F actus
cette page est là pour vous informer .
09/06/2026
Staff F Actu swete Florise Desronvil, yon jèn jounalis ki gen talan, yon trè bèl fèt.
Ou se yon fanm vanyan, detèmine, ki toujou kontinye avanse malgre difikilte yo. Travay ou, kouraj ou ak pèseverans ou se yon sous enspirasyon pou anpil moun.
Nou swete ou anpil kè kontan, siksè, lasante, benediksyon ak reyalizasyon nan nouvo ane sa a. Ke tout rèv ou yo rive reyalize epi ke ou kontinye briye chak jou pi plis.
Bon fèt Florise! Kontinye mache ak tèt ou wo, paske ou se yon fanm fò, yon fanm vanyan, yon fanm eksepsyonèl. 👑🎂🎊
09/06/2026
Edem di konsè a bonne fête stp.
Gro sezisman Alix Didier Fils Aimé nan kouri pâti politik Asso pote plent na tribinal premye enstans pou minis lan ki pa vle kite tet peyi a.
07/06/2026
Visite TikTok pour découvrir des vidéos ! Regarde, suis et découvre encore plus de contenus tendance.
05/06/2026
Istwa lavi madanm sa tris anpil istwa’l prèske sanble avèk istwa Asefi rapè Fantom te fè a .
Si on moun pral gade sou gwosè madanm sa, franchman ou kapab prèske di tèt ou, èske se pa nan betiz lap pase moun ki genyen problèm . Madanm sa n’ap gade la rele Tabuteau Rose Diana, li genyen 4 pitit : 2 pitit fi avèk 2 pitit gason, se yon madanm daprè sa li rakonte nou se lavi li, li se yon moun ki batay ak lavi, ki bay lavi a anpil dwèt lemajè pou li te kapab kwè ki kote souri kache, malerezman tankou granmoun yo souvan di * Bèf malere pa janm fè gazèl * lavi fè li sanble amatè bòlèt ki toujou ap pèdi pou revè .
Nan lide pou machin trafik lavi a pa janm pati kite’l, li konn fè djòb sèvez oubyen vann bwason gazez nan iglou, yon fason pou li kontinye reponn ak responsabilite li genyen anvè timoun yo, daprè sa li di mari a tap travay nan yon ponp gaz pandan rèy vyolans kwalisyon viv ansanm nan, kriminèl yo pase ponp gaz la anba dife, sa ki vin lakoz lap jwe 2 wòl : manman, papa . Malgre ministè edikasyon nasyonal entèdi lekòl yo mete kouto anba kou paran yo, pou fòse yo gradye ekolye ki nan 3e ane kindègadenn, anpil direktè eskolè pase desizyon ministè a anba pye, yo menm menase si timoun lan pa gradye pou li ale fè premye ane fondamantal, elèv la pap janm sètifika .
Tabuteau Rose Dania fè konnen apre li fin depanse tout ti lajan pou timoun yo pandan ane lekòl la, li pa wè ki moun li kapab solisite asistans pou timoun lan kapab gradye e monte nan klas premye ane fondamantal . Si tout fwa kèk bon samariten ta vle ede’l, moun nan ap kapab rantre ankontak avèk li sou nimero telefòn sila : 3413- 5229 .
Lapèn yon paran se lapèn tout paran, pa gade sou anfòm nou ta wè li anfòm sepandan konprann sousi ak enkyetid li genyen pou elèv li a kapab gradye e direksyon bay tout paran Lendi 8 Jen kap vini la pou yo pote ti kòb la nan direksyon an .
05/06/2026
📍Jeremi | PNH | Yon polisye vyole on timoun 14 lane.
Reneld Nelson , yon polisye ak grad ajan 1 ,gen akizasyon vyòl yon tifi 14 lane sou dol, nan vil Jeremi.
Krim nan fèt nan lannwit 31 mas la rive pou louvri 1 avril 2026 la. Polisye a tap eseye achte silans fanmi viktim nan li te ofri moun yo 300 000 goud pou yo kase fèy kouvri sa.
Fanmi viktim nan vekse, yo refize kòb la ,Reneld Nelson gen randevou nan pakè a jodi 3 jen 2026 la, poul reponn kesyon…
Kredi: wislypromo
Bandi teyoris viv ansanm yo baz 5segond,rive boule yon anjen lou jodia kise mèkredi 3 jen 2026,
pou lapolis nan kad gwo operasyon lapolis ap mennen andedan la vilaj De Dye depi premye jen kote plizyè tib@ndi deja vwayaje pou peyi tèt chapo
Plizyè z@m ak minisyon sezi,
Lapolis deja detwi plizyè kay kite sèvi kachèt pou b@ndi.
Gras a vijilans polisye yo kite rive fè kouvèti a tan pou polisye kite andedan anjen pa gen polisye ki viktim.
03/06/2026
Sady Racine se non jèn gason sa rivren yo arete paske li touye pwop pitit li, yon adolesant 7 lane. Aprèl te fin lagel nan on falèz tou vivan, se yon bèt ki rele karanklou ki ta pral fè moun zòn nan dekouvri gwo zak kriminèl.
Se aprè tout rechèch, peyizan yo dekouvri zokokowos tèt ti lezanj lan, pwop papal trayil. Aksyon sa pase jedi pase nan depatman Grandans zòn Bwa Pikan. Pou kounya prezime a nan gad a vi nan komin Lèzanglè.
Kredi enfo: ZIM
03/06/2026
Flash 🛑Nan yon konferans pou laprès Met Caleb Jean Baptiste bay gouvènman 10/10 pou volonte pouvwa anplas la genyen pou batay kont G4ng e rezoud pwoblèm ensekirite yon fwa pou tout.
Selon mèt la se premye fwa nan vil li wè g4ng yo paka dòmi trankil lakay yo
Jodia tout chèf g@ng nan panik,
Izo paka dòmi, Bendji paka dòmi, lanmò sanjou paka dòmi.
Lapolis deja rekipere pifò zòn B@ndi te kontwole anpil deplase deja retounen lakay yo
Deklare mèt Caleb Jean Baptiste avoka angaje ,avoka pèp la.
03/06/2026
🚨Enfomasyon: Pagen kenn opération kap fèt anba la ville vre. Se chak fwa manda esclave yo preske fini tjr gen démonstration kap fè pou yo ka fèw domi. Depuis pagen mouvman nn lari an . Lap rete sou pouvwa. Si laria leve kanpe ou pran yon lot transition anko. Gang ap mete peyi jan blan mande. Neg yo ap séparé pouvwa. Tan kap pase .peyi vini pi mal . Plis moun nn mizè.se back nap fè. Yon chef gang poko janm mouri.
Credit: infos
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.