Widlensandy
"vin apran ansanm🧑🧒🧒 ,patage ti moman sajès, 🫂kote respè👤 ak lanmou se lang🗣 nou tout"
suiv chain lan😃👀👂
12/02/2026
“Nan sikoloji, sèvo a pwoteje imaj li genyen de tèt li.”
Sa vle di kisa vrèman?
Chak moun bati yon imaj de tèt li nan lespri li:
“Mwen se yon bon moun.”
“Mwen pa konn fè mal.”
“Mwen toujou gen rezon.”
Men kestyon an se: kisa ki pase lè reyalite a frape imaj sa?
Souvan, olye nou aksepte nou fè erè, sèvo a chèche eskiz.
Li blame lòt moun.
Li minimize fot la.
Li chanje istwa a pou l ka toujou santi li “bon”.
Se pa paske nou mechan.
Se paske sèvo a pa renmen santi li an danje.
Lè yo atake konpòtman nou, nou santi se nou menm yo atake.
Men filozofi mande nou yon lòt kestyon:
👉🏾 Èske verite a pi enpòtan pase imaj nou?
👉🏾 Èske nou gen kouraj pou kraze imaj sa pou nou grandi?
Paske pafwa, sa ki anpeche nou evolye se pa mank kapasite…
Se pè pou n wè tèt nou jan nou ye vrèman.
Vrè fòs la pa nan pwoteje imaj nou.
Li nan aksepte feblès nou.
Kisa nou panse? 👇🏾
Èske sèvo a pwoteje nou… oswa li anpeche nou grandi?
09/02/2026
“Poukisa anpil moun prefere rete gen rezon… menm si sa koute yo lapè?”
Paske pou anpil moun, gen rezon = genyen batay la. Lapè, li menm, pa toujou bay menm satisfaksyon an. Lè ou gen rezon, ou santi w valide, fyè, ou pwouve w pa t fou. Men souvan, pri a wo: tansyon, relasyon kase, dòmi ki pa bon.
Genyen tou ego. Ego a di: “Si m lage, m pèdi.” Men an reyalite, pafwa lage se pa pèdi, se chwazi trankilite w.
Gen moun ki grandi nan anviwònman kote konpwomi = feblès, kidonk yo defann pozisyon yo menm lè kè yo fatige.
Finalman, gen verite sa a: lapè mande matirite. Li mande pou w di: “M ka gen rezon, men m chwazi kalm.” E sa pa fasil ditou.
👉 Kesyon an se: ou prefere genyen diskisyon an, oswa pwoteje kè w?
Paske gen batay ou ka genyen… epi ou toujou pèdi lapè w.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Site Web
Adresse
Delmas
6120