Nerlvibes

Nerlvibes

Share

✨ Helping women start & grow online businesses
📚 Digital products, eBooks & Amazon Seller tips
💼 CEO @SuperbeBoutiqueplus | Amazon Seller

09/11/2025

Jodi a, sonje se **ou menm ki motè lavi w.** Pa kite pèsonn panse pou ou, ni dirije wout ou. Chak desizyon ou pran dwe yon kle ki ka louvri pòt nouvo opòtinite.

Sezi chak chans ki parèt devan w, paske ou se **fanm ki konnen valè li**, fanm ki leve ak fòs, élégans, ak vizyon.

Panse pou tèt ou, aji pou tèt ou, epi gade kijan linivè a pral ouvri chemen pou ou. 💫

Bon Dimanch, bèl lespri! ✨ Ou se pouvwa, ou se limyè, ou se ou menm ki fè diferans lan.

18/10/2025

Refleksyon Jounen an

🕊️ Lè ou poko reyisi, anpil moun pa wè valè ou.yo tretew pi Mal ke Jan yo trete bèt, Yo doute de ou, yo minimize efò ou.
💎 Men lè siksè a vini, tout bagay chanje: menm moun ki te konn ap minimizew yo AP vin di yo te wè gen potansyèl pou rive lwen, sa ki pi kouraje yo ap vin felisite w.

🚀 Pa chèche validasyon, chèche direksyon.
🔥 Kontinye avanse, menm lè pèsonn pa kwè nan ou — paske siksè ou ap pale pou ou.

🌟 Fòk ou rete konsistan.
Fòk ou sonje: silans jodi a, se bri siksè demen an.

💪 🧠 🌍 🔥 🎯 ✨ 🌱

11/10/2025

Ne fuis pas ton passé, foule-le sous tes pas et laisse-le devenir le pont vers ton succès. 🏆

11/10/2025

Ti glwa, ti solèy, ti style 💋
Week-end lan fèt pou briye — menm si se lakay ou ✨

10/10/2025

🌙 Lannuit pa repo, se opòtinite.
Pandan tout moun ap dòmi, mwen ap travay sou rèv mwen — paske siksè pa fèt nan dòmi, li fèt nan detèminasyon 💻✨
Chak klik, chak ti efò ap mennen m pi pre objektif mwen.
Mwen pap sispann jiskaske mwen (SBP )briye pi plis toujou 💖

07/10/2025

Pa janm bliye sa: chak jou ou leve, se yon nouvo chans pou w reekri istwa w.
Pa kite pè fè w rete dèyè, avanse menm lè w pa wè chemen an klè. 💪🏽

🔥

03/10/2025

“Lavi pap janm vin fasil, men chak ti pa ou fè ap mennen ou pi pre rèv ou. Pa tann demen, kòmanse kounya. Kenbe konsistans, kwè nan tèt ou, epi sonje: chak ti grenn pa se yon gwo viktwa. 🔥💫 ”

01/10/2025

Bon mwa Oktòb! 🍂 Nou antre nan yon nouvo mwa, nouvo opòtinite, nouvo objektif. Pa kite anyen kanpe nan chimen ou. Se ou menm k ap kreye lavi ou! 🚀💡 Ann fè mwa sa vin pi pwodiktif pase dènye a. 💪🏽🔥

👉🏽

10/05/2025

Telephone