Solèy Image
Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Solèy Image, Création digitale, Port-au-Prince.
06/06/2026
RJS PRODUCTION ap kontinye fome jenès lan pou yon pi bon avni
PA RATE GWO OPÒTINITE SA A!
Èske w vle aprann yon metye modèn ki kapab ede w kreye pwòp sous revni pa'w ? RJS PRODUCTION ap envite w patisipe nan yon fòmasyon espesyal sou Custom Printing, kote w'ap aprann tout teknik ki nesesè pou antre nan domèn pèsonalizasyon an.
○ Enpresyon sou mayo (DTF & Sublimasyon)
○ Enpresyon sou kepi
○ Enpresyon sou tas (senp ak majik)
○ Enpresyon sou vè
○ Enpresyon sou tumbler
○ Kreyasyon tablo PVC
○ Kreyasyon tablo transparan limine
○ Teknik de preparasyon Konsepsyon
Nb : Chak patisipan ap benefisye yon tablo PVC.
( Sètifika ak dokiman ) enkli.
Dat : 4 ak 5 Jiyè 2026
Lè : 9:00 AM rive 4:00 PM
Kote : Lise Nasyonal Site Solèy
◇ Frè enskripsyon : 500 Gdes
◇ Frè patisipasyon : 1500 Gdes
Plas yo trè limite! Pa tann dènye moman an pou'w rezève plas ou.
Kontakte nou kounye a:
(+509) 4151-5750 / 4057-2313 / 4945-8873
Vin aprann yon metye, devlope kapasite w, epi transfòme kreyativite w an lajan ak RJS PRODUCTION!
30/05/2026
Acteur Solèymage
RJS PRODUCTION | Mete Limyè Sou Jèn Yo
Jodi a, nan kad inisyativ RJS PRODUCTION pou valorize jèn ki ap fè diferans yo nan kominote a, n ap mete limyè sou BERGER Luckenson, yon jèn ki chwazi travay, fòmasyon ak angajman kòm prensipal zouti pou konstwi avni li.
Depi byen bonè, Luckenson te angaje'l ak fòmasyon ak devlopman pèsonèl. Olye li te kite difikilte lavi yo dekouraje l, li te fè chwa pou envesti nan tèt li atravè aprantisaj plizyè metye ak patisipasyon nan aktivite ki ede l grandi kòm sitwayen e kòm pwofesyonèl.
Pakou li make pa detèminasyon, disiplin ak yon volonte san rete pou aprann. Li fòme tèt li nan plizyè domèn tankou carrelage, Technique Windows, e cuisine et patisserie, sa ki montre kapasite li pou adapte li ak plizyè sektè epi prepare tèt li pou diferan opòtinite nan lavi a.
Men angajman Luckenson pa limite sèlman ak aprann yon metye. Li se yon jèn ki kwè nan transfòmasyon sosyal atravè kilti ak edikasyon. Kòm slamè, li itilize talan li pou transmèt mesaj konsyans, espwa ak motivasyon bay lòt jèn yo. Pawòl li yo toujou chèche ankouraje jenerasyon an pou chwazi chemen pozitif, devlope kapasite yo epi patisipe aktivman nan devlopman kominote yo.
Atravè patisipasyon li kòm aktè nan Solèymage, Luckenson kontinye demontre angajman li pou sèvi kominote li. Li toujou disponib pou sipòte inisyativ ki ankouraje devlopman, solidarite ak pwogrè sosyal.
Sa ki fè Luckenson espesyal se kapasite li genyen pou rete fidèl ak prensip li yo. Li kwè ke reyisit pa vini nan yon sèl jou, men li se rezilta travay, pèseverans ak sakrifis. Se poutèt sa li pa janm sispann fòme tèt li epi ankouraje lòt jèn yo fè menm jan an.
BERGER Luckenson se egzanp yon jenerasyon jèn ki deside pran responsabilite avni yo nan men yo, travay avèk diyite, epi sèvi kòm sous enspirasyon pou lòt moun.
Kontinye avanse, Luckenson. Pakou ou montre ke ak detèminasyon ak travay, tout rèv ka vin posib.
21/05/2026
Ann kontinye mete limyè sou jèn yo
ANN METE LIMYÈ SOU JÈN YO
Gen jèn ki fèt pou swiv foul la…
Men gen lòt ki fèt pou kite tras yo.
RJS PRODUCTION fyè pou'l mete limyè sou yon jèn yo chak jou E ki kwè nan travay pou fè diferans yo nan kominote yo :
Jodi a n'ap prezante
NACIEN SAÜL
Yon non ki reprezante travay, detèminasyon, disiplin ak vizyon.
NACIEN SAÜL se pa sèlman yon jèn ki gen rèv…
Li se yon jèn ki deside leve chak maten pou travay sou rèv li pandan l ap ede lòt jèn jwenn direksyon pa yo tou.
Li se direktè RJS PRODUCTION
Li se aktivis sosyal
Li se pwofesyonèl nan Custom Printing
Li se technicien en Windows
Li se chofè kamyon
Li Pasyone de kwizin & patisserie
Saül se kalite jèn ki konprann ke lavi pa bay anyen fasil.
Se sak fè li toujou ap fòme tèt li, aprann nouvo bagay, epi prepare tèt li pou demen.
Men sa ki fè NACIEN SAÜL diferan vre : Li pa sèlman vle reyisi pou tèt pa li…
Li vle wè lòt jèn leve ansanm avè l.
Li toujou dispoze motive, konseye, epi ankouraje lòt jèn pou yo kwè nan kapasite yo, paske li konnen yon kominote pa ka grandi si jèn yo pa ini.
Malgre difikilte ak sakrifis, Saül kontinye goumen avèk kouraj paske li kwè ke vrè siksè se lè ou kapab fè enpak nan lavi lòt moun.
Jodi a, RJS PRODUCTION fyè pou'l mete limyè sou jèn ki pa sèlman ap travay pou avni pa li…
Men ki ap travay pou kite yon mak pozitif dèyè li nan jenerasyon an.
NACIEN SAÜL se prèv vivan ke lè yon jèn gen vizyon, disiplin ak detèminasyon… pa gen limit pou sa li ka reyalize.
19/05/2026
Ann kontinye mete limyè sou jèn yo
ANN METE LIMYÈ SOU JÈN YO
Gen jèn ki rete ap tann opòtinite…
Gen lòt ki kreye opòtinite pou tèt yo ak pou kominote yo.
Jodi a, RJS PRODUCTION fyè pou'l mete limyè sou youn nan jèn ki fè diferans yo. James PAUL LOUIS.
Yon jèn vizyonè, yon jèn aktè, yon jèn ki konprann ke rèv pa mache pou kont li… fòk ou travay ak detèminasyon mache avèk li.
James PAUL LOUIS se yon modèl devlopman ak lidèchip jèn. Li rive fè non li pran plas nan domèn custom printing, pandan li ap pataje konesans li kòm fòmatè nan RJS PRODUCTION epi kòm pwofesè sérigraphie nan CTFP.
Men sa pa sifi pou li…
Paske James se yon kreyatè, yon karelè, yon atizan, yon jèn ki gen kapasite pou transfòme dechè an vrè èv atizanal ki gen valè.
Li gen yon ide nan enfòmatik biwotik tou, li kwè nan inovasyon, li kwè nan travay, epi pi gwo fòs li se paske li pa sèlman kwè nan rèv li sèlman … men li kwè nan ede lòt jèn poze aksyon pou yo kapab vin endepandan tou.
Dèyè souri ak enèji sa gen anpil sakrifis, anpil nwit san dòmi, anpil batay ak anpil disiplin. Men James PAUL LOUIS konprann ke :
“Pwofi pa fèt san aksyon.”
Se pou sa RJS PRODUCTION fyè pou li prezante :
James PAUL LOUIS se youn nan jèn ki pwouve ke talan + travay + vizyon kapab chanje lavi tout yon kominote.
Ann ankouraje jèn ki chwazi travay.
Ann mete limyè sou jèn ki chwazi kreye.
Ann sipòte jèn ki chwazi avanse.
# Createur Ekonomik #
04/05/2026
Pwofite fòme tèt ou avèk RJS PRODUCTION
19/02/2026
SolèYmage en action
16/01/2025
🛑 Ou te anvi entegre SolèYmage ebyen jodia ou gen chans pou Patisipe ak nou nan Nouvo projè nou pral reyalize yo .
Gade kritè yo epi kontakte nou nan nimewo ki nan afich la .
Design by:
Istwa Yon mandyan pati #1
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.