2025
Tansyon wo se yon maladi ki ka devlope lakay ou an silans, sa vle di san ou pa santi okenn sentom. Se pou tèt sa yo rele l tiyè silansye.
Men 5 siy ou pa dwe neglije :
1️⃣ Mal tèt souvan, sitou nan maten
2️⃣ Gwo fatig oswa ou toujou santi w fèb
3️⃣ Wè twoub, difikilte pou w wè byen
4️⃣ Souf kout menm lè pa fè yon gwo efò
5️⃣ Nen ki ap senyen
❗ Si ou remake youn oubyen plizyè nan siy sa yo, al konsilte yon doktè touswit.
Pa kite tansyon mete lavi w ak lavi fanmiy ou an danje!
Kisa ki ka fè tansyon ou ap plede monte?
Se kesyon n'ap genyen pou nou reponn nan prochen piblikasyon nou.
Dr Desmard- Bonjan konsèy pou bon jan sante.
05/11/2021
04/27/2021
Kansè PROSTAT
🧔🏻👱🏼♂️👨🏿🦳👨🏽✈️👨🏾🦯👨🏽💼🕵🏾♂️👨🏾🦰👨🏻🦱
Gen moun ki konn di ke mesye sa fè pwostat.
Jodia mw vle fè w konnen maladi a pa rele pwostat. Okontrè pwostat se yon glann ke gason genyen nan pati jenital li ki kontribye nan likid moun lan ejakile lèl ap fè sèks ou byen lè lap bat laponyèt.
Menm jan ak tout ògàn ki nan kò a, kèk maladi ka atake pwostat la,
Pami yo KANSÈ PWOSTAT.
☆Gen plizyè bagay ki bay Kansè pwostat:
➡laj se pi gwo risk pou moun fè Kansè.
➡ moun ki fimen anpil
➡moun ki PA fè okenn espò
➡moun kap travay kote ki gen bagay toksik
➡li depan de manje wap manje
➡ konsa tou ou ka pranl nan ras (jenetik)
☆Kòman pouw konnen si Kansè pwostat ap atake yon moun?
➡moun lan gen pwoblèm pou l p**i. Lèl ap p**i li fòse e se ti gout pa ti gout lap p**i.
➡moun lan menm bay san nan p**il
➡lè moun lan ap voye se ak doulè epi ti kal espèm li voye
➡moun sa ka gen doulè nan zo sitou nan senti.l lè sa Kansè a gentan ap simaye tout nan kòl.
➡al we yon irológ , ki se yon spesyalis nan domèn sa, pou fe depistaj pou ou.
Si w gen yon moun bò kay ou ki gentan fè Kansè pwostat. Konseye l kite fimen, dil fè egzèsis, manje bagay ki Pagen anpil kalsyòm, jere estrès li, epi al wè yon irológ
☆Mw ankouraje w Kenbe nan Tèt ou ke:
-pwostat pa maladi.
-se moun ki gen plis pase 50 lane ke Kansè pwostat atake
-ke Kansè pwostat sot nan ras tou
-ke depi gen difikilte pou p**i, pou ejakile Fòk ou panse ak yon pwoblem nan pwostat
-moun dwe fè egzèsis, kite fimen pou pa atake maladi sa.
Dr JIM
Cap-haïtien, H*J
Click here to claim your Sponsored Listing.
Category
Contact the school
Telephone
Address
Pierrefonds-Roxboro, QC
H8Y2Y4