Ipokritbad Rébellion
La peur d'échouer est la force d'un combattant. la musique c'est ma passion
24/09/2024
L'hypocrisie est comme un masque qui cache la vérité, les gens hypocrites peuvent paraître amicaux et sincères à la surface, mais en réalité ils cachent leurs véritables intentions et sentiments. "
01/01/2024
🥳🥳💥💥💥
26/09/2022
✅ Men 5 kategori fi dapre mwen ki genyen nan moman...
1- Yon kategori ki chwazi mennen yon vi bòdègèt, soti ak plizyè gason, ale nan pisin, nan lanmè, nan restoran, bwè, manje, epi plimen, ba yo lajan.
yo pa sou bagay serye paske se mòd de vi sa yo ki bon pou yo.
Paske se viv yap viv.🤣
2- Yon kategori ki pran twòp kou nan relasyon kounya yo pa chwazi fè renmen serye ankò, yo plis ap pran plezi
fè bagay, soti ak yon gason men pa panse se mennaj serye’w yo ye, ou se sexfriend yo, yo pa fè pèsonn konfyans.
E menm si’w ta rive ak yo pou tout bon pa kwè yo fè’w konfyans paske yo pa kwè nan lanmou ankò🤔
3- Yon kategori ki tèlman pran kou nan renmen yo chwazi rete sèl, piga pèsonn gason vin pale yo de zafè renmen, siw bezwen yo byen ak ou pa repete le mot « amour » ditou nan zorey yo.
Menm je t’aime yo wè ekri on kote sa deranje yo paske mo sa fè yo anpil mal, li kite anpil move souvni pou yo. Nan kè yo gen yon sikatris😭.
4- Yon kategori malgre anpil desepsyon yo kontinye renmen paske yo sensè, yo fidèl, lè yo diw wi se wi, yo pap vòlè konfyans ou men poutan se yo ki toujou ap soufri. Yo kontinye renmen paske yo panse yon jou yap jwenn yon moun ki konprann yo tout bon, kap konn valè yo, kap ka rann yo resipwosite lanmou ke y’ap ofri a🥰
5- Yon kategori ki sensè, fidèl, menm bò yo pa bay lot gason pou koze ak yo, men mennaj yo ou byen mari yo chaje fanm tou pa tou, lap fe yo monte le ciel pa do. Poutan yo rete sensè ak fidelite en espérant ke yon jou neg la ap pran pitye pou yo lap chanje. Paske yo di yo pap pran lòt gason ankò si yo kite ak neg sa yo prefere rete pou kò yo.
Konsèy:
Kèlkeswa kategori ou ladan’l lan mwen jus vle fè’w konnen ke lanmou egziste, moun pa’w la egziste, jus mete’w nan kondisyon pou resevwa’l, renmen ak lespri avant tout sinon ou gen pou fè tout rès vi’w ap plenyen di’w pa gen chans😜
✅ Nan ki kategori ou ye? Ou bezwen èd? Ekri nou kounya..
28/03/2022
Mwen rayi tande fanm kap di yo pa konn fè manje paske manmanm pat montrem.
Men ou konn koupe byen koupe...kiyes ki montrew koupe🤔
Pa bliye like page la👈
Jerusalema 😍
15/03/2021
Kite yon mo pou li💯✅
Patajel e like page la
04/02/2021
La vie est un combat il faut lutter pour surmonter..👼✅
Tonnèboulem 😅😅😅😄😀 mwen jwenn Yon Fanm ki pale pou tout lòt Fanm yo😀😀😄 tròp verite patajel pou mwen pask gen pawòl🥰😄
04/11/2020
29/10/2020
MEN SAW PAT KONNEN YAN!!!
Ou ka damou nèg ou, menw pa konn si se damouw damou.
On fanm ka damouw bro, men ou pa konn sa, ou pa gen kapasite pou wè sa
Ebyen IBR ki wè pilwen vin ba ou 10 sin ki ka moutrew on fanm damou.. lèw fin aprann, wa patajee➡️
Wiiii👇🏽 men
10 SIN KI KA PWOUVEW ON FANM DAMOU NÈG LI.
1️⃣TI REGA
-fanm damou gon jan yo gadew lè wap pale, se tankou yo febli, yo paka byen gadew. Yo ka fiksew nan zye, konw gade yo , yo desann zye pa yo fanm ki damou nan pa gen plas ak zyel, depiw fè saw parèt on kotel ye.
2️⃣LI CHANJE APARANS LI
-fanm damou toujou ap fè efò poul parèt pibèl de jou an jou. Depiw te apèn renmen epiw wè chanjman vin ap fèt, chanje kout peny tanzantan, fé mekòp pase moun ki pral moute film.. gen yon gro santiman pou ou. Si fanm sa pata gen bon rad, wap envitel soti , li pap ale. Paskel pap santil byen sil pa parèt briye sou nèg li.
Siw gen tifi kap grandi lakay ou? Tou aprann sa:👉🏾 depiw wè look sou (louk) ap chanje tanzantan, vizaj ap lave souvan, . Chache konnen si pagen on ti boubout sou katye a.
3️⃣CHANJE ATITID
-fanm nan te ka tout fason, men ouwè imedyatmanl damou, gen bagay li chanje nan vil. Gen fanm kite renmen pwogram rabòday, li jis gade ki tip de neg ou ye. Imedyatmanl damouw, li chanje sanw pa dil anyen . Gen fanm kite ka toujou renmen nève men konl gon nèg li damou, livin souri souvan. Paske fanm damou, ki damou bon moun, se yon fanm erez
4️⃣ANPIL JALOUZI
-yon fanm damou se djablès nan sans sa. Fi a teka pat kyè de ou lèn apèn renmen. Men ouwè depiw fèl damou? Preparew, wapral nan antèman matant ou, lap diw bal pale ak mò a poul mandel siw nan antèmanl vre.. fanm sa ka chita li 800 kòmantè anba fotow. Fanm sa ka fache siw mete on fi sou statuw kipa fanmi ou.. si se sèl fanm damou kitap travay nan DCPJ, zafè ankèt se poursuit an tap fini.
5️⃣REJIM CHANJE
-fanm damou ka ralanti sou kantite manjel te konn manje.. manman chérie depiw wè pitit ou te vrèman manje anpil, epiw wè kèk jou se sèl ri lap ri, se nan tlf li rete. rès manje ap ret Sou tab. Mandel prezantew moun sa.. depi fanm nan ap viv on lanmou agreyab, apetil fini pou manje.. brother depi fanm nan ap pale avèw liparet sou manje a. Oufè on gro enpak.💪🏽
6️⃣KONFYANS
-🤦🏽♂️fanm damou yo fè moun nan konfyans anpil. Depiw dil kay manmanw oute ye, menm sil pafin kwè. Aprè ontitan likwèw.. fanm damou jis vle pou yo toujou santi yo konble, sesak fèw wè yo fè gason an konfyans fasil konsa.
7️⃣YO BAY ANPIL ATANSYON
-ougon fanm nan menw kipa baw atansyon, lè moun ap pale de lanmou. Silans nèg.. siw nan kay avèl, lita pito al sou internet al aprann fè on resèt poul fèw plezi. Ou sot travay, li chofe dlo pou ou, chofe manje a pou ou. Mandew siw fatige.. li konn achte ti kilòt tanga boul baw plezi . Lanmou sa kafè fanm sa soti anba lapli al mete minit pou ou, siw dil plan ou pral fini. Noupap ka ekri pou aswè an
8️⃣YO PADONE FASIL
-yon fanm damou konn padone, kote poul pata dwe padone. Sa konn koz yo al soufri demain.. 😢 seyoun nan gro feblès yo, mesye yo souvan jwe asa.. pafwa moman pou fi an tadwe diw se fini entre nous. Men lidiw je t'aime bbm ak tout dlo nan zyel..
9️⃣LIBIDO WO.
-aa wiiii mesye, piga nou pran sa mal. Fanm ki damouw lan ka anvi plimen avèw chak jou wi zanmi. Gen fanm kite frèt, livin gon nèg nan menl ki rann li cho wi.. fanm damou an se pè li pè diw li anviw wi. Men apresa liteka fè bagay avèw chak jou wi .. frèm depiw wè fi an baw tout sin sayo, papè dil ou anvi bol, chouchoutel. Pouka rann li alèz
🔟PALE DE AVNI.
- mesye, fanm ki damou an pap vle rete sèl blag pou nap bay. Lap pozew kesyon nan 10 ans kotew vle relasyon sa ye bb? Toujou gon foto lap moutrew, m' ta renmen bebe nou an konsa😄. Li toujou vle palew de projèl, tout salap fè. Li anviw konnen.. pafwaw pa tandel, ou panse son bagay serye lap regle. Sou google liye, lap chache foto kay, poul vin moutrew janl vle kay li ye..😄😄😄
Bonne nuit
Mesye sin pap rete ak on fanm, pafèl damou.. paske pi move moman on fanm ka pase nan vil, se lèw fèl damou, ou brize kèl san rezon.
ap di nou respekte santiman fanm yo..
🔟 PIGWO SIN YO OU SOT JWENN LA.
Patajeee pou aprann lòt
🌐🌐PUBLICITÉS🌐🌐
✅
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Téléphone
Site Web
Adresse
Heures d'ouverture
| Lundi | 09:00 - 22:00 |
| Dimanche | 09:00 - 00:00 |