varye
Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de varye, Écrivain, Jacmel.
bienvenue avèk chak grenn Moun ki pran plezi nan li istwa nou yo 🥰Mwen vle fè nou konnen paj sa "disponible pour l pote plezi " Youn nan fason pou w ede nou avanse " se abone avèk nou " envite Yon lòt akonpanye w 🙏😍🥰
03/09/2026
TIT : YON SECRET
EKRI PA : VARYE
EPISODE 3
MWEN EKRI LÈM SANTI M TRIS 😢MWEN EKRI LÈ M SANTI M BYEN 🥰EKRI SE MWEN💫EKRI SE FÒS MWEN ✍️
YON LANMOU 👩❤️💋👨YON SECRET 💫YON MARYAJ👰♀️ KAPAB KRAZE TOUT BAGAY
DEJA BON LEKTI MES AMOURS 🥰
Marck te kontinye wout li nan silans , san l pat chwazi deranje madanm li " Karem chita sou sofa a, telefòn li n l fache Aprè yon diskisyon li sot genye ! Amanda antre dousman gade sè l pandan kèk segond anvan li chita bò kote l
Amanda: 👩🦰Karem…
Karem:👩Hmm?
Amanda:M ka pale avè w?
Karem:Si se yon bagay ki pral ban m tèt fè mal, pa pale non 😡mwen paka tande pale anpil
Amanda:Se pa pou m fè tèt ou fè mal !Se paske mwen gen yon bagay sou kè m.
Karem:Pale map koute
Amanda: M konnen ou se gran sè m , m respekte w anpil , pafwa, gen bagay mwen wè wap fè ki fè m pè pou avni w.
Karem: Ou kòmanse ak pawòl sa yo ankò? Papa m voye w devan ?
Amanda : oui , Paske mwen pa vle yon jou nou di youn lòt “Amanda te wè sa, men li pat janm di m anyen
Karem: Mwen konnen tèt mwen , pa bezwen enkyete w pou mwen.
Amanda: Se paske mwen konnen w mwen enkyete m
Karem: Epi kisa ou wè sou mwen? Map valeur , sou te gen respè pou mom , ou tap mache sou prensip li
Amanda: wè yon fanm ki gen anpil fòs, men ki konn sèvi ak fòs li nan move fason , ki montre moun pa vo anyen devan l
Karem: Mwen pap kite pèsonn mache sou mwen non , moun ki gen lajan kap jwenn valeur nan menm
Amanda: pa mande w kite pèsonn mache sou ou ! Mwen mande w aprann fè diferans ant defann tèt ou ak detwi lòt moun ak konpòtman w , lang ou
Karem:Se konsa manman an leve m.
Amanda: M konnen.
Karem:Donk pa vinn kritike fason manman m leve m.
Amanda: pap derespekte manman nou , mwen bezwen di w laverite " edikasyon wap pran nan men manman m lan pa bon pou avni w si ou kontinye aplike l konsa.
Karem leve tèt li gade Amanda dwat nan je.
Karem: Ou serye
Amanda: Wi.
Karem:Ou piti pase m, epi se ou kap vin aprann mwen kijan pou m viv?
Amanda:Non, Karem ,se pa laj mwen kap pale ,se lanmou mwen genyen pou ou.
Karem: pa bezwen moun sove m.
Amanda: pa eseye sove w , ou se gran sè m depi m piti, se ou kite la pou pwoteje m , jodi a, si mwen wè yon bagay ki ka fè w mal, mwen dwe di w li.
Karem: M toujou pwoteje w.
Amanda: Epi se youn nan rezon ki fè mwen renmen w anpil.
Karem:Alors?
Amanda:Alors mwen pa vle ou pase tout lavi wap panse moun dwe pè w pou yo respekte w.
Karem: pa gen tan pou moun ki pa renmen m.
Amanda:Se pa kesyon renmen ! Se kesyon fason ou konpòte w.
Karem: konsa map fout rete
Amanda:ou pa oblije rete konsa.
Karem: Se karaktè mwen.
Amanda: Gen bagay ki se karaktè ! Gen lòt bagay se move abitid ou aprann.
Karem pa reponn
Amanda: ou konn pale ak moun jan w vle imilye moun lè ou santi yo pi ba pase w. konn panse si yon moun pa gen lajan oswa pouvwa, li pa vo anyen.
Karem: Paske lavi a mechan.
Amanda:Lavi a mechan, wi , sa pa vle di ou oblije vin mechan tou.
Karem: Ou twò dous
Amanda : E ou twò di , wap fè papa m wont
Karem:Petèt se sa ki fè nou diferan , nou chak gen moun pa nou
Amanda:mwen pa vle diferans nou fè nou lwen , si yon bagay rive w papa m pap kanpe avè w
Karem: Amanda…
Amanda: Wi?
Karem: Ou vrèman panse mwen ka chanje?
Amanda: Wi.
Karem:menm jan mwen ye a
Amanda:Wi ! Paske mwen konnen anba tout kòlè sa a, gen yon moun ki gen bon kè
Karem: Ou pa konnen sa yo vre
Amanda: konnen oui , ae gran sè m ou ye
Karem souri yon ti kras
Karem: toujou konn pale anpil
Amanda: E ou toujou konn fè kòmsi ou pa tande
Karem: mwen tande tout sa w di yo , yo pa fè m bien
Amanda: Alors sonje yon sèl bagay " ou ka respekte manman nou san w pa oblije repete tout move bagay li aprann ou yo
Karem: Sa difisil.
Amanda: m pa di l ap fasil , konsa tou anyen pa difisil depi gen volonte
Karem: si mwen tonbe ankò pandan map chanje a
Amanda: map la pou m leve w
Karem: E si mwen pa vle èd ou
Amanda: map toujou rete sè w
Karem: Ou gen chans mwen renmen w.
Amanda:Mwen menm tou mwen renmen w, gran sè m
Karem lonje men l, li rale Amanda bò kote l
epi li ba li yon ti akolad
Karem: Pa pran sa kòm yon siy mwen pral tounen yon moun dous demen , pa mete nan tèt ou map chanje
Amanda: pa bezwen sa , mwen jis bezwen w kòmanse reflechi anvan w aji.
Karem: map eseye.
Amanda: Se tout sa m te vle
De sè yo rete an silans Karem gade devan l, ap reflechi sou tout sa Amanda sot di l yo
Karem: Amanda…
Amanda: Hmm
Karem: Pa janm sispann di m laverite, menm lè se bagay mwen pa vle tande , juste pale anpil menm jan ak papa m , pou m konnen kiyès nan nou kap gen rezon
Amanda: pwomèt ou nap gen rezon
IVONISE AK EVLYNE
Evlyne chita devan Ivonise fèk fin esplike manman l kijan yon moun dwe toujou fè efò pou l rete nan menm nivo a, pou moun pa wè chanjman nan lavi l ! IVONISE ap gade l pandan kèk segond, epi yon ti souri parèt sou figi l
IVONISE: Evlyne... mwen dwe felisite w
EVLYNE: PouKisa, manman?
IVONISE:Pou fason ou wè bagay yo , mwen kontan wè ou konprann yon bagay anpil moun pran anpil tan pou yo aprann
EVLYNE: Ki bagay
IVONISE: Fason pou w toujou rete menm jan devan moun , sa fè m konprann edikasyon m yo pat janm pou plezi
EVLYNE:Se sa mwen toujou di tèt mwen. Moun pa bezwen konnen tout sa kap pase dèyè pòt kay la.
IVONISE : Egzakteman , se pa tout moun ki merite konnen reyalite w ! Gen moun ki gade w sèlman sou aparans !Donk, si se aparans yo konprann, se aparans ou dwe kite yo wè.
EVLYNE: Se konsa mwen panse tou man
IVONISE: E mwen kontan paske mwen wèw konprann kijan pou w manyen moun tou , tout moun ki bezwen konnen entansyon w. Gen moun ou pale dousman avè yo, gen moun ou fè yo santi yo enpòtan, gen lòt ou kite kwè se yo menm kap dirije sitiyasyon an , epuis moun san lajan yo oblije sou kote
EVLYNE: Se vre.
IVONISE: sa se yon kalite lespri moun ki rich , menm pou mari w ou dwe limite , di lap fèw konnen tout moun se moun
Evlyne: m pa nan grimas sa non , se youn nan rezon ki fè m paka renmen Amanda
IVONISE:E ou gen rezon ! Se pou sa mwen felisite w
pwoche yon ti jan bò kote Evlyne
IVONISE: gen yon lòt bagay mwen vle ou toujou sonje " lajan ale kay lajan
Evlyne: Mwen konnen sa manman.
IVONISE: kontinye fè konesans ak moun ki gen mwayen ! Antre nan bon anviwònman. Konnen moun ki ka louvri pòt pou ou plus , pou gen double fwa lajan ou gen deja
Evlyne: Paske moun ki gen lajan konn atire plis lajan
IVONISE: se sa menm , lajan pa dwe dòmi nan yon sèl men , li dwe sikile , ou sèvi ak lajan pou antre kote ki gen plis opòtinite, ou fè relasyon ak moun ki gen mwayen, epi ou fè lajan an tounen vin jwenn ou ankò , se konsa oui pou fè Karem konprann bagay yo
Evlyne : konsa li pa janm fini mama , esa m toujou di l
IVONISE: aprann li pou mwen , pa dwe pè depanse sou bagay ki ka fè l jwenn plis valè pita.
EVLYNE: Mwen konprann.
IVONISE: Epi pa janm kite moun panse ou bezwen yo , menm lè wb bezwen yon moun, fè l santi se yon relasyon kote nou toude genyen ,! Se konsa ou kenbe moun bò kote w.
EVLYNE: Manman, se mari m
IVONISE: kenbe l paske l gen lajan , pa koute l pou w pa kontinye bouske lòt moun ak lajan
Evlyne : ou konn depi lontan , tout sa m vle se li pou m fè
IVONISE: pa montre feblès ou bay tout moun, epi toujou konnen ak kiyès wap pale.
Evlyne : map sonje sa yo ak tout fòs mwen
IVONISE: esa ki fè mwen fyè de ou ! Mwen wè wap konprann jwèt lavi a pi byen
IVONISE pran men Evlyne men pa l.
IVONISE: pa janm kite moun dirije w
IVONISE : Mwen konprann, manman.
Evlyne:Bon. Se konsa mwen vle wè w ! Yon fanm ki konnen valè aparans li, ki konnen valè lajan li
Evlyne souri IVONISE gade l ak satisfaksyon, tankou li santi tout leson li te vle pase yo kòmanse pran rasin nan tèt pitit fi li kite deja jwenn edikasyon sa yo depi timoun
10è nan maten.
Amanda antre ak yon dosye nan men l rete devan pòt la kèk segond anvan li pale.
AMANDA: Mesye Bernardo
Bernardo leve tèt li dousman sou òdinatè a.
BERNARDO: Wi? Kisa ankò Amanda
AMANDA: m wen vin fè w konnen randevou w genyen ak direktè konpayi an pou demen.
BERNARDO: kilè
Amanda gade telefòn li
AMANDA: 6è nan maten
Bernardo fè yon ti silans ! li lage yon ri frèt.
BERNARDO: 6è nan maten?
AMANDA: oui mesye.
BERNARDO:Amanda, ou konnen sa 6è nan maten vle di
AMANDA: Wi, mesye se bonè.
BERNARDO: Non se pa "bonè". Se yon lè moun nòmal ap dòmi! Se ki kalite sekretè ou ye menm?
Amanda rete trankil lap gade
AMANDA: Mwen konprann ou pa kontan, mesye Bernardo ! Se te lè yo te pwopoze a. mwen te panse
BERNARDO: ou te panse ak bouda w (leve nan chèz la) esa ki pwoblèm ou, Amanda ou pa panse twòp pou yon moun ki pa menm verifye lè yon randevou anvan ou mete l nan ajanda patron li.
AMANDA: mwen rekonèt mwen fè yon erè.
BERNARDO: yon erè?
Li souke tèt li avèk yon ti souri mechan.
BERNARDO:Si se konsa ou rele sa, mwen pa menm vle konnen kijan ou rele yon gwo erè
Amanda bese je l
AMANDA: mwen ka rele yo pou m chanje lè a
BERNARDO: Kounye a ou jwenn lide sa
AMANDA: oui mesye.
BERNARDO: Aprè ou fin mete m nan yon randevou a 6è nan maten an
Li pwoche bò zòrèy li
BERNARDO: Amanda, si m te bezwen yon moun pou ranpli kalandriye sèlman, mwen tap pran nenpòt moun ! Mwen bezwen yon sekretè ki konn sèvi ak tèt li.
Amanda pran yon gwo souf.
AMANDA: mwen konprann
BERNARDO: non , ou pa konpran paske si w te konprann, mwen pa tap oblije eksplike w bagay ki senp konsa.
Je Amanda kòmanse plen dlo lli eseye kenbe tèt li " Bernardo wè sa, li pa chanje ton li.
BERNARDO: Epi pa kòmanse kriye la a! Mwen pa gen tan pou dlo nan je.
Amanda vire figi l yon ti moman pou l pa kite dlo a tonbe
AMANDA:Mwen pap kriye, mesye Bernardo
BERNARDO: ou deja ap kriye
AMANDA: mwen eskize m pou erè a , m pral rele yo kounye a pou m chanje lè a! Apre sa, map verifye tout lòt randevou yo pou sa pa janm rive ankò.
Li pran dosye a epi li vire pou l sòti " Bernardo rele l
BERNARDO:Amanda(Li kanpe) lè w fin chanje lè a, mete nouvo lè a devan je m , pa vle yon lòt sipriz konsa
AMANDA:Dakò mesye.
Nan koridò a, Amanda rete kole ak miray la ! Yon dlo nan je glise sou figi l siye l byen vit, rale yon gwo souf " epi li tounen dwat di tèt li tou ba"
AMANDA: fè yon erè ! sa pa vle di mwen pa bon.
pran telefòn li epi li kòmanse rele pou chanje randevou a ! Pandan tan sa a, anndan biwo a, Bernardo chita ankò devan òdinatè li
BERNARDO: mwen pa konprann poukisa moun pran tout bagay pèsonèl konsa... merddd !!!!
Pran mache nan tout espas vid yo
A suivre !
Bonsoir fiyèl mw yo m pa bliye feyton an
Problm tn , epuis m wè nou pa sou feyton an
25/08/2026
TIT : YON SECRET
EKRI PA : VARYE
EPISODE 2
Mwen ekri lè m santi m tris 😢
Mwen ekri lè m santi m byen 🥰
Ekri se mwen 💫 Ekri se fòs mwen ✍️
YON LANMOU 👩❤️💋👨
YON SECRET 💫
YON MARYAJ 👰♀️
KAPAB KRAZE TOUT BAGAY… 💔
DEJA, BON LEKTI MES AMOURS 🥰❤️
AMANDA TE GADE MOUN KI KENBE LA POU YON LÒT FWA
Amanda 👩🦰 Eskize m
Moun nan fè yon pa dèyè rapidman pou l pa fè dosye Amanda yo tonbe
Jhon👦Non, se mwen menm ki dwe eskize m !Mwen tap gade telefòn mwen
Amanda leve je l sou li pnou premye fwa, je yo kwaze
Jhon 👦te rete yon ti moman an silans sanble ap chèche yon bagay pou di li kontinye souri
Jhon👦: Ou nouvo isit la
Amanda 👩🦰souri tou pou l reponn kesyon an
Amanda👩🦰: Wi ! Mwen kòmanse travay isit la depi kèk tan sèlman akonpanye ak grande soeur m
Jhon👦: Ah , mwen konprann. mwen rele jhon
Li lonje men l Amanda gade men an anvan li pran l
Amanda👩🦰: Amanda(Yo bay lanmen)
Jhon👦 lage men l dousman
Jhon👦: Amanda ( souri ) bèl non
Amanda ri yon ti jan jennen
Amanda👩🦰: Mèsi pou konpliman
Jhon👦: Mwen travay nan menm depatman an , s etranj nou poko janm rankontre
Amanda👩🦰: Petèt se paske mwen toujou ap kouri dèyè travay mwen plus
Jhon👦: Ebyen, jodi a travay la fè m rankontre w , map kontan rekonèt soeur w la tou
Amanda 👩🦰pa t konnen kisa pou l reponn jis souri " Nan menm moman an, yon lòt anplwaye pase bò kote yo
Anplwaye a: " jhon ! Yo tap chèche w nan biwo a
Jhon vire tèt gade moun nan
Jhon👦: Mwen vini , mwen kwè sekretè m deja dispo
Aprè sa li gade Amanda ankò
Jhon👦: Mwen espere nap pale ankò
Amanda👩🦰: Wi , nap wè
Jhon ale " Amanda rete ap gade l pou kèk segond anvan li souke tèt li epi li reprann wout li
Kèk minit apre, responsab travay la rele Amanda & KAREM ansanm ak kèk lòt anplwaye
Bernardo👨🦳 Tout moun fè yon ti poz ! Gen kèk moun mwen vle prezante nou jodi a
Amanda👩🦰 antre nan sal la ak Karem li wè Marck chita nan mitan lòt anplwaye yo
Responsab la kòmanse prezantasyon an
Bernardo👨🦳 : Amanda, mwen panse ou deja konnen kèk moun isit la, men pou moun ki poko konnen w yo, prezante tèt ou
Amanda👩🦰: Bonjou tout moun ! Mwen rele Amanda , kontan travay avèk nou e mwen espere nap byen travay ansanm
Tout moun bat bravo dousman
Bernardo👨🦳: ou ka kontinye demoiselle
Karem👩 :::::::::: bonjour le monde , mwen se karem , m kontan rejwenn nou
Bernardo👨🦳: bann prezante nou jhon ! Se avèl Karem travay isit la
Jhon👦: Bonjou , mwen rele jhon , kontan paske nou fè pati ekip la ( gade Karem) Mwen espere nap byen antann nou
Je jhon retounen sou Amanda " Amanda remake sa bese je l rapidman
Apre prezantasyon an fini, tout moun kòmanse soti nan sal la
Jhon tann Amanda devan pòt la
Jhon👦: Amanda.
Amanda👩🦰: Wi
Jhon👦: Mwen kwè se dezyèm fwa jodi a mwen prezante tèt mwen ba ou
Amanda👩🦰: oui , Premye fwa a se te nan koridò a
Jhon👦: Epi mwen pat menm konnen ou te sekretè patron an
Amanda👩🦰: Kounye a ou konnen
Jhon👦: E mwen kontan mwen konnen
Amanda👩🦰: Bon , fòk nou al travay ( gade l ) gran soeur m lan jere l bien pou mwen
Jhon👦: Dakò , pa kouri twò vit ankò, paske mwen pa vle nou fè yon lòt aksidan nan koridò a ( sezi ) ou vle pale de karem
Amanda👩🦰: Se ou ki pa tap gade devan w , se limenm ki soeur m lan
Jhon👦: Dakò, dakò , mwen pran koupab la (Yo toude ri.)
Pou Amanda, se te jis yon ti rankont nan travay " men pou jhon , depi moman li te wè Amanda a, yon bagay te deja chanje.
Premye fwa yo te rankontre a te sanble pa senp
Nan aswè Amanda te chita devan papa l pandan l tap gade l ak fyète
Papa pat di anyen pandan kèk segond sèlman fè yon ti siy ak tèt li
Amanda vire yon lòt fwa, epi li gade papa l ak yon ti souri.
Amanda 👩🦰Poukisa wap gade m konsa?
Marck: Paske ou pral aprann yon bagay enpòtan nan men mwen
Amanda 👩🦰Kisa my nego
Marck: Moun pa konnen kè w anvan yo wè figi w ( Amanda rete ap koute ) Lè yon moun wè w pou premye fwa, li pa konnen si w bon, si w mechan, si w entèlijan, si w gen bon kè. Premye bagay li wè se aparans ou ! Se poutèt sa ou dwe aprann toujou parèt tankou yon moun ki byen leve.
Amanda 👩🦰aparans pa vle di yon moun bon.
Marck: Mwen konnen.
Marck: lavi pa toujou ba w tan pou esplike kiyès ou ye ! Se ou menm ki dwe montre l pa konpòtman w
Li ranje rad Karem yon ti jan " pase men sou zepòl li, epi l gade l nan glas la
Marck: Lè w antre yon kote, pa antre tèt bese , pa antre ak figi moun ki panse li pi bon pase tout moun nonplis
Amanda apwouve tèt li
Marck : Gade moun nan je lè wap pale avè l. Souri lè sa nesesè ! Salye moun "Di “bonjou”, “bonswa”, “mèsi”, “tanpri”. Men pa fè twòp
Amanda 👩🦰Poukisa pa fè twòp?
Marck: Paske twòp jantiyès konn fè moun panse ou bezwen yo.
Amanda 👩🦰Se sa menm ou fè?
Marck : Wi.
Amanda 👩🦰Ou pa janm bese devan moun papa
Marck : Mwen pa di w pa bese devan moun ! Mwen di w konnen kijan pou w parèt , paske depi w gen tò ou eipoze desann pou w mande pardon , pardon pa vle di w pap moun , ni tou ou se lach
Marck pran yon chèz epi li chita.
Marck: Gen moun ki ka gade w yo di: “Ti fi sa byen leve.” Se sa mwen vle pou nou , mwen pa bezwen yo konnen tout sa kap pase nan tèt ou
Amanda 👩🦰E si moun nan pa renmen m?
Marck: Se pa travay pou tout moun renmen w Amanda , men wap fèl pou sove Tete ou , pa janm mete nan lesprit w tout moun ap renmen w
Amanda 👩🦰si yo pale mal sou mwen
Marck: Kite yo pale , kontinye souri.
Amanda fè yon ti silans papa l kontinye
Marck : Pa janm montre yon moun ou fache fasil , pa janm kite yo wè ou , pa janm kite yon moun fè w pèdi kontwòl ou devan lòt moun
Amanda 👩🦰ou konn fache anpil.
Marck: Mwen konnen s youn nan defo mwen yo ! E se youn nan bagay mwen pa vle ou kopye.
Amanda👩🦰 ( souri )Twò ta
Marck: ou pran anpil nan mwen deja ,fFyète mwen, fason mwen pa renmen gade moun sou aparans
Amanda 👩🦰Wi dad
Marck:: si w pral pran defo mwen yo, pran leson ki vini avèk yo tou.
Amanda 👩🦰Ki leson?
Marck : Aprann kontwole yo , pa vle moun wè yon Amanda mal leve , m vle yo wè yon fanm ki gen klas, ki konnen pale, ki konnen konpòte l, ki konnen ki lè pou l souri, ki lè pou l rete an silans , epi ki pa janm kite moun li pa konnen wè feblès li.
Amanda 👩🦰E anndan?
Marck: Anndan, se ou menm ki konnen kiyès ou ye.
Amanda bgade tèt li nan glas la ankò " te konprann leson an ! Pou moun ki deyò, Amanda te dwe parèt dous, respekte, byen leve, byen abiye, byen pale " dèyè souri sa a, li te kapab rete pitit fi Marck
Evlyne : Gade jan moun sa abiye
Karem : Manman..
Evlyne : Kisa?
Karem: Poukisa ou toujou ap jije moun konsa
Evlyne : paske mwen konnen sa m vo
Karem pa di anyen.
Evlyne : Karem, gen yon bagay mwen vle ou konprann depi lontan ,ou pa dwe janm viv tankou tout moun egal
Karem : yo pa tout moun ?
Ev : yo se moun wi , sa pa vle di yo tout gen menm valè nan lavi w.
Karem rete an silans
Evlyne : Moun ki pa posede anyen pa gen menm plas ak moun ki bati yon bagay pou tèt li , moun ki pa ka ofri w anyen, ou pa bezwen kouri dèyè yo , moun ki pi ba pase w, ou pa bezwen bese devan yo pou fè yo plezi.
Karem: si moun nan pa fè m anyen
Evlyne: pa vle di ou dwe ba li menm konsiderasyon ou ta bay yon moun ki gen enpòtans
Karem fè yon ti souri
Karem: esa ou rele edikasyon an mom
Evlyne : oui !;Mwen pat leve w pou wap kouri dèyè moun , pat leve w pou wap chèche apwobasyon moun ! pat leve w pou yon moun ki pa gen anyen vin fè w santi ou piti
Karem gade manman l avèk anpil atansyon
Karem: E si moun nan rich men li pa respekte m?
Evlyne: Ou pa bezwen respè li nonplis , lajan avant tout bagay
Karem: E si moun nan pòv men li gen bon kè?
Evlyne : (fè yon ti ri) Bon kè pa peye anyen
Karem : (ri tou) Ou serye?
Evlyne: bien sur ! Se sa mwen vle mete nan tèt ou , pa konfonn pitye ak respè , ou ka wè yon moun nan difikilte, ou ka menm gen pitye pou li, men pa janm kite sa fè w bliye kiyès ou ye.
Karem : (bese je l sou telefòn )si moun yo rele m awoga?
Evlyne:;Kite yo rele w konsa , lap pi enpòtan
Karem: si yo di mwen pa gen edikasyon?
Evlyne : Se paske yo pa konnen ki sa edikasyon ye pou mwen
Li pran yon poz.
Evlyne: Pou mwen, edikasyon se konnen plas ou epi konnen plas lòt moun , moun lajan frote ak moun lajan , malere rete ak malere
Karem : wap banm youn papa m ap banm youn , sa pou m pran
Evlyne : pa m lan pi bon ( gade l ) Lè w antre yon kote, mwen vle moun santi ou pa bezwen yo , yon moun pale avè w, pa prese montre l ou kontan jwenn atansyon l , lè yon moun ap eseye imilye w, pa bese tèt devan l Gade l dwat nan je epi fè l konprann li pa nan nivo w
Karem : Se poutèt sa moun toujou di mwen sanble avè w
Evlyne : ( souri fyè ) Paske ou se pitit mwen , m konnen ou pran tout defo mwen yo. Oh menm tou ou konn meprize moun. konn pale ak moun tankou yo pa anyen , konn panse ou pi bon pase yo
Karem : Se ou ki aprann mwen sa
Evlyne: mwen konnen ! E mwen pa regrèt sa
Evlyne : lavi a ap toujou mete moun devan w ki pral eseye fè w santi ou piti , si w aprann bese devan yo, yo pral monte sou tèt ou)Li pwoche bò kote fenèt la) Mwen prefere moun rele pitit mwen awogan pase pou yo rele l fèb
Karem : Donk se sa ou vle pou mwen?
Evlyne : Mwen vle ou sonje yon sèl bagay.
karem : Kisa ?
Evlyne: moun ki pa posede anyen pa dwe fè w santi ou pa anyen ( Evlyne fini ak yon vwa frèt ) E si yon jou ou oblije chwazi ant bese devan yon moun ak pèdi moun nan , pèdi moun nan.
Ak dlo nan zye Marck deplase kite dèyè pòt la " li fini pa konprann li gen devwa kwense Amanda plus pou l pa pèdi tou de timoun yo
A suivre !
18/08/2026
TIT : YON SECRET
EKRI PA : VARYE
EPISODE 1
Mwen ekri lè m santi m tris 😢
Mwen ekri lè m santi m byen 🥰
Ekri se mwen 💫 Ekri se fòs mwen ✍️
YON LANMOU 👩❤️💋👨
YON SECRET 💫
YON MARYAJ 👰♀️
KAPAB KRAZE TOUT BAGAY… 💔
DEJA, BON LEKTI MES AMOURS 🥰❤️
7è nan maten, tout moun te deja sou aktivite yo. Bernardo t ap pale ak medam yo sou nouvo depa yo pral kòmanse
BERNARDO : Èske nou pare pou travay la?
AMANDA : Depi nou la, se paske nou pare.
BERNARDO : Mwen pa bay moun aksè pou pale avè m konsa. Se wi oubyen non! 😡
AMANDA : Dezole.
Bernardo gade yo youn apre lòt, depi nan pye rive nan tèt.
BERNARDO : Ou menm, ou pa anvi di anyen?
KAREM : Non.
BERNARDO : Isit la, se travay nou vin travay. Pa gen blag nan bagay sa yo. (Li kanpe.) Mwen pa gen lopital tou. Yon moun ki malad, rete lakay li. Si w pa vini travay pandan plis pase twa jou san yon bon rezon, w ap revoke.
KAREM : Kijan l ap revoke a?
BERNARDO : Mwen pale Kreyòl.
KAREM : E si li fè plis pase twa jou malad?
BERNARDO : Finalman, l ap kouche nan sèkèy!
AMANDA : Karem, kite mesye a kontinye, silvouplè.
KAREM : Mwen pa t ap janm bouche bouch li non!
Bernardo vire gade Karem avèk yon figi ki serye.
BERNARDO : Prensip rete prensip, fanm. Respekte prensip yo.
AMANDA ::::::::::::: kounya , montre nou plas nou svp
BERNARDO:::::::::::: ( gade sou kote l ) lap montre nou tout bagay
AMANDA:::::::::: merci !
BERNARDO::::::: cool !
Medam yo deplase pou swiv demoiselle la
MARIA::::::::: piga nou gen stresss non , se konsa mesye sa sèvi
KEREM:::::: lap jwenn avèm , mwen pap kite okenn moun vinn trouble lesprit m
MARIA::::::::: riir ! Ou sanble gen kran ?
KAREM:::::::: kran ? Se pa kran non , se yon kesyon pa kite moun bese w pou lajan li posede
MARIA:::::::: mwen dakò avèw
AMANDA::::::::::: kijan w fè travay avèl ?
MARIA:::::::::: depi w bezwen wap fè sakrifis mwen mete m dousman pou m sove travay la ,m gen 2 ans depi m la , Toujour ap gade w mal , m konn panse se zozo l li wè m valeur 😅😅
AMANDA :::::::: ou gen blag oui , bon map gade si m ka travay avèl tou
MARIA::::::: m oblije oui ( gade yo ) chanm sa pou ou AMANDA , paske se sekretè mesye a ou ye
KAREM:::::::::: men li frenk ! Sekretè bourik la ?
MARIA::::: esa m te jwenn kòm repons
AMANDA ::::::::::: ou konn sajès mwen , ap ede m lite kont tout move tretman yo
KAREM:::::::::::::: banm plas mwen
MARIA:::::::::: ou sekretè yon lòt mesye , wap monte nan dènye etaj la ( ap vire pou l pran men KAREM) jere travay la byen , se mwen ki disponible pou tout sa nou bezwen .
AMANDA:::::::::: merci madam
MARIA :::::::: nan plas madam lan , mete MARIA
AMANDA :::: bon ; ok map rele w Maria
MARIA :::::::::: kòrèk !!
PARAN AMANDA NAN YON PALE
MARCK::::::: Evlyne, fòk nou pale oui
EVLYNE::::::: Ankò? Si se pou menm bagay sa yo, mwen pa gen tan.
MARCK::::::::::Se egzakteman paske chak fwa mwen eseye pale avè w, ou toujou ap evite konvèsasyon an ! fwa sa a, mwen bezwen w tande m.
EVLYNE:::::::: Mwen tande w ! Pale.
MARCK:::::::: : Mwen pa renmen fason w ap konpòte w ak moun
EVLYNE:::::::: : Kisa m fè ankò ?
MARCK::::::::::: Ou konnen trè byen sa w fè ! Ou jije moun dapre jan yo abiye, jan yo parèt, kote yo rete, machin yo pa genyen ! Ou pa menm pran tan pou konnen kiyès moun nan ye.
EVLYNE::::::::::: Ebyen? Mwen pa wè pwoblèm nan. Mwen jis konnen kalite moun mwen vle bò kote m.
MARCK:::::::::::: Non, Evlyne😡sa pa rele konnen kalite moun , li rele meprize moun.
EVLYNE:::::::::::: Meprize moun? Marck, tanpri! Mwen pa oblije fè zanmi ak tout moun.
MARCK:::::::::: Mwen pa janm di sa , ou ka respekte moun san ou pa vin zanmi yo.
EVLYNE:::::::::::: Mwen pa wè poukisa ou pran sa tèlman oserye la
MARCK::::::::: Paske se madanm mwen ou ye! E mwen wont lè mwen wè fason ou konpòte w devan moun.
EVLYNE:::::::::::::: Wont? Ou wont de mwen?
MARCK:::::::::: Mwen wont de kèk nan konpòtman ou yo , wi , se pa menm bagay.
EVLYNE::::::::: Ou konnen sa? Si w pa renmen m jan mwen ye a, se pwoblèm pa w.
MARCK:::::::::: Se la ou twonpe w lè w marye ak yon moun, fason ou aji pa konsène w sèlman ankò ! Li touche moun ki bò kote w.
EVLYNE::::::::::: Mwen pap chanje pou pèsonn.
MARCK: Mwen pa mande w chanje pou mwen ! Mwen mande w aprann gen respè pou moun.
EVLYNE::::::::::::: Mwen pa fè anyen mal.
MARCK::::::::::::: Vrèman?
EVLYNE:::::::::::: Wi.
MARCK::::::::::: E fi ki te vin mande w direksyon an yè a?
EVLYNE:::::::::: Ki fi?
MARCK: Fi ki te gen rad senp lan
EVLYNE::::::::::: Ah… li.
MARCK::::::::::::: Ou sonje l?
EVLYNE:::::: :::::: Wii ! Li te sanble pa menm konnen kote l ye , abiye tankou chien ki pral danse lougarou
MARCK:::::::::::::: Se sa m ap pale a , ou te gade l depi nan tèt rive nan pye, epi ou te pale avè l tankou li pa t vo anyen.
EVLYNE::::::::::::: Marck, li te mal abiye anpil oui , m te menm panse se lougarou kite manje manman m lan
MARCK::::::::::::: E sa fè l mwens moun?
EVLYNE:::::::::::::::: Mwen pa di sa.
MARCK::::::::: : Men se egzakteman sa fason ou aji a fè konprann
EVLYNE::::::::::: Ou twò sansib.
MARCK:::::::::::::: : Non , ou ki vin twò abitye mezire valè moun ak sa je w wè.
EVLYNE:::::::::::::::: E si mwen renmen bèl bagay ? Ki pwoblèm sa genyen.
MARCK::::::::::::::::: Pa gen pwoblèm renmen bèl bagay , pwoblèm nan se lè w kòmanse panse yon moun ki pa gen menm bagay ak ou gen mwens valè
EVLYNE::::::::::::::: Mwen pa panse konsa.
MARCK::::::::::::: Ou fèl chak jou.
EVLYNE:::::::::::::: Non!
MARCK::::::::::::: Wi, Evlyne.
EVLYNE:::::::::::::: : Mwen pap chanje lide m jis paske ou di m sa.
MARCK:::::::::::::::: Mwen pa t ap mande w chanje lide w jodi a , wen t ap espere omwen ou ta reflechi.
EVLYNE:::::::::::::: Mwen deja reflechi ! E mwen konnen sa mwen vle.
MARCK:::::::::::::: E si yon jou lavi mete w nan pozisyon moun w ap meprize yo?
EVLYNE::::::::::::: Sa pap rive m frenk
MARCK:::::::::::::::: Ou pa konnen sa lavi sere pou pèsonn.
EVLYNE:::::::::::: Mwen pa pè ; epuis ma vann ou kay dyab
MARCK:::::::::::: Se pa kesyon pè , son kesyon imilite ( gade l ) pa swete ou repete betiz konsa ankò
EVLYNE:::::::::::::: Marck, sispann fè m moral.
MARCK::::::::::::: Mwen pral sispann lè mwen wè ou konprann.
EVLYNE::::::::::::: E si mwen pa janm konprann?
MARCK::::::::::::: Lè sa a, lavi ap anseye w yon fason mwen menm mwen pa ta renmen wè.
EVLYNE:::::::::::::: Ou vle di kisa?
MARCK::::::::::: Mwen pa vle menase w ! Mwen jis konnen yon jou ou ka rankontre yon moun ou pral jije sou aparans li , san ou pa konnen kiyès moun sa a ye vre.
EVLYNE:::::::::::::::::: Epi?
MARCK::::::::::::: Epi petèt se menm moun sa a ki pral fè w konprann valè yon moun pa janm ekri sou rad li
Evlyne gade Marck ekspresyon li pa montre li dakò.
EVLYNE::::::::::::; Mwen tande w Marck , pa espere mwen pral chanje fason mwen panse jis paske ou fè yon diskou
MARCK::::::::::::: Mwen pa mande w chanje jodi a.
EVLYNE:::::::::: : Bon.
MARCK:::::::::::::Men sonje sa mwen di w yo .
EVLYNE::::::::::: Map sonje l ras AMANDA
Marck vire do l pou l ale ! Evlyne rete kanpe nan salon an, toujou kwè li pa fè anyen ki mal.
AMANDA AP PASE PRAN KAREM POU ANTRE LAKAY LI ! YON MEN DEPOZE SOU LI
À suivre !
13/08/2026
YON SECRET
Ekri pa : Varye
Episode 1
Yon lanmou , yon maryaj ,yon secret ki kapab kraze tout bagay
Disponible byento sou paj varye
♡♡♡♡♡♡♡♡♡♡♡♡♡♡♡♡♡♡♡♡♡♡♡♡♡♡♡◇☆▪︎▪︎▪︎▪︎▪︎▪︎¤▪︎▪︎▪︎▪︎▪︎▪︎▪︎▪︎☆☆☆☆☆☆▪︎▪︎▪︎▪︎▪︎☆☆☆☆☆☆▪︎▪︎☆☆☆☆
Rezime feyton an
Bernardo se yon jèn gason marye ki posede anpil bagay ! Li travay ansanm ak tèt li nan antrepriz li a, kote prèske 90% fanm yo ap fè foli pou li.
Men, malerezman, Bernardo se yon mesye strik, angaje nan fwaye l , okenn fanm pa t janm rive fè l lage prensip li yo.
Jiskaske de sè pral vin antre nan biznis la...
Youn nan yo pral tonbe damou pou mesye marye sa a.
Èske l ap rive sedui Bernardo?
Amanda, pou premye fwa nan lavi li ap dekouvri lanmou, pa t janm imajine moun li t ap renmen an t ap yon mesye marye.
— Vava, de retour...
Youn di lòt nou pap kanpe
09/08/2026
M pa abandone sa m renmen
Map abandone lm pap espire
Silans lan , pat vle di ' m te vag
M kontan pase di nou " yon secret se nouvo feyton varye ap pote pou nou
Hello mes amours
Desole pou silans lan varye nou pap lage nou konsa
Problema telefone
Ranje nou map vini
M passe prezante nou varye pou premye fwa , Li banm aksè poste foto l la
Nou kwè nap fm wont fans
Jodia se fête Li ! Si Nou renmen jan l konn pote plezi Pou Nou , si nou vle rejwenn Li Back , montré l lanmou an jodia
Bonne fête varye