Usa News Queen

Usa News Queen

Share

Paj sa a la pou kenbe w enfòme sou dènye nouvèl yo lakay ak aletranje. Rete konekte pou enfòmasyon ki klè, rapid, ak serye

06/09/2026

Nan yon nòt Depatman Jistis mete deyò, Ayè lendi 8 jen 2026 la, yo fè konnen lè yon etranje ap fè magouy pou vin sitwayen ameriken, bay manti sou enplikasyon yo nan krim, nan trafik dwòg elatriye... fòk gen konsekans. Otorite amerikèn yo di, pyès etranje kriminèl pap vin eksplwate pwosesis natiralizasyon an, pandan administrasyon Trump lan. Tolerans Zewo se sa Depatman Jistis di yap aplike komt moun sa yo

06/09/2026

Lauviana Toussaint se non bèl demwazel sa malerezman ,kite nan flaybòt ki koule Ayè lendi 8 jen 2026 lan pandan li tap soti Karyès pou antre Lagonav mezanmi ,Pami 13 moun kite abò, sekouris yo te jwenn 12 ,Jèn fi 24 lane sila t ap vwayaje pase pa Karyès pou al wè fanmil Lagonav. Paran Toussaint mande èd pou jwenn kote li ye hmmm sa vreman tris

06/09/2026

Pa fè koken non , Konbyen nan nou ki reyalize nou te fè tout vi nou nan erè ? mezanmi mwen menm se Kounia konpran Poukisa kas yo pa janm kapab rete Chita nan zorèy mwen sa vle di pat janm te byen metel mwen sezi 😩😩😩😩😩😩😩

06/09/2026

La polis nan Louisiane te arete Dejontay Wings paske mesye a antre nan yn garage li vòlè 200$ e misye tap travay wi souple kòm sekirite nan yn night club men li kite job la li lagel nan vòlè pito se la pou wè anpil moun etazini se dejwe yo ye

06/09/2026

Breaking news 🇺🇸🇺🇸🇺🇸

Se gro koze paradi a pran dife nan miami la polis arete Juan Lopez 41ans paske li boule menaj li vif epi li plumenl mete sou li

Nan Nort Miami towo sa maltrete menaj li ki gn 23 ans epi li lage difé su kò ti dam lan li kite ti dam lan ap soufri ak yn boule 90% sou kò li pandan tout yn jounen olye li menen ti dam lan l'hôpital li filme ti dam lan kap trépase Poul mouri an menm tan sa lap fè bagay avèl , se yn vwazen ti dam lan ki rele polis pandan li tande ti dam lan ap rele pou kunhe an juan nan men lapolis li pral pase tout vil nan prizon pou grosè krime sa 🤷🏻‍♀️

Photos from Usa News Queen's post 06/09/2026

Tanpri Ede Zanmi Mwen, Tina Love ❤️

Fanmi, zanmi ak tout moun ki gen bon kè,

Jodi a, m ap mande nou yon ti sipò pou zanmi mwen, Christina Mesadieu, ke anpil moun konnen sou non Tina Love atravè TNN News.

Depi plis pase yon ane, Tina ap mennen yon gwo batay kont pwoblèm sante grav an silans. Pandan peryòd sa a, li pèdi anpil nan kapasite pou itilize toude men li yo epi li sibi anpil doulè ak difikilte. Malgre li te fè operasyon sou youn nan men li yo, kondisyon li te kontinye vin pi mal.

Apre yon egzamen CT Scan nan mwa avril 2026, doktè yo dekouvri yon timè nan sèvo li ki ap grandi. Depi lè sa a, Tina ap soufri ak gwo maltèt, pwoblèm vizyon, difikilte pou li, ansanm ak lòt sentòm ki fè li pa kapab kontinye travay li renmen an atravè TNN News.

Doktè yo pwograme yon operasyon nan sèvo pou li nan dat 3 dawout 2026. Se yon moman ki trè difisil ak pè pou li ak fanmi li.

Sa ki pi enpòtan, Tina se manman de bèl timoun ki bezwen manman yo. Li ap goumen ak lafwa, kouraj ak espwa, men li bezwen sipò nou pou li pa fè batay sa a poukont li.

Si ou kapab, tanpri fè yon don. Pa gen okenn montan ki twò piti. Chak dola, chak priyè ak chak pataj kapab fè yon gwo diferans nan chemen li pou li reprann lasante li.

Si ou pa kapab fè yon don, tanpri pataje mesaj sa a ak lòt moun. Sipò ou ka ede sove lavi yon manman epi pèmèt li kontinye la pou pitit li yo.

Mèsi anpil pou jantiyès nou, priyè nou ak sipò nou. Tanpri kenbe Tina Love ak fanmi li nan panse ak lapriyè nou pandan moman difisil sa a.

06/08/2026

BREAKING NEWS
Depatman jistis kise DOJ pral retire
Sitwayente kèk migran ki te natiralize Ameriken paske moun yo te bay manti nan aplikasyon yo, 17 deja idantifye ??

06/08/2026

Mezanmi yon tranbleman de tè ki pase a nan peyi Philippine a 7.8 Jodi lendi a se pa de dega non ki pa fét wouyyy Bagay fém sonje 12 janvye Lakay nou wi hmmm papa

06/08/2026

Imajine Mario Andresol pa konn non mèt kamyon s*k la epiw wèl imilye 2 sòlda yo konsa , kijan pou ministè Defans ap ekri yon lèt pou lap mete Adams ensi koni , youn nan sousou Andresol yo fèm konprann lèt sa a ?

Mwen di nou sa deja Mario Andresol se Show off kel tap fè men li panse ke sosyete a t pral aplodi tenten li fè 2 jèn sòlda yo

Mario Andresol dwe revoke
1- Pou enkonpetan
2- Pou abi dotorite
3- Pou non respè lwa ki gen nan lame a
4 -Poutèt li t vle endwi sosyete nan erè

NB ) Laprès dwe kenbe dosye sa a rèd oou jis yo jwenn vrè rezon ki fè Mario Andresol konpòtel an Mobutu lèl chwazi imilye 2 jèn gason sa yo sanl pa menm mennen yon bon amkèt pou konnen kisa ki t pase vre

06/08/2026

Jet prive Ameriken an, Gulfstream G200, matrikil N318JF, fè yon terib aksidan yè dimanch 7 jen 2026 la, nan Ayewopò Entènasyonal La Romana an Repiblik Dominikèn.

Daprè premye enfòmasyon yo, avyon an te dekole nòmalman pou ale nan vil Austin, Texas (Etazini). Tou swit aprè dekolaj la, avyon an ta fè fas ak yon pwoblèm teknik, sa ki te fòse pilòt yo retounen nan ayewopò a. Malerezman pandan tantativ aterisaj ijans lan, avyon an kraze epi pran dife.

Nan avyon sa te genyen sèlman 2 moun : pilòt la ak kopilòt la. Pat gen okenn pasaje abò. Malerezman tou 2 manm ekipaj yo pèdi lavi yo nan trajedi a :
* Erick Javier Diago
* Rudy Ghazal

Otorite dominikèn yo deja louvri yon ankèt pou detèmine kòz egzak aksidan. Ekip sekou yo te rive rapidman sou plas la, men yo pat rive sove 2 manm ekipaj yo

Want your business to be the top-listed Media Company in Miami?
Click here to claim your Sponsored Listing.

Address

Wedgwood Plaza Drive
Miami, FL
33404