Steken Broadcast

Steken Broadcast

Partager

Une plateforme spécialisée dans la promotion de l'art🎨, et l'information🔊.

24/05/2026

Nan okazyon 5èm ane “Okay Gen Bèl Fanm”, staff òganizasyon an ansanm ak Svarinska Bar te mete tèt yo ansanm pou òganize yon bèl aktivite sou plas Okay la, yon jounen ki te chaje ak animasyon, konvivyalite ak anpil emosyon.
Repòtaj:

© 2026 Steken Broadcast. All rights reserved.

21/05/2026

20/05/2026

Okay montre ankò jan nou konn fè bèl bagay lè nou mete tèt ansanm ❤️💙
Nou pote rekap la pou ou, gade tout videyo a epi abòne avè nou.

(ISSA) Institution des Soeurs de Sainte-Anne te make selebrasyon 223èm anivèsè drapo💙❤️ ayisyen an avèk yon bèl parad ki te rasanble elèv, pwofesè, paran ak anpil manm nan popilasyon an.

Kiyès nan moman yo ki plis touche w ? 👀👇
Repòtaj:

© 2026 Steken Broadcast. All rights reserved.

19/05/2026

Okay montre ankò jan nou konn fè bèl bagay lè nou mete tèt ansanm ❤️💙
Mwen pote rekap la pou nou gade tout videyo a epi abòne avè nou

(ISSA) Institution des Soeurs de Sainte-Anne te make selebrasyon 223èm anivèsè drapo💙❤️ ayisyen an avèk yon bèl parad ki te rasanble elèv, pwofesè, paran ak anpil manm nan popilasyon an.

Kiyès nan moman yo ki plis touche w ? 👀👇
Repòtaj:

© 2026 Steken Broadcast. All rights reserved.

Photos from Steken Broadcast's post 19/05/2026

Institution des Soeurs de Sainte-Anne te make selebrasyon 223èm anivèsè drapo💙❤️ ayisyen an avèk yon bèl parad ki te rasanble elèv, pwofesè, paran ak anpil manm nan popilasyon an.

Parad la te pran depa bò Kwa 4 Chemen pou rive nan lokal enstitisyon an ki chita sou wout Gabyon an, anba son fanfa, chante patriyotik ak bèl koregrafi elèv yo te prepare espesyalman pou gran okazyon sa. Tout longè trajè a, popilasyon an te kanpe sou de ran pou admire disiplin, elegans ak lespri inite ki t ap domine aktivite a.

Jèn fi yo abiye ak koulè ble ak wouj drapo nasyonal la, yo chak te reprezante yon moun ke listwa make sa te bay yon veritab demonstrasyon lanmou pou peyi a atravè dans tradisyonèl, mouvman senbolik ak mesaj ki t ap valorize listwa ak idantite pèp ayisyen an. Fanfa a te mete plis anbyans pandan foul la t ap chante ak aplodi chak pasaj delegasyon yo.

Aktivite sa se yon gwo demonstrasyon konsyans patriyotik ak respè pou youn nan pi gwo senbòl nasyon an. Responsab lekòl la te pwofite okazyon an pou ankouraje jèn yo kontinye renmen peyi yo, pwoteje valè ayisyen yo epi travay pou yon pi bon avni pou Ayiti.

223èm fèt drapo a rete yon moman espesyal ki raple chak ayisyen enpòtans inite, solidarite ak fyète nasyonal. Gras ak bèl inisyativ sa, Institution des Soeurs de Sainte-Anne rive pote yon mesaj espwa ak lanmou pou peyi a bay tout kominote a.
Repòtaj: Kensley Marcelin

© 2026 Steken Broadcast. All rights reserved.

19/05/2026

223 èm fèt drapo💙❤️ a rete yon moman espesyal ki raple chak ayisyen enpòtans inite, solidarite ak fyète nasyonal. Gras ak bèl inisyativ sa, Institution des Soeurs de Sainte-Anne aux Cayes, rive pote yon mesaj espwa ak lanmou pou peyi a bay tout kominote a.
Repòtaj:

© 2026 Steken Broadcast. All rights reserved.

Photos from Steken Broadcast's post 19/05/2026

Nan okazyon 5èm ane “Okay Gen Bèl Fanm”, staff òganizasyon an ansanm ak Svarinska Bar te mete tèt yo ansanm pou òganize yon bèl aktivite sou plas Okay la, yon jounen ki te chaje ak animasyon, konvivyalite ak anpil emosyon.

Aktivite a te rasanble anpil jèn, fanatik espò ak moun ki te anvi pase yon bon moman nan vil la. Pou mete plis anbyans nan selebrasyon an, òganizatè yo te prepare plizyè aktivite tankou foutbòl ti kan pou fi ak gason, kote diferan ekip te montre talan yo anba gwo chalè ak sipò piblik la.

Anplis match yo, te genyen tou konkou “choute penal ”, yon aktivite ki te mete anpil ri ak plezi nan mitan patisipan yo. Chak moun te eseye montre ladrès yo pandan foul la tap ankouraje ak aplodi san rete.

Jounen an te tounen yon vrè espas distraksyon ak inite, kote jèn yo te pataje bon enèji ansanm. Aktivite sa montre kijan inisyativ konsa kapab bay lavi nan vil la, ankouraje solidarite epi kreye bèl souvni pou kominote a.

Pou anpil moun ki te prezan, selebrasyon 5èm ane “Okay Gen Bèl Fanm” lan pa t sèlman yon senp aktivite, men yon moman espesyal ki mete lajwa ak fyète nan kè anpil moun nan vil Okay.
Repòtaj: Kensley Marcelin

© 2026 Steken Broadcast. All rights reserved.

18/05/2026

🇭🇹 Drapo sa, li pote san zansèt yo, fòs yon pèp, ak espwa yon nasyon ✨

Jodi a se fèt drapo nou ❤️💙
Kijan w ap fete l ou menm ?

Malgre tout sa n ap travèse, pa gen pi bèl drapo pase pa nou an 🇭🇹
AYITI CHERI, nou renmen w anpil 🇭🇹🥹
Kamera/Montaj:

© 2026 Steken Broadcast. All rights reserved.

18/05/2026

🇭🇹✨ 18 Me, Fèt Drapo Ayisyen ✨🇭🇹
Jodi a, nou pa sèlman selebre yon drapo.
Nou selebre fòs, inite, kouraj ak istwa yon pèp ki pa janm sispann leve kanpe. ❤️💙
Drapo nou se senbòl fyète, rezistans ak lanmou pou Ayiti.
Kèlkeswa kote nou ye nan mond lan, Ayiti rete nan kè nou. 🇭🇹
Ann kontinye pote kilti nou, pale lang nou, epi kenbe flanm espwa a limen pou jenerasyon kap vini yo. ✨
Bòn Fèt Drapo tout Ayisyen atravè lemond!
Kamera/Montaj:

Jèn Okay yo montre chanjman toujou posib lè gen tèt ansanm, vin gade yon bèl inisyativ jèn yo pran. 17/05/2026

https://youtu.be/4ZLlYOf4hKE?si=5ByLGJkAvy9lGmai

Jèn Okay yo montre chanjman toujou posib lè gen tèt ansanm, vin gade yon bèl inisyativ jèn yo pran pandan yap kenbe vil la pwòp

Mouvman sa yo mande felisite e ankouraje

Ann tande youn nan manb Staff ki òganize mouvman pa bliye abòne avè nou pou w ka toujou premye moun ki ankouraje nou.

Repòtaj: ‎⁨

Jèn Okay yo montre chanjman toujou posib lè gen tèt ansanm, vin gade yon bèl inisyativ jèn yo pran. Jèn Okay yo montre chanjman toujou posib lè gen tèt ansanm, vin gade yon bèl inisyativ jèn yo pran pandan yap kenbe vil la pwòp Mouvman sa yo mande felisite ...

Vous voulez que votre entreprise soit Entreprise De Médias la plus cotée à Cayes ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Type

Téléphone

Site Web

Adresse

Cayes