Lire et Ressentir

Lire et Ressentir

Partager

Lire et Ressentir se kote imajinasyon ak reyalite rankontre. Chak istwa pote emosyon pa yo, chak mo gen yon sans.

Antre, li, epi santi sa nou ekri! 🖋️ #FeytonAyiti #LireEtRessentir

05/01/2026

Bonjour mes amours, Kisa nou panse de jan désirs interdits ap déroule an Guy’s? Mw vle avis nou tout bbm yo🩵❤️

05/01/2026

Bonjour mes amours, Kisa nou panse de fin premye saison l’ombre de son choix Guy’s? Mw vle avis nou tout bbm yo🩵❤️

01/01/2026

Merci à chacun de vous d’avoir lu, vibré, pleuré, souri à travers L’Ombre de son choix.
Votre soutien a donné vie à chaque mot.

Bonne et douce année à vous.
Qu’elle vous apporte force, amour, santé… et toujours un peu de fiction pour rêver.
Merci d’être là. Merci d’exister.

I love you Guy’s ❤️💕

01/01/2026

L’OMBRE DE SON CHOIX

💕💕💕ÉPISODE 50💕💕💕

Écrit par: Addadou
📩 [email protected]
Facebook: Lire et Ressentir
Sponsorisé par: Addadou

⚠️ AVERTISSEMENT

Ce feuilleton est une œuvre originale protégée par le droit d’auteur.
Toute copie, modification ou publication sans autorisation est interdite.

Chloé siye figi l dousman. Li pran souf.

Chloé (anndan tèt li):
—wi manman 😭😭😭

Pandan sa… *POT LA FRAPE.*

Tok! Tok! Tok!

*Chloé ouvri pòt la. Elyan parèt, li gen figi moun ki pa dòmi byen. Je l tonbe sou je Chloé ki wouj.*

*Elyan (vwa dous):*
— Chloé… ou byen manmy?

*Chloé pa reponn. Li ale pran telefòn li sou tab la, li lonje li ba Elyan.*

*Chloé (trankil, men fache):*
— Ou m ap poze kesyon an pito. Gade sa…

*Elyan pran telefòn nan. Li li mesaj yo. Lè li rive sou « Laisse mon mec tranquille » ak « P**e », li fè kè l mal. li eseye pa bay okenn ekspresyon.*

*Elyan (vwa l kalm):*
— ...Chloé… m pa konn nimewo sa. M pa konn kiyès moun sa ye.

*Chloé (suspèk, men dous):*
— Ou sèten?

*Elyan (fikse li nan je):*
— M sèten. M pa konn fanm sa. Sa deranje m wi man.

*Nan tèt li: "Se Barbalie… m rekonèt fason li ekri… men si m di sa, map pèdi Chloé nèt."*

*Chloé (pale ak doulè):*
— Men… kijan li konn non mwen, kijan li fè konn ou se mennaj mwen?

*Elyan:*
— Se sak fè sa etranj… petèt se jalouzi, petèt se yon fanm ki fè fiksasyon sou mwen. Chloé, m pa tap janm kite okenn fanm manke w dega konsa si m te konnenl.

*Chloé gade l. Li pa konvenki, men li pa gen prèv. Li jis santi kè l ap fann.*

*Chloé (vwa ba):*
— M pa merite sa, Elyan…

*Elyan (apwoche dousman):*
— Ou gen rezon. M ap fè tout sa m kapab pou m pwouve w ke m pa dèyè sa. M pa t ap janm kite okenn fanm fèw sa man.

*Li eseye pran men li. Chloé retire li dousman.*

*Chloé:*
— Tanpri… ban mwen espas. Mwen bezwen reflechi.

*Elyan soufle. Li pa fache, men li santi li pèdi Chloé*

*Elyan (anndan tèt li):*
— Barbalie… poukisa w mete m nan pozisyon sa?

*Li fè yon pa bak,, telefòn lan nan men l, li pa konn si li dwe fè kè li mete Elyan deyò… oswa sove tèt li*

*10h17 AM*

*Elyan chita sou sofa a, Chloé bò kote l. Anbyans lan frèt, toujou gen silans depi yo fin pale sou mesaj yo. Toudenkou…*

*Brrrr… Brrrr…* *(Telefòn Elyan ap sonnen sou tab la.)*
*Ekran an limen: *Barbalie*.*

*Elyan vit pran telefòn lan, li mete l fas anba. Li panike anndan, men li fè tèt li parèt kalm.*

*Chloé (suspèk):*
— Se kiyès ki rele w la?

*Elyan (evite zye l, vwa dous):*
— Hmm… se yon zanmi…

*Chloé (tcheke repons lan):*
— Ki zanmi? M ka wè?

*Elyan (reflechi vit, vwa ba):*
— Non… se pa anyen enpòtan. M pap reponn.

*Chloé (fèmen figi l):*
— Men poukisa ou pa vle montre m? Si se pa anyen…

*Elyan (anndan tèt li):*
— Malè… si l wè non Barbalie a, tout bagay ap fini.

*Elyan:*
— Chloé… m pa vle gen plis konfizyon ant nou. Se jis yon zanmi legliz ki te vle pale avè m. Men m la avè w, m pa vle distraksyon.

*Chloé gade l, men li santi gen bagay Elyan pa di tout bon. Li pa pale. Li jis leve li al chita sou yon lot sofa. Elyan rete chita, telefòn lan toujou ap limen, apèl la fini, men tansyon an rete.*

*Elyan gade Chloé ki chita , zepòl li fèmen, li pa pale. Atmosfè a lou, li santi li pèdi konfyans li t ap eseye rebati a.*

*Elyan (leve sou sofa a, pwoche):*
— Chloé… m konnen ou fache. Men tanpri, pa fè silans la vin pi lou. Pale avè m.

*Chloé leve je l sou li, je l klere ak dlo. Men li kontwole tèt li.*

*Chloé (trankil, men sere):*
— M pa fache Elyan. M jis fatige. Fatige eseye konprann bagay ki pa klè.

*Elyan (sènen):*
— Se pa sa w panse a… m pa ap jwe ak kè w.

*Chloé:*
— Men ou toujou ap kache. Ou toujou ap evite. E chak fwa gen yon ti limyè verite, ou met lonbraj sou li.

*Elyan:*
— Chloé… tanpri. Ban m yon chans pou m ranje sa. M renmen w, m pa vle pèdi w.

*Chloé rete gade l. Yon pati ladan l vle kwè li toujou. Men gen yon lòt pati ki bouke.*

*Chloé (dou):*
— Elyan, si ou vle m toujou la… fòk ou aprann pale laverite, menm lè li difisil.

*Elyan bese tèt li. Pa gen mo k ap soti. Li konnen verite a lou… paske se li menm ki pote l.*

*Brrrr… Brrrr…* *(Telefòn Elyan ap sonnen ankò. Moun k ap rele: *Barbalie*)
*Chloé leve je l dousman sou li.*

*Chloé (serye):*
— Se menm moun lan ankò? Se “zanmi” w la toujou?

*Elyan (ezite, met telefòn lan sou silans):*
— Chloé… se pa moman an pou sa non…

*Chloé (fèmen je l yon segond):*
— Ban mwen telefòn nan Elyan. Si se pa anyen, ou pa dwe pè. Ban mwen telefòn nan.

*Elyan ezite. Pandan li leve telefòn lan pou mete l sou vibration… li panike epi li fè yon move mouvman.*

*Li pwan apel lan san san konsantmanl, volim tlf nan wo:*
*Barbalie (vwa dous, trè klè):*
— Allô bb… mmhh… moman nou te pase yèswa mankem… ou telman dous… m gentan vle wè w ankò…

*Elyan friz. Chloé pa tande sa sèlman li santi tout kò l ap tranble.*

*Chloé (pale dous, men je l plen dlo):*
— Ou te avè l… Elyan?

*Elyan pa pale. L ap gade atè, li pa ka mete mo sou trayizon an. Tout sa li te eseye kouvri a… tonbe atè.*

*Chloé (trankil):*
— Sa fini. Pa di anyen, pa fè okenn eskiz. Ou te fè chwa ou.

*Li leve, li louvri pòt la.*

*Chloé (vwa ba):*
— M swete ou jwenn sa w t ap chèche. Men se pa mwen ankò.

*je l plen dlo, men li kenbe tèt li. Li fikse Elyan, je l plen soufrans ak dezapwentman.*

*Chloé (anndan tèt li):*
— *Sa se Elyan? Mesye ki te fè m kwè lanmou se sekirite?*

*Dlo koule sou figi l. Li pa siyel. Li kite l desann tankou verite ki lage sou li.*

*Chloé (trankil, men frèt):*
— Elyan… sòti.

*Elyan (ba vwa):*
— Chloé… tanpri… kite m esplike w…

*Chloé (gade li dwat nan je):*
— Sòti Elyan.

*Elyan (apwoche):*
— Chloé…

*Chloé (leve men li, vwa l monte):*
— *Mwen di SÒTI !*

*Li louvri pòt la. Li kanpe sou kote. Je l wouj. Elyan pa bouje menm.*

*Chloé (ap kriye):*
— Pa fè m vin priye w pou w kite m an plis de sa w fè m… Sòti… m pa merite sa…

*Elyan gade li, je li tris. Men li pa gen mo. Li konnen li kraze yon fanm ki te sen e vre.*

*Li sòti san di yon mo. Pòt la fè "klak"… epi se kriye ki pran plas la.*

*Chloé tonbe atè, men sou figi l, kè li kraze an mil mòso.*

*Chloé (anndan tèt li, ap kriye):*
— Poukisa Bondye? Poukisa ou kite m tonbe pou li konsa…😭😭😭😭

*figi l kole sou zepòl li. Kè l ap bat fò, men li santi l pap viv. L ap plenn, l ap kriye… pa an silans non, men ak tout kè li, tout doulè li, tout trayizon li.*

*Chloé (anndan tèt li):*
— *M te bay tout kè m… tout kè m… Elyan, poukisa w fè m sa…*

*Li leve tèt li, figi li gonfle, nen li wouj, bouch li ap tranble.*

*Chloé (vwa kase, ap pale ak Bondye):*
— Bondye… m te priye w pou misye… m te mete relasyon sa nan men w…
— M pa konprann… poukisa ou pa t avèti m? Poukisa ou pat wete m ladanl avan?

*Li leve, li pran telefòn li, li reli mesaj Barbalie yo. Li fè kè l fèl plis mal. Li mete telefòn lan atè, li kouvri figi l ak men l.*

*Chloé (kriye plis):*
— M pa sifi? M pa merite on moun ki senp, ki fidèl? Se sa lanmou ye?

*Chloé (anndan tèt li):*
— *Sa pa jis. M pa merite sa…*

*Yon ti briz pase pa fenèt la. Rido li bouje dousman. Men l pa santi frèt li santi solitid.*

*Chloé (dous):*
— *Bondye… ede m pa kraze nèt…*

*Lakay Elyan*

*Elyan chita poukont li sou kabann lan. Li gen men sou tèt li, je l vid. Li mete telefòn li sou silans, mete l fas atè. kè l lou.*

*Elyan (anndan tèt li):*
— *Chloé… mwen pèdi w vre?*

*Li sonje je Chloé yo, jan yo te wouj. Dlo ki t ap koule, figi li, pawòl li: “Soti, Elyan. Soti nan lavi m.”*

*Li mete tèt li nan de men l. Kè li pa sispann bat vit, li pa pale, li plenn anndan.*

*Elyan (moman li kraze):*
— Pfff… manman! Poukisa m t al fè sa…? M rayi tèt mwen wi…

*dlo koule nan zye l, li pa menm efase l. Dlo a vin plis… epi li kraze nèt. Li mete figi sou zòrye a.*

*Elyan (kriye ba):*
— Chloé… padon… m pa t vle. M se yon estipid. M pèdi fanm ki pi senp, ki pi bon ke mwen pat janm pase nan lavi m.

*Brrrr… Brrrr…* *(Telefòn lan ap sonnen. Ekran an: *Barbalie*)*

*Li tcheke l, li frape men sou kabann lan. Li mete telefòn lan fas anba.*

*Elyan (dousman, ak mepri):*
— Pa rele m… ou pa konnen sa ou fè m pèdi…

*Li leve, li mache dousman nan chanm lan, l ap soufle vit.*

*Elyan (anndan tèt li):*
— *Chloé… map pèdi w vre? Non… m pa ka kite sa fini konsa…*

*Jounen an te gentan fini, nwit lan ap antre*

*Lakay Chloé*

*Chanm lan fè nwa, sèlman limyè telefòn Chloé k ap limen chak fwa Elyan rele. Li sou kabann lan, tèt li anba zòrye a, men li pa ka kenbe dlo je l.*

*Brrrr… Brrrr…*
*(Apèl: *Elyan*)
*Rejete.*

*Brrrr… Brrrr…*
*(Apèl: Elyan… ankò.)*

*Chloé pran telefòn lan, li mete l sou silans. Li pa menm ka gade non Elyan san l pa plenn.*

*Chloé (anndan tèt li):*
— *Li trayi m… li trayi konfyans mwen… li trayi lanmou mwen…*

*Li mete tèt li sou zòrye a, kò l ap tranble. L ap kriye an silans, men dlo a pa sispann koule. Yon soufrans ki fon.*

*manman li tande l pandanl tap pase devan pòt la. Li frape dousman.*

*Manman Chloé:*
— Chloé… chérie, ou anfòm? m ka antre?

*Chloé pa reponn, men li pa di non. Manman li ouvri pòt la dousman, li wè pitit fi li kraze.*

*Manman Chloé (pwoche rapid):*
— Men sa ki pase pitit mwen? Ou fè m pè…

*Chloé leve tèt li, je l anflé, figi l plen dlo. Li lage tèt li nan bra manman l.*

*Chloé (anmweyyyy 😭😭😭😭):*
— Manman… Elyan trayi m… li t al kouche ak yon lòt fi… li fè sa, epi li ban m manti…

*Manman Chloé (sezi):*
— O non… non cheri… shhh… pa kriye konsa… ou pa pou soufri konsa pou okenn gason…

*Chloé:*
— M renmen li manman… m te kwè li… li te tout pou mwen…

*Manman Chloé (dou, mete men sou tèt li):*
— Gade mwen cheri… ou pa pèdi anyen. Lè ou renmen e ou onèt, se li ki pèdi… pa ou se kè ou ki blese, men l ap geri.

*Chloé (toujou ap kriye):*
— M santi m trayi… m santi m sal…

*Manman Chloé:*
— Ou pa sal… ou se limyè. E limyè toujou leve pi fò apre fènwa. Kite li… li pa merite ou.

*Manman l kenbe l, li kite l kriye nan bra li. Dousman, li pase men nan cheve l, l ap priye anndan l pou kè pitit fi li ka jwenn fòs li ankò.*

*Yon Semèn Apre…*

*Elyan pa janm sispann eseye kontakte Chloé. Chak jou li voye mesaj, chak swa li rele. Men Chloé pa janm reponn. Li bloke l tout kote, men li toujou jwenn fason pou voye nouvèl ba li.*

*Li voye zanmi, li voye kouzen, li menm bay sè li yo nimewo Chloé pou eseye pale avè l.*

*Sè Elyan (nan telefòn):*
— Chloé, Elyan ban m mesaj pou ou. Li di li regret sa li fè a, li pa ka viv san ou…

*Chloé (frèt, men doulè nan je l):*
— M pa bezwen tande anyen sou li ankò. Li te fè chwa pa li. Kounya, m fè pa m tou. M pa ka tounen kote m pèdi respè mwen.

*Malgre tout jefò Elyan fè, Chloé rete fèm. Li gentan pran desizyon: li pap janm tounen.*

*Men Elyan, li vin pa menm konn ki lòt moun li ka rele. Chak fwa li panse ak figi Chloé, li santi kè l ap fann. Li konn leve nan mitan lannuit, je li plen dlo.*

*Elyan (anndan tèt li):*
— M pèdi fanm vim nan. E pi mal la… se mwen ki detwi tout sa.

*Maëva te vin okuran de tout bagay, li pat janm lage best friend li Chloé, li te toujou la pou li, priye avel, monte sou montay avèl*

*Dimanch Aprè Midi Sou Montay Leclerc*

*Yon ti van frèt ap pase sou montay la. Solèy la dous, syèl la klè. Maëva ak Chloé chita sou yon wòch, gade lavil la anba yo. Yo nan silans, men li pa lou. Se yon silans lapriyè, refleksyon… ak lanmou.*

*Maëva (dou, men sensè):*
— Chloé… ou pa poukont ou. M pa p kite w tonbe.
— Ou son bèl kè, epi ou pa merite doulè sa. Men ou pwal leve. Nou pral leve ansanm.

*Chloé pa reponn tousuit. Je l plen dlo, men li pran men Maëva.*

*Chloé (vwa kase):*
— M te santi m kraze Maëva… men ou toujou la…
— Ou pa imajine kijan m rekonesan.

*Maëva (souri, men serye):*
—M p ap kite w tonbe pou okenn move nèg. Ann priye.

*Yo kenbe men, yo bese tèt yo.*

*Chloé (lapriyè, vwa fèb):*
— Bondye… mwen ba ou doulè sa. M pa vle kite l touye kè mwen. Tanpri, ede m retounen fanm ou te kreye m pou m ye. Bay mwen lapè. Fè mwen padone, e padone tèt mwen tou.

*Maëva (ti lapriyè):*
— Bay Chloé fòs, Bondye. Bay li limyè. Fè l sonje valè li. Mete bon moun sou wout li. Amen.

*Yo leve tèt yo. Chloé respire fon. Je l toujou wouj, men li pi kalm. Li santi tankou premye wòch la soti sou kè li.*

*Chloé:*
— M pwal eseye. M pwal viv pou mwen… pa pou doulè.

*2 Semèn Apre lekol te vin ouvri*

*Vakans Nwèl te fini. Anviwònman an retounen jan li te ye. Lekòl yo reprann, men tout moun pa t retounen menm jan.*

*Lekòl la 7:32 AM*

*Chloé ap mache pou antre nan lakou lekòl la, sak sou zepòl li. Li pi silansye pase anvan. Figi li pi serye, je li pi fon.*

*Elyan rete lwen. Li panse, li pa menm gen kouraj rele l.*

*Elyan (anndan tèt li):*
— Men li… li pi fò pase m panse. M pèdi li… men li bèl toujou. M pè pou li pa janm padone m.

*Chloé pase pre, li santi yon je ap gade li, li vire je vit… li wè Elyan lwen, men li pa bay okenn siyal. Li kontinye avanse, tande mizik dou nan zòrèy li. Li vle konsantre sou lavni li, pa sou sa k brize li.*

*3 mwa apre, tout lekol la te nan vakans se sèlman klas filo an ki te rete ap tann examen ofisyèl leta*

*Yanis toujou ap pran nouvèl Chloé, li te toujou pre li. Yo te devlope yon bon zanmitay. Yo konn pase tan ap travay matematik ak fizik ansanm, ede youn lòt konprann leson yo.*

*Yanis (souri):*
— Chloé, ou wè kesyon sa? Li paka pa soti menm. M ka ede w si ou vle.

*Chloé (siyen fèy papye a, pi rilaks):*
— Mèsi anpil Yanis.

*Yanis (ak yon ti jès senp):*
— Pa gen pwoblèm. N ap fè sa ansanm.

*Pandan yo t ap travay Maëva pase bò kote yo, li wè jan Chloé ak Yanis ap kolabore. Li kontan wè Chloé ap reprann fòs li, ap avanse pi devan.*

*Maëva (anndan tèt li):*
— Bon, Chloé pa pou kont li. Li gen zanmi ki la pou li.

*Salle d’examen Jour de l’épreuve*

*Chloé entre dans la salle, un peu nerveuse mais déterminée. Li sonje tout sa li te pase, tout doulè li te genyen, men li gen volonte.*

*Chloé (anndan tèt li):*
— Mwen ka fè sa. Mwen pap kite anyen kanpe m.

*Yanis tou ap antre, li gen konfyans nan tèt li. Yo chita bò kote youn lòt, yo te tonbe nan menm sal, pare pou konpoze.*

*Professeur (vwa fèm):*
— Bonjou! nou ka kòmanse ekri.

*Tan ap pase. Chloé ekri ak anpil konsantrasyon. Yanis menm jan.*

*De mwa apre Rezilta egzamen an*

*Chloé resevwa rezilta li.*

*Chloé (souri):*
— Mwen fè sa! Mwen pase! Mwen reyisi!

*Yanis (apeprè nan menm tan an):*
— Mwen travay pou sa, Mèsi Bondye.

*Maëva vini wè Chloé.*

*Maëva (chaje ak lajwa):*
— Mwen kontan pou ou, Chloé! Ou merite tout sa.

*Chloé (ak yon ti tristès anndan, men fò):*
— M ap kontinye, m ap avanse.

*Lakay Elyan*

*Elyan sou kabann li, telefòn li nan men l. Li ap gade foto Chloé. Li voye mesaj. Li rele li.*

*Mesaj yo: “Chloé… ou ka reponn mwen? Tanpri.” Apre: “M sonje w. M ap sonje w chak jou.”*

*Men Chloé pa janm reponn. Pa yon mesaj. Pa yon apèl.*

*Elyan (anndan tèt li):*
— M pèdi li nèt. Kè m pa kote Barbalie. M gentan konnen sa…men pou moman map jus eseye geri bò kotel!

*Lakay Barbalie*

*Elyan kouche bò kote Barbalie. men je Elyan vid. Li vire tèt li bò kote l, men li pa gade Barbalie.*

*Barbalie (souri, pwoche):*
— Ou pa di w renmen mwen non Elyan…

*Elyan pa reponn. Li jis rale dra sou li.*

*Yon semèn apre Lakay Barbalie*

*Elyan fèk sot fè yon ti bagay ak Barbalie. Li ap mete mayo l, li pa menm remake pòt la ouvè…*

*Men *Steevens*, menaj Barbalie a, gentan antre!*

*Steevens (gade yo toulede, je li fè nwa):*
— Ebyen… Sa m t ap tande a se pa manti.

*Barbalie sezi, li rele:*
— Steevens… se pa sa ou panse a!

*Steevens (gade Elyan):*
— Ou te konnen li te gen menaj, wi?

*Elyan (dou, men sere):*
— Li te di mwen li pa gen lòt…

*Barbalie (pale vit):*
— Steevens, tanpri! Ou pa t la…

*Steevens:*
—E poutan ou te bò kote m semèn pase!

*Li vire sou Elyan:*
— Ou pran sa ki pa pou ou? Bravo

*Elyan gade atè. Li pa di anyen. Kè l deja chaje ak regre.*

*Steeve di: Barbalie apre jodi an bliyem, Barbalie lage kòl atè lap kriye, Steeve soti li frape pòt la bowwww….! Elyan fè menm bagay la tou*

*pou Maëva, Kensley moun sa yo te vin pi damou, yo te monte al fè filo ansanm. Elyan tou te monte al filo.*

*premye jou Mesyedam yo nan klas filo a*

*Yon ti solèy dous sou lakou lekòl la. Elèv yo ap rantre youn apre lòt. Maëva ak Kensley ap mache men nan men, souri klere sou figi yo. Lanmou yo vin pi solid, pi senp, pi vre.*

*Kensley (souri, jwe):*
— M t ap panse yon sèl jou m pa wèw mwen santim te gentan malad wi manmie May😩

*Maëva (ri):*
— M gen remèd la wi papy… rete kole bò kote m chak jou 😌

*Yo chita sou ban an, yo mete liv yo deyò. Yo gentan pare pou nouvo batay la. Kensley gade Maëva, li ba li yon ti bo sou bouch.*

*Kensley:*
— M fyè de ou manmie May. Nou la, ansanm, rive jis isit… men nou pwal pi lwen toujou.

*Pi lwen nan lakou a Elyan ap mache pou l antre. Li wè Maëva ak Kensley chita ansanm. Li fè yon ti souri.*

*Elyan (anndan tèt li):*
— Menm si kè m pa fin geri… li bèl lèw wè lanmou ki sen. Yo merite sa.

*Li mete kas ekoutè l. Li pran liv li. Li pare pou l konsantre.*

*Elyan (anndan tèt li):*
— M gen pou m reyalize anpil bagay… pou tèt mwen. Pou lavi m. Pou m pa janm fè lòt moun mal ankò.*

*Lakay Maëva 4h:15 PM*

*Telefòn Maëva sonnen. Li pran l rapid, li wè se Chloé. Li souri, li reponn.*

*Maëva (souri):*
— Allô chérie! Sa k ap fèt?

*Chloé (vwa dou, men sere):*
— Maëva… m bezwen di w yon bagay. M pral antre Pòtoprens aswè a menm. Inivèsite a ap ouvri lòt semèn, fòk m al prepare m…

*Maëva (sezi):*
— Woy… aswè a? Men sa fèt vit wi 😮

*Chloé:*
— Wi… tout bagay fèt rapid. Bon mwen te diw map antre nan jou yo deja best.

*Maëva:*
— Pa gen pwoblèm chérie… banm yon ti tan, m ap vin lakay ou.

*2:15 PM Lakay Chloé*

*Maëva rive ak yon ti bous kado nan men l. Li frape pòt la, manman Chloé vin ouvè l, li souri.*

*Manman Chloé:*
— Antre pitit, ou toujou bèl wi! M kwè Chloé ap tann ou.

*Maëva antre, li jwenn Chloé ki deja gen valiz li pare. Yo gade youn lòt, yo souri, men je yo mouye.*

*Maëva (lonje kado a):*
— Sa senp… men m vle w sonje m chak fwa w wè l. Ou gen fòs Chloé. M fyè de ou!

*Chloé (kenbe l fò):*
— M ap sonje w chak jou. M pa gen anpil moun nan lavi m… men ou, ou se yon fanmi pou mwen.

*7h:15 PM Estasyon Bus la*

*Manman Chloé, Maëva, ak Chloé rive. Chloé monte valiz li. Lè chofè a di “Nou prale la”, je tout moun vin wouj.*

*Manman Chloé (anbrase l):*
— Pa janm bliye valè ou. Bondye avè w.

*Maëva (kenbe men l):*
— Pòtoprens pa ka fè w pè. Ou se Chloé. Ou fèt pou briye.

*Yo bo li sou figi l. Chloé monte nan bis la… li chita bò fenèt la. Li voye men bay yo pandan bis la demare…*

*Chloé (anndan tèt li):*
— Yon nouvo etap… yon lòt batay. Men m pa pou kont mwen…*

*Port-au-Prince 7:43 AM*
Yon nouvo jou, nouvo vil, nouvo etap pou Chloé.

Chloé desann nan bis la ak valiz li. Li gade toutotou: nouvo lavi l kòmanse nan kapital la. Li pran yon souf fon.

Anndan tèt li:
— M bezwen rekòmanse. Bliye tout sa ki fè m mal. M vin la poum konstwi avni m.

*FIN*

Merci infiniment à vous tous, mes lecteurs fidèles.

Saison 1 de L’Ombre de son choix s’achève ici… avec une Chloé plus forte, prête à se relever, prête à écrire une nouvelle page de sa vie.

Merci du fond du cœur pour votre soutien, vos partages, vos réactions, vos messages… Vous avez été là, épisode après épisode, à vivre chaque émotion, chaque chute, chaque victoire avec moi.

Merci d’avoir accepté de marcher un bout de chemin dans cette histoire… une histoire qui n’est pas finie.

Saison 2 arrive bientôt… plus intense, plus vraie, avec des rebondissements que vous n’imaginez même pas.

Je vous aime fort, et je vous dis à très bientôt 💛🩵💙

Adna ✍🏽

28/12/2025

L’OMBRE DE SON CHOIX

💕💕💕ÉPISODE 49💕💕💕

Écrit par: Addadou
📩 [email protected]
Facebook: Lire et Ressentir
Sponsorisé par: Addadou

⚠️ AVERTISSEMENT

Ce feuilleton est une œuvre originale protégée par le droit d’auteur.
Toute copie, modification ou publication sans autorisation est interdite.

*Li mete mont li, pran ti jakèt li, metel sou zepòl li…*

*Toc! Toc! Toc! (Yon frap sou pòt la.)*

*Barbalie sezi, li gade direksyon pòt la.*

*Barbalie (anndan tèt li):*
— Ki moun ki ka frape pòt mwen konsa…? M pa tap tann pèsonn…

*Li mache dousman al louvri pòt la…*

*Li al ouvè li pa menm gade nan pephòl la.*

*Men… se *Steeve*!*

*Li parèt sou papòt la ak yon ti kado nan men li.*

*Steeve (souri):*
— Bbm… m vin fè w ti sipriz.

*Barbalie friz. Jel vin vid. Kèl ap bat fò. Li panike anndan, men li eseye jere figil.*

*Barbalie:*
— Steeve?! Mmm… m pat atann ou tap vin wèm non!

*Steeve (gade li byen, jel ap fouye):*
—ki kote ou prale?

*Barbalie vit vire lang li.*

*Barbalie (fè ti ri):*
— Wi wi… m tap… m tap soti, m tap al lakay ou. Se ou m tap al wè!

*Steeve pa reponn touswit. Li rale yon ti souri, li byen gade Barbalie.*

*Steeve (dous, men pa egare):*
— Se pa sa figi w montre…

*Barbalie (sispèk):*
— Ou fou wi… pou ki lòt rezon m tap bèl konsa? Se ou m tap al jwenn wi bb.

*Steeve remèt li kado a. Li pa antre.*

*Steeve (jel fiks sou li):*
— M pwal kite w, ok? Men… n ap pale pita.

*Li vire, li desann san mete presyon. Barbalie fèmen pòt la dousman… epi li mete men sou tèt li.*

*Barbalie (anndan tèt li):*
— gade Kote Steeve manke kenbem 😱
li prèske dekouvri m… bon, m dwe plis pridan.

*Li rele Elyan touswit:*

*Barbalie (nan telefòn):*
— Chéri… ret tann mwen pou 5 minit… gen ti imprevu. M ap soti touswit!

*nan Bar lan 5h:05 PM*

*Anndan bar la, anbyans la trankil, mizik jaz ap jwe ba. Elyan deja sou plas, chita bò yon tab toupre fenèt, li ap gade telefòn li. Li leve je li…*

*Barbalie ap antre.*

*Li abiye senp, men élégante. Elyan leve touswit.*

*Elyan (souri, galan):*
— Wow… ou tèlman bèl.

*Barbalie (souri janti):*
— Mèsi Elyan… ou menm tou, ou chita la tankou yon konpozitè kap tann enspirasyon.

*Elyan (ri):*
— Se ou ki enspirasyon an, pa gen manti nan sa.

*Yo chita. Yo kòmande 2 byè.*

*Elyan:*
— M te swaf rankont sa, pou nou pale pi fon. Ou gen yon bagay ki fèm anvi tandew plis.

*Barbalie (ti ri ba):*
— M kontan ou di sa… paske m santi menm bagay la. Men Elyan, ou sonje ou te di ou gen menaj,pavre?

*Elyan (ti soupi):*
— Wi… Chloé. Li se yon bon moun. Men m pa ka baw manti… depi m rankontre w, kèm Hmmmmm kitem pa fin pale🥺.

*Barbalie (dous, men klè):*
— M pa vle kraze anyen Elyan. M jis bezwen klè sou kotem kanpe.

*Elyan (gade li dwat nan je):*
— M ap toujou onèt avè w… Men gen bagay k ap chanje, ou mèt kwèm.

*Bar 7:39 PM*

*Mizik la ap monte yon ti kras. Limyè a ba. Elyan ak Barbalie fin bwè. Yo ap ri, konvèsasyon yo vin pi lib, pi cho.*

*Barbalie (souri, je l klere):*
— M santi m byen avè w Elyan… sa fè lontan m pa ri konsa.

*Elyan:*
— Ou mete limyè sou mw jodi a Barbalie…

*Telefòn Elyan ap sonnen sou tab la. Li gade se *Chloé*.

*Li ezite. Barbalie fikse l.*

*Barbalie (dous, men serye):*
— Ou pa bezwen reponn. Se tan pa nou, pa vre?

*Elyan mete telefòn lan sou silans. Li fè yon dènye voye jel sou ekran an. Lè l leve tèt li, Barbalie pwoche.*

*Moman an chaje ak tansyon. Barbalie leve, li lonje men li bay Elyan.*

*Barbalie:*
— Esim mennenw yon ti kote…

*Barbalie se chante li konn chante, li pap mennen yon vi sanntifye vre*

*Yo soti nan bar ansanm.*

*45 mnt apre, ti kote prive*

*Zèl rido ap vole dousman, limyè dous.Rad sou chèz, telefòn sou ti tab…*

*moun yo fin enjoy yo*

*Chloé kontinye rele Elyan. *7 apèl manke.* Elyan toujou pa reponn.*

*Anndan chanm lan, Barbalie repoze tèt li sou lestomak Elyan, l ap respire dous. Elyan gade plafon an.*

*Lakay Chloé. Li chita sou kabann li. Telefòn li nan men l. Je l pa sispann fiks sou ekran an. 7 apèl, 3 mesaj san repons.*

*Chloé (anndan tèt li, kè sere):*
— Poukisa li pa reponn? Sakap pase konsa?men li pa janm konn inyore m.

*Li tape yon dènye mesaj:*

*Chloé (SMS):*
« Elyan, si w ka li sa, tanpri reponn mwen. M ap viv yon enkyetid ki lou. »

*Li voye telefòn nan sou kabann lan. Yon ti dlo koule nan je l.*

*Chloé (lap pale pou tèt li):*
— Kè m di m li gen yon lòt kote li ye… menm si m pa vle kwè sa…

*ti kote prive a 9:34 PM*

*Elyan leve nan kabann lan, li ale nan glas twalèt la. Li gade tèt li dwat nan je.*

*Barbalie toujou ap repozel apre moman li sot pase ak Elyan nan*

*Elyan (anndan tèt li):*
— Kisa m fè la?… M pa menm gen kouraj tcheke telefòn mwen.

*Li pran telefòn lan. Li wè 8 apèl manke — *tout se Chloé*. Li pwan yon gwo souf.*

*Li mete men sou tèt li, epi li chita sou bò kabann lan.*

*Elyan (ba vwa):*
— Mwen fenk pèdi fanm ki te vrèman renmenm nan…

*Barbalie leve, l ap gade l an silans.*

*Barbalie (dou):*
— Ou regret moman, non?

*Elyan:*
— M pa di sa Barbalie.

*9h:55 PM*
*Apre yo fin kite ti kote prive a, Elyan ak Barbalie rive lakay yo separeman. Telefòn Elyan toujou sou silans.*

*Lakay Elyan 10:00 PM*

*Li chita sou kabann lan, telefòn lan nan men l. Li respire fon. Li pa ka evite sa. Li dwe rele Chloé.*

*Li sone Chloé. Chloé reponn apre de son.*

*Chloé (vwa frèt, men pa mechan):*
— Allô

*Elyan (dou, jwe fatigue):*
— Bébé… m regrèt… m pat ka reponn paske jodi a m te vrèman fatige. M te bwè yon ti konprime dòmi, nan dòmi mw te ye ki koz ou pat jwenn mwen.

*Chloé (ti silans):*
— Tout jounen an?

*Elyan:*
— Wi… m pa menm sonje si m manje. Lè m leve, m wè apèl ou yo. M santi m koupab. M pa vle ou panse se paske m pa vle pale avè w.

*Chloé (anndan tèt li):*
— Gen yon bagay ki pa klè… men vwa li two dous pou m konfwonte l kounye a…

*Chloé:*
— Ok… m te vrèman enkyè. Men si ou di se sa, m kwè w. Reprann fòs ou.

*Elyan (soulaje):*
— Mèsi chérie… m ap pale plis avè w demen. M renmen w.bne nuit bizou mmmmuah.

*Chloé:*
— M renmen w tou…bne nuit bizou mmmmmmuah.

*Yo koupe. Elyan mete telefòn lan atè.*

*Elyan (anndan tèt li):*
— M jis kòmanse yon bagay m pa ka kontwole…

Lakay Barbalie 10:17 PM

Barbalie kouche sou kabann li, tèt li chaje. Li tounen gade telefòn li, li wè Elyan pa rele ankò. Li ekri li yon mesaj.

Barbalie (mesaj):
« T bien rentré ? Ce qu’on a vécu ce soir… j’arrête pas d’y penser. Tu me manques déjà… »

Li gade mesaj la. Li voyel. Lè li mete telefòn lan atè, li fèmen je l, li pase men sou zepòl li, kote Elyan te bo l.

Barbalie (anndan tèt li):
— Se te plis pase sa m te panse… men m pa ka lage sa konsa. M vle Elyan pou kòm…li tlman dous awwwwww

*Li panse rapid. Lè li sonje zanmi li Débora ki nan menm legliz ak Chloé a.*

*Barbalie (konpoze nmr Débora):*
— Allô Débora?

*Débora (ri):*
— Barbalie Sa k pase?

*Barbalie (jwe dous):*
— m bezwen yon ti sèvis nan menw rapid si ou kapab.

*Débora:*
— Di m nn madanm, si m ka fè l, m ap fè l.

*Barbalie:*
— Ou toujou nan group WhatsApp legliz ou an, pa vre?

*Débora:*
— Wi, m toujou ladan l. Poukisa?

*Barbalie:*
— Ou ka verifye si Chloé nan group la, epi voye nimewo li pou mwen? M tap vrèman apresye sa.

*Débora (ezite):*
— Hmm… Chloé? men Barbalie, poukisa w vle sa?

*Barbalie:*
— Tanpri Débora… pa poze m twòp kesyon. Se pou rezon pèsonèl, men li enpòtan.

*Débora:*
— Bon, map gade sou group la. M ap voye l ba ou si m jwenn li, mwen pa vle nan pwoblèm non.

*Barbalie:*
— Mèsi, m remèsye w davans. Ou pap nan problem

*10 minit apre…*

*Piing* *(Notifikasyon)*

*Débora (voye mesaj):*
*« Chloé +509 ** ** *. »*

*Barbalie gade ekran an, souri. Men li pa rejwi. Li fige.*

*Barbalie (anndan tèt li):*
— M gentan gen sa m bezwen… Chloé mwen nan boudaw 😏

*Lannuit 11:45PM*

*Chak moun lakay yo. Chloé fin priye, li gentan al dòmi. Elyan ak Barbalie, chak ap jere konsyans yo. Kensley, Maëva, tout moun gentan kouche.*

*Lendeman 6:12 AM*

*Yon ti solèy dous ap antre nan chanm Chloé. Li leve dousman, mete men sou telefòn li. Li wè yon mesaj sòti de yon nimewo li pa konnen.*

*Li ouvè l, li li l.*

*Message inconnu 😗
« Salut Chloé, je me permets de t’écrire parce qu’il faut que les choses soient claires. Elyan n’est plus disponible. Il est avec moi maintenant. Je te conseille de respecter ça et de prendre tes distances. »

*Chloé friz, li mete telefòn lan atè. Kèl vin ap bat pifò.*

*Message 😗
« Je te parle sans haine, juste pour t’éviter de te ridiculiser. Passe à autre chose. »

*Message 😗
« Tu sembles gentille, mais il est temps d’accepter la réalité. »

*Chloé (anndan tèt li):*
— Ki sa sa vle di sa? Se yon blag? Se kiyès fi sa ye?

*Chloé (dou):*
— Elyan… sa wap fèm knsa?

*dlo koule nan zyel 😭😭😭😭😭😭*

*6:34 AM*

*Chloé chita sou kabann nan, lap kriye, je l wouj. Li pran telefòn li, li rele Elyan.*

*Elyan:*
— mon amour

*Chloé (dous, men fache):*
— Elyan… m bezwenw, ou ka vin lakay mwen Konnya menm?

*Elyan (sezi,sispèk):*
— sak pase man?

*Chloé:*
— vini pito lew vini nap pale Elyan.

*Lakay Elyan 6:37 AM*

*Elyan kenbe telefòn lan nan men l. Li mete men sou tèt li.*

*Elyan (anndan tèt li):*
— M renmen Chloé… m pa ka pèdi madanm mwen. Sa kap pasem konsa? sa m fè a se trayizon. Men ki jan m pwal gadel nan zye Konnya? Me mwen tonbe nan fonike oh Jesus 🥺🥺🥺

*Li leve, li mete yon chemiz rapid. Li pran kle l.*

*Elyan (anndan tèt li toujou):*
— Chloé mw pa konn komanm f gentan rive jus la, Petèt se plan djab la poul fè lavim fini mal🥺

*Lakay Chloé 6:58 AM*

*Chanm nan fèmen. Chloé sou jenou, figi li kole atè, bra l sou kabann nan. Lap kriye san kontwòl. Respirasyon li kout, chaje doulè.*

*Chloé (nan lapriyè, vwa kase, jel plen dlo):*
— Bondye… pouki ou kite sa rive m?😭😭😭
— M renmen l… m te kwè nan li… m te kwè nan lanmou sa… 😭😭😭😭😭

*Li frape men li sou kabann lan. Dlo ap koule nan zyel😭😭😭😭.*

*Chloé (toujou ap pale):*
— Ou te wè sa… ou te wè sa depi lontan. Poukiw kite sa rivem?😭😭😭😭😭
— Ou se sèl moun ki ka ba m fòs jodi a… paske mwen febli nèt😭😭😭😭😭… mwen kraze😭😭😭😭😭😭…oh Bondye konsole kèm tanpri 😭😭😭😭😭

*Respirasyon l vin pi kout. Li apèn jwenn souf. Tankou kèl ap lage l.*

*Andeyò chanm lan… manman Chloé t ap pase. Li tande rèl pitit fi li. Li frape pòt la vit.*

*Manman Chloé (inquiète):*
— Chloé? Chloé?? Sa k gen pitit mwen? Ou fè m pè!

*Chloé pa reponn imedyatman. Li eseye rale souf li*

*Chloé (vwa ba):*
— Manman… manman… yo trayi m…😭😭😭😭😭😭😭😭

*Manmanl ouvè pòt la rapid, li antre, li kouri vin bò kote l.*

*Manman Chloé (an panik, kenbe l):*
— Ki moun ki fè w sa? Ki sa ki pase?? Pale avè m pitit mwen…

*Chloé tonbe nan bra manman l, li kontinye kriye…😭😭😭😭😭😭😭*

*Manman Chloé (dou, men fache anndan):*
— Chloé… pale avè m pitit mwen… ki moun ki fè w ap plede kriye knsa? Se Elyan?

*Chloé pa reponn touswit. Li apèn leve tèt li, jel plen dlo, vwal fèb.*

*Chloé:*
— Wi manman… li trayi m…

*Manman Chloé:*
— Men kijan? Sa l fè ou konsa?

*Chloé:*
— Li sanble gen yon lòt menaj manman…tifi a voye mesaj pou mwen maten an… li meprize m… li fè m santi m pa anyen…

*Manman Chloé kenbe bouch li. Kòlè monte men li pa lage do pitit li.*

*Manman Chloé:*
— Koute m byen pitit mwen… ou pap vin kite pèsonn krazew knsa non. Sevre sa ap fèw mal, men mwen pap dakò pou tonbe konsa pou yon gason ki pa konnen valè w. Ou son jèn fi ki gen diyite. Sa li fè a pap ka detwi w. E Kisa Elyan diw?

*Chloé gade manman l, je l plen dlo.*

*Chloé*:
— mwen mandel vin kotem man, mwen poko dil anyen😭😭😭😭

*Manman Chloé*:
— ebyen tann poul baw explication ma chérie, ou poko menm konnen si se yon verite, li kapab se kèk moun ki anvi jwe avèw tou Chlo…

*Chloé siye figi l dousman. Li pran souf.*

*Chloé (anndan tèt li):*
—wi manman 😭😭😭

*Pandan sa… *POT LA FRAPE*.*

*Tok! Tok! Tok!*

*À SUIVRE*

Vous voulez que votre personnage public soit Personnage Public la plus cotée à Cap-Haïtien ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Site Web

Adresse

Cap-Haïtien