PJM-Construction
Nous sommes là pour vous aider, selon vos besoins, selon vos objectifs:
1.- Conception
2.- Etude
3.- Supervision
4.- Exécution
5.- Consultation
12 Janvye 2010-12Janvye 2025
Jodia gen moun kap jene, genyen kap jete dlo, genyen tou se gwo rityèl konsa genyen tou kap fete...
Deja 15 lane depi gwo tranbleman te sekwe tè peyi Dayiti epi te pote ale anpil frè ak sè nou ak yon elatriye viktim san nou bliye anpil byen materyèl... brèf
Kisa ki te lakòz tout dega sa yo? Kisa ki te dwe fèt ki pa fèt? Kesyon yo anpil ...
Aprè tranbleman te fin pase, se te yon opòtinite san parèy poun te relanse nou nan jan nap konstwi, se te yon opòtinite poun te rekonstwi Peyi a. Se te yon opòtinite poun te relanse nou sou plan sosyal, sou plan ekonomik...
Men malgre tout opòtinite sa yo, anyen pa fèt. Se te pito gagòt nan tout sans, se te pito kèk gwoup moun malonèt ki te pwofite fè bè yo, se te pito yon bann fo ONG ki te pwofite blanchi lajan. 15 lane aprè moun yo konstwi pi mal ke avan. 15 lane apre pa gen anyen ki di sou koze ibanizasyon. 15 lane aprè moun yo toujou refize bay teknisyen konpetan travay pou yo. tankou yo bliye si Ayiti se yon peyi a risk sismik . Kote Leta? Malgre tout risk sismik ki gen sou peyi Dayiti, yo pa ansenye nan lekòl yo ki konpòteman pou moun genyen lè jan de katastwòf sa yo. Gen legliz menm ki kontinye ap plonje moun yo nan inyorans di yo se akonplisman tan an. Akonplisman an se pou Ayiti li ye sèlman? E lòt kote tè a souke pifò yo, e ki pa anrejistre tout dega sa yo?
Eske se yon lòt katastwòf nap tann poun pran konsyans?
Antouka yon lòt tranbleman ta pase a menm mayitid la sou peyi a lap koze plis dega ke 12 Janvye 2010, dezole si se konsa m dil. ..
Ann pa rete nan basen inyorans la, pran konsyans ke se yon enperatif poun konstwi parasismik. Sispann bay Tipòl, Tipyè, Tijan konstwi paske nou pretann nap depanse mwens.
Siw pat konnen banm diw sa, byen konstwi se yon envestisman tande zanmim
Tranbleman tè pa yon fatalite, se nou ki pou byen konstwi
Jean Mitterrey PETION Ing.C
Nap fèw wè saw te toujou reve a sanw poko konstwil
PS:Byen konstwi se yon envestisman
Ing Kentz Lockerby Dambreville Ing Jean Mitterrey Petion ...
EcoleNationaledeMirebalaisPJM-Construction
18/07/2023
Eske anpil siman, anpil gravye, anpil asye (fè)... materyo an kantite sifi pou konstriksyon wap fè a solid?
PJM-Construction ap tann repons ou nan kòmantè yo.
Tel: 509 4294-2337
Mail: [email protected]
18/06/2023
Kòman nou ye , zanmi ak fanatik PJM-Construction yo?
Alèt Siklòn an Ayiti
Jan nou tout konnenl depi premye jen jouk rive mwa novanm Ayiti anba menas siklòn, li esansyèl pou pran mezi ki nesesè pou asire sekirite ou ak sekirite pwòch ou. Siklòn twopikal yo ka lakoz gwo domaj nan kay, enfrastrikti ak lavi nap mennen chak jou. Se domaj dirijan nou yo pa fè okenn prevansyon pou sa men yap veye kilè kap genyen gwo dega pou yo deklare eta dijans pou gwo lajan debloke pou yo kontinye plen pòch yo.. brèf. Sepandan, lè'w enfòme epi swiv konsèy sa yo, ou ka pran devan nan pwoteje lavi ou ak lavi moun ou renmen yo.
Men kèk konsèy esansyèl pou ede w prepare epi fè fas ak sitiyasyon kritik sa a: (nan foto yo ki anbaaa )
Randevou pou yon nouvo nimewo, epi pa bliye pataje pòs la pou plis moun ka jwenn konsèy yo, epi yon lòt bò wap tou ankouraje travay nap fè a ak ti jès saa.
Jean Mitterrey PETION Ing. Civil
13/06/2023
Bonjou bonswa tout zanmi ak fanatik PJM-Construction yo.
Kòman nou ye?
Jodi a nou pote pou ou yon tèm ou gen abitid tande ki se konpaktaj "Compactage"
Kisa li ye? Pou kisa yo fèl?
▪Konpaktaj la se yon teknik yo itilize nan jeni sivil la nan sousi pou amelyore kalite sòl yo vle konstwi sou li a. San nou pap konfonn li ak konpaksyon ( ) li ki se yo konpaktaj tou men ki fèt de fason natirèl ou byen li kapab kreye (egzanp1: wòch sedimantè yo se yon konpaksyon de sediman. Egzanp2: kote zannimo pase chak jou nan yon wout lap vin trè konpakte.)
▪Tankou nou konnen l deja lè n'ap konstwi swa wout, kay pou moun rete oubyen tout lòt bati, nou konn wè yap retire oubyen vin ak lòt materyo ( des terres déblais-remblais), ebyen objektif konpaktaj la se remete apeprè menm kantite pousantaj vid nan sòl la ak pousantaj vid avan yo te fè estraksyon an ( en vides). Nap fèw konnen tou objektif saa pap kenbe nan ka yap ekstrè yon materyo woche avèk ekplozyon.
Nou espere ou te aprann, randevou pou yon lòt nimewo. Kite yon kòmante sou saw pa konprann e di nou de kisa ou ta renmen nou pale nan pwochen nimewo a.
Jean Mitterrey PETION Ing.Civil
12 Janvye 2010-12Janvye 2023
Jodia gen moun kap jene, genyen kap jete dlo, genyen tou se gwo rityèl konsa genyen tou kap fete...
Deja 13 lane depi gwo tranbleman te sekwe tè peyi Dayiti epi te pote ale anpil frè ak sè nou ak yon elatriye viktim... brèf
Aprè tranbleman te fin pase, se te yon opòtinite san parèy poun te relanse nou nan jan nap konstwi, se te yon opòtinite poun te rekonstwi Peyi a. Se te yon opòtinite poun te relanse nou sou plan sosyal, sou plan ekonomik...
Men malgre tout opòtinite sa yo, anyen pa fèt. Se te pito gagòt nan tout sans, se te pito kèk gwoup moun malonèt ki te pwofite fè bè yo, se te pito yon bann fo ONG ki te pwofite blanchi lajan. 13 lane aprè moun yo konstwi pi mal ke avan. 13 lane apre pa gen anyen ki di sou koze ibanizasyon. 13 lane aprè moun yo toujou refize bay teknisyen konpetan travay pou yo. tankou yo bliye si Ayiti se yon peyi a risk sismik . Kote Leta? Malgre tout risk sismik ki gen sou peyi Dayiti, yo pa ansenye nan lekòl yo ki konpòteman pou moun genyen lè jan de katastwòf. Gen legliz menm ki kontinye ap plonje moun yo nan inyorans di yo se akonplisman tan an. Akonplisman an se pou Ayiti li ye slèman? E lòt kote tè a souke pifò yo, e ki pa anrejistre tout dega sa yo?
Eske se yon lòt katastwòf nap tann poun pran konsyans?
Antouka yon lòt tranbleman ta pase a menm mayitid la sou peyi a lap koze plis dega ke 12 Janvye. ..
Ann pa rete nan basen inyorans la, pran konsyans ke se yon enperatif poun konstwi parasismik. Sispann bay Tipòl, Tipyè, Tijan konstwi paske nou pretann nap depanse mwens.
Siw pat konnen banm diw sa, byen konstwi se yon envestisman tande zanmim
Jean Mitterrey PETION Ing. C
06/09/2022
le flambage est un phénomène physique relevant des principes de la résistance des matériaux. Lorsqu'une structure est compressée dans le sens de la longueur, elle a tendance à fléchir perpendiculairement à l'axe de la force appliquée, en raison d'un phénomène d'instabilité élastique. Plus la structure (une poutre, par exemple) est longue et étroite, plus elle est se plie facilement, mais d'autres facteurs interviennent comme le système d'attache de la structure au niveau des points de compression.
Flambage : le calcul grâce à la formule d'Euler
La formule d'Euler permet de calculer la charge critique à partir de laquelle une structure est susceptible de se briser. F= ?²EI/(l_k^² ) où E est le module de Young du matériau, I est le moment quadratique de la structure, et l_k est la longueur de flambement de la poutre. l_k dépend du type d'attache de la structure (rotulée, encastrée, encastrée-rotulée, etc.) Dans le cas d'une poutre rotulée aux deux bouts, l_k est égal à une fois la longueur de la poutre. Le flambement est un phénomène que l'on prend en compte lors du dimensionnement des pièces en génie civil et en mécanique.
27/07/2022
Pa ezite kontakte nou pou travay paw la
20/07/2022
Pour éviter la stagnation de l'eau sur la chaussée, le bombement et le drainage sont obligatoires.
Di kisaw konprann de post la nan yon kòmantè, e nap kontan li kòmante paw la.
Ou menm ki poko fè sa al abòne avèk nou kounyea
Mèsi
14/07/2022
PJM-Construction
Nous sommes là pour vous aider, selon vos besoins, selon vos objectifs:
Conception
Etude
Supervision
Exécution
Consultation
Votre satisfaction, Notre priorité.
24/05/2022
Eskew konprann 2 fenomèn sa yo?
Di saw konprann nan yon kòmantè
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Contacter l'entreprise
Téléphone
Site Web
Adresse
Delmas
Heures d'ouverture
| Lundi | 08:00 - 17:00 |
| Mardi | 08:00 - 17:00 |
| Mercredi | 08:00 - 17:00 |
| Jeudi | 08:00 - 17:00 |
| Vendredi | 09:00 - 17:00 |
| Samedi | 09:00 - 16:00 |