Market Talk

Market Talk

Share

🎙️ Finance | Investing | Education

📊 Simplifying the stock market for everyone. We help you understand financial markets and stay on top of the latest trends.

Accessible, practical, and engaging finance for the new generation of investors.

09/13/2026

📢 Anons pou kominote Market Talk la

Nou pap gen emisyon Market Talk jodi a.

N ap reprann randevou nou trè byento pou n kontinye pale sou mache yo, ekonomi an ak envestisman ansanm.

Mèsi anpil pou fidelite nou ak sipò nou. 🙏🏾

— Ekip Market Talk

09/06/2026

Nan Market Talk jodi a, n ap gade diferans ant Growth Investing ak Value Investing, kijan pou evite value trap yo. N ap pase tou sou 5 nouvèl semèn nan, top ak flop yo, epi sa pou n siveye semèn pwochèn.

Avètisman : Kontni sa a se pou edikasyon ak enfòmasyon sèlman. Li pa yon konsèy finansye pèsonalize ni yon rekòmandasyon pou achte oswa vann. Tout envestisman gen risk pou w pèdi kapital ou.

09/06/2026

Jodi a n ap pale sou yon kesyon anpil envestisè poze tèt yo:

Growth vs Value : èske li pi bon peye chè pou kwasans, oswa achte sa ki bon mache?

N ap pase sou nouvèl semèn nan, top/flop yo, epi n ap gade kijan pou evite value trap ak move entèpretasyon sou P/E.

🕘 Pa bliye branche avèk nou sou Market Talk nan kèk minit.

09/03/2026

📉 Goldman Sachs avèti enveatisè yo pou yo pa atann menm redman ekstraòdinè yo ankò.

Apre plizyè ane trè fò pou Wall Street, bank lan estime mache a kapab kontinye monte, men ak plis difikilte.

Poukisa ?

➡️ Valorizasyon yo deja wo.
➡️ Obligasyon yo vin pi konpetitif.
➡️ Antrepriz yo pral bezwen delivre plis benefis reyèl.

🤖 Sou IA, Goldman wè yon lòt risk: se pa sèlman pri aksyon yo, men atant sou pwofi yo ki ka twò wo.

💡 Nan Bous, pafwa pi gwo risk la se pa move nouvèl la… se lè mache a te deja espere twòp.

💬 Ou panse pwochen 12 mwa yo ap pi difisil pou envestisè yo?

08/31/2026

🛢️📈 Petwòl pase $90, chans Fed monte to depase 65 %

Yon nouvo presyon parèt pou Wall Street: pri petwòl la ap monte ankò.

Lendi, Brent la monte 2,5 % pou rive $90,34, pandan WTI a rive $85,51, sou fon nouvo tansyon ant Etazini ak Iran.

🤔 Poukisa sa enpòtan?

Petwòl ki pi chè kapab mete plis presyon sou enflasyon, nan yon moman kote Fed la deja ap lite pou ramennen li nan objektif 2 % li.

Apre diskou Kevin Warsh nan Jackson Hole ak nouvo presyon sou pri enèji yo, mache a bay kounye a plis pase 65 % chans pou Fed monte to yo 0,25 pwen nan mwa septanm.

⚠️ Se yon estimasyon mache a, se pa yon desizyon Fed la.

An menm tan, rendement Treasury 10 ane a monte anviwon 4,76 %.

➡️ Petwòl pi chè
➡️ Plis risk enflasyon
➡️ To kapab rete wo
➡️ Plis presyon sou aksyon

Pwochen gwo tès la: rapò sou travay ameriken an, 4 septanm.

la.

08/30/2026

Ki risk ki genyen lè w antre anvan earnings, e ki avantaj ki genyen lè w tann konfimasyon mache a?

Avètisman: Kontni sa a se pou edikasyon ak enfòmasyon sèlman. Li pa yon konsèy finansye pèsonalize ni yon rekòmandasyon pou achte oswa vann. Tout envestisman gen risk pou w pèdi kapital ou.

08/26/2026

📊NVIDIA depase atant Wall Street yo ankò.

NVDA fè pi bon pase sa mache a t ap tann pou trimès la :
💰 Revni: $96,22B vs $92,38B estime
📈 BPA ajiste: $2,22 vs $2,09 estime
🖥️ Revni Data Center: $89B vs $85,86B estime

Sa montre yon bagay klè: demann pou enfrastrikti AI a rete trè solid.
Pou kounye a, NVIDIA kontinye livre.

08/23/2026

Goldman Sachs retire Broadcom, Microsoft antre nan lis konviksyon li a

Nan rebalansman US Conviction List 3 dawout 2026 la, 7 tit antre, 4 soti.

Pi gwo mouvman an : Broadcom soti sitou pou kesyon valorizasyon, pandan Microsoft antre ak yon objektif 640 $, Goldman ap parye plis sou deplasman depans IA yo soti nan enfrastrikti pou ale nan lojisyèl ak aplikasyon antrepriz tankou Azure ak Copilot.

Lòt antre yo : AMAT 645 $ · AON 430 $ · UPS 132 $ · VIK 120 $ · DAL · ORLY

📌 Goldman pa kite tèm IA a. Li ap deplase ekspozisyon li anndan menm tèm nan: mwens sou chip, plis sou ekipman fabrikasyon ak lojisyèl.
E sonje: yon Conviction List pa yon pòtfèy Goldman Sachs. Se aksyon analis bank lan mete plis an avan, pa aksyon bank lan nesesèman achte pou pwòp kont li.

Sous: Goldman Sachs US Conviction List, rebalansman 3 dawout 2026, rapòte pa Investing.com, 24/7 Wall St. ak Roic News.

08/23/2026

Momentum Investing vs Buy the Dip : kilè pou swiv tandans lan, kilè pou achte koreksyon an?

Nan Market Talk jodi a, n ap gade kijan pou fè diferans ant yon aksyon ki gen vrè momentum ak yon aksyon ki jis ap monte twò vit.

N ap pale tou de:
• 5 gwo nouvèl semèn nan
• Top ak flop yo
• Moderna, Coinbase, Walmart, SanDisk
• Kijan pou rekonèt yon koreksyon valyasyon
• Kilè yon “dip” ka yon opòtinite… oswa yon pyèj

📺 Seyans lan pre-anrejistre. Branche pou Market Talk.
⚠️ Disclaimer : Tout sa n ap pataje nan emisyon sa a se pou edikasyon ak enfòmasyon sèlman. Sa pa konsèy finansye, ni rekòmandasyon envestisman. Nou ankouraje w fè rechèch pa w avan ou pran nenpòt desizyon finansye.

08/18/2026

📊 45 % fanm ameriken ki gen 25 rive 44 an ka selibatè an 2030

Chif la soti nan yon pwojeksyon Morgan Stanley Research, pibliye 23 septanm 2019 nan analiz “Rise of the SHEconomy”. Sou baz done U.S. Census Bureau, bank lan te estime pwopòsyon an ta ka pase soti anviwon 41 % an 2018 pou rive 45 % an 2030.

Poukisa?
Moun marye pi ta, plis fanm rete selibatè, yo fè pitit pi ta, epi plis fanm patisipe nan mache travay la.

Men pou Market Talk, sa ki pi enteresan an se konsekans ekonomik la.
Morgan Stanley rele fenomèn sa a “SHEconomy”: plis fanm k ap touche pwòp revni yo, bati patrimwàn epi pran pwòp desizyon finansye yo.

Nan yon nouvo analiz pibliye 20 mas 2026, Morgan Stanley retounen sou menm tandans lan. Bank lan estime kantite fanm selibatè Ozetazini ap grandi anviwon 1,2 % pa ane, kont 0,8 % pou popilasyon total la.

💰 Sou 20 pwochen ane yo, anviwon 124 000 milya dola nan patrimwàn ta dwe chanje men Ozetazini, epi fanm yo ta ka resevwa yon gwo pati ladan l.

⚠️ Men gen obstak toujou : eka salarial, penalite matènite, pri gadri, epi risk otomatizasyon ak IA sou kèk metye kote fanm yo plis prezan.

📌 Pou mete sa an kontèks : chif 45 % la se yon pwojeksyon ki soti nan 2019. Analiz 2026 la pa mete chif sa a ajou, men li montre tandans ekonomik ki dèyè li a toujou prezan.
Kesyon an pa sèlman konbyen fanm ki pral selibatè. Se konbyen pouvwa ekonomik yo pral genyen.

📚 Sous : Morgan Stanley Research, Rise of the SHEconomy, 23 septanm 2019; Morgan Stanley Wealth Management, The Power Behind the SHEconomy, 20 mas 2026.

Want your public figure to be the top-listed Public Figure in Lansing?
Click here to claim your Sponsored Listing.

Category

Website

Address

Lansing, MI
48917