Bigailles Fc

Bigailles Fc

Partager

Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Bigailles Fc, Équipe sportive, Rue, Jean-Rabel.

28/07/2026

Li pa yon aza, se rezilta travay di, disiplin, inite ak detèminasyon! 🔥

Se Bigailles FC kap kontinye montre valè li sou teren an. Nou desann pou defann koulè vèt ak blan an avèk fyète, kouraj ak lanmou pou klèb la. Nou batay depi premye kout siflè a jouk rive nan dènye kout siflè a, san janm lage.

Jodi a, efò tout ekip la pote fwi. Se yon viktwa ki byen merite apre yon gwo batay sou teren an.

🏆 Bigailles FC 4️⃣ – 2️⃣ Advèsè a

24/07/2026

OFISYÈL – NOUVO EKIPMAN SEZON 2026–2027 ⚽💚🤍

Se avèk anpil fyète nou prezante nouvo ekipman ofisyèl ekip la pou sezon 2026–2027!

Nou envite tout fanatik ekip la pou vin montre lanmou nou genyen pou Bigailles FC mete vèt ak blan epi vini chofe ekip la nan chak match.

Ansanm, ann fè tout 4kwen teren an tounen yon lanmè vèt ak blan. Sipò nou se fòs nou!

💚🤍 Yon ekip. Yon fanmi. Yon objektif.

15/07/2026
30/08/2025

Le 29/08/2025

Bigaille FC – Nòt Apresyasyon

Nan non Bigaille FC, nou voye tout rekonesans nou bay tout sipòtè nou yo ki toujou kanpe bò kote nou ak lanmou san kondisyon. Apre plizyè lane absans sou teren, nou rekonèt pwomès nou te fè pou tounen nèt epi pote koup la lakay poko fin akonpli!

Men, ane sa a nou te fè tout sa nou kapab pou fè sipòtè nou yo fyè ak kontan, nou pwomèt nap retounen pi fò toujou ane pwochèn.

Nou vle di mèsi ak chak grenn dirijan Ki pat gen ni repo ni dòmi depi c pou bezwen ekip la .

Nou vle di yon gwo mèsi tou ak tout jwè ki te sakrifye tan yo ak enèji yo pou ekip la devouman nou se kè Bigaille FC.

Yon mèsi espesyal pou CTF ki ban nou opòtinite pou n wè ekip nou an tounen sou teren an epi pou bèl travay yo fè nan òganizasyon an.

Avèk rekonesans,

Vis-prezidan Jean Baptiste Cédieu
Prezidan : Jean Baptiste Lifranc

Vous voulez que votre entreprise soit Gym la plus cotée à Jean-Rabel ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Site Web

Adresse

Rue
Jean-Rabel
3340