Bergeline Badio
Aider les gens a découvrir les bienfaits des aliments
29/05/2025
I created a quiet little space on TikTok for healing, soft words, and self-care.
If you’re looking for peace and real moments — come follow me at 🤍
SoftVoiceDaily on TikTok 0 Followers, 0 Following, 15 Likes - Watch awesome short videos created by SoftVoiceDaily
03/08/2020
Bonswa tout moun jodia mw pote yon lot ribrik pou nou ki asé interesan .mw konnen pou moman sa yo nan sitiyasyon ke nou ap viv lan san nou pa rann nou kont nou ka problem sa ke mw pral pale la.
Ebyen jodia nou prale de d'angoisse #
Kisa ki angwas la?
Yo defini angwas konsa yon bagay ou resanti men ki few pè ki few santiw an danje san yo ke pa gen yon rezon.
NB: fenomèn sa nomal kay tout moun. Pa egzanp: le wap mache pou kow nan fè nwa ou santiw pè sa konn few angwase men lè sa li pa yon problem .
Li se yon problem lè li repete le ou pa yon kote pou ki few santiw angwase epi ou santiw pè.
Kijan ou santiw lew angwase? Men kek sintom ou ka santi:
-Ou santiw vle toufe ou gen linpresyon ke yon boule nan gòj ou
-Ou santi kew ap bat fò
-Ou swe anpil
-Ou ap tranble
-Ou santi tet ou ap vire
-Ou gen yon ti vant fe mal
-Ou gen anvi vomi ou ka menm vomi tt
Kriz sa dire 30 minit oubyen 1h.
Kay ki tip de moun kriz sa yo pi frekan?
Menm jan mw te dil avan tt moun ka angwase men gen moun ki gen kriz la pi souvan .
Tankou jèn adilt yo li konn paret ant 20 a 30 ans, apres ke ou te viv yo moman ki stresan , gason konn gen kriz sa tou men li pi frekan kay Fi yo.
Kijan ou ka fe prevansyon ?
Se vre li pa fasil men fok nou konnen ap toujou gen problèm .se fè plus efo gen yon vi ki kalm parfoi fè yon deplase pran poz soti detann ou fe kek aktive ki pou few santiw byen.
Yon moun ki santi sintom mw te site pa dwe konseme
Kafe
Alkol
Tabak
Ou supoze gen yon alimantasyon ki le lejè .
Pa manje anpil nan nwit.
Koman ou kapab geri de yon kriz angwas?
Ou ka geri avek medikaman ( anxiolitique) ke medsin preskiw siw ou al konsute.
Men si ou pa gen mwayen pouw al we yon medsen ou ka swiv konsey sa yo:
Ou ka fè egzèsis fizik
ou ka pran fè yoga ou ka fè moman meditasyon lew santi kriz lan vle pranw
pran yon bon beny avek dlo ki fwad
tande mizik ki relaksan.bwe te melis.
Swiv tt konsey sa yo pouw ka rete an sante .
Se te avek nou Bergeline Badio a byento ,pa bliye like,komante,pataje😗😗
Bonsoir tout moun eske nou pare pou rubrik la.
23/06/2020
Bonsoir tout moun byenvini sou paj sa
Jodia mwe pral pataje kèk Enfòmasyon avek nou.
Mwen deside pale nou de
sa anpil nan nou rele tèt fe mal.
Kisa tèt fe mal la ye?
Tèt fe mal se yon doulè ou santi nan tèt ou li kapap devan ,deye, sou kote oubyen nan tout tèt la nèt.
Kisa ki lakoz yon moun gen tèt fè mal?
Plizye faktè ka koz sa tankou:
Strès, tansyon wo, medikaman, manke domi , anemi, sa wap manje eksetera.
Sa ki pi enterese nou jodia nan tout koz tèt fè mal nou sot site la yo se sa wap manje.
Eske ou te konnen ke sa wap manje ka baw tèt fe mal?
Siw pat konnen pran ti chèz ou chita pouw tande.
Yon moun ki byen pòtan ka gen tet fe mal paske gen kek aliman ki ka lakoz ou gen gro tèt fè mal gen anpil moun ki renmen manje chiklèt lèw ap moulen bouch ou anpil yo fatigue sa ka lakoz ou gen tèt fe mal.
Men kek aliman ki ka lakoz tèt fe mal:
Byè
Kafé
Alkòl
Diven rouj
Fromaj
Chokola
Pwason boukanen
Salami
Kochon
Yaourt
Lè ou konsome aliman sa yo anpil li riske baw sa ki rele tèt fe mal la.
Mwen pote pou nou rejim ki senp kam edew konbat sa.
Pou vyann moun nan ka manje poul,
Li ka pran diri oubyen pom de tè, li ka pran figue oubyen pom , konseme chou ,bwe anpil dlo ou ka pran vitamin D se vre ke rejim nan ka difisil men sou ou konn konsome tt sam sot di yo la ou gen tèt fe mal souvan rejim sa ap edew epi nan 3 semèn ou supoze kòmanse jwenn rezilta juskaske tèt fè mal la disparèt.
Se tout konsèy sa yo mwen te pote
Pou nou siw renmen sak sot di yo la bay like .komante di kisaw panse siw renmen ribrik lan .patajel ak lot zanmiw.
A trè byento nan yon lot rubrik kap pi bèl toujou
Se te Bergeline Badio pou prezante rubrik la bizou bizou
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.