MADAS
Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de MADAS, Organisation à but non lucratif, Savanne du bois/aka, Marigot.
01/05/2026
Òganizasyon MADAS
Bòn fèt travay ak agrikilti! 🇭🇹🌾
MADAS salye tout manm li yo, tout peyizan, tout travayè ak tout patnè kap sipòte devlopman agrikòl nan peyi a.
Nan okazyon 1er me, ki make Fèt Travay ak Agrikilti, nou rann omaj ak respè pou tout moun kap travay di chak jou pou fè peyi a avanse, espesyalman nan domèn agrikilti ki se fondasyon sekirite alimantè nou.
MADAS rete fèm nan angajman li poul kontinye kanpe bò kote peyizan yo ak tout aktè nan sektè agrikòl la pou yon pi bon avni pou Ayiti.
Bòn fèt Travay ak Agrikilti! 🌾🧑🏾🌾
Agrikilti se rasin lavi, se fyète pèp la.
Lè tè a plante, peyi a respire.
29/03/2026
An kontinye met nan Têt Nou
15/02/2026
Lapèch se lavi nan Ayiti !
Nan Ayiti, lapèch se youn nan pi gwo sous revni pou anpil fanmi ki rete bò lanmè. Pechè yo leve chak jou ak ti kannòt yo pou pote pwason, woma, lanbi ak lòt pwodwi lanmè pou nouri popilasyon an.
Men sektè a ap fè fas ak anpil defi : mank ekipman modèn, polisyon, twòp lapèch, ak katastwòf natirèl. Si nou pa pwoteje resous lanmè nou yo, demen ka vin difisil pou kominote kotyè yo.
Li lè pou nou ankouraje lapèch dirab, sipòte pechè yo, epi pwoteje lanmè nou yo.
Ann mete men ansanm pou devlope sektè lapèch la epi bay plis opòtinite pou kominote yo.
28/01/2026
Agrikilti se youn nan pi gwo poto mitan devlopman yon peyi. Se li ki bay manje, kreye travay, epi soutni lavi anpil fanmi, sitou nan zòn riral yo. Lè agrikilti mache byen, popilasyon an manje miyò, ekonomi an vin pi solid, epi depandans sou enpòtasyon diminye.
An Ayiti, agrikilti gen yon wòl istorik enpòtan. Anpil peyizan travay tè a pou pwodui mayi, diri, pwa, bannann, kafe ak kakawo. Malgre sa, sektè a ap fè fas ak anpil difikilte tankou mank zouti modèn, chanjman klimatik, sechrès, inondasyon, ak mank sipò teknik ak finansye.
Pou agrikilti devlope, li nesesè pou envesti nan fòmasyon peyizan yo, amelyore sistèm irigasyon, pwoteje anviwònman an, epi ankouraje jèn yo enterese nan travay tè a. Agrikilti pa sèlman yon mwayen pou viv, men li se yon chemen pou rive nan otonomi alimantè ak devlopman dirab peyi a. An kore agrikilti 🤝
21/01/2026
Marigot - Société : Lancement d'une nouvelle initiative , Mouvement des Amis Dévoués pour l’Avancement de Savane Dubois (MADAS)
Par; Youvika JOINIS
Le mardi 30 décembre 2025, la communauté de Savane Dubois a marqué un tournant significatif avec la première assemblée générale du Mouvement des Amis Dévoués pour l’Avancement
de Savane Dubois (MADAS).
Cette nouvelle organisation vise à promouvoir le développement de cette section de la commune, qui se distingue par son importance économique tout en étant l'une des plus vulnérables parmi les cinq sections de Marigot.
La cérémonie a débuté par une messe célébrée par le Révérend Père Armand Chery, Curé de la Paroisse Sainte Marie Madeleine de Peredo. Dans son homélie, le prêtre a encouragé les jeunes de la communauté à se concentrer sur les véritables besoins de Savane Dubois, soulignant l'importance de l'engagement communautaire.
, ancien directeur du lycée Gérald Mathurin de Peredo, a pris la parole pour évoquer le rôle crucial des organisations au sein des communautés.
Il a mis en lumière les différentes formes d'organisation, en insistant sur l'importance des initiatives de la société civile. Nozil a exprimé son souhait que MADAS ne soit pas simplement une nouvelle entité, mais qu'elle devienne un catalyseur de changement. Il a également appelé les jeunes à s'engager dans des projets
à impact durable, tels que la plantation de 100 arbres Mapou d'ici 2043, en plaidant pour la protection de l'environnement.
Dans son discours, a présenté les objectifs de MADAS, qui incluent la protection de l'environnement, la promotion de l'agriculture et l'éducation. Ces axes de développement visent à renforcer la résilience de la communauté face aux défis économiques et environnementaux.
La journée s'est poursuivie par un repas convivial, où , coordinatrice du mouvement Bien-être collectif, a souligné l'importance de la participation
des femmes dans le développement communautaire. Son intervention a rappelé que l'inclusion de toutes les voix est essentielle pour bâtir un avenir durable et prospère pour Savane Dubois.
Ce lancement marque une étape prometteuse pour la communauté, qui aspire à un avenir meilleur grâce à l'engagement collectif et à l'initiative de ses membres.
19/01/2026
Òganizasyon MADAS lanse mesaj sa a pou sansibilize tout manm kominote a sou enpòtans pwoteksyon anviwònman. Anviwònman an se baz lavi nou: se li ki ban nou dlo, lè, manje ak sante. Lè anviwònman an an danje, se tout kominote a ki soufri.
Nou ap fè fas ak anpil pwoblèm tankou koupe pyebwa san kontwòl, jete fatra nan lari, ravin ak rivyè, sa ki lakoz inondasyon, maladi ak degradasyon tè a. Sitiyasyon sa yo afekte lavi chak fanmi, espesyalman timoun ak granmoun aje yo.
Òganizasyon MADAS ankouraje chak sitwayen pran responsablite li:
Pa jete fatra atè ni nan ravin
Plante ak pwoteje pyebwa
Kenbe lakou, lari ak espas piblik yo pwòp
Ankouraje bon pratik anviwònmantal nan fanmi ak katye a
Pwoteksyon anviwònman an se pa zafè yon sèl moun, se zafè tout kominote a. Se ansanm n ap kapab bati yon kominote ki pwòp, an sante e dirab.
Ansanm ak MADAS, ann pwoteje anviwònman an jodi a pou n garanti yon demen miyò.
Site Web
Adresse
Marigot