Artists Institute Haiti

Artists Institute Haiti

Partager

Artists Institute gen yon gwo istwa, avan nou te yon festival sinema, aprè nou vin yon lekòl sinema ak mizik.

Jodia, nou se yon gran kominote atistik ki ap pote kilti nou nan tout mond lan.

ROOTS IN MOTION : 71 Years of Konpa – Dance, Rhythm & Haitian Heritage 26/08/2026

26 jiyè ki sot pase, Konpa te selebre 71 lane.

Pou make dat enpòtan sa a nan istwa ak kilti nou, Roots in Motion te resevwa koregraf jakmelyen Cliford Jasmin ak pou yon bèl moman pataj sou Konpa, dans, transmisyon ak plas ritm sa a genyen nan idantite nou.

Konpa se plis pase mizik. Se memwa, se mouvman, se koneksyon. Se yon pati nan kilti ayisyen an k ap kontinye viv, evolye epi travèse jenerasyon ak fwontyè.

https://youtu.be/OwDGpvOEXoI?si=IdAHJwS12oFt-CDX

Rasin nou vivan. Kilti nou an mouvman.

ROOTS IN MOTION : 71 Years of Konpa – Dance, Rhythm & Haitian Heritage 71 years of Konpa. 71 years of rhythm, movement, memory and Haitian...

Photos from Artists Institute Haiti's post 21/08/2026

Ayiti gen istwa pou l rakonte. E li gen talan pou rakonte yo.

Nan Artists Institute Haiti, nou kwè nan talan kreyatif ayisyen, nan fòmasyon, nan konesans ak nan opòtinite ki ka transfòme pasyon an metye.

Relouvri AIH se zafè pa nou tout.
https://bit.ly/DonateAIH

16/08/2026

Chak pakou konte. Chak istwa fè pati istwa AIH.
Ann ekri nouvo chapit la ansanm.
https://bit.ly/AIHform

14/08/2026

Bwa Kayiman se memwa. Bwa Kayiman se fòs. Bwa Kayiman se inyon.

14 dawout fè nou sonje fòs nou genyen lè nou mete tèt ansanm pou yon menm objektif.

Jodi a plis pase tout tan, ann ini talan nou, konesans nou ak kreyativite nou pou n bati yon Ayiti miyò.

Avèk Roots in Motion , n ap sonje kote nou soti pou n ka konstwi kote nou vle ale.

Rasin nou se fòs nou. Sonje. Transmèt. Kreye.

🎵Boukman O - lakoumizik

Plastic Pollution in Haiti | Stéphanie Sophie Louis | CINENAT | Artists Institute Haiti 25/07/2026

FLASHBACK SOU CINENAT

Pandan premye edisyon CINENAT, nou te ouvri yon espas pou reflechi ansanm sou polisyon plastik ann Ayiti ak wòl chak sitwayen nan pwoteksyon anviwònman an.

Jodi a, n ap envite nou (re)dekouvri entèvansyon politològ Stéphanie Sophie Louis ki pataje analiz li sou sijè sa a.

Gade videyo a sou chèn YouTube Artists Institute Haiti :

Plastic Pollution in Haiti | Stéphanie Sophie Louis | CINENAT | Artists Institute Haiti Nan kad Jounen Mondyal San Sachè Plastik, Artists Institute Haiti t...

Photos from Artists Institute Haiti's post 15/07/2026

Bòn fèt, ayi.ti509

Se yon bèl plezi wè w kontinye grandi kòm atis epi suiv chemen w ak menm pasyon an.

Mèsi pou moman echanj sa a pandan premye edisyon CINENAT ak pou tout sipò w anvè relans AIH. Prezans ou ak angajman w montre jan kominote ansyen etidyan an gen enpòtans.

Nou swete w yon ane plen kreyasyon, enspirasyon ak bèl opòtinite.

Relouvri AIH se zafè pa nou tout.

13/07/2026

🎉 Facebook recognized me as a top rising creator this week!

Photos from Artists Institute Haiti's post 09/07/2026

Cinenat , yon eksperyans sinema anba zetwal

Lè kilti rasanble moun, se tout kominote a ki grandi. Relouvri AIH se zafè pa nou tout.

Photos from Artists Institute Haiti's post 08/07/2026

Ekip la ak festivalye yo te reponn prezan pou selebre Jounen Mondyal san Sachè Plastik ansanm.

Relouvri AIH se zafè pa nou tout.

Téléphone

Adresse


Jacmel
HT9110