Veau-Doux Fans Club
Née d'une initiation astrale et divine
Suite à l'installation du Conseil présidentiel de transition en Haïti, le président kényan, William Ruto, a fait savoir que son pays est prêt et disposé à mettre en œuvre rapidement la Mission Multinationale de Soutien à la Sécurité (MMSS)en Haïti, autorisée par le Conseil de sécurité des Nations Unies depuis octobre 2023, selon un message publié sur son compte X jeudi 25 avril 2024.
Report de la date de l'organisation de la 30e édition de Livres en folie
Un changement est opéré dans l'agenda de l'organisation de la foire «Livres en folie» cette année. La 30e édition de l'événement qui était préalablement prévu pour le 30 mai 2024, a été reportée à une date sine die. L'annonce a été faite par la UNIBANK et Le Nouvelliste le mardi 23 avril.
Le Bénin a nommé le Colonel Pamphile Zomahoun, comme envoyé spécial du Bénin en Haïti dans le cadre du déploiement de la Force multinationale. Cette nomination a eu lieu ce mercredi 17 avril 2024, suite à un Conseil des ministres.
Le ministre Michel Patrick Boisvert est nommé Premier ministre intérimaire, en attendant la nomination d'un nouveau Premier ministre par le Conseil présidentiel de transition, qui a prêté serment ce jeudi 25 avril 2024.
25/04/2024
Le Premier ministre Ariel Henry a officiellement démissionné de son poste, selon une lettre officielle en date du 24 avril, rendue publique ce jeudi 25 avril par la Primature. Voici la lettre ci-dessous.
Yon kokennchenn remèsiman pou tan w pran pou founi je gade 2 ou 3 liy depaman m ekri sou rasin _*move san*_ dirijan nou yo.
M pa vin pou m rete, 3 minit sifi pou fin li, analize e kòmante sa m di yo . M ap raple w sa, tout sa m di la a yo pa enfayib, yo pa gen okenn entansyon se yo ki laverite e chak moun gen dwa pou wè l yon lòt jan. Men l nesesè pou m te prezante nou pledwari sa a anfavè chèf nou yo.
Nou ka sezi (zanmi m yo sitou) pou n tande m ap defann chèf nou yo(sa n souvan rele vòlò, pa serye oubyen machann peyi yo) m pa fou, m jis ap chèche rezon moveste yo a pou n wè ansanm si n ka trete l.
Depi m ti kakat, m potko menm ka met sandal nan pye m, alevwa pou ta pran lari poukont mwen; men m te gen lespri timoun dwe gen nan laj sa a yo, m te toujou ap tande istwa timalis ak bouki. Depi w t ap grandi nan ane 1990 pou rive 2000, ou pa ka pa konn Bouki se egare e malis limenm se nèg lespri a...M pa bezwen di w si w moun 1980, 1970, 1960...te gen menm vèsyon an, piske se yo k toujou ap rakonte nou tout panopli istwa sa yo. Jou yo pa rakonte w istwa bouki ak malis, yo twoke non yo an Jansòt(toujou bouki) ak Janlespri(ki se malis)...M pa bezwen fè nou santi tout paran ap fòme pitit pa yo pou yo vin malis, okenn moun pa vle bouki nan antouraj yo.
Men kite raple w sa, depi timtim bwa sèch tanmen, anba gwo Lalin, nan vil kou nan pwovens, tout lakou chaje kou legba ap aprann kijan pou yo vin entèlijan menmjan ak timalis. Menm sou ban lekòl mètrès nou yo swiv menm liy la.
Tank n ap grandi, tank n ap gen lespri, se moman pou n aplike lespri timalis la nan reyalite a; se plis n ap vin sanble ak timalis. Ou pa gen dwa echwe(pou ayisyen, reyisit se posede tout byen materyèl; yon ti ponyen ki pa wè l konsa), ou gen obligasyon reyisi menmjan ak timalis. Nan ka sa a, tout riz pèmi, tout koken se wout.
Lè n edike yon sosyete pou nou tout reyisi menmjan (posede gwo kay ak bèl machin) e itilize tout mwayen posib kisa n atann anretou? Eskize m si m trayi yon tradisyon sanpidè konsa. Sa pa vle di m pa Ayisyen si m refize malis.
Ant malis ak bouki kiyès ki reprezante moral(m pa moralis, m vle pale de sa ki ka ede nan devlopman). Nou te manke konn bouki, banm pataje janm konprann bouki avè nou.
- Premyeman, Bouki pa gen okenn lwa vòlò ki ka monte pou l pran sa k pa pou li; men Malis, se domèn li...se la a yo soti ak pran sa k pa pou yo depi yo pa bare yo, yo se Malis(entèlijan) yo pa vòlè...nou vin kreye yon syans pou vòlè... Kisa sa bay? Nou pa wè kijan n chaje ak Malis nan sosyete a?
- Dezyèman, Malis touye moun li rele Bouki, bay Bouki siveye moun nan epi Malis lage chay la sou Bouki...Plop, Bouki pase pou koupab... gade bèl bagay tradisyon nou aprann nou. Nou wè l diferan? ( M p ap pale fò, ann di yon ti pawòl tou ba nan zòrèy: ou pa wè Malis fin touye prezidan an yo anvi Lage l sou do Bouki? Men ta sanble yo tout vin Malis, sèl mwen k Bouki avè w, men yo pa jwenn nou).
Men kounye a tout Timalis vin Gwomalis, nanpwen Bouki ankò...Vin di m lè tout moun se Malis, kisa w ap atann. Mezi kote w pase nan peyi a tout moun gen yon lwa Timalis ki mache ak yo.
Lè lwa sa a pran yo, yo joure yon dirijan kokorat si l pa vòlè lajan leta a pou l achte bèl kay, bèl machin al nan vwayaj. Lè lwa sa a pran yo, yo di ann manje grenn je l...yon lwa visye, yon lwa depaman.
Men yo bliye si lwa Malis la danse nan tèt tout Ayisyen piske n sot nan menm lakou, nou te konn tande menm kont. Sonje tou, pyès Ayisyen pa ta vle Bouki, e si w ta Bouki ou ka menm pran bwa kale(boule w vivan ak kawotchou).
Brèf, jou yo kouri yo ale men yo kite tout Malis ap feraye. Sosyete a enpoze chak sitwayen pou pwouve yo se Malis sinon yo echwe (sans piwo a). Echèk pa dous! Chak chèf dwe montre l se yon vrè Malis. Tank ou pi Malis, ou jwenn plis kredi e ou merite yon pi gwo pòs. Sa n panse si nou ta chanje faz? Eske n te dwe chwazi vin Malis? E si n vin Bouki, eske sa p ap miyò?
M eseye Bouki, m wè sa mache. M gen kèk zanmi etranje, yo pa ayisyen, m wè yo byen sanble Bouki menmjan avè m e yo byen viv. Anpil peyi prefere Bouki olye yo Malis.
NB: Onètete, lanmou, senserite ak sansiblite se baz valè yon Bouki...tout sosyete bezwen sa pou yo avanse. Depi lè n te rejte Bouki pou Malis la, nou te tou siyen pou n tonbe nan twou sa yo. Dirijan nou yo viktim tradisyon sa yo
_*Prof Jean Louis Fritznel, Leader engagé, 25 Avril 2024*_
Gwo salitayon pou chak moun ki pran san yo li e konprann sa m di la yo...li pa yon konesans ki egzat, li ka refite e ka konsidere. Men nenpòt jan w konprann m ap satisfè paske mesaj la pase.
Kòman nou ye?
Petèt gwoup sa a pa fèt pou sa m pral di la a men m sipoze Majorite Ayisyen si l pa tout ap travèse yon moman ki difisil anpil e tout espwa yo se pati kite Ayiti. Nou konn sa deja, vwayaj enkli migrasyon. Sa vle di, ki di vwayaj di imigrasyon...
Sa m pral di la a tou, li pa gen okenn rapò ak sansiblite nonplis, li pa enplike santiman men se pozisyon m.
Pou m kòmanse, menmjan ak tout nasyon, avan tout apatenans, nou se moun; kidonk, se la a nou tout sanble. Nosyon sosyete a, nou tonbe dakò ak li a, se la nou kòmanse pa menm moun nan, nou chak sanble ak gwoup nou apateni an.
Konsa, Ayisyen sanble ak Ayisyen, Ameriken sanble ak Ameriken, Franse sanble ak Franse e latriye. Kwak sa, Ayisyen se sèl nasyon ki ta vle tout nasyon sanble avè l, travay an fason(travay pou li), nou se sèl nasyon ki chita ap tann jenewozite lòt nasyon an favè nou. Nou toujou panse tout mal n ap sibi soti nan rayiman lòt nasyon pou nou. Men konsa tou, nou toujou inyore si chak manm nan yon sosyete gen devwa pou l travay pou avansman gwoup pa l la e si l ka pwofite feblès yon lòt, politikman l pa yon mal tanke l pa afebli sosyete pa l la.
Brèf, annou pase sou pwen ki enpòtan an k ap domine aktyalite Ayisyen ak Dominiken...(M ap raple nou, m se ayisyen rasinen, m ap goumen pou m chanje peyi m). Premye sijè nou se imigrasyon k ap kouri dèyè ayisyen nan sendomeng; gen ayisyen ki pa dakò, konsa tou genyen ki menm nan imigrasyon k ap kouri dèyè pwòp ayisyen parèy li. Èske estrateji sa a bon?
Lè n konsidere Repiblik vwazen an, li pa pi rich pase sa, diferans li se lanmou chak grenn manm(moun~dominiken) Santi pou peyi l...Renmen enplike jalouzi, li enplike pwoteksyon e pou sa w ap toujou sèvi ak tout mwayen pou pwoteje sa w renmen an. Noumenm Ayisyen, nou pa gen okenn lanmou pou peyi nou, se pou sa n pa jalou pou li, se pou sa n pa pè pèdi l, se pou sa n pa enkyete n si l kraze. Kidonk, ou panse yon konpòtman konsa, yon lòt nasyon ki temwen l t ap tenyen zye l sou li? Sa vle di, si w gen pa w la w kraze l pa genyen w ap pè kraze.
Pa ka gen deba sou sa, okenn Ayisyen pa janbe Repiblik dominikèn pou al viv pou lanmou yo gen pou li, nou pa fyè de sa vre(bann ipokrit).
Desizyon pou imigrasyon dominiken an charye Ayisyen pa pil ak pa makonn pimpe yo nan peyi yo a gen 2 aspè:
1) Yon aspè sosyal;
2) Yon aspè politik...
PS: gen lòt aspè men pou kounye a, sa yo dominan.
- Sosyalman, Ayisyen pwojte yon imaj sal nan tout sans. Yo pa vann respè ou pwokire tèt ou li. Men nou jis vle paske n Ayisyen nou merite respè nenpòt jan sa ye. Nou kreye panik kay menm Ayisyen parèy nou. Menm Ayisyen pè Ayisyen! Kijan pou yon moun pè w epi pou l viv avè w? Sosyalman, depi n ta menm vin 25% nan popilasyon dominiken an n ap kòmanse kreye twoub e n ap sifi pou n kraze teritwa yo a. Nou pa t pran 50 an pou yon ti minorite zwit(tankou jan prèt katolik la te konn di) kraze peyi plat. Enben, man lespri tout chèf leta, nou ekspètiz nan kraze peyi...sitou si peyi pa posede yon gwo sèvis entèlijans, envestigasyon, ankèt ak siyans tankou USA, Canada, France... Sendomeng pa gen gwo kapasite sa a, mwayen l genyen ki pi garanti pou kontwole w se mete moun pou sa. Gen peyi depi w la yo konnen paske yo gen mwayen pou menmke pa gen moun k ap mache nan lari pou sa.
- Politikman, li anglobe eksplikasyon sosyal la met sou sa, estrateji kèk aktè politik sèvi pou Montre pèp yo kijan yo atache ak peyi yo...pou dominiken, depòte moun ilegal(nenpòt nasyon) se yon prèv lanmou pou sosyete pa yo a; tout tan yon chèf ka depòte, se tank l ap sanble pi bon dirijan pou yo. Donk, vàn depòtasyon sa a louvri pa sèlman pou Ayisyen, men tou pou tout nasyon ki poze pwoblèm laperèz la.
Nan ka sa a, ap toujou gen depòtasyon; pa gen okenn prezidan nan okenn nasyon k ap pi bon pou Ayisyen ke pwòp nasyon pa l la, sèl chèf nou yo ki konsa...yo pi onèt ak lòt nasyon ke nasyon y ap dirije a. Nan lespri yo, depi yo respekte entènasyonal la, zafè Ayisyen e poutan yo se dirijan Ayisyen. Kot lanmou an? Kot respè a? Kot angajman patriyotik la? Kot fyete nasyon an? Ki mesaj nou voye ale lè n konsa?
Piwo a, m te di m pral pale sou 2 pwen. Men lòt la:
Anpil nan nou ka tande yo di yon ajan imigrasyon vyole yon timoun(ta sanble l ayisyen), nan yon zòn yon rele Bavaro nan Repiblik dominiken an...aprè zak sa a, pwòp prezidan an ta deklare se youn rezon ki fè l dwe depòte chak grenn Ayisyen sou teritwa l la paske tout anplè bagay la genyen an se paske l se Ayisyen.
Wi, an verite l gen rezon...sonje piwo a m te presize chak sosyete gen jan pa yo pou yo viv men noumenm noumenm nou toujou konprann tout sosyete dwe viv jan nou viv ki kraze peyi pa nou an.
An Repiblik dominikèn, li pa yon pi gwo krim ke sa si yon moun poko gen 18an li al nan rapò seksyèl(volontè ou envolontè) ak yon moun ki deja majè...ap gen jistis ki fèt men se pa jan Ayisyen fè l lakay li a. Jan dominiken Jere pwoblèm sa a, pou Ayisyen an, se enjistis li pandan setan se menmjan yo konsidere l pou pwòp moun lakay yo.
Noumenm Ayisyen, nou gen yon pwazon ki rele dwazimen, se li 3èm wòch dife ki kraze peyi nou an(Lòt 2 yo se chèf nou yo ak boujwazi a). Sa tris pou yon gwoup entèlijan ap kreye twoub pou jenere tout avwa sa yo sou yon ti peyi pòv tankou Ayiti.
Kite m aprann nou yon bagay kèk moun ki konn lavi snedomeng pataje avè m; selon sa yo di m, li frekan pou yon dominiken swa renmen oubyen kouche yon timoun, tankou jan m te di piwo a, pou yo l pa pi gwo krim. Jan Prezidan an di a, se paske se Ayisyen sa rive ki fè l vin gen tout valè sa a. Gen fason pa yo pou yo jere sa e pafwa 2 moun sa yo(majè a ak minè a) konn kontinye nan relasyon yo si yo toujou vle. Sa pa vle di yo inyore dwa tifi ak dwa tigason, yo jis pa fè biznis Ayisyen fè avè l la.
Sa tris, Ayisyen an pa gen pwoblèm pou fè tèt pitit li pou l kouche ak yon moun jis pou l ka fè moun nan peye l(se pa sa k rive non men l bon pou n mansyone sa). Men dominiken an pa viv konsa. Anvan yo konsidere dwazimen an, yo gade sosyete yo anvan, eske tèl lwa p ap deranje lakay pa yo.
Kidonk, yon Ayisyen vin fleksib...tout kote l pase l toujou panse moun rasis e yo pa vle wè yo, men se kisa mi rasis la? Si lakay ou te bon, se menmjan n t ap evite moun vin anvayi l san papye...se menmjan n t ap evite tout bagay sa yo tou.
- Konsèy nimewo 1: anvan w al nan yon peyi, chèche konn peyi a nan nivo w kapab pou w pa akize okenn moun...ou ka ale san viza, ou ka gen viza w rete men toujou sonje peyi a te gen tout kritè pou w rezide yo; si yo pran w voye w lakay ou l pa dwe pran sans krim. Pou plezi yon lòt nasyon, yon nasyon pa ka kraze sistèm pa l yo. Yon ti remak: Biden bay yon pwogram anpil moun rantre men eske n konnen anpil moun depòte tou nan moman pwogram sa a? Wi, anpil depòtasyon fèt paske kondisyon imigrasyon moun sa yo pa reyini.
- Lòt pwen, chèche konn kijan tout sistèm yo fonksyonè pou w pa di yo fè w abi lè yo pa aplike lwa yo menmjan ak lakay ou( si w pa satisfè konn ki kote w dwe al plenyen sa)
- Chèche konn mòd lavi moun yo anvan w jije konpòtman yo, se pa jan w ye a pou yo ye; se ou k pa lakay ou, se jan yo ye a pou w ye. Jan yo konstwi pou w kontwi, ou ta dwe kopye chak ti sa yo fè pou w pa deranje yo.
PS: si w renmen li, al li ti liv sa yo; Du contrat Social de Rousseau avèk Les lettres persanes de Montesquieu
*_Prof Jean Louis Fritznel, Leader engagé, 16 Avril 2024_*
Aprè yon ti lapli fin pase kafoufèy, tout moun kraze Rak; lapolis menm ap antrene pou gwo aperasyon kraze pèp paske yo pa t gentan kouri ak kat pou yo vote a😂😂😂
M pa konn fwa w, men ann reflechi ansanm.
Si lòj, peristil, moske, legliz ak lòt tanp nou rele tanp mistik fèmen pou nèg ak zam, kisa sa vle di pou ou?
02/09/2023
Men dat egzamen yo. Sòti samdi 23 septanm pou rive dimanch 8 oktòb 2023 se 3 semèn sa yo k ap rezève pou konkou rantre fakilte yo.
02/09/2023
Bon Nouvèl. ILA ap resevwa enskripsyon pou fakilte l yo depi lendi 4 septanm lan pou rive vandredi 22 septanm 2023
13/08/2023
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Contacter l'entreprise
Téléphone
Site Web
Adresse
Jeremie
7110HT