Tourist Visa

Tourist visa to visit the U.S.: Preparation for interview. D'Meza Law Firm helps clients who want to obtain a tourist visa to visit the United States.

Our law firm provides expert preparation for embassy interviews.

02/01/2017

Google

Today, February 1, 2017, Google (https://www.google.com/) is celebrating Mary Edmonia Lewis, a superb black woman sculptor born in the United States. Her father was HAITIAN. (https://en.wikipedia.org/wiki/Edmonia_Lewis)

google.com Celebrating Edmonia Lewis

01/20/2017

Kabrit ak tout nèg yo KANPE RÈD OGADAVOU pou salye prezidan BARACK OBAMA. Nou tout diw MÈSI ANPIL pou sa ou reprezante pou nou. Ke GRAN MÈT la beniw ak fanmiw.

01/20/2017

JODIA 20 JANVYE, se anivesè lanmò MAKANDAL an 1758. NÈG MAWON se MAKANDAL. Kabrit ak tout nèg yo KANPE RÈD pou salye KOKENN NWA sa ke franse tye ak PÈ LEBREN.

01/19/2017

REKLAM POU VISA SERVICES
VIZA TOURIS pou AYISYEN vizite Etazini. OU PAP PEYE si nou pa jwenn viza. Pou enfomasyon GRATIS, rele VISA SERVICES nan (305)400-9077.
Biwo an Ayiti ak Florida.

01/01/2017

Bon Ane 2017 !
Bonne Année 2017 !
Happy New Year 2017!

06/02/2016

Gen yon moun sou sit la ki mande
POUKISA CONSUL AMERIKEN PA BAY VRÈ REZON YO BAY REFI A.

Nou sispèk ke consul yo ap kontinye ak menm taktik la. Consul yo kenbe SEKRÈ DOSYE ak maksimòm diskresyon lè yo pa bay detay refi. En effet, siw te yon consul, ou ta ka prefere menm taktik sa. Banm bay yon egzanp:

Ou se consul la. Ti Djo parèt devanw nan enteviou viza touris. Tout bagay parèt bèl pou Ti Djo. Sepandan, lè ou gade nan ekran odinatèw, ou wè yon rapò ke Ti Djo se youn nan moun ki te kòmanse yon manifestasyon ki te koz kèk inosan pèdi vi yo. Pou tèt sa, ou DESIDE bay Ti Djo refi. Men kesyon an:

ESKE WAP DI TI DJO VRÈ REZON OU DESIDE BALI REFI?

Siw ta deside di Ti Djo vrè rezon an, ki efè negatif sa ka genyen? Eske lap ede anbasad la siw di Ti Djo rezon an? Antan ke consul, ou ka pito deside di Ti Djo OU PA KALIFYE.

Map di nou tou ke se selman yon egzanp mwen itilize poum eseye eksplike jan consul Ameriken panse nan ka viza touris. Men sa pou nou sonje:

ANBASAD LA GEN AKSÈ AK TOUT KALITE ENFÒMASYON, MENM SA NOU PANSE YO PA KONNEN.

Nan kabinè a, nou renmen fe kliyan nou:
PANSE TANKOU YON CONSUL.

05/30/2016

Mwen retounen Ayiti Samdi 29 me. Anplwaye kabinè a te jwenn bon tretman medikal nan Florida. N'ap remèsye 3 kokenn doktè Ayisyen sa yo ak tout staff yo pou èd yo:

Doktè Robert Gary Victome
Doktè Lydie Pierre-Louis
Doktè Jean-Claude Labissière
Yon kokenn kout chapo pou yo tout. Yon GWO mèsi.

M’ap Ayiti pou 3 semèn. Apre sa, m’ap retounen nan kabinè New York la pou yon mwa. Kliyan Ayiti ki enterese ka kontakte kabinè a.
Lendi a vandredi, 9am jiska 5pm.
4621-0510 ak 4621-0204
Avoka Bob D’Meza

05/11/2016

travel.state.gov

Gen anpil moun ki te mande kabinè a poukisa anbasad la kansèl viza anpil moun ki gen viza touris ki al akouche Ozetazini. Nou te blije ekri pou nou mande anbasad la pou pozisyon li sou kesyon sa. Nou mete repons anbasad la anba. Nou tradwi repons anbasad la de angle a kreyòl. Men konklizyon nap bay dapre sa anbasad la di:

Si yon moun gen viza touris, lalwa pa entedi’l akouche Ozetazini. Sepandan, si moun nan deside akouche Ozetazini, fòk li peye pou frè medikal akouchman. Si moun nan aplike pou Medicaid peye pou akouchman, ke Medicaid peye, oswa Medicaid pa peye, moun nan riske pedi viza touris li. Kòm aspè sa yon ti jan konplike, nap eksplike poukisa dapre sa anbasad la di (e anbasad la gen rezon).

Pou yon moun jwenn yon viza touris, fòk moun nan montre ke li gen lyen fò ak peyi li. Pou nou di li yon lòt fason, fòk moun nan montre ke li konfòtab lakay li. Fòk moun nan montre ke li konfòtab ekonomikman. Montre konfò ekonomik ka vle di OU PA PÒV. Sepandan, men pwoblem TET CHAJE a.

Lè ou aplike pou Medicaid, se tankou ou di gouvènman Ameriken an ke OU PÒV. Kòm ou pov, ou ta renmen ke pèp Ameriken peye frè medikal akouchman ou. Nou wè pwoblem nan? Kòm anbasad la wè ke ou DI gouvènman Ameriken ke OU PÒV, anbasad la kounye a di ke kondisyon konfò ekonomik ki te fèw kalifye pou viza touris la PA LA ANKÒ. Se yon kokenn frap sa ye wi. Men, anbasad la gen rezon.

Anbasad la adisyone ke si yon moun ka peye frè medikal li, anbasad la ap konsidere sa kòm yon faktè pozitif ki ka fè li pa kansèl viza moun nan.

Konklizyon
FÈ ATANSYON AK VIZA TOURIS OU LÈ OU DESIDE AL AKOUCHE OZETAZINI.

----(Repons anbasad la)----

Mesye D'Meza,

Tanpri gade nan http://travel.state.gov pou anpil enfòmasyon sou kalifikasyon pou yon viza non-imigran (NIV). Chak anbasad peyi Etazini nan mond la aplike menm lwa ak règleman yo.

Kòm ou konnen, kalite ki pi komen nan NIV se yon viza B, ke moun ka itilize pou vizit tankou touris, wè fanmi ak zanmi, oswa tretman medikal. Si yon aplikan ap chèche tretman medikal nan Etazini, ofisye konsila a ka mande enfomasyon sa yo nan entèvyou viza:

1) Dyagnostik medikal ki sòti nan yon doktè lokal, ki eksplike nati maladi a ak rezon ki fè aplikan an bezwen tretman nan Etazini.
2) Lèt nan men yon doktè oswa yon sant medikal nan Etazini, ki deklare yo vle trete aplikan an nan maladi espesifik ak detay sou longè ak pri tretman (ki gen ladanl frè doktè, frè entène lopital, ak tout sa ki gen rapò ak depans medikal).
3) Prèv ke transpò aplikan an a, depans medikal, ak depans de vi nan Etazini ap peye. Prèv yo ka nan fòm atestasyon bank oswa lòt deklarasyon de revni / ekonomi oswa kopi sètifye de deklarasyon definitif denpo (swa aplikan an, oswa moun / oswa òganizasyon kap peye pou tretman an).

Nou wè kèk aplikan ki te deja jwenn tretman medikal nan Etazini, e ki te aplike pou asistans piblik nan pwogram Medicaid la pou peye pou tretman. Yon aplikasyon pou Medicaid ekzije benefisyè a pou li montre ke li nan yon sitiyasyon pòv, ki mande pou pep Ameriken ta bay sipo finansye. Pou kalifye pou yon NIV, aplikan dwe simonte sipozisyon ke yo gen entansyon imigran, ki mande pou yo montre ke yo gen lyen fò (ekonomik, sosyal, travay, kiltirèl, elatriye) ak peyi yo kote yo gen entansyon retounen. Reklamasyon kondisyon pòv ke yon moun fe pou li kalifye pou Medicaid gen tandans afekte negativman kapasite aplikan an pou li pwouve ke li pa gen entansyon imigran. Si, nan lòt men an, aplikan ki jwenn tretman medikal nan Etazini kapab montre ke yo pat sèvi ak asistans piblik, se ka yon faktè pozitif nan analiz konsenan entansyon imigran.

Senserite,
Inite korespondans
Seksyon konsilè
Anbasad Ameriken, Pòtoprens


---------------------------------------------------------------
(ENGLISH)
Mr. DMeza,

Please refer to http://travel.state.gov for extensive information on qualification for a nonimmigrant visa (NIV). Every U.S. embassy in the world applies the same law and regulations.

As you know, the most common type of NIV is a B visa, which can be used for visits such as tourism, seeing family and friends, or medical treatment. If an applicant is seeking medical treatment in the United States, the consular officer may ask for the following at a visa interview:

· Medical diagnosis from a local physician, explaining the nature of the ailment and the reason the applicant needs treatment in the United States.
· Letter from a physician or medical facility in the United States, stating they are willing to treat the applicants specific ailment and detailing the projected length and cost of treatment (including doctors fees, hospitalization fees, and all medical-related expenses).
· Proof that the applicants transportation, medical, and living expenses in the United States will be paid. This may be in the form of bank or other statements of income/savings or certified copies of income tax returns (either the applicants or the person or organization paying for your treatment).

We see some applicants who have already obtained medical treatment in the United States, and applied for public assistance through the Medicaid program to pay for that treatment. An application for Medicaid ýrequires the beneficiary to document an impoverished situation requiring US taxpayers to provide financial support. To qualify for a NIV, applicants must overcome the presumption that they are intending immigrants by establishing they have strong ties - economic, social, employment, cultural, etc. - to a residence overseas to which they intend to return. The impoverished conditions claim made to qualify for Medicaid tends to negatively affect an applicants ability to overcome that presumption. If, on the other hand, applicants who obtained medical treatment in the United States are able to show that they did not use public assistance, that would be a positive factor in the analysis of immigrant intent.

Regards,
Correspondence Unit
Consular Section
U.S. Embassy, Port-au-Prince

travel.state.gov

04/12/2016

Gen detwa kliyan ki mande nou KI WÒL KABINÈ A JWE. Gen yon kote nou te reponn NOU JWE WÒL GRATE TÈT NOU. Nou reponn konsa pou nou fè moun yo reflechi. Sepandan, gen yon verite nan sa nou di a: Gen kliyan ki fè nou grate tèt nou vrèman.

Jodia, nap touche sou 7 topic:

1) Wòl kabinè a jwe;
2) Panse tankou yon consul;
3) Nonimmigrant Intent;
4) Present Intent;
5) Yon bon fason pou reponn kesyon nan entèviou;
6) Sa pou di si consul la apwouve’w; and
7) Sa pou di si consul la ba’w refi.

WÒL KABINÈ A JWE
An jeneral, yon kabinè avoka reprezante kliyan. Kabinè a ka ap chache yon benefis pou kliyan li. Oswa, kabinè a ka ap defann yon kliyan. Nan ka viza touris, non sèlman ke kabinè a ekri anbasad la pou li byen prezante kliyan an, kabinè a ka plis jwe yon wòl KONSEYE paske, pou nou, preparasyon se pati ki pi enpòtan nan ka viza touris. Nou ede kliyan nou prepare byen. Nou ede kliyan nou KONFÒTAB nan entèviou.

PANSE TANKOU YON CONSUL
Nan preparasyon kliyan nou, nou ede kliyan panse tankou yon consul. Eksperyans nou montre nou ke kliyan ki byen konprann wòl yon consul, ak kijan consul la ap panse nan entèviou a, degaje yo pi byen nan demann viza touris.

NONIMMIGRANT INTENT
Lalwa Ameriken di, pou yon moun jwenn viza touris, fòk moun nan montre ke li genyen NONIMMIGRANT INTENT. Sa vle di, fòk moun nan montre consul la ke entansyon li se pa al abite Ozetazini. Entansyon li se pati-tounen. Sepandan, lalwa fè yon ti ede moun nan ak yon bagay ENPÒTAN ki rele PRESENT INTENT (entansyon nan leprezan).

PRESENT INTENT
Koupe Kloue gen yon ti mizik ki di:
JIJ, JIJE’M BYEN. PA JIJE’M ISIT, PA JIJE’M LÒTBÒ, JIJE’M LA.
Li parèt tankou U.S. Congress te tande Koupe Kloue. Bannou eksplike PRESENT INTENT.

Lalwa di consul la:
Consul, chache determine eske moun nan ap retounen Ayiti apre vwayaj li. Epi, consul, kòm se yon desizyon difisil, nou ba’w maksimòm diskresyon. Sètadi, fè sa ou vle. Men, sepandan, nou vle’w jije moun dapre entansyon li genyen PANDAN LI KANPE DEVAN’W la nan entèviou a. Sètadi, jije moun nan daprè entansyon li nan leprezan (PRESENT INTENT). Pa jije li daprè entansyon li nan le futur. Lalwa adisyone, CONSUL, le fè ke’w panse ke moun nan KA CHANJE MIND li lè li rive Ozetanini, ou pa dwe bay li refi pou tèt sa.

Nou konprann? Nou wè distenksyon an? Lalwa di consul la pou li baze desizyon’l sou entansyon moun nan PANDAN LI KANPE DEVAN CONSUL LA.

Se yon gwo bagay ke lalwa di applicant yo. Lalwa di:
Tipap, lè ou pral nan entèviou viza touris, EFASE nan tèt ou tout nosyon ke ou pap retounen lakay ou. Fòk nou di lalwa MÈSI POU TI ÈD SA.

YON BON FASON POU REPONN KESYON NAN ENTÈVIOU
Imajine ou se yon consul. Jean ak Joseph parèt devan’w youn apre lot nan enteviou. Ou poze yo menm kesyon an:
OU MARYE?
Jean reponn: NON
Joseph reponn: MWEN POKO, CONSUL. MENNAJ MWEN AN AP TRENNEN PYEL.
Antan ke consul, kiyès nan 2 moun sa yo ou pi apresye?
Si ou di Joseph, ou gen rezon. Men poukisa? Nap ba’w yon règ jeneral:
LÈ CONSUL LA POZE’W YON KESYON, BALI 2 REPONS SI’W KAPAB.
Montre consul la ke ou HUMAIN, ke ou pa yon ROBO. Epi, montre consul la ou KONFÒTAB. Majorite moun ki parèt devan consul la pa reponn konsa.
Nan kabinè a, nou prepare’w tou pou reponn byen. Pou KONFÒTAB.

SA POU DI SI CONSUL LA APWOUVE’W
Kwake ou santi’w byen ANPIL, kenbe li senp. Di consul la:
MÈSI ANPIL, CONSUL. MWEN APRESYE SA. BON JOUNEN.
Consul la ap apresye ke ou di’l sa.

SA POU DI SI CONSUL LA BA’W REFI
Kwake ou dezole, eseye di consul la:
CONSUL, MWEN KONNEN JOB OU PA FASIL. PETÈT PROCHÈN FWA. BON JOUNEN.
Ou pa janm konnen, consul la ka fè yon ti nòt pozitif nan dosye’w. Epi, pafwa anbasad la konn rele moun nan telefòn pou yo retounen wi.

Avoka Bob D’Meza
----------------------------------------------------------
New York:
2046 Windsor Road
Baldwin NY 11510
(718)856-8800
(800)732-8585

Ayiti:
345 Autoroute de Delmas
(ant Delmas 77 et 79, en face de BNC)
Port-au-Prince
(509)4621-0510
(509)4621-0204

04/12/2016

SITE UPDATE / SIT WEB LA
Nou ranje pwoblèm teknik ki konn fè sit la pa parèt lè nou fèk vizite'l.
N'ap remesye Milens ki fè nou wè sa. Very cool, Milens.
Nou ka vizite sit kabinè a ankò:

https://www.bVisa.us/

04/11/2016

Gen moun ki mande poukisa Consul la pase rapid sou yo nan enteviou viza touris, epi li bayo refi. Kabinè a ap mansyone detwa ti bagay konsènan sa.

ANPIL moun Ayiti ap aplike pou visa touris. Dèfwa, li PARET tankou se tout Ayiti ki vle viza touris. Anbasad Ameriken resevwa anpil aplikasyon viza touris. Consul la pa ka pran anpil tan pou li deside kiyès lap bay viza, ak kiyès lap bay refi. Lalwa Ameriken blije bay consul la maksimom diskresyon nan ka viza touris. Sepandan, nan ka viza rezidans, consul la bay moun twop tan menm. Nou konprann? Men sa pou nou sonje:

NAN KA VIZA TOURIS AMERIKEN, CONSUL LA AP CHACHE DETERMINE RAPIDMAN KIYES KAP RETOUNEN.

Se yon desizyon difisil. Sepandan, reflex yon consul se di NON nan ka viza touris.

Men yon gwo verite:
CONSUL AMERIKEN AN AYITI PWOTEJE JOB LI LE LI BAY REFI.

Alors, fok moun byen prepare pou nou konvenk consul la rapidman nan enteviou viza touris. Anpil fwa, zye moun konn trayi yo lè consul la poze yo yon kesyon. E, anpil moun pa menm konnen ke consul la wè siy la nan zye moun nan, oswa nan jan moun nan reponn.

Consul Ameriken yo fò anpil wi. Epi, yo pa blije perfect nan desizyon yo.

PREPARASYON ENPOTAN

04/11/2016

Nap fè yon ti pale de MARYAJ.

Nou jwenn kèlke komantè ki sikjere ke consul la bay moun refi paske yo pa marye. Kisa lalwa Ameriken di de sa?

LALWA PA DI POU CONSUL LA BAY REFI SI APPLICANT LA PA MARYE.

En verite, ou pa bezwen marye pou jwenn yon viza touris. Consul la ka gade sityasyon'w an jeneral, epi li ka mande'w si'w marye. Lalwa pa di pou consul la ba'w refi si'w pa marye non. Maryaj se sèlman yon faktè ke consul la ka konsidere. Kwake consul la mansyone maryaj, se pa vrè rezon refi a. Men vrè rezon refi a:

CONSUL LA PA KONFOTAB KE W'AP RETOUNEN.

04/10/2016

Nan komantè nou resevwa sou paj Facebook la, gen yon moun ki sikjere ke se anbasad la ki pou pwouve ke sa yon applicant di se pa vre. LI PA KA KONSA. Poukisa? San nou pa pale de COMPLETE DISCRETION, nap entwodwi yon gwo patnè legal ki rele BURDEN OF PROOF.

BURDEN OF PROOF
Gen yon bagay nan lwa Ameriken ki rele BURDEN OF PROOF. Li senp. Li vle di, KIYÈS KI GEN FADO A SOU DO'L pou li pwouve yon bagay.

Nan ka viza touris, U.S. Congress la ki fè lwa a deside ke tout BURDEN OF PROOF la sou do applicant la. Sètadi, se pa consul la ki pou pwouve ke sa ou di a se pa vre. E li fè sans. Si BURDEN OF PROOF la ta sou do consul la, twop travay ta ka fè anbasad Ameriken fèmen. Pa gen ankenn moun ki tap ka jwenn viza.

04/09/2016

Gen yon moun ki vizite paj la ki mande nou:
ESKE NOU GEN PEMISYON AMBASSADEUR LA pou nou fonksyone.
Nou reponn li:

OTORITE yon kabinè avoka pa soti nan men ambassadeur. Sa vle di, nou pa bezwen pèmisyon anbasad oswa ambassadeur pou nou fonksyone. Otorite yon kabinè soti pi wo ke yon anbasad. Nou di sa ak tout respè pou anbasad la. Nou pale konsa pou fè moun konprann ròl enpòtan ke lalwa bay avoka.

04/08/2016

Nap fe yon ti rale sou 3 bagay:
1) Politik viza anbasad Ameriken;
2) Sa viza ye tout bon; ak
3) Ranpli papye (DS-160).

POLITIK VIZA ANBASAD AMERIKEN
Nan komantè nou resevwa yo, nou jwenn kèlke kote moun ap kritike anbasad ak politik Etazini nan kesyon viza pou Ayisyen. Pi prezizeman, anpil nan komantè sa yo vle sikjere pou anbasad Ameriken an ta ouvè baryè li laj pou Ayisyen. Nou konprann tout komantè yo. Nap mansyone sèlman yon ti bagay.

Chak peyi sou latè deside kiyès yap kite vizite. Menm Ayiti fè sa tou. In fact, yon touris ka prezantel nan Aeroport Toussaint Louverture, epi imigrasyon Ayiti ka deside li pap kite moun nan rantre. Moun nan ap blije pran avyon pou'l retounen. Pandan'm sou topik sa, ban’m defini sa VIZA vle di.

SA VIZA YE TOUT BON
Panse ak yon viza tankou yon andòsman sou yon paspò ki di 3 bagay:
1) Sanble moun nan kalifye pou li rantre ozetazini wi;
2) Airlines, nou ba’w pèmisyon pou transporte moun nan pou depoze’l sou fwontyè ameriken pou enspeksyon; and
3) Enspektè sou fwontye ameriken, fè yon denye tchèk sou moun nan pou deside si w’ap kite’l rantre.

Se lè ou prezante nan fwontyè a pou enspeksyon ke peyi a ap deside eske yap kitew rantre. Jeneralman, siw pase enspeksyon, epi pa gen ankenn rezon pou entèdi’w, yap kitew rantre.

RANPLI PAPYE
Nou gen kliyan ki mande nou konbyen nou chaje pou nou ranpli aplikasyon an (DS-160). Nou pa fè sa nan kabinè a pou lemoman. Maybe in the future. Gen lot kote Ayiti ki ede moun ranpli papye. Pou lemoman, nou ranpli papye sèlman pou kliyan ke kabinè a ap reprezante.

Contact:
https://www.bVisa.us

Ayiti:
509.4621.0510 / 509.4621.0204

New York / USA:
718.856.8800 / 800.732.8585

04/08/2016

Nap touche sou yon pwen enpotan konsenan GARANTI.
San nou pa rantre nan twop detay, nou chaje kliyan nomalman pou nou reprezante yo, san garanti. Sepandan, kwake desizyon final la nan men consul la, gen kelke kliyan ke kabinè a ka chwazi chaje sèlman si yo jwenn viza a.
Se kabine a ki deside kiyès lap bay offer sa. Jeneralman, men ki tip de moun nou ka chwazi bay offer sa:
1) Moun kap byen degaje yo Ayiti;
2) Moun ki byen konekte ak peyi yo;
3) Moun ki pa gen move dosye anbasad;
4) Moun ki montre nou klèman NONIMMIGRANT INTENT

04/07/2016

Inicio | Havana, Cuba - Embajada de los Estados Unidos

Men 10 peyi ke anbasad Ameriken bay plis refi pou viza touris an 2015:


Kiba (76.03% refi)
http://spanish.havana.usint.gov/

Laos (66.68% refi)
http://laos.usembassy.gov/

Somali (64.6% refi)
http://somalia.usvpp.gov/

Siri (63.43% refi)
http://arabic.syria.usembassy.gov/

Gana (63.28% refi)
http://ghana.usembassy.gov/

Liberi (62.45% refi)
http://monrovia.usembassy.gov/

Moritani (61.45% refi)
http://french.mauritania.usembassy.gov/

Afganistan (61.03% refi)
http://kabul.usembassy.gov/

Ayiti (60.45% refi)
http://french.haiti.usembassy.gov/

Bangladèch (59.96% refi)
http://dhaka.usembassy.gov/

Sous enfomasyon sa:
U.S. Department of State
Nou selman ranje enfomasyon an nan yon fom pou moun konprann. Tcheke lenk sa:https://www.bvisa.us/2015-B-Visa-Refusal-Rate-By-US-Department-Of-State.pdf

spanish.havana.usembassy.gov

04/07/2016

Kom nou komanse jwenn kesyon sou PYES, banm fe yon ti adrese sa an global.

1) Nenpot bagay ki montre ou konekte ak peyi'w;
2) Kijan wap peye pou vwayaj la, ak kijan wap sipote tet ou pandan vizit la; epi
3) Si'w di yon bagay enpotan, eske ou gen yon prev pou kore sa'w di a pou si consul la ta vle we li rapidman.

04/07/2016

Banm montre nou yon bagay. Men pousantaj Ayisyen ke anbasad bay REFI depi 2006:
2006: 32.7%
2007: 44.2%
2008: 54.4%
2009: 61.4%
2010: 49%
2011: 58.2%
2012: 54%
2013: 47.1%
2014: 58.2%
2015: 60.45%
Nou wè kijan ke to a ap monte? Sonje ke anpil nan frè ak sè nou ki jwenn viza touris Ameriken pati, epi yo pa retounen jan yo te pwomèt consul la. For this reason, bagay yo nan anbasad Ameriken an Ayiti yon jan pi di pou Ayisyen ke anpil lot peyi. Sonje ke Ameriken ta renmen moun vizite Etazini. En effet, pou Ameriken, pito ou vin depanse kob ou lakay yo, olyede yon lot peyi. Antouka, nou prepare kliyan nou byen. Epi, nou renmen ke anpil nouvo kliyan se moun ke kliyan nou voye pou nou.

04/07/2016

JODIA 7 AVRIL
Se anivese lanmo TOUSSAINT nan prizon an Frans.
Nou tout nan kabine a ap panse a PAPA TOUSSAINT.

04/07/2016

iapps.courts.state.ny.us

Bonjour. Se avoka Bob D'Meza. Map pale an kreyol.

Poum komanse, fok mwen di ke mwen apresye tout komante yo, ke yo pozitif oswa negatif. Komante yo montrem ke anpil moun deja gen yon
ide sou pwosesis visa touris ameriken. Map mansyone tou ke mwen dako ak anbasad ameriken nan reklam ke lap fe an Ayiti pou li di pep la fe atansyon ak anpil kriminel ak magouyeur an Ayiti kap pran avantaj de moun nan pwosesis aplikasyon pou viza touris.

Mwen se yon avoka ki admet a New York e a New Jersey. Map reprezante kliyan nan ka imigrasyon depi 1999. Men 2 lenk kap pemet nou tcheke sou nenpot avoka New York ak New Jersey.

New York (New York State Unified Court System)
http://iapps.courts.state.ny.us/attorney/AttorneySearch
(Apre paj verifikasyon an, tape prenon ak non avoka a)

New Jersey (New Jersey Courts)
https://njcourts.judiciary.state.nj.us/.../pages/home.faces
(Apre paj verifikasyon an, tape prenon ak non avoka a)

Map diskite 6 bagay: 1) Biwo; 2) konsiltasyon; 3)kijan nou ede; 4)kliyan nou reprezante; 5)"akonpaye" ak "garanti"; ak 6) sit nou.

BIWO NOU
Biwo nou nan New York:
2046 Windsor Road
Baldwin NY 11510
(718)856-8800
(800)732-8585

Biwo nou an Ayiti:
345 Autoroute de Delmas
(ant Delmas 77 et 79)
Port-au-Prince
(509)4621-0510
(509)4621-0204

KONSILTASYON
Nou chaje $30 pou konsiltasyon an Ayiti, e $59 pou konsiltasyon Ozetazini ak lot peyi. Nou we selman kliyan ki fe apwentman. Gade seksyon BIWO anle a pou nimewo telefon yo.

KIJAN NOU EDE
Viza touris se yon koutwazi, se pa yon dwa. Menm tribinal ameriken pa gen dwa revize desizyon yon consul nan ka nonimmigrant visa. Sepandan, kabine nou an travay di pou ogmante chans kliyan nou an pou li jwenn viza. Nou konnen lwa imigrasyon yo byen. E nou konnen kijan yon consul panse. Jwenn viza touris se pa yon syans egzak. Men, nou konnen kijan pou kliyan yo prezante yo nan enteviou devan consul la, SAN YO PA BAY MANTI.

KLIYAN NOU REPREZANTE
Kabine a pa reprezante tout kliyan. Nou chwazi kliyan ki deside ke yo pap bay consul la manti. Nou konnen ke moun pa bezwen bay manti pou yo jwenn viza ameriken. Anplis, bay manti make e kraze anpil dosye nan anbasad.

"AKONPAYE" ak "GARANTI"
Akonpaye vle di REPREZANTE. Avoka pa ka al nan anbasad ak kliyan kap aplike pou viza touris. Kom desizyon final la se nan men consul la li ye, ankenn lot antite pa ka garanti yon viza touris, sof U.S. Department of State. Sepandan, men garanti nou bay tout kliyan nou:
Kabine nou an garantiw ke nap reprezantew byen. Nap travay ak tout fos ke lalwa enpoze sou nou pou nou reprezantew byen. Nou ta renmen ou jwenn viza a. Nap preparew byen pou nou ogmante chans ou pou jwenn viza a.

SIT WEB
Men sit web nou:
https://www.BVisa.us

Mesi tout moun.

Bob D'Meza, Esq.

iapps.courts.state.ny.us

03/31/2016

Tourist Visa's cover photo

01/29/2012

Please check out our new website. (http://www.bVisa.us). Tell us what you think of it. We are going to be adding a lot of helpful information about the visa application process. We will also discuss the most effective way of preparing for the visa interview. Be well and all the best. ([email protected])

01/29/2012

Great news. Our main website is now online. http://www.bVisa.us

01/25/2012

Tourist Visa

Which day of the week is the best day to select for a visa interview? Why?

01/24/2012

Which day of the week is the best day to select for a visa interview? Why?

01/23/2012

DS-160 Presentation - Part 1

DS-160 ELECTRONIC NON-IMMIGRANT VISA APPLICATION FORM
(From U.S. embassy in Bangkok, Thailand)
http://www.youtube.com/watch?v=RXVYpMfg00U

This video walks you through some of the steps of the DS-160, the electronic non-immigrant visa application form.

facebook.com/touristvisa
D'Meza Law Firm, P.C.
Visa Attorneys
1.718.576.1122

The DS-160 is the new electronic non-immigrant visa application form, issued by the U.S. Department of State. This video will walk you through some of the st...

01/23/2012

How to Apply for a U.S. Visa

VIDEO ABOUT THE VISA PROCESS
(U.S. embassy in Trinidad)
http://www.youtube.com/watch?v=R9r9gTE-l4Y

This video presents a good overview of what to expect during the visa application process. Although the video talks about the process at the U.S. embassy in Trinidad, the same general guidelines apply for an application at any other U.S. embassy.

facebook.com/touristvisa
D'Meza Law Firm, P.C.
Visa Attorneys
1.718.576.1122

youtube.com Applying for a visa at the US Embassy in Port of Spain, Trinidad and Tobago.

01/13/2012

#1 REASON WHY TOURIST VISA APPLICANTS FAIL
TO PASS THE INTERVIEW TEST

The applicant fails to convince the embassy's interviewing officer that s/he will return to her country on or before the expiration of any authorized stay.

Contrary to what many people believe, the embassy would like to grant the tourist visa to the applicant. Why? Simply because doing so benefits the American economy. For example, the applicant will purchase an airline ticket; spend money when in the U.S.; etc.

So you may ask yourself: If the embassy would like to grant a visa to the applicant, why is it that many applicants are not approved? The reason is simple: U.S. federal law instructs the embassy to consider every applicant for a tourist visa to be an intending immigrant. That is, the embassy assumes that the applicant's intention is to remain in the United States; that the applicant will not return home. The effect of this assumption is to shift the burden of proof on the applicant to demonstrate to the embassy that s/he will return home on or before the expiration of any authorized stay in the U.S.

Typical questions the embassy staff may ask:

What is the purpose of your visit?
How long is your visit going to last?
Do you work and, if yes, what kind of work do you do?
Do you have money to cover the cost of your trip?
If no, who is paying for your trip?
Do you have any relatives or friends in the U.S.?
What relatives do you have in your country?

Here are some general guidelines to follow:

You must be prepared. (Our law firm fully prepares its clients.)

Relax and minimize nervousness. (For example, think of a place in your country that you love to visit.)

Make good eye contact.

Give short and relevant answers.

Exude confidence and honesty.

Show respect, or, to be more precise, respectful intellectual equality (RIE).

Remain calm and self-assured even if the interviewing officer seems to be "in a bad mood" or that he or she is "out to get" you.

Always remember that the interviewing officer is not against you. He or she is simply doing their job.

Dress nicely and make your personal grooming attractive, but not distracting. Remember: Do not overdo it.

Never assume that the embassy does not know a particular fact about you or a relative. So, be prepared to explain if asked.

And, most importantly, do not act as if you are begging, or as if your life depends on getting that visa. (Remember that place in your country that you love to visit?)

Helping clients to obtain tourist visas is our primary focus. For more information, our firm is ready to provide a consultation.

Toll-free (USA): 1.855.999.8472
International: 1.718.856.8800
facebook.com/touristvisa
[email protected]

Bob D'Meza Esq.
D'Meza Law Firm, P.C.
40 Wall Street, 28Th Floor
New York, NY 10005 (USA)

Other offices in Queens, Garden City and Jericho.

Happy new year 2012. Please share with your relatives, friends and colleagues.

01/13/2012

OUR OFFICE LOCATIONS

D'MEZA LAW FIRM, P.C.

Main Office on Wall Street
The Trump Building
40 Wall Street, 28Th Floor
New York NY 10005 (USA)

Queens Office
Queens Executive Center
6143 186Th Street
Fresh Meadows NY 11365 (USA)

Garden City, Long Island (Nassau County)
1225 Franklin Avenue, Suite 325
Garden City NY 11530 (USA)

Jericho, Long Island (Suffolk County)
Executive Suites
33 South Service Road
Jericho NY 11753 (USA)

01/13/2012

Tourist Visa

HOW TO CONTACT US

By appointment only
Toll-Free (USA): 800.732.8585
International: 718.856.8800
[email protected]
http://www.facebook.com/touristvisa

Tourist visa to visit the U.S.: Preparation for interview.

01/08/2012

Tourist visas are are our primary focus.
Our law firm helps clients who want to get a tourist visa to visit the U.S. We have been helping clients to obtain visas for well over 10 years. Best of all, the client does not pay if the client does not get the visa.

Here is a quick review of the visa process
a) Temporary visit for business or pleasure
b) Embassy would like to give the visa (spend money)
c) Visa processing fee (about $160)
d) Passport photo in electronic format
e) We prepare the client

How much do we charge?
For our law firm to represent the client, we charge a small processing fee and a contingent fee. The non-refundable processing fee is $350. The processing fee covers the cost of courier, telephone, postage, document assembly, preparation, etc.

The contingent flat fee of $2,500. Contingent simply means that if the client does not get the visa the client does not have to pay us. Period. We make this great offer because we have a simple motto: We are not satisfied unless our client is 100% satisfied.

Some clients choose to deposit the full contingent fee with us. However, that is not necessary. We normally simply require a deposit of only half.

We invite you to share this page with your friends.

Our toll-free number is (800)732-8585.

Want your business to be the top-listed Law Practice in Baldwin?
Click here to claim your Sponsored Listing.

Telephone

Address


2046 Windsor Road
Baldwin, NY
11510

Opening Hours

Monday 9am - 5pm
Tuesday 9am - 5pm
Wednesday 9am - 5pm
Thursday 9am - 5pm
Friday 9am - 5pm

Other Baldwin law practices (show all)
Dougherty & Schneider, Esqs. Dougherty & Schneider, Esqs.
625 Merrick Road
Baldwin, 11510

A private family law practice in business for over 80 years. Three generations.

The Law Office of Joshua N. Krellen, Esq The Law Office of Joshua N. Krellen, Esq
590 Sunrise Highway
Baldwin, 11510

Commercial/Business Litigation, Matrimonial and Family Law, Real Estate, Insurance Coverage, Labor L

Law Office Of Lillyan J Manas Law Office Of Lillyan J Manas
708 Seaman Avenue
Baldwin, 11510

The Family Law Firm. Practicing for over 35 years. My clientele have started with me on one matter b

Pierre-Louis & Associates CPA Pierre-Louis & Associates CPA
1923 Grand Avenue
Baldwin, 11510

At Pierre-Louis & Associates, a New York CPA firm, we provide a wide range of accounting, tax, and f

SILEF INC SILEF INC
Baldwin, 11575

SDA International Law Enforcement Fraternal Organization(SILEF), intends to bridge the gap between